Pou Ayiti lib fòk Ayisyen lib

Trayizon
July 26, 2021
Koupe Fache!
September 20, 2021

Sa gen 230 ane pase, sou zile Ayiti, nèg ak nègès te leve kanpe pou yo rache libète nan men kolon esklavajis yo. Jodi a, Dimanch 22 Out 2021 an, toupatou sou latè, Ayisyen kontinye ap goumen pou nou kore anpil gwo gany nasyon nou an reyalize, malgre pikan kwenna zòt simayen sou chimen “libète total kapital” n ap bouske a. Nou sou bon chimen, men nou po ko rive. Nou sèmante, nou pap bay legen paske, pou Ayiti lib fòk Ayisyen lib. 

Nou wete chapo pou n salye chak pitit Ayiti k ap bouske bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile a tankou aletranje. 

Jodi a, nou voye anpil lanmou, fòs ak kouraj espesyalman pou fanmi ki viktim Goudougoudou ki fenk frape peyi nou, yon lòt fwa ankò, jou Samdi 14 Out 2021 an. 

Nan depatman Sid, Nip, ak Grandans, plis pase 2200 konpatriyòt mouri, 13 mil lòt blese epi, jiskaprezan, anpil nan fanmi nou yo disparèt, nou pa rive jwenn yo.

Nou sibi anpil dega materyèl tou, kit se kay ki kraze, bèt ak jaden ki peri paske, nan anpil seksyon kominal nou yo, tè a fann, mòn kraze, wout bloke ak ranblè, dlo rivyè anvayi osnon devye, yo kite chimen natirèl yo.

Nou salye kouray jenn gason ak jenn fanm ki te riske vi yo pou rale plizyè konpatriyòt anba dekonb. Nou aplodi travay sekouris yo, doktè, enfimyè, ak lòt manm ekip medikal ki te mobilize resous ki disponib pou fè plizyè operasyon ijans, nan kondisyon ki difisil anpil. 

Tou natirèlman, ekip doktè, enfimyè, fizyoterapet Université de la Fondation Dr Aristide (UNIFA) yo ki toujou mobilize nan plizyè depatman nan peyi a te miltipliye entèvansyon yo nan 3 depatman ki plis sibi chòk tranblemanntè 14 Out la. Se ak anpil emosyon nou t ap gade yon delegasyon konpatriyòt ki soti nan yon pwent zile Kayimit ak bourik, sak pay ranpli ak manyòk, rejim bannann elatriye…pou yo pote separe ak abitan ki sou lòt pwent zile a kote yo sibi pi gwo chòk toujou. Konsa tou, òganizasyon baz Mouvman Mas Revolisyonè, Ramakaf, Moleghaf elatriye pote èd bay popilasyon nan rejyon Sid la. Nou wete chapo devan tout sitwayen moun debyen ki gen tan mobilize pou yo pote lamenfòt, e nou ankouraje plis sòlda vanyan mete men nan konbit la, ni an Ayiti, ni aletranje.

Nan yon kominike li pibliye Vandredi 20 Out 2021 an, òganizasyon  Solidarité Québec-Haiti k ap feraye nan peyi Kanada ensiste pou, fwa sa a, mouvman solidarite yo mete tout priyorite sou òganizasyon Ayisyen ki prezan epi ki gen kredibilite sou teren lokal la. Solidarité Québec-Haiti di «nou pa bliye gwo eskandal gagòtaj ak koripsyon ki te fèt ak plis pase $13 milya dola lajan rekonstriksyon CIRH Bill Clinton ak Jean-Max Bellerive te responsab, apre Goudougoudou 12 Janvye 2010 la».

Li klè, jounen jodi a, modèl okipasyon makiye blan malveyan Kò Gwoup yo ap dirije a lakòz popilasyon Ayisyen an vilnerab anpil.  Gouvènman popetwèl ilegal epi sanginè kolon yo ap plede jouke alatèt peyi a chaje ak bandi PHTK ki mete lavi popilasyon an an danje, chak jou ki jou. 

Kidonk, pa gen wout pa bwa, pou nou jere dezas natirèl tankou tanpèt ak tranblemanntè, n ap sètoblije jwenn yon solisyon dirab pou “dezas fabrike ekstraòdinè” sa a ki se rejim bandi Kò Gwoup PHTK a. 

Anvan nou devlope sou sa, kòmalòdinè, nou pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan. 

Fèy papye listwa rapòte, ki jan nan nuit 14 Out 1791, yon nèg vanyan ki te rele Boukmann te òganize yon rasanbleman enpòtan nan zòn Bwa Kayiman (Bwa Kay Iman), toupre Mòn Wouj. Nèg ak nègès te sèmante yo pito mouri tan pou yo kite blan kontinye matirize yo anba lesklavaj.  

Nou se YOUN: yon sèl pèp, yon sèl nasyon
Foto: Ayibobo, zèv Rara Solèy: https://youtu.be/2qRgooOXG68

Nan yon tèks otè Ayisyen Hérard Dumesle pibliye nan ane 1824, li di: “nan nwit 14 Out 1791 lan te gen gwo loray. Yon kokenn chenn lapli ki pa ret ak lapli t ap tonbe, gwo van t ap fè pye bwa yo tòdye, zèklè te fè kenken. Afriken yo mete de twa nèg fè santinèl pou veye epi rès makòn lan fè yon gwo wonn epi yo chita atè a. Gen youn ki leve kanpe epi li rakonte kijan depi twò lontan blan malveyan ap fè nèg soufri touman lanfè sou zile Ayiti. Lè a rive pou pitit Bondye jwi libète!

Diskou sa a te fè anpil dlo koule nan je nèg ak nègès ki te pote mak soufrans lesklavaj tou fre sou po yo ak nan lespri yo. Tout san nan venn yo t ap bouyi. 

Yo rapòte se Manbo Cécile Fatiman, madanm Louis Michel Pierrot, ki te gen pou li vin Prezidan Ayiti pi douvan, ki te dirije yon seremoni Vodou kote Afriken yo te sèmante pou yo suiv lòd Boukmann epi revòlte pou libète.  

Daprè Hérard Dumesle, anvan yo separe, Boukmann te leve kanpe, li di: 

Bondye ki fè solèy ki klere anwo tèt nou an, 

Bondye ki soulve lanmè a, ki fè loray gwonde, 

Bondye sa a, nou tande m? 

Bondye sa a ki kache nan yon nyaj, li la l ap gade nou. 

Bondye nou an wè tout sa blan yo fè n sibi. 

Blan yo gen yon dye ki mande krim. Men, Bondye pa nou an se sa ki byen li vle. 

Bondye sa a, ki bon tout bon an, pase nou lòd pou nou fè vanjans. 

Se Bondye ki va kondui bra nou, se li ki va bannou asistans. 

Jete vye pòtre dye blan yo ki swaf dlo nan je nou. Koute libète k ap pale nan kè nou tout!

Kidonk, zansèt nou yo te di aklè: si gen madichon vre, se blan malveyan yo ki “gen madichon“. Paske, se yo menm ki aji mal. Se yo menm ki te bati gwo bato negriye, yo atake Lafrik, yo kidnape ti moun kou gran moun, yo separe manman ak pitit yo, madanm ak mari yo, yo mare yo ak chenn nan kou, chenn nan pye, yo fòse Afriken yo bourike san yo pa touche sou plantasyon esklavajis, jenerasyon apre jenerasyon, toupatou sou kontinan Lamerik yo. 

Kidonk, 14 Out 1791, nan Bwa Kayiman, tout nèg fè sèman y ap touye blan malveyan. 

16 Out – Bitasyon Chabaud pran dife – blan yo koumanse sispèk.

22 Out (nan nwit) – Boukmann soulve plizyè bitasyon: Noë, Clément, Flaville, Galliffet epi Turpin…yo anvayi Lenbe epi Lakil…yo touye tout kolon blan yo, epi yo boule bitasyon yo.  Dife dechoukay sa a anvayi tout Laplèndinò rive jouk nan papòt vil Okap. Bitasyon kolon blan ki nan Titans, Katye Moren, Limonad, Grannrivyè, Sent Sizàn, Dondon, Mamlad, Plezans, Pò Mago… tout te ratibwaze. 

Blan Franse te kouri òganize yo pou yo reziste. Kòm nan moman an kolon Franse ki Ayiti yo pat fin antann yo ak blan peyi Lafrans ki t ap ekzije yo peye anpil taks, se blan Angle yo te mande sekou.  Efektivman, blan Angle ki te Gouvènè zile Jamayik lan voye yon bato de gè ki debake Okap 22 Septanm 1791. Kolon blan Franse yo bat gwo bravo lakontantman pou blan Angle yo. 

Finalman, 7 Novanm 1791, apre anpil goumen, gang blan malveyan yo (Kò Gwoup) sasinen Boukmann, yo koupe tèt li epi yo ekspoze l sou yon plas piblik ak yon pankat ki make: “Tête de Boukman, chef des révoltés”. 

Boukmann mouri vre. Men, se atò revòlt lan t ap pran chè: Laplenn, Pòtoprens, nan Sid, nan Nò – toupatou nèg t ap goumen pou kase chenn. 

Wi, zansèt nou yo te di : pou peyi sa a lib, fòk tout nèg ak nègès lib!

Jodi a, gen anpil diskou blòf k ap fèt pou tante fè kriminèl, eksplwatè – sanginè pase pou ewo. Men, malerezman pou malfèktè yo, kreyon listwa pa gen gonm. Jouk ti poul fè dan, se tras yon moun kite ki va pèmèt limanite jije si li te aji tankou yon ewo osnon yon gwo zewo, pandan pasaj li sou latè. 

Annou repete kichòy nou te di talè a : «Pa gen wout pa bwa. Pou nou jere dezas natirèl tankou tanpèt ak tranblemanntè an Ayiti, n ap sètoblije jwenn yon solisyon dirab pou “dezas fabrike ekstraòdinè” sa a ki se rejim bandi Kò Gwoup PHTK a». 

Nan mwa Fevriye 2004, lavèy debakman kolon enperyalis yo ki t ap konplote kòtakòt ak André Apaid, Evans Paul (Kplim), Réginald Boulos, Michel Martelly, Gilbert Bigio, Guy Phillipe…ak rès makòn konze Group 184 yo, peyi d Ayiti te genyen 7000 eli ki t ap ranpli wòl nasyon an ba yo kòm Azèk, Kazèk, Majistra, Depite, Senatè, epi Prezidan.

Nan ane 2000 yo, plizyè santèn jenn gason ak jenn fanm te resevwa fòmasyon pou yo itil peyi a nan sèvis Pwoteksyon Sivil ki sipoze travay sou lobidyans otorite lokal yo.

Èske ou okouran kantite masak bandi GNBis Guy Philippe yo te fè sou jenn pwofesyonèl sa yo, nan jiwon vil Gonayiv, nan finisman ane 2003 ak kòmansman 2004? 

Kidonk, lè Ouragan Jeanne te frape vil Gonayiv, nan mwa Jen 2004, ewo sa yo gouvènman Lavalas lan te fòme yo pa te la ankò, puiske bann zewo Gérard Latortue te batize «Combatants de la liberté» yo te masakre anpil nan jenn sekouris pwofesyonèl nou yo.

Kidonk, rezilta yo klè kon dlo kòk. Nou soti nan 7000 dirijan eli (kidonk lejitim) ki opouvwa nan dat 28 Fevriye 2004 epi, jodi a, nou tonbe a ZEWO dirijan lejitim ki opouvwa. Okontrè, se yon gang dilè dwòg Kò Gwoup la ap ede fè kadejak a repetisyon sou ti rès Leta Ayisyen ki rete a.

Nèg ki pa gen kouraj kanpe pou bon bagay, zòt ka fè yo ranpe pou nenpòt bagay!

Toutotan sitiyasyon sa a pèsiste, konsekans yo ap kontinye grav anpil pou nasyon nou an. Parekzanp: lè, nan vil Jeremi, yon kriminèl ki te sipoze nan prizon depi lontan se li menm gang PHTK a bay tit «Ajan Enterimè», sa vle di vil Jeremi pa gen Majistra – paske, pa te janm gen eleksyon – puiske gang PHTK a pa p janm fè bon eleksyon.

Puiske se Kò Gwoup la ki sous pouvwa asasen “Tèt Ki Ale” yo, bèf pou wa, savann pou wa, jou ki te 18 Out 2021 an, Ajan Enterimè defakto PHTK, Tama Fontaine monte radyo pou li tante fè yon ekip moun lapide plizyè sekouris Kolonbyen sou pretèks yo soti nan menm peyi ak mèsenè Kolonbyen ki ta patisipe nan kò sasinay ki fèt jou 7 Jiyè 2021 an, sou defen enkilpe Jovenel Moïse. Èske se konnen Tama Fontaine pa konnen, jiskaprezan, majorite endis sikjere se pèp Ayisyen an ki gen rezon lè li deklare kare bare: «se mèt chat la ki manje chat li»?

Tankou defen Majistra Gabriel Fortuné te di koze a, tout siy yo montre “se parenn ki livre fiyèl li”. 

«Tu as toujours été si loyal envers eux… Eux, ils t’ont trahi!». Wi, se konsa Martine Moïse te pale osijè defen mari li Jovenel Apredye Moïse ki tonbe, 7 jiyè 2021, anba bal asasen ki rantre jouk anndan chanm kay yo nan Pèleren 5, san youn pami asasen yo pa t blese, san youn pami ajan ki responsab sekirite Prezidansyèl yo pa t blese. 

Depi kèk tan, n ap di gen anpil resanblans nan dosye sasinay Jovenel Moise lan epi dosye bato kokayin sikre Manzanares la. Alapapòt nou wè tou de dosye sa yo enplike bandi Kolonbi, Miyami epi Petyonvil. 

Mwen pwofite bat bravo pou yon ekip sitwayen ki kreye yon paj entènèt sou rezo Twitè an Kreyòl yo rele «Pou Laverite ak Pou Listwa». Sou paj sa a, ou ka jwenn yon bon rezime istwa bato kokayin sikre Manzanares la.

Annou raple eleman esansyèl yo :

1- Nan mwa Avril 2015, Ayiti resevwa yon bato sik ki te gen ladan li 700 kilo kokayin ak 300 kilo ewoyin, yo evalye l a 100 milyon dola Meriken. Bato sa a ki rele MV Manzanares te debake nan Pò Varreux, nan Site Solèy. Pandan ouvriye ap dechaje bato a, yo tonbe sou kagezon dwòg la.

2- Rapid, rapid, dwòg la kòmanse simaye. Gen 2 machin ki gen polisye ki vini pou bwote dwòg. Se apre plis pase dezèdtan lapolis rive sou plas, pandan tout dwòg la pratikman disparèt. Se yon konpayi ki rele NABATCO ki te fè kòmand bato sik sa a. Konpayi Nabatco se pou fanmi ACRA.

3- Malgre tout dwòg sa a rive nan peyi a, lajistis pat janm sezi dosye sa. Se apre yon komisyon nan Palman Ameriken panche sou li, lajistis deside pousuiv Marc Antoine Acra ak Sebastien François Xavier Acra, de frè k ap jere konpayi Nabatco.

4- Pandan lajistis te dèyè Marc Antoine Acra, Michel Martelly nonmen l Anbasadè Bòn Volonte peyi d Ayiti, 6 jou avan l te kite pouvwa a. Lè yo pral mete Jovenel Moise sou pouvwa a, premye vwayaj li fè, san l pot ko enstale kòm prezidan, li te ale Sendomeng. Li te rankontre Marc Antoine Acra.

5- Lajistis te mete entèdiksyon depa kont Marc Antoine Acra. Se jij Bernard Sainvil ki leve entèdiksyon sa a. Depi lè sa, Marc Antoine Acra ap sikile alèz nan peyi a.

6-Terminal Varreux a ki nan Site Solèy, se yon pò prive fanmi Mevs posede. Se la bato dwòg la te debake. Pò sa a gen yon repitasyon kote leta pa vrèman gen kontwòl sou bagay k ap rantre ladan l. Youn nan sispèk nan dosye sa a, se Jean Fritz Bernard Mevs.

7- Nan dosye bato dwòg Manzanares la, chèf BLTS la ki se inite ki la pou konbat trafik dwòg, pèdi djòb li epi li pran prizon Ozetazini. Li rele Joris Mergelus. Yo akize l dèske li ta pran lajan pou kase fèy pou kouvri dosye bato dwòg Marc Antoine Acra a.

***

Kidonk, ni nan dosye bato kokayin sikre a, ni nan sasinay Jovenel Moise nou jwenn dilè dwòg ki gen rasin yo fon nan Petyonvil, Miyami ak Kolonbi epi nou jwenn plizyè ajan DEA (Etazini) ki enplike nan move zafè.

Pandan n ap finalize tèks sa a, se yon atik New-York Times ki parèt ayè Samdi 21 Out la n ap gade.  Tit atik la se: Li tap bay Prezidan Ayisyen yo sasinen an sekirite epi se yon sispèk li te ye nan yon ankèt sou trafik dwòg”.

Nan atik sa a, New-York Times brake pwojektè tripòt li sou Dimitri Hérard ki aktyèlman fèmen nan Penitansye Nasyonal kòm konplis nan kò sansinay ki fèt sou Jovenel Moise lan. 

Yo site non plizyè konplis Dimitri Hérard ta genyen nan zak sasinay sa a. Genyen pami mèsesè Kolonbyen yo ki deklare anplis zak sansinay la, yo te gen misyon rekipere anpil milyon dola anndan kay enkilpe Jovenel Moise. Genyen Rodolphe Jaar, yon bon zanmi Michel Martelly peyi Dominikani te arete nan ane 2013 pou koze trafik kokayin. Genyen Joseph Felix Badio, li menm, se yon anplwaye leta ki rantre nan administrasyon piblik la nan menm ane 2013 la, sou gouvènman Michel Martelly. Alèkile, anplis Joseph Felix Badio ak Rodolphe Jaar, medya entènasyonal yo idantifye : Charles Kiko Saint-Rémy ki se bòfrè Michel Martelly, Bernard Mevs epi plizyè lòt moun nan fanmi Acra ki ta tranpe fon ni nan trafik dwòg ni nan dosye sasinay tèt chaje sa a. 

***

Nan peyi Etazini, lè lapolis poze men sou yon moun nou abitye tande yo raple moun nan dwa li ak fraz selèb sa a: 
“Ou gen dwa fè silans. Tout sa ou di kapab epi y ap sèvi ak li kont ou nan tribinal…”.

Se vre, Ayiti pa suiv menm rejim legal ak Etazini. Mèzalò, fraz popilè sa a te monte nan lespri m lè, nan semèn sa a, mwen te li tèks yon konpatriyòt ekri kote li anonse jan li desi dèske li pa tande ki sa ansyen Prezidan peyi a, Doktè Jean-Bertrand Aristide di osijè sasinay Jovenel Moise lan. 

Gen plizyè moun ki reponn sitwayen an pou yo raple li kantite Ayisyen ki mouri nan move kondisyon pandan ane ki sot pase yo anba zak vyolans rejim neyo-Duvalieris PHTK Jovenel te ladan l lan. Yo raple li ki jan se nan yon sitiyasyon frajil nou ye la a, kote twa ka endis sikjere se anndan vant rejim dilè sanginè PHTK a konplo sasinay Jovenel Moise lan soti. 

Poudayè, pwosesis “beyatifikasyon enstantane” kèk eleman ap tante fè pou Jovenel Moise lan fè anpil moun je klere sispèk se asasen Apredye yo ki dèyè kanpay “fòse zewo tounen ewo” sa a. Kòmkidire, bandi PHTK yo ta vle kadav Jovenel Moise ede yo kenbe pouvwa a, pandan yo tou pwofite vegle je fanmi ak kèk patizan sensè Jovenel Moise ki tèlman dezespere yo riske tonbe nan pyèj flatè/blofè yo.  

Antouka, se pa jodi a, Jean-Bertrand Aristide ap demontre itilizasyon lapawòl se pa kichòy ki dwe fèt nan lib ni vaykevay.

Si lè li pale yo akize l pou sa li di, lè li pa pale yo akize l pou sa li pa di. Pètèt, yo ta ka aksepte li fè yon ti chante, pa vre?

Mwen ankouraje ou pran san ou koute kèk kouplè nan yon chante ki rele “Depi 1804” –  se yon konpozisyon ki pote siyati Pè Jean-Bertrand Aristide ki parèt sou yon albòm li batize «Kapitalis Se Peche Mòtèl».  

Chante a di :

«Depi 1804 Ayiti lib, endepandan.

Jezi, ou ki pa sou blòf, konbyen nan nou ou wè ki lib vre?

Gen lè Ayiti lib men se pa Ayisyen ki lib!»

Wi, nan ane 1791 zansèt nou yo te di : Pou peyi sa a lib, fòk tout nèg ak nègès lib. Jodi a, nou di : pou Ayiti lib, an verite, fòk Ayisyen lib tout bon vre!

Pou nou byen fete anivèsè gwo leve kanpe 22 Out 1791 lan, mwen envite ou louvri zòrèy, founi je gade, fredone epi siwote bèl amoni ak melodi Rara Soley k ap pwopaje yon levanjil liberasyon pou tout pèp vanyan k ap goumen pou libète, toupatou sou latè. Annou koute “Ayibobo!”.


Konsa tou, mwen envite ou koute “Depi 1804“, yon konpozisyon ki pote siyati Pè Jean-Bertrand Aristide:

2 Comments

  1. Marie Nadine Pierre says:

    RastafarI love.
    I loved reading this superb blog post about the gathering at Bwa Kayiman in 1791 and the events that followed. I especially liked how Jafrikayiti linked the colonial past and slavery to the current situation in Ayiti. The fact is that the 15 families who are destroying the country and her people have no right to Ayiti. They should be deported asap! And, the illegal PHTK is a puppet regime and they should be abolished and banned from participating in any subsequent elections in Ayiti.
    Furthermore, there should be gatherings in our enclaves to discuss the Legacy of 1804 and how its influence in our lives in these times. For me, Ayiti people should work on building communities with the Konbit paradigm which emphasizes equal rights and responsibility. We have to engender the kind of community that we envision and which our ancestors fought for us to have.
    Finally, I feel that we should dedicate August as a month to study, develop and implement the Legacy of 1804 as our ancestors dreamed. I think that it will require us to become different kinds of people but we’ll evolve into revolutionary beings who understand that we are equally important and our contributions are necessary and valid.
    And, folks like me will hopefully enjoy the healthy friendships and other kinds of relationships that humans require to grow and thrive.
    Blessed love.#1804 #Ayiti #ToutmounCmoun

  2. Marie Nadine Pierre says:

    RastafarI love.

    I loved reading this superb blogpost. I learned a lot and I feel motivated to work so that Ayiti’s legacy succeeds for us all. I liked how Jafrikayiti linked the colonial past and slavery to the current events in Ayiti. I think that the Core Group should be organized by Ayiti people, the foreigners who were appointed by the neo colonial UN forces must step aside! Also, the 15 none Black families who control Ayiti should be deported. They are continuing the wicked work that their ancestors began centuries ago. And, the PHTK should be banned from all future elections. They are corrupt, violent and incompetent. The Fanmi Lavalas Party has for decades provided much needed leadership and governance to Ayiti and her people. The mperialists who forced the Core Grouo on Ayiti has shut them out of elections for too long!
    Finally, we should commemorate the Legacy of #1804 by doing a month long program of events so that Ayiti people everywhere can participate and network. Such, programming will give us the opportunity to build community and engender a Konbit paradigm that will help us grow and succeed together. Blessed love.#1804 #Ayiti

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *