Se ak yon sèl akò tout Pèp Ayisyen an dakò
November 29, 2021
Haiti an International Crime Scene
December 20, 2021

Jodi a, kòmalòdinè, nou pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan. 

N ap fè yon premye koudèy alantou 15 Oktòb 1994, yon jou memorab kote rezistans pèp vanyan, an Ayiti tankou aletranje, te fòse yon makòn kidnapè, malfèktè, retounen yon ze ki presye pase dyaman, anndan vant manman poul ki te ponn li an, Ayiti Cheri.

Dezyèm dat istorik k ap gide refleksyon nou jodi a, natirèlman, se 17 Oktòb 1806. Yon dat ki raple n kokennchenn dèt chak pitit Ayiti genyen devan Lanperè Dessalines, Papa nasyon nou an.

kriminèl FRAPH sou pewòl CIA
Videyo

Li enpòtan pou nou sonje kèk evènman ki te rive nan finisman ane 1993 dekwa pou nou kapab byen konprann kontèks retou demokrasi a, jou 15 Oktòb 1994 la.

10 Oktòb 1993 :  Yon bato Marin Etazini t ap fè mannèv pou li debake Pòtoprens. Yon ponyen bandi, manm asosiyasyon malfèktè FRAPH, rasanble sou bòdmè a, y ap fè eskandal kòmkwa yo pap kite bato Meriken an debake plis pase 225 sòlda Kanadyen ak Meriken ki te swadizan vin prepare retou Prezidan Jean-Bertrand Aristide – jan sa te prevwa pou l fèt 30 Oktòb 1993, selon akò Governor’s Island lan. 

11 Oktòb 1993 : tout moun sezi wè bato Meriken ki te rive lavèy la kase tèt tounen, li kite Ayiti, li ale kanpe lwen nan Wanntanamo, sou zile Kiba. Daprè temwanyaj li vin fè kèk ane annapre, chèf kanbiz FRAPH la, Emmanuel Toto Constant, deklare ensidan sa a se te yon montaj «pyès teyat» responsab CIA an Ayiti, mouche Kambourian, te òganize ak yo, demannyè pou Gouvènman Meriken ak alatèt li, Bill Clinton, te kapab kenbe Prezidan Aristide an ekzil pi lontan toujou. 

14 Oktòb 1993, kidonk 3 jou apre espektak bato “Harlan County” a, malfèktè FRAPH-FAdH yo sasinen Minis Jistis Guy Malary gwo lajounen. Nan mitan menm semèn nan, Senatè Ameriken Jesse Helms pote kole ak mouche Brian Latell ki te alatèt biwo CIA pou Amerik Latin. Blan yo tanmen yon kanpay nan Kongrè Ameriken an ak nan laprès kòmkwa Prezidan Aristide soufri «maladi mantal». Mechan yo deklare prezidan an se yon «kriminèl ki deraye».  

Jesse Helms (rasis pase sa nanpwen)

Yo parèt nan televizyon ak montaj foto epi non yon swadizan lopital sikyatrik nan peyi Kanada kote yo di Prezidan Aristide te entène. Nan menm prezantasyon sa yo, Meriken mekreyan yo di Jal Raoul Cédras ak konpayèl li yo nan lame d Ayiti «se yo menm ki reprezante pi bon lidè pami tout lidè ki parèt nan peyi d Ayiti depi apre fanmi Duvalier fin kouri kite pouvwa a».   Ata ansyen Sekretèdeta Meriken, Henry Kissinger, te parèt nan televizyon tou, li deklare Prezidan Aristide se yon «sikopat». Lè bon enfòmasyon resi sòti pou demontre Prezidan Aristide te jouk nan peyi Izrayèl ap etidye lè vye granmoun Senatè rasis la, Jesse Helms, di li te fèmen nan lopital sikyatrik peyi Kanada a…vye manti rasis sa a te gen tan gaye toupatou. 

27 Desanm 1993 : Asosiyasyon malfèktè FRAPH tanmen yon masak ratibwazay nan Site Soley. Bilan : 50 kadav, 1053 ti kay boule ra pye tè.  

Jan ane 1993 la fini an, se konsa ane 94 la te kòmanse. Nan mwa Fevriye, malfèktè FRAPH-FAdH yo kidnape epi disparèt Mèt Laraque Exantus, pwosekitè ki t ap ankete sou plizyè ka sasinay tankou sasinay ansyen Minis Jistis la, Guy Malary. 

Plis represyon an t ap ogmante, se plis nèg ak nèges Ayisyen t ap monte bato refijye pou eseye chape poul yo jete yo nan direksyon Miami. Konsa tou, chalè mobilizasyon an t ap monte toupatou kote Ayisyen ap viv sou latè beni. 

4 Avril 1994, yon kokennchenn manifestasyon te gonfle nan lari Washington D.C. Yon gran entèlektyèl Ameriken-nwa ki rele Randall Robinson kenbe tennfas nan yon grèv manje li tanmen an favè retou Prezidan Aristide an Ayiti.

Entèlektyèl Nwa Ameriken tankou Doktè Randall Robinson te kanpe djanm ak Pèp Ayisyen an kont malfèktè CIA yo

Pandanstan, pouvwa defakto yo nonmen Jij Émile Jonassaint Prezidan Larepiblik.  

Nasyonzini di li pa rekonèt mouche Jonassaint. 

Finalman, apre anpil jimnastik, CNN montre videyo militè defakto yo k ap «negosye» ak yon delegasyon Bill Clinton te voye kote yo. 

19 Septanm 1994:  20 mil sòlda meriken debake Ayiti – ofisyèlman yo vin prepare chimen pou retou Prezidan Aristide.

Kolon Yanki debake Ayiti ankò.
Ki veritab misyon yo?

Toudenkou, menm medya ki t ap atake pèsonalite l yo koumanse ekri bon bagay osijè Prezidan Aristide. Yo di, prezidan Aristide chanje, kounye a li gen plis matirite, li vin pi reyalis. Ansyen Anbasadè Robert White deklare nan Boston Globe «egzil la pèmèt Prezidan Aristide aprann bon jan leson sou demokrasi ak kapitalis». Ojis, rezon ki fè ipokrit yo t ap depale konsa a, se jèfò yo t ap fè pou yo manipile opinyon piblik la.  

An reyalite, pou Prezidan Aristide te ka retounen Ayiti, ni li menm, ni pèp ki te mete l opouvwa a, te sètoblije aksepte konkou Bill Clinton ak lame Meriken; Pèp Ayisyen an te oblije reziyen l, konsidere twa zan Prezidan Aristide pase nan kanpe lwen yo kòmkwa se li menm ki te opouvwa – kidonk, lè li retounen se eleksyon li pral fè pou pase mayèt la bay yon lòt moun. Lòt koze ki te enterese blan Meriken yo anpil, se adopsyon yon pwogram Ajisteman Striktirèl ki mande pou gouvènman Ayisyen an lage tout konpayi leta yo tankou Teleco, EDH, Ciment d’Haiti elatriye nan privatizasyon san gade dèyè. Kidonk, se kòmkidire chèf kidnapè ki tabli nan Wachintonndisi yo te genyen yon lis ranson disèt longè nan men yo. Antouka, se te byen jwenn ap byen kontre.

15 Oktòb 1994 : Pèp Ayisyen an t ap viv yon fenomèn ekstraòdinè ki pot ko janm rive nan listwa li. Jean-Bertrand Aristide, yon prezidan sivil lame d Ayiti ak CIA bay koudeta retounen opouvwa. Jou sa a tout je te brake sou ekran televizyon nan moman yon elikoptè Meriken t ap depoze prezidan Aristide nan lakou palè Nasyonal. 

Anpil sòlda te toujou di bagay konsa pap janm rive fèt.  «Kote ou janm wè ze ponn retounen nan vant poul?».  Kidonk, se yon mirak politik ki te akonpli jou sa a. Gen moun ki di mirak sa a kite yon gou anmè nan bouch yo paske se ak patisipasyon sòlda Meriken li te fèt.  Gen lòt ki di yo menm yo trè satilfè puiske se menm blan Meriken ki fè koudeta 1991 lan ki sètoblije depanse lajan pou yo vin defèt zak malfezans yo te fè a. 

An verite, 15 Oktòb 1994: kidnapè ki te fè koudeta 29 Septanm 1991 yo te sètoblije retounen ak Prezidan Titid nan peyi l (ze a tounen nan vant poul la) paske twòp refijye nwa k ap kouri pou masak CIA/Cédras/Michel François (Sweet Micky) t ap debake sou plaj Florida.

Jodi a se 17 Oktòb 2021, kidonk 27 ane pi ta. Kesyon nou dwe poze tèt nou : «èske chèf kidnapè ki Wachintonndisi yo chanje metye?

Gade ki jan, desandan refijye 1991 yo miltipliye pil sou pil sou lanmè, nan peyi Ameriklatin yo, anba pon Meksik ak Tekzas, Ozetazini.  Ki leson chèf kidnapè yo janm aprann?

Èske deklarasyon Daniel Foote ak lòt reprezantan gouvènman Meriken ki di yo estomake devan move tretman refijye Ayisyen ap resevwa nan men peyi Etazini kapab fè van an vire tout bon vre?

Jou 15 Oktòb 1994 la, anpil Ayisyen t ap mande tèt yo yon latriye kesyon…

Èske se manman pèp la ki reyisi rekipere viktwa demokratik li te pote 16 Desanm 1990 la? 

Èske se yon rekonsilyasyon ki te reyisi fèt, tout bon vre, ant  majorite pòv la ak ti minorite rich la – lè nou sonje ki jan Prezidan Jean-Bertrand Aristide te reprann pouvwa prezidansyèl la ak yon Premye Minis ki sòti nan boujwazi tradisyonèl la : Robert Maval?

8 Novanm 94 Prezidan Aristide chwazi Smarck Michel, kòm Premye Minis 

Avril 95 : Prezidan Aristide dekrete disolisyon Lame d Ayiti

7 Novanm 95 : Claudette Werleigh ranplase Smarck Michel kòm Premye Minis

7 Fevriye 96 :  Prezidan Aristide remèt echap prezidansyèl la bay yon lòt prezidan ki pase nan eleksyon M. René Garcia Préval.

Èske se te rekonsilyasyon pwojè nasyonalis pèp Ayisyen an ak pwojè fòs kapitalis yo (Etazini, FMI, Bank Mondyal elatriye)?

Ki kalte pitit maryaj de sikonstans sa a ta pral kale? Konbyen tan maryaj sa a ap kapab dire? 

Èske se sou chimen sa a n ap reyisi jwenn yon repons valab pou kesyon fondamantal papa Nanchon an te poze l depi nan ane 1804 la, lè li te remake se yon ti ponyen nèg ki te akapare tout richès peyi a :

«E sila yo ki gen papa yon ann Afrik yo, ki sa yo va jwenn?»

Si jodi a, 17 Oktòb 2021, se kidnapin ki kontinye ap fè aktyalite nan peyi nou, se pa yon aza. 

Pandan medya entènasyonal leve maten an ak nouvèl yon douzèn misyonè Meriken ki ta tonbe anba men kidnapè. Noumenm Ayisyen nou konnen se yon kalvè n ap monte pa do, chak jou ki jou, depi plis pase 10 zan. 

Jou mèkredi 13 Oktòb ki sot pase a te gen gwo mouvman pwotetasyon douvan biwo Sèvis imigrasyon ak emigrasyon pou reklame liberasyon youn nan anplwaye yo ki tonbe anba grif bandi kidnapè. Laskawobas, vil natal viktim nan ki rele Johnson Joseph, te leve kanpe pou manifeste kont zak kriminèl sa a. Se konsa, jedi 14 Oktòb 2021 an, kawotchou t ap boule, gwo machin bare wout la pou mande liberasyon Johnson Joseph ki anba men bandi depi lannwit madi 12 Oktòb. 

Nan anpil peyi bandi kidnape milyonè pou yo ka fè lajan. Men, sa nou remake k ap pase lakay nou, an Ayiti, se bandi milyonè ki kidnape tout yon peyi yo fin rann pòv – dekwa pou fanmi viktim yo k ap viv aletranje kapab voye plis lajan bay milyonè ki vle milyadè, wè pa wè. Bandi milyonè ki gen non yo site nan eskandal «Pandora papers» paske yo fè evazyon fiskal – sa vle di : yo fè wout kwochi ak lajan taks yo dwe Leta Ayisyen. Lajan ki ta sipoze envesti nan bati enfrastrikti, lopital, inivèsite, otowout, vrè estad pou nasyon an. 

N ap raple ou, daprè dokiman Pandora Papers yo, Laurent Lamothe, Roudolphe Boulos, moun nan fanmi Bigio ak fanmi Jaar, ta itilize magouy pou yo transfere gwo lajan nan lòt peyi kote ki pa gen bon kontwòl fiskal. Tandiske Prezidan peyi Chili, ki gen non l site nan eskandal Pandora Papers la, pran nan gwo cho paske Palman peyi Chili ap fè demach pou fese l plat atè, mesyedam Pandora Ayiti yo kontinye ap feraye kè pòpòz.

«E sila yo ki te gen papa yon ann Afrik 1 Janvye 1804 yo, ki sa yo va jwenn?»

Sou teren politik la, semèn sa a, nou wè plizyè sektè nan sosyete a (tankou sektè dwa moun, medya, elatriye…) voye jete envitasyon pouvwa defakto Ariel Henry an k ap mande yo reprezantan pou yon lòt KEP kòmokyèl. Lidè MPP a, Chavannes Jean-Baptiste, deklare : «nou pa vle kore eleksyon Ariel ap fè pou PHTK. Nou pa vle fòmil chwazi 3 moun sa a ki louvri pòt pou gouvènman defakto an pwofite achte youn nan yo».

An verite, pouvwa gang PHTK Amelyore Jiskobou sa a se yon dezas ki pa ka repare, ni kolepyese. Anpil vye rat ap kouri kite yon bato ansanglante. Genyen ki pi odasye, tankou ansyen popetwèl Michel Martelly, ki di yo fòme nouvo pati politik. Pèp la di setinitil! Depi ou te pase nan PHTK, pa gen dra ki kapab kouvri ou, pa gen dlo, ni javex ki kapab lave ou. Kote ou pase y ap rekonèt ou kòm malfèktè, trèt, tchoul blan malveyan ki rann Ayiti envivab pou Ayisyen.

«Se Ameriken ki te chwazi Michel Martelly. Yo fè menm bagay la ak Jovenel Moïse. Ayiti pa bezwen Prezidan Kòwonpi ni politisyen ki gen non site nan Pandora Papers…». Non, se pa Jafrikayiti ki di sa, se blan Meriken Daniel Foote ki t ap konfese. Ki gèp ki te pike Daniel Foote, ki lakòz li te di tout verite sa yo? 

Kèk jou apre konfesyon Daniel Foote la, yon lòt responsab Administrasyon Biden nan ki rele Harold Coe, te deside kraze kite sa. Kèk jou annapre, blan Meriken voye rele Madanm Michel Sison, ansyen Anbasadè yo nan Pòtoprens, epi yo anonse se yon ansyen Tèt Kale ki rele Kenneth Merten k ap retounen Pòtoprens ak tit Chajedafè. Gen anpil moun ki di, se sèten, Kenneth Marten gen misyon ede Gang Kò Gwoup an fanmi e alye fini ak ti rès Ayiti ki rete a.

Konpatriyòt, pa okipe moun k ap di gen plizyè akò ki ta dwe fonn youn nan lòt. Tout se mannigèt blan malveyan yo ap fè pou tante resikle bandi PHTK yo. 

Kalte remèd doktè lanmò sa yo ap ofri pèp Ayisyen an, yo pa janm sèvi ak sa nan pwòp peyi pa yo. Parekzanp, lè patizan Donald Trump yo te anvayi Kapitol la nan Wachintonndisi, 6 Janvye 2021, èske Prezidan Joe Biden te fizyone yon akò Demokrat ak yon akò Repibliken? 

Si blan ki nan Gang Kò Gwoup yo damou bandi PHTK yo konsa, se pou yo reziyen yo enstale Martelly, Lambert, Ariel, Martine, Gracia Delva, Babekyou…kòm Majistra, Gouvènè, chèf seksyon nan vil Washington, Ottawa ak Paris. Pèp Ayisyen an rejte tout kriminèl PHTK sa yo, keseswa makiyaj poud dakdak konplis yo ta chwazi pase nan figi yo.

Fo levanjil rekonsilyasyon bouwo ak viktim y ap klewonnen an pa gen lòt rezondèt: yo ta vle fè tout bouwo pase pou inosan. Kidonk, blanchi kriminèl yo epi antere jistis nan yon loseyan enpinite. Nou menm nou fenk kare ekzije Jistis Pou Mèt DorvalJistis Pou Gregory Saint-Hilaire, Jistis pou Ayiti!

Chak fwa Pèp Ayisyen an pwodui yon bon semans, si blan malveyan yo wè yo pa ka dechouke l, yo pito kontamine l.  Li lè pou sa kaba!

Mwa pase a, nou te wè yon ekip kriminèl k ap mache ak Martine Moise, Vèv Apredye, ki di se jistis yo vle pou Jovenel Moise. 

Banm yon ti limyè souple…

Èske se malere sa a nou wè yo t ap matirize ak gwo kout pye, gwo kout pwen nan rèl do l lan ki rele Joseph Felix Badio?

Osnon èske se li menm ki rele Rodolphe Jaar? Samir Handal? Kiko Saint-Rémy? Dimitri Herard? Gilbert Dragon? John Jorel Joseph? Madan Wendelle Coq, osnon Michel Martelly?

Èske jèn malere de bra balan sa a se te youn nan asosye Kolonbyen ki te nan dil dwòg ak Jovenel Moise yo?

Yon sitwayen mande jistis pou Mèt Dorval epi se li menm lach yo chwazi atake. 

Èske se Jordany ki parenn nan? Èske se Jordany ki lakòz Jovenel Moise mouri sasinen nan chanm kay li, pou kont li, bò kote madanm li? 

Nou remake tou, se menm Enstans Konsène yo rele Magalie Habitant an ki konekte ak mèsenè 2019 Jovenel te voye kase kès leta epi blayi manifestan yo atè a, ki asosye ak mèsenè jiyè 2021 ki ede touye Jovenel Moise yo. Vwalatilpa, se menm enstans konsène sa a, Magalie Habitant, k ap «kore Martine Moise» nan Pakè Pòtoprens. Adye Tant Siya, al on asosiyasyon malfèktè ou monte nan peyi m nan! San repwòch! Ou pa gen repitasyon an pou granmesi. 

Li klè kon dlo kòk, gang 400 Mawozo se alye Gang 15 Fanmi Mafyozo ki gen waf prive yo. Waf prive kote zàm ilegal ap debake maten midi swa.

Konpatriyòt, an verite, pa gen wout pa bwa. Tankou Daniel Foote di sa nan konfesyon l nan, se yon sèl solisyon ki ekziste, fòk chodyè a chavire ak tout bandi PHTK yo. Nou menm nou presize, se ni bandi nwa, ni bandi PHTK blan ki dwe chavire.

Dimanch 17 Oktòb 2021 an, se te 215 lane apre sasinay papa nasyon nou an, nan okazyon espesyal sa a, mwen envite nou founi je gade kòman, nan ansyen Wayom KEMET, ansyen Lejip, zansèt Afriken nou yo te tabli Gran Prensip Moral ki la pou gide lavi moun sou latè. Yo te batize prensip sa yo “Konfesyon MAAT”. Mo MAAT la reprezante plizyè bon bagay alafwa: verite, jistis, sajès…

Laplipa moun save/fouyadò rekonèt ekzistans yon lis “42 konfesyon negatif” ki sèvi baz kwayans ak espirityalite Ansyen Nèg ak Nègès peyi Lejip yo. 

Daprè kwayans ansyen yo, gen yon jou jijman dènye, kote chak moun ki mouri va parèt devan yon Gran Nèg ki rele Osiris. Pi gwo rèv defen an se pou jij yo ta mete kè li sou yon balans verite epi konfime kè sila a tèlman bon, li lejè pase yon plim zwazo. Kidonk, se kè kal defen an va resite 42 Konfesyon MAAT yo devan Osiris, Gran Nèg la:  “Mwen pa peche, Mwen pa fè zak zenglendo vyolan, Mwen pa vòlè, Mwen pa touye ni gason, ni fanm…”. 

Jou jijman devan “Gran Nèg” la

Alèkile, annou kite tan ansyen sou kontinan Lafrik, pou nou rive atè isit sou zile Ayiti. Jou ki te premye Janvye 1804 la, Jeneral Jean Jacques Dessalines, gran lidè revolisyonè ki te ede fanm ak gason Afriken yo kale lame esklavajis Lespay, lame esklavajis Angletè ak lame esklavajis Lafrans pou yo rape libète yo epi kreye yon Nasyon Nèg ak Nègès Abolisyonis ki rele nasyon tou nèf lan Ayiti, te deklare:

Moniman Vètyè

nan kokenn chenn jounen sila a, mwen rasanble militè vanyan sa yo ki pa te ezite bay san yo pou nou te genyen batay pou libète a lè rezilta batay la pa te klè ditou; jeneral sa yo ki te alatèt batay nou pou nou te konbat malfèktè yo panko fè ase pou nou rive viv nan kè kontan … non Franse a la toujou toupatou kote nou pase, li ap menase nou. Tras bèt sovaj sa yo la tout kote nou pase: lwa nou yo, jan n ap viv, vil nou yo, yo tout gen mak dwèt Franse; ki jan m ta ka di sa? Gen blan Franse la a toujou pami nou nan zile a, epi nou konprann nou lib epi endepandan?”

Pi ta, nan menm ane 1804 la, daprèzavwa Dessalines te remake ki jan Ansyen Nèg Lib yo te kite egoyis anvayi nanm yo, epi, yo t ap maniganse pou yo kenbe anba zèsèl yo, tout bitasyon blan esklavajis yo te kouri kite sou zile a, Dessalines deklare: 

Kouman nou fè panse se pitit gason kolon blan yo ki pou ta erite bitasyon yo? E sila yo ki gen papa yo ann Afrik yo, yo menm, yo pap jwenn anyen!?”.

Fraz selèb sa a ki te soti nan bouch fondatè nasyon nou an, se kle ki louvri pòt konprann michan chirepit, san pran souf, ki kontinye ap fè san koule jiskaprezan sou zile nou an. 

Anverite, misyon jenn nasyon nèg lib nou an, sou kontinan Lamerik la, se kichòy ki te toujou klè kon dlo kòk nan je Papa Dessalines: “Jistis pou tout moun alawonnbadè”! Se responsablite sa a chak pitit fi, chak pitit gason Ayiti fèt pou yo ranmase epi ede li vanse, pou tout tan gen tan.

Lè trèt yo te tenyen souf Papa Dessalines, jou 17 Oktòb 1806 la, pwomès Revolisyon Ayisyen an pot ko janm reyalize. Depi jou madichon sa a, trèt yo kontinye mare sosis yo ak lènmi blan malveyan pou pwojè “jistis pou tout moun alawonnbadè” a ka rete antere epi bandone menm kote ak kòd lonbrit nasyon an.

Nan mwa oktòb 2010, sòlda Nasyonzini ki te debake ilegalman sou zile a, depi 6 ane avan sa, pou yo vin kore yon koudeta blan Meriken te fin fè kont Pèp Ayisyen an, rive kontamine rivyè Latibonit ak watè epi pipi ki te gen jèm maladi Kolera a. Zak neglijans kriminèl sa a se yon kokenn chenn vyolasyon dwa moun. Jiskaprezan, Nasyonzini refize dedomaje viktim yo. Èske ou te konnen zak sa a MINUSTAH komèt nan peyi a, se youn nan vyolasyon grav zansèt Afriken nou yo te toujou kondane depi nan tan Wayom KEMET?  “Mwen pa t salopete dlo a” – se 34 triyèm Konfesyon MAAT.

Paske yo salopete dlo a, Nasyonzini lakòz 1 milyon Ayisyen trape maladi Kolera. Pami yo, gen plis pase 50 mil inosan ki mouri apre anpil soufrans tèrib. Kipizè, tout viktim sa yo te pami Ayisyen ki pi pòv yo, ki gen po nwa pi fonse yo. Sa vle di: yo soti nan mitan gwo majorite ki te gen papa yo ann Afrik jou 1e janvye 1804 lan! Wi, se sèlman sou kategori moun ki pi pòv yo kolera gen fòs, paske se sila yo ki pa ka jwenn dlo pwòp pou yo bwè.

Vandredi 15 Oktòb ki sot pase a, Konsèy Sekirite Nasyonzini vote pou yo renouvle manda Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti (BINUH) pou 6 mwa. Mannigèt sou mannigèt! Menm jan bandi PHTK yo bouke chanje non asosiyasyon malfèktè yo an, dekwa pou yo pa peye pou krim yo komèt kont nasyon an, se konsa blan Nasyonzini yo po ko janm bouke rebatize MINUSTAH ak BINUH k ap fè krim sou krim nan peyi a depi 29 Fevriye 2004.

Nan okazyon pwolongasyon mandan BINUH, Madan Linda Thomas-Greenfield, Anbasadè Etazini nan Nasyonzini, deklare moman an pa pwopis pou yo ta degèpi kite Ayiti. Li deklare : “BINUH gen yon wòl enpòtan pou li jwe nan moman kritik sa a nan apiye jefò gouvènman Ayiti ap fè pou kore dwa moun, stabilize sityasyon an epi kreye kondisyon pwopis pou eleksyon nasyonal ka dewoule”

Bò kote pa li, Anbasadè peyi Lachin nan di se peyi li ki te sigjere pou sekretè-jeneral Nasyonzini an re-evalye manda BINUH nan 6 mwa. Li rapousuiv pou li di : se granmesi bon jan diskisyon ak kontribisyon peyi Lachin, Larisi ak Sen Vensan ak Grenadin ki ekzije yon seri kondisyon pwennfèpa anndan rezolisyon an, peyi li deside vote an favè renouvèlman manda BINUH a. 

Bò kote pa li, Martin Kimani (reprezantan peyi Kenya), ki se Prezidan Konsèy Sekirite a pou mwa Oktòb la,  aplodi pwosesis dyalòg peyi Kenya, Nijè, Tinizi ak Sen Vensan ak Grenadin  tanmen pou ede Ayiti  devlope relasyon solid ak peyi Karayib yo epi peyi Kontinan Lafrik yo. An verite, sa se yon bon konsèy, Paske, nan lanmè Karayib la, Premye Minis Ralph Gonsalves k ap dirije Sen Vensan ak Grenadin, yon ti teritwa tou piti, se yon ra zanmi Ayiti genyen, ki kanpe djanm nan mitan yon dividal malfèktè. 

Annatandan, se jan nou menm Ayisyen nou demele gèt nou ak bandi lokal, nasyonal ak entènasyonal yo ki va fè jefò Ralph Gonsalves yo pa gaspiye.

N ap raple ou, depi ane 2010, anpil moundebyen, Ayisyen kon etranje pa janm sispan rele chalbari dèyè Nasyonzini. Jiskaprezan, responsab òganizasyon sa a fè je yo chèch yo pa janm dedomaje viktim Kolera yo.

Anvan nou separe jodi a, mwen gen yon panse espesyal pou madam Mildred Trouillot Aristide ki fenk pèdi papa li, grandèt Émile Trouillot, ki kite nou a laj 92 zan, jou ki te 7 Oktòb 2021 an. Nou voye anpil fòs ak lanmou pou madanm Mildred Trouillot-Aristide, Prezidan Jean-Bertrand Aristide ak tout fanmi/ zanmi ki oblije soufri separasyon sa a. Mwen pwofite okazyon an pou mwen wete chapo devan tout ekip solid Université de la Fondation Dr. Aristide (UNIFA), pwofesè, etidyan, administratè, byenfetè, pèsonèl soutyen…k ap plante bon semans pou plis Ayisyen kapab viv tout kantite sezon lanmou, an sante, ak kè kontan, nan bon kondisyon lavi, yo ta sipoze kapab viv nan yon bèl peyi tankou Ayiti. Konpatriyòt Mildred Aristide, mèsi anpil pou travay ekstraòdinè sa a ou ap fè, san pran souf, depi plizyè deseni nan UNIFA. Ou kanpe djanm tankou Annayiz ki makonnen fòs li ak Mannwèl nou an, pou dlo lavi kapab wouze tout plenn nan. Respè pou nou Gouvènè Lawouze!

Kit se “fòs kote” ki kontinye ekziste nan jan richès mal pataje sou zile a, kote Jovenel Moise pa pè li pa krent li pran 8600 ekta tè li bay André Apaid ak fanmi li gagote,  kit se reparasyon Nasyonzini refize bay viktim Kolera yo, li klè kon dlo kòk: “Pitit fi ak pitit gason Papa Dessalines yo pa ko janm jwenn jistis yo sou tè sa a”. Kidonk, keseswa Ayisyen an, jou dènye jijman an, se yon sèl Konfesyon li genyen pou li fè devan Papa Dessalines.

Frè m, sè m, èske ou pare pou ou gade Papa Dessalines nan je, epi deklare san tranble:  

«Papa: mwen te fè tout sa mwen te kapab fè pou resous Ayiti pataje egalego ant tout pitit gason ak tout pitit fi peyi a, san fòs kote. Mwen te fè tout sa mwen kapab pou sila yo ki te gen papa yo an Afrik 1 janvye 1804 yo jwenn jistis yo merite a»!

Leave a Reply

Your email address will not be published.