Pou Ayiti lib fòk Ayisyen lib
August 23, 2021

Jodi Dimanch 19 Septanm 2021 an, nou wete chapo pou nou salye chak pitit Ayiti k ap bouske bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile a tankou aletranje. Nou voye anpil lanmou, fòs ak kouraj, espesyalman, pou fanmi nou yo ki pran chimen lanmè, k ap travèse rivyè ak forè toupatou sou kontinan Lamerik yo, ki anpile anba pon nan peyi Meksik ak Etazini kote yo oblije vin kemande moso ladesant kay yon ekip malveyan k ap ede gang PHTK a rann lavi yo enposib lakay yo, sou zile Ayiti. 

Ala remò mezanmi! Lavi pap di w!

Sa gen 200 zan pase, lè plizyè milye fanm, gason, granmoun kon timoun, t ap kouri pou yo pa peri nan peyi Etazini, se ak 2 bra louvri Pèp Ayisyen an te resevwa yo, granmesi Lanperè Jean-Jacques Dessalines ki te pibliye yon dekrè depi 14 Janvye 1804 kote li ofri 40 pyas pou liberasyon chak viktim blan malveyan esklavajis yo mennen sou zile nou an.

Adye nègès Visprezidan Kamala Harris, ou antann ou ak Prezidan Joe Biden pou ou depòte fanmi nou yo? W ap fè travay restavèk kolon yo san repwòch! Ou meprize vye zo ou wè ap trennen sou chimen, ou pa rekonèt li te gen chè sou li yon jou. Men, jou va jou vyen, demen kanmenm douvan pòt va sispann sanble dèyè kay.

Jodi a, kòmalòdinè, nou pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan. 

***

Nan mitan semèn sa a, mwen te espantan lè mwen tande yon makòn avoka odasye deklare Martine Moïse, Vèv Apredye, kidonk kliyan yo, refize vin devan jij an Ayiti pou di tout sa li konnen osijè zak sasinay ki fèt sou defen mari li, sa pral gen 3 mwa pase. Daprèzavwa Apredye te pibliye yon dekrè pou fete anivèsè nesans Dessalines chak 20 Septanm, madanm lan ta di li pap fè yon pa, puiske jij yo konvoke l vin temwanye, yon jou konje. 

Mezanmi, podyab Lanperè! Gade ki jan yon vanyan ki te goumen pou diyite chak Ayisyen, alèkile, nenpòt bandi ap sèvi ak non l, tankou dra, pou kouvri zak malfezans yo.

Annou klè sou kesyon 20 Septanm sa a. Lanperè Dessalines merite pou limanite selebre jou nesans li paske, tout bon vre, Dessalines pat yon san manman. N ap raple ou, se depi plis pase yon douzèn ane konpatriyòt fouyadò Bayyinah Bello tanmen selebrasyon lavi Papa Dessalines, chak 20 Septanm, nan Fondasyon Felicité. Nan liv li ki rele «Jean Jacques Dessalines, 21 Pwen konnen sou lavi li», otè a di, sou baz tradisyon oral li ranmase nan plizyè depatman peyi a: daprè temwanyaj nègès grandèt Agbaraya Toya, ki ta prezan nan moman manman l t ap kaselezo pou akouche l, Dessalines fèt sou zile Ayiti, 20 Septanm 1758

Mèzalò, gen lòt fouyadò ki prezante teyori ki diferan osijè sikonstans nesans Papa Nasyon an. Parekzanp, fouyadò Jerry Gilles, alyas Tidiri Mede, raple nou “dat 20 Septanm nan, se yon kreyasyon resan… pa gen okenn dokiman lan epòk Dessalines ki di dat sa a. Ni pa gen okenn istoryen lan epòk li non plis ki bay dat fèt li… Kanta prezan, istoryen pa fin konnen si l te fèt ann Ayiti oubyen si l te fèt lan Ginen, alewè pou yo ta konn dat fèt li”.  

Kidonk, jiskaprezan, gen diferan ipotèz osijè dat, sikonstans ak kote Dessalines te fèt. Gen ipotèz osijè non manman li, gen endis sou jou li te konn fete nan vivan li. Men fòk nou pa bliye gen anpil chans Dessalines pou tèt pa li pa te konnen ni manman l, ni papa l, ni ki kote, ni ki dat li te fèt.  

Kòm rechèch ap rapousuiv, detanzantan, nou va dekouvri, korije, verifye, konfime enfòmasyon sou fè istorik enpòtan sa yo.  Mèzalò, sa ki klè kon dlo kòk : gen yon jou, yon nègès vant beni te kaselezo pou li pouse yon potorik gason limanite vin konnen sou non DESSALINES. Nou te riske pèdi tout tras nègès vanyan sa a. Paske zòt te mete chenn nan pye li, zòt te fè dappiyanp sou tout sa li te posede, ata lèt ki te nan tete li.  

Ojis, jiskaprezan, istoryen yo pa ka di avèk asirans, ki moun ki te manman ni Dessalines, ni Toussaint Louverture, ni Henri Christophe, ni ki dat ak nan ki sikonstans yo te kaselezo.

An verite, pou nou di fanm vant beni sa a yon mèsi ki valab, fòk nou ede tout fanm, tout gason, ki gen dlo k ap koule nan je yo jodi a, jwenn jistis; kit se nan Bèlè, nan Lasalin, nan Kafoufèy, nan Pèlerin 5 tankou nan tout fon kè peyi a.

Pandan rezo bandi PHTK a, an dekonpozisyon devan je nou la a, chak patriyòt Ayisyen dwe refize jwe wòl senp espektatè nan lavi nasyon nou an. Fòk nou angaje kare bare nan mouvman chavire chodyè a. 

Nou okouran, Lendi 13 Septanm ki sot pase a, Minis Jistis defakto Rockfeler Vincent, Komisè Gouvènman Pòtoprens defakto Bedford Claude ak Reynald Lubérice ki te Sekretè Jeneral nan Konsèy Minis defakto a, jwenn lèt revokasyon yo apre gwo esklann te pete nan mitan rezo PHTK a. 

Premye Minis defakto Ariel Henry ap deplwaye zèl li depi jou blan Kò Gwoup yo te voye yon mesaj sou Twitè pou anonse, dezòmè, se li menm ki “gwo ti chèf” nan rezo bandi PHTK Amelyore yo. Se yon veritab teyat Gwo Moso k ap jwe la a. Nou sonje ki jan swadizan Minis Jistis defakto a te mande Chèf Lapolis defakto a pou li pa ekzekite lòd pyès lòt otorite, apa li menm. Komisè Gouvènman defakto a, li menm, mete entèdiksyon depa kont Premye Minis defakto Ariel Henry, epi li voye lèt papye tenbre bay mouche a pou li vin chita bay esplikasyon nan biwo l, Madi 14 Septanm. Konvokasyon sa a fèt daprèzavwa, baz enfòmasyon konpayi telefòn Digicel ta konfime, menm jou zak sasinay la, Ariel Henry kominike ak Félix Badio, prezime asasen defen Prezidan defakto PHTK a, Jovenel Moïse. 

Operasyon Wete Pay Mete Pay!

Nou okouran, lapoula, PHTK te tanmen yon operasyon wete pay, mete pay. Kidonk, Josué Pierre-Louis, yon endividi ki po ko janm reponn gwo akizasyon kadejakè ki te anpeche peyi Bèljik aksepte li nan pòs Anbasadè yo te fè l kado a, se li menm ki vin ranplase lòt eleman Ariel Henry bay move kout zepon an.

Li klè : «PHTK se bwat fatra prefere blan malveyan Kò Gwoup yo. Se la yo mete yon ekip bandi an ran. Detanzantan, mèt yo fè yo siy pou yo monte sou sèn nan.».  

Wi, nou tande ki jan, Samdi 11 Septanm 2021 an, apre bri fin kouri otorite defakto yo fenk sot fè distribisyon BMW tou nèf, mesyedam Sektè Demokratik Popilè (SDP) yo, Mouvman Twazyèm Vwa, Direksyon Politik Opozisyon (DIRPOD), Fusion elatriye… ki te abitye pran pòz yo nan opozisyon anfas rejim PHTK a, yo tout fè je yo byen chèch, yo siyen yon akò ak Premye Minis defakto Ariel Henry. Nou te tande mouche André Michel ki di: “akò sa a se pou yon tranzisyon apeze”

N ap repete l : «Pandan rezo bandi PHTK a, an dekonpozisyon devan je nou la a, nou chak patriyòt Ayisyen dwe fè efò refize jwe wòl senp espektatè nan lavi nasyon nou an. Fòk nou angaje kare bare nan mouvman chavire chodyè a».  

Tout siy montre n majòjon sistèm nan dezespere. Men, yo po ko bay legen. Yo refize bandone PHTK, ki se bwat fatra prefere yo. Se ladan l, yo sèmante y ap kontinye resikle kòmandè bitasyon, jouk sa kaba. 

Sa se plan kolon esklavajis yo ak konze yo. E nou menm Ayisyen, pèp vanyan, ki sa nou deside fè ak peyi nou an?

PHTK se bwat fatra prefere blan malveyan Kò Gwoup yo.

17 ane pase, nou te genyen 7000 dirijan lejitim alatèt peyi a. 29 Fevriye 2004, bandi lokal mare sosis yo ak bandi entènasyonal yo fè kadejak sou leta peyi nou an. Alèkile, nou tonbe atè plat ak ZEWO dirijan lejitim nan yon pouvwa 100% defakto. Kò Gwoup ap ede yon gang dilè dwòg dechalbore ti rès Leta Ayisyen ki rete a.

Non! Kadejakè pa gen dwa sou moun konsa!

Wi, nou okouran, Lendi 14 Septanm ki sot pase a, yon swadizan Prezidan ti rès Sena te tante enstale tèt li kòm Prezidan peyi a. Nou okouran, jou sa a, Gang G9 an fanmi e alye te tire anpil katouch nan Pòtoprens. Plizyè moun blese. Boutanfen, mouche Joseph Lambert reziyen l, li pa desann nan lokal ti rès Sena a.

Konpatriyòt, pinga nou kite tout teyat sa yo bandi PHTK Amelyore yo ap fè a distrè nou. Pa bliye, pandanstan, gen yon ekip fanm ak gason vanyan ki kontinye ap travay, san pran souf, pou nou wete peyi a nan kafou tenten li anbreye la a. 

Nèg ak Nègès ki pa gen kouraj kanpe pou bon bagay, zòt ka fè yo ranpe pou nenpòt vye bagay!

***

Mèkredi 15 Septanm 2021, komisyon k ap chache Solisyon Ayisyèn nan kriz la, konfime 50 pati politik voye reprezantan yo nan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an (KNT). Komisyon an chwazi 3 moun k ap reprezante pati politik yo nan Biwo Suivi a (BS) ki gen responsablite garanti bon dewoulman tranzisyon an epi konble vid enstitisyonèl la. Men non 3 reprezantan sa yo: Enjenyè Ernest Mathurin, Achitèk Leslie Voltaire ak Baudelaire Noelsaint, ansyen Depite vil Desdunes. 

Vandredi 17 Septanm 2021, Sektè Popilè a fè menm ekzèsis la, li chwazi 2 reprezantan pou travay nan Biwo Suivi akò a. Reprezantan sektè popilè a se: Jérôme Armand ak Cherismé Pierre Wilkens.

Ayè Samdi 18 Septanm nan, Komisyon an anonse òganizasyon sosyete sivil ki pa t deja fè pati komisyon an rive chwazi reprezantan pa yo pou Biwo Suivi akò 30 Out la. Moun yo chwazi se: Christine Stephenson, Ginette Chérubin ak Arnel Rémy. Operasyon Koupe Fache ak rejim sanginè PHTK a dwe rapousuiv ak anpil kouraj, disiplin, ak entèlijans, jiskaske, yon veritab gouvènman sali piblik pran pouvwa a, remete Ayiti sou ray legal, travay nan respè Manman Lwa peyi a, pou asire byennèt tout Ayisyen alawonnbadè.

Ariel Henry se yon lòt fiyèl Michel Martelly

Pandanstan, nan peyi Etazini, nou remake plizyè atik jounal kote yo kòmanse founi je gade chirepit ki pete anndan vant gang PHTK a. Menm si se ak timidite, yo kòmanse di se esklann ant bandi PHTK yo ki alabaz sasinay defen Jovenel Apredye Moïse, jou ki te 7 Jiyè 2021 an. Mwa pase a, New-York Times parèt ak yon atik ki te mete pwojektè sou Dimitri Hérard ki aktyèlman fèmen nan Penitansye Nasyonal. Tit atik la se: Li tap bay Prezidan Ayisyen yo sasinen an sekirite epi se yon sispèk li te ye nan yon ankèt sou trafik dwòg.

Mwa sa a, Miami Herald, Reuters, Bloomberg ak New-York Times pibliye plizyè lòt atik ki brake pwojektè yo sou Ayiti. Gen youn ki parèt jou 14 Septanm nan ak gwo tit : Komisè Gouvènman Ayisyen an di gen prèv men Premye Minis lan sal nan sasinay Prezidan an”.  Nan atik sa a, otè yo di, plizyè diplomat ak ansyen Minis konfime Jovenel Moïse te nan gwo eskonbrit ak parenn li, Michel Martelly. New-York Times presize se Martelly ki fòse Jovenel pibliye yon dekrè ilegal pou li nonmen Ariel Henry Premye Minis defakto, kèk èd tan, anvan kò sasinay 7 Jiyè 2021 an. 

Tout se Martelly!

N ap raple ou, pami sispèk ki pi enpòtan nan dosye sa a,  Rodolphe Jaar, yon bon zanmi Michel Martelly peyi Dominikani te arete nan ane 2013 pou koze trafik kokayin, toujou ap sikile lib e libè. Joseph Felix Badio, yon anplwaye leta ki rantre nan administrasyon piblik la nan ane 2013, sou gouvènman Michel Martelly, aktyèlman entwouvab. Anplis Joseph Felix Badio ak Rodolphe Jaar, medya entènasyonal yo idantifye Charles Kiko Saint-Rémy ki se bòfrè Michel Martelly, Bernard Mevs epi plizyè lòt moun nan fanmi Acra ki ta tranpe fon nan ni trafik dwòg ni sasinay tèt chaje sa a. 

Nan dosye bato kokayin sikre a (Manzanares), tankou nan sasinay Jovenel Moise lan, nou jwenn dilè dwòg ki gen rasin yo fon nan Petionville, Miami ak Kolonbi epi nou jwenn plizyè ajan DEA ki enplike nan move zafè. N ap raple ou, ni Lajistis Ayiti, ni Lajitis Etazini po ko janm arete gwo dilè “bato kokayin sikre” yo.

Kidonk, nou ka konprann preyokipasyon Biwo Avoka Entènasyonal yo (BAI) ki, menm jan ak popilasyon Ayisyen an, pa mete konfyans ditou pyès nan jan aparèy Jistis la ap fonksyone anndan peyi a. Menm jan plizyè santèn viktim masak rejim PHTK a fè pa espere jwenn jistis toutotan se menm ekip sa a ki opouvwa, se konsa tou, li klè, rejim Kò Gwoup/PHTK Jiskobou sa a ap fè tout sa li kapab pou li toufe laverite osijè kò sasinay 7 Jiyè 2021 an. 

BAI pibliye yon nòt Dimanch 10 Septanm 2021 an kote li denonse konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a kare bare, pou konplisite nan nominasyon ilegal yon latriye Jij ak Jij Enstriksyon depi mwa Desanm 2020. BAI di nominasyon sa yo, se ansyen Prezidan defakto Jovenel Moise ki te fè yo, dèyè do lalwa. 

Mèt Mario Joseph mande sou ki baz CSPJ bay Jij Orélien Garry tout mwayen materyèl ak sekirite pou li mennen ankèt sou sasinay Jovenel, tandiske li lage Jij Renord Régis san zouti pou li mennen ankèt sou sasinay Batonye lòd Avoka Pòtoprens lan, Me Monferrier Dorval. Pyès moun pa ka sezi tande, 16 Septanm ki sot pase a, Jij Enstriksyon Renord Régis sètoblije fè yon kraze kite sa, li remèt demisyon l.

Pou ki rezon Videyo sa a pran lari jou 7 Jiyè 2021 an?

Martine Moïse, èske ou ka fè pèp Ayisyen an yon favè, souple? Tanpri, sispann sèvi ak non Papa Dessalines pou ou kache epi evite reponn kesyon lajistis osijè 2 pèsonaj piblik sa yo bandi sasinen nan Pèlerin 5.

Fanmi Mèt Monferrier Dorval ak tout pèp Ayisyen an vle konnen laverite. Ki relasyon ou genyen ak Dunes Vilpique? Èske se Vilpique osnon yon lòt asosye l ki te voye ba ou videyo kadav Mèt Dorval ki t ap benyen nan san li, apèn 2 minit apre zak la? 

Èske se yon erè fatal defen Jovenel te fè, nan moman li te lage kokennchenn revelasyon demeplè sa a nan emisyon Le Point ak Wendell Théodore?

Madanm defen an refize vin temwanye ann Ayiti 20 Septanm. Men, li kontinye ap depale nan medya etranje kote, yon lè, l ap detaye katafal dega 2 bal li te resevwa nan men mèsenè yo lakòz. Yon lòt moman, li rive konte jiska “8 bullets”.

***

Pou nou fèmen ti kozman jodi a, annou di chak pitit nasyon an se lizay pou nou fete nesans Papa Dessalines epi onore fanm vant beni sa a ki te pouse kokennchenn gason sa a, liberatè nasyon nou an.

Ou menm ki manman osnon papa pitit, keseswa kote ou ap viv jounen jodi a, sonje gen yon gwo pati nan edikasyon pitit ou, se ou menm, e ou menm sèl ki kapab fè li. Kidonk, jou tankou 20 Septanm kote anpil Ayisyen mete tan apa pou nou selebre nesans Papa Dessalines; Jou tankou 2 Janvye ki mete apa pou onore tout zansèt nou yo, se opòtinite pou nou fè travay dekolonizasyon mantal. Jou pou nou remanbre nanm nou. Annou fè l, san demagoji.

Pou nou di zansèt yo yon mèsi ki valab, fòk nou ede tout fanm, tout gason ki viktim jwenn jistis, nan Bèlè, nan Lasalin, nan Kafoufèy, nan Pèlerin 5, tankou nan tout fon kè peyi a. E pou nou fè sa, fòk nou libere Ayiti.

Epi, pou Ayiti libere, fòk nou koupe fache ak tout san manman PHTK, tout fiyèl Kò Gwoup.

Ki koneksyon ki ekziste ant asasina Mèt MONFERRIER DORVAL (28 Out 2020) epi asasina JOVENEL MOÏSE (7 Jiyè 2021) – Èske MARTINE MOÏSE ka ede reponn kesyon sa a?

Videyo 31 segond nou wè pi wo a pran lari menm jou 7 Jiyè 2021 an, apre sasinay Jovenel Moïse. Ki moun ki filme videyo sa a?

Nan videyo a, ou kapab tande vwa gason k ap pale youn ak lòt an Kreyòl k ap kòmante ki jan zak sa a fèt pandan fedatifis ki t ap tire menm aswè a. Èske gen moun ki te wè videyo sa a anvan 7 Jiyè 2021? Mwen menm, m pat ko janm wè li avan.

Pou ki rezon yo lage li sou rezo yo menm jou sa a, kote kèk moun te gen tan ap di se kadav Jovenel? Menm ajans Reuters oblije pibliye yon nòt rektifikatif sou sa. E, lè ou gade videyo a, nan ang li filme a, ou ka wè yon resanblans ak Jovenel vre. Èske se menm videyo 31 segond sa a Jovenel te di Martine montre li jou 28 Out 2020 an a 10:15 lan? Oudimwens se yon lòt videyo?

N ap raple ou nan emisyon televizyon sa a, Jovenel te deklare l ap fè tout sa li kapab pou lajistis mare ni ekzekitan ni otè entèlektyèl asasina Mèt Dorval la.https://youtu.be/-VISQwtnG9E (videyo).

Dunes Vilpique yo arete kòm youn nan ekzekitan sasinay Mèt Dorval, se te kandida PHTK nan Petionville, bon zanmi ni Jovenel ni Martine. Kote Dunes Vilpique nan moman an? Èske se li menm ki te voye videyo a bay Martine? Si lavi Martine pa te janm an danje vre, pou ki rezon yo te gen tan fè bri kouri di li mouri, epi yo kouri ale Etazini ak li?

1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    RastafarI love. I loved reading this blog post and I learned a lot from the information that Jafrikayiti provided in his discussion. I agree that Martine Mouse had no right to invoke Emperor Dessalines’ ( observed holiday) as an excuse to not appear in Court to answer important questions. She is implicated in the murder of Met Dorval and she has a lot of explaining to do about the ev3nts that occurred on. July 7 when her husband was killed in their home! The main takeaway for me is that she should not be allowed to run for political office and the PHTK should be banned forever from participating in Ayiti politics! They are corrupt and they’re implicated I’m all of the wrong doings in Ayiti, including the mass kidnappings, killings, and corruption. And, in my view, Fanmi Labalas should be encouraged to participate in these up coming elections. When they are in power, folks in Ayitihave hope and they don’t leave the country in droves. This is in part due to the da t that they use a good portion of the Statebudget to build and develop the infrastructure. This creates jobs and other opportunities. I would like to see the illegal CORE group disbanded and dismissed. And, I pray that a political coalition is formed between members of the group that formed to find solutions to help Ayiti and her people.Blessed love.#1804 #Ayiti

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *