Operasyon Dechouke Malfèktè Tout Koulè!

Kouraj ak sajès Pèp Ayisyen an pi fò pase ni konplo ni wanga
June 13, 2022

Operasyon Dechouke Malfèktè Tout Koulè!

Sa pa gen lontan nou te gade ansanm ki jan, nan ane 1805, kolon blan esklavajis yo (Meriken, Angle, Panyòl ak Franse) te antann yo an mòd Kò Gwoup, yo fè konplo, yo anpeche Anperè Dessalines rekipere tout teritwa zile a alawonnbadè. 

Nan ane 2022, blan malveyan Kò Gwoup yo (Meriken, Kanadyen, Franse, Nasyonzini, OEA…) antann yo an mòd kolon, yo fè konplo pou yo anpeche pèp Ayisyen an ak Prezidan Aristide (sèl dirijan li renmen epi respekte a) mete Ayiti sou ray devlopman. Kidonk, depi nan premye ane ekzistans Ayiti plizyè peyi blan fè kò sou nou e sa po ko janm bout, jouk jodi jou.

Jodi a, nou gen yon panse espesyal pou tout fanmi nan Site Solèy k ap reziste kont pwogram jenosid malfèktè etranje ak lokal tanmen kont yo. 

Malveyan yo machande lanmò pou nou, nou menm nou chwazi lavi pou tèt nou!

Malgre rezo kidnapè nasyonal ak entènasyonal yo kontinye ap fè dlo koule nan je anpil fanmi, nou refize dekouraje. N ap dedouble fòs rezistans nou, kouraj, entèlijans, ak pèsistans nou…jiskaske, wè pa wè, se nou menm sitwayen onèt ki ranpòte viktwa final la. 

Kòmalòdinè, anvan nou gade ki strateji ki pral ede nou kwape kidnapè 2022 yo epi libere Ayiti, granmesi mobilizasyon pouvwa Sali Piblik la, annou fè yon koudèy rapid nan retwovizè listwa. Jodi a, ti bourik listwa nou pral fè yon pemye kanpe nan kalfou 1915. 

Vilbrun Guillaume Sam

27 Jiyè 1915 : Prezidan Vilbrun Gillaume Sam te apenn gen 4 mwa opouvwa, Pèp Souvren rele chalbari dèyè li. Vwalatilpa, anvan Prezidan Sam vole gagè, fofile kò li pase nan yon pasaj sekrè ki te konekte Palè Nasyonal la ak Anbasad Lafrans, li te bay lòd ekzekite tout prizonye politik ki te nan Penitansye Nasyonal. Jal Charles Oscar Etienne, ki te kòmandan militè nan Pòtoprens, pa fè ni de ni twa, li ekzekite lòd sanginè a, li pase tout prizonye alenfinitif. Se atò pèp souvren dechennen. Trapde, yo ranmase Jal Oscar, yo limen dife sou li epi yo kite kadav la benyen ak san, nan mitan lari Pòtoprens. 

Nan demen, 28 Jiyè, apre yo fin chante antèman tout prizonye Jal Charles Oscar Etienne te touye yo, pèp Pòtoprens fann nan direksyon Anbasad Lafrans. Yo rape Prezidan Sam nan men blan Franse yo, yo touye li, yo trennen kadav li nan lari menm jan yo te fè ak Jal Charles Oscar Etienne nan.

Ki leson evènman 1915 yo pote pou nou menm k ap viv nan ane 2022, pandan nèg ak nègès kontinye ap chèche moso lavi nan move kondisyon sou tou 2 bò zile Ayiti?
Nou sot li desten trajik Jal Charles Oscar Étienne, èske nou sonje Arnel Joseph, yon ansyen bandi kidnapè sanginè gang PHTK? Èske nou sonje ki jan Arnel Joseph te kwè dirijan PHTK yo se te bon patnè l, ki te fè li monte elikoptè, vin pran tretman VIP optiswen pandan java nan pye li t ap geri? Èske nou sonje ki jan, anndan prizon bèl vakans li, Arnel Joseph t ap griyen dan l pandan vrè prizonye t ap deperi pil sou pil penitansye nasyonal? Jodi a, kote Arnel Joseph? Èske ou sonje ki jan kadav Arnel Joseph te  blayi nan rigòl bouk Lestè, yon jou 27 Fevriye 2021, yon jou apre plizyè santèn bandi te pete pòt prizon Kwadèboukè? 

Tan fè tan kite tan! 5 mwa apre PHTK-CIA te fin fè Arnel Joseph bwè dlo bouch li nan rigòl Lestè, jou ki te 7 Jiyè 2021 an, se Jovenel Moïse ki ta pral peri sasinen pou kont li, nan chanm kay li, sou kote madanm li, san yon peta pa tire an favè swadizan mouche Apredye, Prezidan Repiblik Ayiti. Jodi a, pou di Jimmy Chérizier, alyas Babekyou, ta gen tan bliye ki jan Arnel Joseph te bwè dlo rigòl Lestè? Pou di Lanmò 100 Jou ta gen tan bliye ki jan PHTK-CIA krabinen epi sasinen Jovenel Moïse? Bandi PHTK, tyoul CIA yo kwè yo toupisan nan baz Gang Galil, Baz Pilat, Baz 257, G9 an fanmi e alye. Kriminèl yo ap mache masakre pèp Bèlè ak Site Solèy pou CIA, Helen Lalime, Michel Martelly ak Ariel Henry. Podyab dyab! An verite, Jal Charles Oscar te fè plis pase yo!

Premye leson evènman 27-28 Jiyè 1915 yo raple nou: Pisan kou yo pisan jodi, asasen pa ka toupisan pou tout tan. Jou Pèp Vanyan deside se jou lejitim defans lan ki rive, anpil malfèktè pap gen tan jwenn refij anba zèsèl Anbasad kolon konplis.

Nan ti liv listwa Frères de l’Instruction Chrétienne yo, Jean-Claude Dorsainville prezante evènman 27-28 Jiyè 1915 yo kòmkwa se ta rezilta yon mouvman derapaj pèp sovaj, yon reyaksyon emosyonèl pèp «chimè» ta va fè sou Palè Nasyonal. Poutan, lè nou pran san nou analize koze a ak tèt frèt, nou remake mouvman dechoukay lejitim defans sa a te rantre nan kad aksyon revolisyonè byen òganize ki te gen alatèt yo sitwayen Rosalvo Bobo. Daprè Rosalvo Bobo ak patizan li yo, Prezidan Vilbrun Gillaume Sam ta pral siyen yon akò okipasyon Etazini ap bay Ayiti presyon pou li aksepte depi ane 1914. 

Apre pèp vanyan te fin tire revanj sou Jal Oscar ak Vilbrun Guillaume Sam, tout bagay te retounen nan nòmal yo nan lari Pòtoprens. Dayè, daprè pwòp temwanyaj Amiral Caperton ki te alatèt fòs okipasyon Ameriken an, lè Marin yo debake Bizoton menm jounen 28 Jiyè 1915 lan, Komite Sali Piblik Ayisyen an, kòmalòdinè, te gentan nonmen yon gouvènman pwovizwa ki t ap prepare eleksyon. Poudayè, se menm Amiral Caperton ankò ki admèt jan li kouri pran devan mande Asanble Nasyonal la ranvwaye eleksyon prezidansyèl li ta pral fè a, paske Caperton te gen tan prevwa si eleksyon an te fèt vre se Rosalvo Bobo ki t ap eli Prezidan Ayiti. 

Daprè korespondans ofisyèl Gouvènman Meriken ki vin piblik alèkile, Amiral Caperton te di li kwè li ka kontwole Asanble Nasyonal la pou yon ti bout tan toujou men, pou blan Meriken asire yo poze lapat tout bon vre sou finans Ayiti, se pou Washington, kidonk leta Etazini, voye yon lòt rejiman Marin avozòd li prese prese. Daprè menm dokiman ofisyèl sa yo, Washington te pase Amiral Caperton lòd pou li asime kontwol militè total kapital sou Pòtoprens epi anpeche Asanble Nasyonal la fè eleksyon toutotan yo pa rive jwenn yon kandida ki aksepte siyen alavans, san li pa li sa ki ekri nan akò Etazini prepare depi ane 1914 la. 

Kidonk, mouvman revolisyon Rosalvo Bobo a te prèske fin reyisi nèt. Blan Yanki malveyan yo te anvayi Ayiti 28 Jiyè 1915 pou anpeche yon gouvènman pwogresis nasyonalis monte opouvwa.

Annou vanse ak ti bourik listwa nou jouk nou rive nan yon dezyèm estasyon. Fwa sa a nou kanpe nan kalfou Jiyè 1987.

Daprè achiv Radio Haiti nou jwenn sou paj entènèt Inivèsite Duke, youn nan temwen masak Janrabèl la, Pè Rénald Clérismé, dekri evenman trajik sa a kòm yon “konplo byen monte” ant grandon yo (fanmi Poitevien, Lucas, ak Richardson) avèk otorite legliz katolik yo pou kraze ti peyizan ki t ap òganize yo. Dokiman an rapousuiv… «Ti peyizan yo t ap lite pou jwenn pwòp tè pa yo pou yo travay. Yo te lanse yon kantin tou, pou kore pwodiksyon nasyonal epi pou reziste kont manje sinistre CARE t ap bay. Bouwo yo te sèvi avèk pawòl anti-kominis pou jistifye represyon kont peyizan yo, epi Nicol Poitevien li menm te vante tèt li poutèt li “touye 1.042 kominis.” Grandon sa yo poko janm jije. Gen de gwoup reskape: sa ki degaje yo tounen lakay yo, avèk sa yo ki pa kapab tounen Janrabèl akòz toujou gen menas k ap fèt sou yo. Ekip misyonè a, ki te travay dapre prensip teyoloji liberasyon yo, te travay ansanm avèk ti peyizan yo pandan plizyè ane. Kòm rezilta masak la, sèvis avèk pwojè peyizan yo t ap bay (pa egzanp yon klinik ak irigasyon) kraze nèt, ki fè lavi pi difisil pou peyizan ki rete yo jounen jodiya. Clérismé dekri divizyon anndan legliz katolik la, epi li deklare tout moun ki pa te anpeche masak la konplis, menm si yo pa t voye manchèt».

Ak lizay, soti 21 Jiyè rive 23 Jiyè 2022, nan komin Janrabèl nan depatman Nòdwès, Òganizasyon Tèt Kole Tipeyizan (TK) te tanmen yon latriye aktivite pou komemore 35 ane depi boujwa grandon, lame d Ayiti, responsab ki nan tèt legliz katolik ak pwotestan te masakre plis pase yon santèn ti peyizan nan komin Janrabèl. 

Nan okazyon sa a, koòdonatè Tèt Kole Tipeyizan Ayisyen an, Origène Louis retrase listwa masak fanmi grandon yo te fè nan Janrabèl kote yo touye 139 Tipeyizan, boule plizyè santèn kay, jaden ak bèt Tipeyizan yo. Li raple epi denonse grandon yo tankou fanmi Lucas, fanmi Poitevien, lame d Ayiti, tèt legliz katolik, tèt legliz pwotestan, ak anbasad Ameriken ki te patisipe nan masak sa a. 

Depi anviwon 35 kan òganizasyon peyizan an pa sispann mande jistis ak reparasyon pou viktim yo. Fanmi grandon kontinye gen kontwòl sou Leta sitou nan gouvènman PHTK a. 

Konpatriyòt, alèkile, annou kite ti bourik listwa nou repose, pandan n ap founi je gade plizyè lòt zak rejim sanginè PHTK-CIA a te fè nan peyi a, pandan mwa Jiyè 2022 an.

Sitou apati 7 Jiyè 2022, gang G9 ak G-pèp simen anpil dèy nan komin Site solèy, kote popilasyon sivil la sèvi boukliye pou bandi yo, se sa nou li nan yon rapò Sant Analiz ak Rechèch Dwa Moun pibliye Madi 19 Jiyè 2022 a. Daprè CARDH, gang yo touye 150 moun, pami yo 70 manm gang. 80, kidonk pi fò viktim yo, soti nan popilasyon sivil la. San konte 300 lèzòt ki blese. Radyo Rezistans di, aklè, se popilasyon sivil la ki viktim sou tout fòm nan lagè gang yo. Jiskaprezan, plizyè milye moun bloke lakay yo san okenn pwodui premye nesesite. CARDH ensiste: lagè gang ki eklate nan Site a rantre nan estrateji pou rejim PHTK ak Klas dominant yo gen kontwòl pwochen eleksyon yo. Konsa tou, klas ekonomik lan ap itilize lagè gang yo pou fè lajan nan vann zàm ak minisyon. CARDH denonse plizyè ka kidnapin ki fèt ak machin Sèvis Leta ak machin diplomatik ak òganizasyon Entènasyonal ki enplike nan fè kidnapin nan peyi a.

An verite, osito Pèp Ayisyen va tabli yon gouvènman lejitim alatèt peyi a, Leta Ayisyen dwe trennen Helen Lalime ak tout responsab BINUH ki te patisipe nan pwosesis gangsterizasyon teritwa nasyonal la, devan tribinal penal entènasyonal pou krim kont limanite. 

Vwalatilpa, misyon Nasyonzini ki fè 18 tan l ap depatcha Pèp ak Leta Ayisyen an pak an pak, fenk resevwa pwolongasyon manda yon ane ankò nan men Konsèy Sekirite Nasyonzini. N ap raple ou, jou 15 Jiyè 2022 a se tout manm Konsèy Sekirite Nasyonzini yo alawonnbadè ki vote Rezolisyon 2645 sa a. Konsèy Sekirite a gen ladan li 5 Manm Pèmanan : Lachin, Etazini, Larisi, Lafrans ak Angletè, epi 10 Manm ki gen manda 2 zan, aktyèlman se : Estoni, End, Iland, Kenya, Meksik, Nijè, Nòvèj, Sen Vensan ak Grenadin, Tinizi ak Vyetnam. Kidonk, Ayiti anba grif malfèktè entènasyonal yo, san sekou, san zanmi. Se sèl Pèp Ayisyen an ki ka e ki dwe demele gèt li jan li konnen pou li sove tèt li.

Tchoumanie Saintil Orélus ak Germanie Saintil Orélus se 2 sè, bandi ak zam kidnape nan Dèlma 32, Samdi 16 Jiyè 2022. Fanmi viktim yo nan komin Pilat depatman Nò, fè konnen: menm minimòm mwayen pou yo viv, yo pa genyen, se agrikilti ki sèl sous pou fanmi a rantre lajan. Annatandan, bandi yo libere plizyè moun, apre fanmi viktim yo fin peye gwo lajan. Mèkredi 20 Jiyè, yo lage doktè Gretta Lataillade Roy, dwayen fakilte medsin Inivèsite Saint François d’Assise. Etidyan yo te òganize yon sitin lendi 18 Jiyè 2022 nan Dèlma 33 pou egzije liberasyon doktè a bandi ak zam te kidnape depi 8 jiyè.

Yon lòt kote, 2 moun mouri kankannen, 7 lòt chwe lopital, plizyè kay ak lòt materyèl boule, akoz gwo flanm dife ki eklate, nan nuit Vandredi 15 pou leve maten Samdi 16 Jiyè 2022 a, nan komin “Piyon” nan depatman Nò. Dife sa a te eklate akoz gaz moun yo estoke anndan kay yo, pou revann pi chè pi douvan. Jedi 21 Jiyè 2022, yon bis ki t ap pote moun soti Pòtoprens ale Okay, boule rapyetè nan vil Senlwidisid, akoz plizyè galon gaz ki te sere nan kòf bis la. Yon kantite moun nan popilasyon an gen tan pèdi lavi yo akoz vye pratik sa yo. Pandanstan, depi 2 mwa, swadizan gouvènman k ap feraye sou lobidyans popetwèl Ariel Henry an ap kreye ratman gaz atifisyèl pou li ka monte pri gaz la sou do popilasyon an, jan patwon l nan Bank Mondyal ak Fon Monetè Entènasyonal (FMI) pase l lòd fè sa a. 

Tankou plizyè lòt kominote atravè peyi a, popilasyon nan komin Kenskòf ap rele anmwey kont gang ki t ap tire anpil kout zam nan lokalite Fò Jak byen bonè nan maten Jedi 21 Jiyè 2022 a. Bandi okipe mache Grefen, tou pre Fò Jak. Radyo Rezistans rapòte ki jan popilasyon an pè pou zòn Fò Jak la pa sibi menm masak k ap fèt nan divès zòn nan kapital la. 

N ap repete modòd la pou li ka tache nan memwa nou : An verite, osito Pèp Ayisyen va tabli yon gouvènman lejitim alatèt peyi sa a, Leta Ayisyen dwe trennen Helen Lalime ak tout responsab BINUH ki te patisipe nan pwosesis gangsterizasyon teritwa nasyonal la, devan tribinal penal entènasyonal pou krim kont limanite.

Konsa tou, li dwe klè alèkile, rejim PHTK-CIA sa a pap janm bouke fè gang epi manje gang. Yo resisite gang, yo pwodui pwopagann pou fè kèk «viktim etoudi» aplodi gang ki swadizan ap elimine kèk «ti gang» pou pi gwo gang kapab fè gang pandan pi lontan. 

Men, an verite, mirak pa ekziste! Se goumen li ye! Goumen ak kouraj, entèlijans epi pèsistans pou nou dechouke ni malfèktè lokal, ni malfèktè entènasyonal.

Te gen yon tan, lènmi an te alimante fo lespwa ireyalis nan lespri anpil moun ak swadizan polisye revolisyonè Fantom 509, apre sa li itilize GNBis Andre Michel, koudetayis Youri Latortue, abolotcho Arnel Belizaire ki t ap travay pou swadizan 3zyèm Vwa Réginald Boulos…Apre sa, se te epizòd fo revolisyonè toudenkou Babekyou. Mwa pase a, yo envante yon sèten Muscadin. Pandanstan, lè kagezon zàm fann fwa «made in USA» bouke debake nan peyi a anndan kontenè Senatè PHTK, se franchiz Legliz Episkopal ki sèvi kouvèti pou malfèktè dilè zàm yo. Jou pa ko pase, bato bandi PHTK chaje ak zàm fann fwa ateri sou waf Pòdpe. Manm Kabinè Minis Jistis ki alafwa Avoka nan Bawo Pòtoprens fè lage bandi PHTK parèy li. Lòbèy pete, bawo pibliye lèt pwotestasyon paske yo arete Mèt Robinson Pierre-Louis, Sekretè Bawo a… Kidonk, eskandal adwat, eskandal agòch, youn monte sou lòt.   

Osito yon vrè gouvènman Ayisyen tabli, premye aksyon konsekan li dwe poze se nasyonalize tout pò ak waf peyi a. Kesyon pou kriminèl kapab rantre ak gwo kagezon zàm “made in USA” nan peyi a, dezòd sa a dwe kaba isiba!

Konpatriyòt ki te leve kanpe pou mande jistis an favè Peyizan Janrabèl yo te klewonnen ayè 22 Jiyè 2022 an : jodi jou «se Leta ak Kò Gwoup k ap bay gang yo tete. Pa gen anyen popilasyon an kapab espere kòm rezilta nan men pouvwa bandi legal la». 

Nou menm, nou di: rejim bandi PHTK 3èm vèsyon alye SDP, Fizyon Sosyal Demokrat yo pap janm pran desizyon demisyone, ni non plis blan malveyan yo pap janm deside kite Ayisyen respire. Se dechouke pou pèp Ayisyen dechouke malfèktè tout koulè sa yo.

Depi ane 1990 Pèp Ayisyen an chwazi Jean Bertrand Aristide, yon nèg save k ap bati inivèsite ak lopital. Blan malveyan di: non! Se dilè dwòg, asasen, gang tankou PHTK ki dwe dirije Ayiti pou benefis Abdalah, Apaid, Bigio, Boulos, Brandt, Deeb, Madsen ak CIA. Pèp ki jwi libète se pèp ki refize kwè nan ni Tonton Nwèl, ni Tonton Sam. Nou menm pitit Lafrik Ginen, nou pa gen zanmi isiba. Tout sa nou posede se batay nou batay pou nou genyen yo epi konsève yo, puiske malfèktè toujou anvayi nou. Kidonk, pa okipe sila yo k ap pwopoze solisyon mirak ki gen yon sèl objektif, lage tout souf kout nan reve epi demobilize pèp vanyan an.

Nou regrèt sa pou malfèktè tout koulè yo, ikonpri CIA! Ayiti se tè zansèt nou te goumen, mouri kite pou nou. Nou pap bay legen! Wè pa wè, n ap goumen jouk nou libere Ayiti». 

1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    Lanmou Jah ak Jahes Jafrikayiti. Bon travay! Mwen renmen blog post sa a anpil. Ti bourik ou a galope anpil pou banou listwa sa yo. E mwen renmen koman ou konekte evenmen ki te pase 27 ak 28 jiye 1915 yo avek sat rive nan peyi a nan ane apre yo. Sam remake se gen moun ki rete eklere e ki okouran de tout sa ki ap pase , memsi yo pa manifeste, mem yo gen opinyon ki kle e ki base sou laverite. Men gen lott moun pami tou ki pa vle rekonet laverite ditou. Moun sa you renmen blan malveyan yo ak tout lot malfekte ki nan peyi a e ki ap fe lavi di pou malere ak malerez! Mwen renmen jan ou fini blog post la avek listwa ki rive Jovenel Moise la nan cham lakay li lane denye. Mezanmi, pou moun sa yo, #PHTKaka ki ap tiye moun, bat moun, fe ipokrizi, paske yo panse ke se yo mem blan malveyan you renmen. Yo pa vle we tet yo, se travay malveyan yo ki bayo lavie! Yo pap jan denonse move zak moun malveyan sa yo ditou. Alo, nou pou kont nou, memsi litt la se ou gwo batay, nou pa gen mett ni jeneral ! Nou pa gen GG Toussaint, General Dessalines, Sanit Belair. Ezili Danto ni lame Indijen. Mem, fok no kontinye lite-yo pe nou e fok nou avanse! Lanmou beni. #1804 #Ayiti #HousingForTheHomelessNow!