Se ak yon sèl akò tout Pèp Ayisyen an dakò

Koupe Fache!
September 20, 2021
Ze a!
December 3, 2021

«Akò Pèp Ayisyen an klè kon dlo kòk: fòk chodyè a chavire ak tout bandi PHTK yo, nètalkole!».

Jodi a, Dimanch 28 Novanm 2021, nou rasanble pou n ede batay Pèp Ayisyen an kontinye pran plis fòs. Se yon batay san pran souf ki pral pote Jistis, Respè ak Reparasyon pou tout viktim, tout masak rejim Tonton Makout Amelyore BINUH-PHTK-CIA sa a k ap peze kou nasyon nou an, depi plis pase 10 zan!

Twòp se twòp atò, fòk chodyè a chavire!

Nou wete chapo pou nou salye chak pitit Ayiti k ap bouske bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile a tankou aletranje. Jodi a, nou voye anpil lanmou ak kouraj pou moun Gonayiv, espesyalman fanmi ak zanmi 3 ti elèv lekòl ki te tonbe anba bal gang FAdH, yon jou 28 Novanm 1985.  

«Twa flè Lespwa» ki tonbe jou sa a te rele : Jean Robert Cius, elèv Kolèj Immaculée ConceptionMackenson Michel, elèv Kolèj Gonayiv, epi Daniel Israël, elèv Kolèj Jean Jacques Dessalines. Nou pap janm bliye yo, nou pap janm trayi sakrifis yo!

Nan moman an, nou konsyan gen yon sitiyasyon maloudouvan k ap brase bil tout Ayisyen. Pandan bandi PHTK andisi ap separe gato ak nouvo bandi ki vin ranfòse kò gang nan, popilasyon an li menm ap trimen anba lavi chè, ensekirite ak anpil lòt tribilasyon. Yon rate gaz inesplikab anvayi tout peyi a, san rezon, paske gwo bandi yo deklare pa gen gaz ni nan Tèminal Varreux, ni nan Thor. Genyen ki di se leta ki pa kòmande ase gaz. Gen lòt ki di se gwo bandi ki sere depo gaz lakay yo pou fòse pri pwodui a monte san rezon.

Kòmalòdinè, jodi a, nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, sa gen plis pase 217 ane pase, nèg ak nègès Ayisyen te goumen ak anpil entèlijans, kouraj epi pèsistans e yo te pote laviktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup la, yon makòn blan malveyan ki te toujou abitye kanpe an fanmi e alye pou yo aji mal sou zile nou an.                                                                                                                                                                                       

Pwoklamasyon Fòdofen 29 Novanm 1803 – yon kafou ekstraòdinè nan listwa limanite. Yon kafou kote sistèm esklavajis la te pran yon gwo baf daprèzavwa Afriken Ayiti yo te fè konbit, yo òganize lame liberasyon yo epi yo kwape andewò zile a, lame blan Angle, lame blan Panyòl epi lame blan Franse, youn apre lòt. Wi! Nou kapab jwenn fason pou nou dechouke Kò Gwoup an fanmi e alye. Nou te fè l deja. Nou kapab e n ap refè l, jodi a.

Lè Jeneral Donatien Rochambeau te resi mete van nan vwèl li kite zile Ayiti jou 30 Novanm 1803 sa a, se ak dans lakontantman pitit Lafrik Ginen yo te selebre toupatou sou kontinan an. Nèg ki nan chenn sou zile Jamayik, zile Kiba osnon ki sou bitasyon kolon esklavajis Ozetazini, t ap pouse gwo kout souf esperans «jou va jou vyen!». Pandanstan, an Ayiti, nèg ki fenk pote viktwa sou dyab krabinay yo t ap sote ponpe, bay bondye glwa ak yon je fèmen, yon je louvri. Yo t ap fete jodi men yo konnen demen pa garanti paske kolon esklavajis yo ka retounen vin toumante yo nenpòt ki lè.

Daprè sa nou li nan liv “Histoire d’Haiti” Tome 3 (1803-1807), anba plim Istoryen Thomas Madiou, Pwoklamasyon Endepandans Ayiti pibliye depi 29 Novanm 1803. Dokiman sa a ki batize «Pwoklamasyon Fòdofen», paske se nan vil sa a li ta wè douvanjou, pa di menm bagay ak Pwoklamasyon ki fèt piblikman jou gwo selebrasyon Premye Janvye 1804 la. Istoryen Thomas Madiou di «Pwoklamasyon Fòdofen» an sanble yon malatchong ki ponn nan lespri etranje paske li sèten Dessalines yo idantifye kòm youn nan 3 siyatè dokiman sa a pa t nan vil Fòdofen 29 Novanm 1803, se Okap li te ye. 

Men kisa ki ekri nan dokiman Fòdofen an apati tradiksyon orijinal konpatriyòt Dahoud André fè sa gen kèk ane pase.

 «Jodi a, nou pwoklame endepandans Sen Domeng. Nou rejwenn diyite nou, nou repran tout dwa nou epi nou sèmante pou okenn fòs sou latè pa janmen pran bagay sa yo nan men nou ankò. Pou tout tan, nou efase mechanste ki rele prejije a epi n lanse yon pinga bay nenpòt moun ki ta gen malè retounen ak bagay sila a nan figi nou.

N ap di tout moun ki gen tè nan Sen Domeng ki, jodi a, ap drive nan peyi etranje, malgre n ap pwoklame endepandans nou, nou pa p anpeche yo vin jwi byen yo; move lide konsa pa pase bò tèt nou. Nou konnen gen anpil nan nou ki renonse tout malfezans nou te konn fè nèg nwè, nou vag sou tout foli grandè epi nou aksepte batay sa a k ap fè san koule nan Sen Domeng depi 12 lane se yon batay ki jis

Tout moun ki renmen nou, n ap boule ak yo tankou frè; yo te mèt retounen viv nan mitan nou san kè kase. Bondye n sèvi a epi k ap voye je sou nou an ekzije n ouvè 2 bra n ba yo. Men fout, pou tout gwo kòlèt ki konprann ke se yon afè yo ye epi ki konprann se Granmèt la menm ki te ba yo pouvwa fè nèg tounen esklav, n ap tou di yo gade Sen Domeng epi koupe l kout je; depi yo pwoche seswa n mete yo anba kòd oubyen n anbake yo. Yo te mèt rete kote yo ye a ap manje mizè epi pou tout moun ki respekte moun koupe yo kout je

Nou sèmante pou n kraze nenpòt moun ki ta pèmèt li menm pale nou de lesklavaj

Nenpòt militè ki ta konprann l ap pote lanmò ak chenn lesklavaj nan peyi nou, sa l pran se pa l. Pa gen okenn pri nou pa pare pou n peye pou defann libète n. Menm si yon moun ta fè rigòl san koule, oswa ta limen dife nan 4 pwen kadino depi se pou defann libète ou, Bondye gen pou l padone ou kanmenm paske l pa t fè pyès moun pou rete ak moun.

Nou regrèt sa anpil si nan mitan leve kanpe ki te fèt pou n jwenn libète n nan gen kèk blan inosan, ki pa t chocho nan fè mechanste ki pèdi lavi yo epi nou vle fè lemonn antye konnen si nou te ka anpeche bagay sa a nou t ap fè l. 

Devan kalite mechanste ki te gen nan Sen Domeng, li enposib pou n ta anpeche moun tire revanj. Nenpòt moun ki gen ti konesans nan listwa konnen ke nenpòt pèp, menm sa k pi byenelve yo dechennen lè genyen boulvès nan sosyete a epi chèf yo menm pa fouti pini tout koupab yo si tout sosyete a pa ba yo lebra. Men, jodi a, pandan nou kè poze epi n ap gade yon avni san tèt chaje apre lagè brital nou sot viv la, Sen Domeng ta dwe pran yon lòt vizaj epi gouvènman li ta dwe chita sou lajistis.

     Deklarasyon ki fèt nan Fò Dofen, 29 Novanm 1803,

     ak siyati: Dessalines, Christophe, Clervaux.“ 

Tankou nou di sa, istoryen Thomas Madiou idantifye deklarasyon sa a kòm malatchong, alèkile zòt ta di : «fake news».  Men, lè nou analize nannan tèks sa a epi kontèks evènman grav ki ta pral rive blan ki te rete Ayiti apre depa Rochambeau sou zile a, n ap mande èske se pa t yon mannèv dezespere kèk kolon blan osnon pwotektè yo te antreprann pou yo tante rekipere sitiyasyon an  – pou blan yo pa pèdi tout avantaj nètalkole?  Otè tèks lan pale tankou yo anvi konvenk nèg ak nègès aksepte viv kòtakòt ak blan yo epi pou blan yo kenbe gwo patiray tè yo te vòlè yo, ak sèl diferans pa t ap gen esklav ankò. Sa ta vle di : “sove sistèm nan”!

***

Tankou nou wè sa plizyè fwa, bandi PHTK ak bandi Kò Gwoup vèsyon 2021 yo pa janm bouke resikle menm vye estrateji zansèt malfèktè yo te abitye itilize sou koloni esklavajis la.

Se konsa, nou remake kriminèl Nasyonzini yo fin kontamine plis pase yon milyon inosan ak bakteri Kolera, yo touye plis pase 50 mil Ayisyen ak bakteri pèpè sa a, san konte plizyè santèn inosan ki tonbe anba bal sòlda kadejakè Jòdanyen, Brezilyen elatriye pandan epòk 2004-2017 lan. Epi, jiskaprezan, Nasyonzini refize dedomaje viktim yo. Okontrè, se magouy y ap fè nan chanje non misyon pichon an, detanzantan. Soti nan MINUSTAH, pase nan MINIJUST ateri nan BINUH, se toujou menm malfèktè yo. 

Jan kolon esklavajis la te aji, se konsa kòmandè bitasyon esklavajis yo te aji tou. Kidonk, nou pa dwe etone wè bandi PHTK yo ap envante nouvo non asosiyasyon malfèktè pou makiye tèt yo, kòmsi nou ta gen tan bliye vrè vizaj yo malgre kantite masak bandi PHTK yo fè sou pèp Ayisyen an!

Jodi a, pandan pèp Ayisyen an ap sibi tout kalte zak vyolans, Kò Gwoup, PHTK an fanmi e alye ap detire jiskobou pou yo “sove sistèm nan“.

Semèn pase a, Premyeminis defakto Ariel Henry monte yon veritab “Okabine” ki genyen nèf ansyen opòtinis. Pami yo: Ricard Pierre, manm sektè demagoji pliryèl la; Nesmy Manigat, yon PHTK andisi, Rosmond Pradel, manm “Fusion“, epi Berto Dorcé, yon nonm ki enplike nan plizyè skandal trafik dwòg, epi se li menm ki pote tit «Minis Jistis ak Sekirite Piblik», nan gouvènman bandi PHTK Resikle Martelly/Ariel sa a.

Plizyè jounalis gen tan mete pwojektè sou Berto Dorcé ki te avoka Fritz, Gregory ak Bernard Mevs, Charles (Kiko) Saint-Rémy epi Steve Khawly ki gen non yo site nan skandal Manzanares, bato kokayin Sikre Martelly\Marc-Antoine Accra a. Se menm Berto Dorcé sa a ki t ap defann kidnapè Gang Galil, Woodly Éthéard, alyas Sonson La Familia. Moun ki gen bon memwa ka sonje eskandal konfyolo ak jij Lamare Belizaire ki te louvri pasaj pou liberasyon Sonson La Familia ak tout madanm li.

Berto Dorcé, fo Minis Jistis PHTK

Ajans DEA ki swadizan ap konbat trafik dwòg nan peyi Etazini gen anpil kesyon pou li reponn tou sou dosye bato kokayin sikre sa a, ak plizyè lòt ankò, ikonpri sasinay enkilpe Jovenel Moise, jou 7 Jiyè 2021 an.

Annatandan, nou aprann Berto Dorcé, swadizan Minis Jistis gouvènman bandi PHTK Resikle Martelly-Ariel la, te pase 6 mwa prizon nan ane 1997, akoz enplikasyon li nan yon zafè 10 kilo kokayin pandan mouche a t ap mache ak tit Jijdepè Miragwàn. 

Èske Pèp Ayisyen an ka penyen lage sou pretèks nou tande yon nèg ki gen tit Chèf Polis defakto ap klewonnen ki jan, nan jounen Vandredi 26 Novanm 2021 an, PNH devye yon brakaj nan vil okap?

Non! Nou pa ka kite dòmi pran nou, tandiske, nan nuit 25 pou antre 26 Novanm lan , bandi ak zam mete men sou Solange Lafontant, ansyen Madan Prezidan René Preval. Nan menm moman an, Alain Sauval, yon Fransè ki Responsab Kominikasyon Nan Inivèsite Kiskeya, tonbe anba men gang bandi kidnapè yo.

Gwo jounen ayè Samdi 27 Novanm nan, bandi ak zam kidnape Alexander Galves sou wout Malpas la. Sitwayen sa se ansyen Prezantatè Ribrik «ti koze nan panyòl» sou Radyo Karayib. Zak banditis sa fèt nan moman Galves t ap kite travay li.

N ap raple ou, Vandredi 19 Novanm 2021, Direksyon Santral Polis Jidisyè ak Komisè Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture te anonse yo poze lapat sou 3 sitwayen Ameriken ki enplike nan trafik zàm ilegal nan peyi a. Yo di yo te sezi senk zam ak minisyon. Twa bandi yo ta arete yo se : Marc Kerby Delva, Jean Jules Jean Pierre ak Ether Bourdon ki te nan avyon ki soti Etazini pou yo rantre Ayiti. 

Vwalatilpa, Mèkredi 24 Novanm 2021, Mèt Mario Joseph, alatèt BAI (Bureau des Avocats Internationaux) fè konnen mouche Marc Kerby Delva, te anba kòd PNH deja paske yo te arete li 23 Out 2018 pou zak kadejak kolektif li ta fè ak 2 lòt frè li nan dat 12 Out menm ane 2018 la. Mèt Mario Joseph rapousuiv pou li di se granmesi kontak li genyen anndan Anbasad Etazini an Ayiti, ki fè prezime kriminèl Ameriken Kerby Delva, ta fè presyon sou otorite lajistis Ayiti yo jouk yo te lage l nan mwa Janvye 2019. (Ou tande yon kalte voksal !!!!?)

Nan ane 1803, tout nèg ak nègès te wè kòman blan malveyan yo te fè dappiyanp, an trèt, sou Toussaint Louverture, yo pimpe li nan peyi Lafrans kote li mouri grangou 7 Avril 1803. Zansèt nou yo te reponn Napoléon ak yon Akò ki te klè kon dlo kòk : «Pwojè apeze a, pa gen sa pyès! Nou deside chavire chodyè a ak tout kolon kidnapè/ esklavajis yo, pou tout tan gen tan!».  

Daprè Istoryen Thomas Madiou, nan mwa Desanm 1803, Dessalines te mande sekretè li Chareron ekri tèks deklarasyon endepandans lan. 31 Desanm 1803 te gen tan pwente lè Chareron li tèks lan pou Dessalines ak lòt chèf yo.  

Tout moun te rete bouch be. Men, gen yon nonm ki te rele Boisrond Tonnere ki leve kanpe li di : «Sa li ye la a? Ki kalite koze molas sa yo Chareron ponn la a? Pawòl sa yo pa koresponn ak sa ki nan kè nou tout bon vre. Non! Pou nou ekri deklarasyon endepandans nou an, nou ta bezwen po yon blan pou nou ekri sou li, zo kokolo bwa tèt li pou nou mete lank plim nou epi se bayonnèt li menm nou pral itilize kòm plim pou n ekri»!

Dessalines te reponn : «Palemwadsa konpè Boisrond! – dezòmè se sou ou mwen konte pou ou ekri deklarasyon endepandans lan»!

Konpatriyòt, apre anpil sezon doulè, zansèt nou yo te reyalize pa gen mwayen negosye lapè ak bandi ki te kidnape yo sou kontinan Lafrik epi fòse yo bourike sou zile Ayiti pandan plizyè syèk. Annou suiv tras grandèt saj nou yo!

Depi byen bonè nan ane 2017 la, nou te di pinga Apredye fè wonn pòt san akonpayman tout bandi parèy li yo; bandi blan kon bandi nwa ki te jouke enkilpe Jovenel Moise nan fo palè ki sou Channmas la. Jodi a, tout moun wè bannann nan fin pouri nèt. Se pou rezon sa a, yo fin fou, yo vle envante nouvo slogan vid tankou Jovenelis, Martelis, Babekyouyis, Lanmòsanjouyis, Arielis… Anverite, tout sa se kakarat dèyè bwat!

Akò Pèp Ayisyen an klè kon dlo kòk: fòk chodyè a chavire ak tout bandi PHTK yo, nètalkole!

1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    Jah & Jahes love Jafrikayiti. I learned a lot about the early years of independent Ayiti from this blog post. I would like to know who the real authors of the document that was drafted in Fo Apimen was? And when was it added to Ayiti’s official record? Also, Boirond Tonnerre’s statement was very powerful! I have never heard any person of Haitian descent talk like that.And, it reflects the level of courage, awareness and self love that was required to fight and win against white supremacy and colonialism.

Leave a Reply

Your email address will not be published.