Men Solisyon an! Bravo Pèp Ayisyen!
July 13, 2021
Pou Ayiti lib fòk Ayisyen lib
August 23, 2021

TRAYIZON: se mo madichon sa a ki fè aktyalite semèn sa a ann Ayiti. «Tu as toujours été si loyal envers eux… Eux, ils t’ont trahi!». Se konsa Martine Moïse te pale osijè defen mari li Ansyen Prezidan Enkilpe Jovenel Moïse ki tonbe, jou ki te 7 Jiyè 2021 an, anba bal asasen ki rantre jouk anndan chanm kay li nan Pèleren 5, san youn pami asasen yo pa blese, san youn pami ajan ki responsab sekirite Prezidansyèl yo pa blese. 

«Yo fè konplo kont ou, yo kondane ou pou ou sibi yon mò kriyèl epi sovaj. Yo lage ou pou kont ou, yo trayi ou!» – diskou Martine Moise, 23 jiyè 2021.

Pou ki rezon Martine Moïse ak pitit gason defen an ki pran lapawòl nan antèman an te peze anpil sou 2 mo sa yo : «lwayote» ak «trayizon»?

Li klè kon dlo kòk, anpil moun wè polisye ki sou lobidyans Direktè Jeneral defakto Polis Nasyonal la, mouche Léon Charles, pami trèt ki te lage Jovenel Moïse pou kont li jou 7 Jiyè 2021 an. Kidonk, nou pa etone wè plizyè Ayisyen t ap rele «asasen», «kriminèl», tout kote Léon Charles te pase nan vil Okap, avan, pandan epi apre seremoni yo.   

Mèzalò, li klè se pa polisye sèlman ki te trayi Jovenel Moïse.

Prezidan peyi Venezyela a, Nicolás Maduro deklare :

«Jovenel Moise te trayi kèk vrè zanmi. Epi, gade, se fo zanmi li ki trayi l»!

Klèman, lè Prezidan Maduro di fraz sa a, nou ka imajine li konsidere Venezyela kòm yon vrè zanmi Ayiti ki te merite e ki te sipoze benefisye lwayote Jovenel Moïse, kòm Prezidan Ayiti. Mèzalò, nou konnen se plizyè fwa, reprezantan Jovenel yo nan OEA te trayi Venezyela. Kit se Claude Joseph, kit se Edmond Bocchit. Kidonk, Jovenel Moise te trayi kèk vrè zanmi Ayiti. 

Poutan, lè nou founi je gade reyalite dènye ane gouvènans li yo, Jovenel Moïse te konnen fen e byen ki sa ki rele lwayote. 

Lè André Apaid te mande Jovenel Moïse tè, se rapid vit li te degèpi peyizan parèy li, epi pibliye yon dekrè kote li bay Apaid ak fanmi li 8600 ekta bon tè nan Savann Dyann. Lè Michel Martelly te mande l òganize kanaval nan Pòdpe, se san grate tèt Jovenel te bay parenn li yon platfòm touskilfo pou fè kanpay elektoral li. Lè Laurent Lamothe mande Jovenel Moïse dechaj, se rapid vit, li te òganize yon Konsèy Minis ilegal pou li simaye dechay pa si pa la. Lè oligak Reynold Deeb mande Jovenel kontra, se san grate tèt li te ba mouche a satisfaksyon. E lè blan malveyan yo mande Jovenel trayi Venezyela nan OEA, a plizyè repriz li di : yès sè! 

Poutan, jou 7 jiyè 2021 an, ki lès nan «zanmi» sa yo ki te pote Jovenel Moïse sekou? Atravè zak vyolans ekstrèm sa a li t ap sibi pou kont li nan chanm kay Pèleren 5 lan, èske li pa t gen tan rekonèt vwa osnon figi kèk nan «zanmi trèt» sa yo? 

Antouka, tout je te ka konstate jou 23 jiyè 2021 an, okenn nan zanmi Jovenel Moïse te abitye sèvi yo pa te vin ede pote kadav li apre pakou sèkèy la te fè nan vil Okap dèyè ti otobis kolboso a.

Jovenel Moïse te lwayal anvè zanmi PHTK li yo, anvè oligak li yo epi anvè Washington ak Kò Gwoup la. Poutan, daprè tout rapò ki disponib jiskaprezan, mèsenè Kolonbyen ki patisipe nan zak sasinay lan t ap travay pou yon Venezyelyen ki rete nan eta Florid, Ozetazini, yon manm sektè ekstrèm dwat rasis peyi sa a. Sa vle di yon lenmi Nicolas Maduro, yon alye Kò Gwoup, yon alye Groupe de Lima. 

An verite, se pa polisye Ayisyen ki sou lobidyans Dimitri Hérard yo sèlman ki trayi Jovenel Moïse.

Men, annou klè, depi plizè semèn, siy trayizon sa a te vizib. Parekzanp, nan editoryal mwa pase a, lè nou t ap analize rapò misyon OEA te voye ann Ayiti a, nou te di rapò sa a chaje ak  «yon dividal radòt : chanjman Premye Minis defakto, foli fè «eleksyon demagòg Dermalog», pou yon lòt Popetwèl ka vin ranplase Jovenel Moïse. Kidonk, magouy pou bandi PHTK renouvle tèt yo epi kenbe dominasyon blan malveyan yo tenn fas ann Ayiti».

Èske, apre eliminasyon Jovenel Moïse, se pa pwojè «kontinyite PHTK jiskobou» sa a nou remake blan malveyan yo ak alye yo ap rapousuiv?

Annou fè yon rale retwovizè listwa pou nou ka wè pi klè :

Nou nan ane 1847 : Faustin Soulouque se yon ansyen Lyetnan sou Boyer ki pa t gen pyès foli Prezidan. Men, yon ekip mechan te vle sèvi ak li kòm popetwèl. Istoryen Dantès Bellegarde rakonte ki jan, lè mesye “milat” rasis yo voye chèche Faustin Soulouque lakay li nan Ti Gwav, gwo midi, yo te jwenn li lonji tou long sou hanmak li ap fè lasyès.

Yon delegasyon Senatè vin reveye pèsonaj la epi yo adrese li lapawòl antank «Monsieur le Président»!

Nan liv li «Les Haitiens: politique de classe et de couleur», Istoryen Lyonel Paquin rakonte : «yon jou, lè sa a Faustin Soulouque te Lyetnan k ap travay nan palè, epi Prezidan Jean-Pierre Boyer deklare kareman: «Nan peyi d Ayiti sa a nou wè la a, nenpòt moun ka Prezidan». Epi, li lonji dwèt sou Soulouque, li di «ata vye nèg sòt sa a nou wè la a ka vin Prezidan Ayiti». Lyetnan Soulouque te di: «O mon Prezidan, pa pase m anba rizib konsa non!».

Kidonk, se pa jodi a, modèl parenaj «Président de doublure» ekziste nan peyi nou an. Se konsa, depi nan ane 2015, plizyè obsèvatè te remake, se depi an lagan, Michel Martelly t ap trete Jovenel Moïse kòm yon ti gason li chwazi pou sèvi enterè li. 

Ki rezon lojik ki esplike Michel Martelly pat chwazi ni zanmi danfans li Laurent Lamothe, ni Evinx Daniel (nèg bato kokayin Pòsali a) pou kenbe dyòb Prezidan Popetwèl Washington te ba li a?

Gen analist ki di, nan tèt Michel Martelly, Jovenel Moïse te touskilfo paske li pa «eklere» menm jan ak 2 mesye madre sa yo ki ta riske ba li move kout kouto nan do. E ben, gen lè se menm kalkil «atansyon pa kapon» sa a Jovenel Moïse t ap fè paske lè a te fin rive pou li menm tou, li jwenn yon konplis touskilfo ki va garanti pwoteksyon pa l, apre 5 ane krim kòm popetwèl opouvwa. 

Nan anpil sans, modèl istorik Michel Martelly se Jean-Pierre Boyer, yon manfouben, yon nèg po pal konplekse ki p at vle wè moun edike, ki te bay klan “milat rasis” yo lide sèvi ak Faustin Soulouque menm jan nou wè klan Oligachi-PHTK-Kò Gwoup la sèvi ak Jovenel Moïse jiskaske yo elimine l lan.

Annou fè yon dènye vwayaj ak kamyonèt listwa a. Fwa sa a, nou teke fren n, nan “Kafou Eleksyon 7 Fevriye 1991”.

Rapid vit, apre li fin prete sèman, Prezidan Aristide fè 2 rankont enpòtan nan palè Nasyonal ki ta pral konfime sou ki bit pouvwa Lavalas la kanpe. Premyèman, li resevwa yon delagasyon Ayisyen k ap viv aletranje epi, dezyèmman, li resevwa plizyè santèn pòv nan lakou Palè Nasyonal la. 

An verite, tèt chaje oligachi tradisyonèl la te fenk koumanse. Kèk pami yo t ap espere Prezidan Aristide ap bay Marc Bazin djòb premye minis lan – de kwa pou li ta balanse bagay yo on ti kras an favè boujwazi tradisyonèl la. Vwalatilpa, Prezidan Aristide chwazi kòm Premye Minis yon ansyen militan, bon zanmi li, agwonòm Réné Garcia Préval. Desizyon sa a te fè chalè monte nan tèt anpil nèg, sitou mesyedam FNCD yo ki konsidere, natirèlman, se te nan mitan yo pou Premye Minis lan ta sòti puiske se sou banyè FNCD Titid monte Prezidan. Alepòk, Evans Paul (KPlim) te Majistra vil Pòtoprens. Ni KPlim, ni Victor Benoit, ni Gérard Pierre Charles, ni Jean-Claude Bajeux ak plizyè lèzòt te konsidere se yo menm ki pi kalifye pou pozisyon sa a. 

Annatandan, gouvènman tou nèf la te koumanse travay ak zong li. Malgre vizit Prezidan Aristide te fè kay Prezidan Franse François Mittérand kèk jou anvan li te pran pouvwa a, sanble pa gen anyen ki te regle onivo entènasyonal. 

Ozetazini menm se bliye sa. Sanbletil, Georges Bush deside l ap bay Prezidan Aristide yon bwa long kenbe. Sa lakòz kèk enkredil kòmanse sonje pawòl Antoine Izmery ki te deklare kareman nan jounal New-York Times, ansyen Prezidan Meriken Jimmy Carter te fè presyon sou Jean-Bertrand Aristide pou li te deklare fòfè anvan yo te anonse rezilta eleksyon 16 Desanm 1990 yo. Jiskaprezan, koze sa a fè san mwen bouyi lè m sonje ki jan, nan menm deklarasyon sa a, defen Antoine Izmery te di se Bourik Chaje, kidonk Anbasadè Meriken Alvin Adams ki te soutni tantativ koudeta Roger Lafontant fè 6 Janvye 1991 lan.

Antouka, li te klè kon dlo kòk, Georges Bush pa t wè ni Aristide, ni Ayiti tèt anlè nan gwo liv li. Kòm nèg ak nègès nan dyaspora a te koumanse debake Pòtoprens pa pil e pa pakèt, ti kras pa ti kras, dola te koumanse rantre nan peyi a. Kidonk, anpil ti biznis t ap boujonnen. 

Nan mwa Jiyè 1991, yo jije koudetayis Roger Lafontant – kondanasyon prizon avi!  Nan menm moman an, Prezidan Aristide bay Raoul Cédras yon grad pwovizwa, li mete li alatèt Lame d Ayiti pou li ranplase Jal Hérard Abraham.  Konsekans desizyon sa a t ap vin klè pi douvan. Men, depi nan mwa Out Prezidan Aristide te koumanse santi konsekans chwa li te fè pou pòs Premye Minis lan. 

Vwalatilpa, nan Chanm Lejislatif la se FNCD ki te domine nètalkole. Kidonk, mesyedam yo te koumanse menase René Préval pou yo òltègèt li ak yon vòt non konfyans.  Lapoula, 2 mil moun pran lari ak bout fè, bout bwa, wòch, kawotchou, elatriye… Alèkile, se Lachanm k ap pran presyon pou li kite Premye Minis René Préval fè travay li san kè sote. Men, tanperati politik la te kontinye ap monte, tandiske gouvènman tou nèf la pot ko menm gen 6 mwa opouvwa. 

Nan finisman mwa Septanm, anvan li pati ale reprezante Ayiti nan Nasyonzini, Prezidan Aristide tande anpil vonvonnen k ap fèt akòz pwojè yon fòs sekirite pèsonèl li ta vle tabli ki pa t ap sou lobidyans Lame Dayiti.  Akòz tansyon ki te koumanse ap monte nan Pòtoprens, yon latriye jenn fanm ak jenn gason deside òganize konbit vijilans pou yo veye danje pandan Prezidan an te nan vil New-York.

25 Septanm 1991 : Pòtoprens t ap vibre pandan radyo t ap retransmèt an dirèk diskou Prezidan Aristide nan Nasyonzini. Se yon akèy wotpòte 300 mil Ayisyen ki te fè deplasman an nan dyaspora a te rezève pou Prezidan Aristide jou sa a.

Vandredi 27 septanm 1991 : Nan yon atmosfè selebrasyon, plizyè milye Ayisyen pote kole ak Premye Minis Preval pou nou akeyi Prezidan Aristide Ayewopò Pòtoprens. 

Kòtèj prezidansyèl la kite Ayewopò, li chankre ak prezidan Aristide. Foul la kontinye gwosi jouk li ateri devan Palè Nasyonal. Se la Prezidan Aristide fè yon dezyèm diskou ki vin selèb paske se diskou sa a lenmi li yo pral itilize pi devan pou yo fè pòtre prezidan Aristide kòm yon moun ki t ap preche vyolans. Nan diskou sa a, menm jan ak premye diskou li fè Ayewopò a, Prezidan Aristide mande elit peyi a pou li mete li opa epi ede pèp Ayisyen an sòti nan lamizè. Men, fwa sa a, paske li te okouran konplo koudeta a, li itilize kèk pawòl ki sonnen menasan nan zòrèy moun ki te toujou malalèz ak demokrasi popilè an Ayiti, yon dènye mouvman pou tante entimide advèsè fawouch li wè k ap mobilize pou kapote l sou pouvwa a. 

Nou kite Vandredi, nou pase Samdi 28 Septanm pou nou debake nan nuit Dimanch 29 septanm pou rive 30 Septanm. Lè sa a, se brigad vijilans ki vin reveye pèp Pòtoprens ak yon nouvèl kè kase…

Oprimabò, radyo anonse se yon ti chirepit deryenditou ki pete ant sòlda Lame d Ayiti. Men, granm maten Lendi 30 Septanm koudeta a te gen tan klè. Si Prezidan Aristide vivan toujou se granmesi dilijans kèk sòlda ki te debake lakay li ak yon tank pou ranmase l, mennen li Palè Nasyonal ak ansyen Anbasadè peyi Lafrans lan, mouche Raphaël Dufour.  Fwa sa a, popilasyon ki te sòti pou ede gouvènman Lavalas la pare koudeta a mouri pa pil e pa pakèt. Lame te pran leson sou tantativ koudeta Roger Lafontant te fè 6 Janvye 1991 lan. Orezime, koudeta 30 Septanm 1991 lan, se zèv moun ki te byen planifye aksyon sanginè sa a, sòti nan A rive jouk nan Z. 

Bri kouri Prezidan Aristide manke sibi pandezon, apre yon kòmando FAdH te pete baryè Palè Nasyonal la. Poutchis yo transfere Prezidan an, nan Katye Jeneral yo, ki anfas palè a. Apre anpil pale yo fè antre yo epi ak blan malveyan ki rele tèt yo “Kominote Entènasyonal” la, poutchis yo deside ekzile prezidan Aristide. Li te 10zè edmi nan aswè, lè yo mennen Prezidan Aristide ayewopò. Li te 3 zè dimaten lè yo mennen li Washington, an pasan pa peyi Venezyela. 

San pran souf, rive li rive Washington, Prezidan Aristide ak yon pati nan gouvènman l lan koumanse mennen demach pou yo dejwe koudeta a.  Odepa, objektif sa a te parèt reyalizab paske tout gouvènman sou latè, anwetan Vatikan, te kondane koudeta a epi rekonèt gouvènman Aristide la kòm sèl reprezantan lejitim pèp Ayisyen an.  

Nan mitan yon sesyon ekstraòdinè OEA òganize 2 Oktòb 1991 espesyalman pou diskite dezòd ki fenk fèt ann Ayiti a, Sekretèdeta Meriken James Baker deklare kare bare: “Jal Raoul Cedras ak poutchis yo san zanmi, san sipò epi sanzavni”. Annatandan, mesye lame yo rale yon lepè ki te Jij Lakou Siprèm sou okabinè lakay li pou li vin chita sou chèz boure a, ansakalite de Prezidan popetwèl.  San pèdi tan, prezidan defakto Joseph Nérette lonji dwèt li sou agwonòm Jean-Jacques Honorat kòm Premye Minis.

Pi douvan mesyedam poutchis yo te mete popetwèl Emile Jonassaint (Dwadelòm) ranplase popetwèl Joseph Nérette

Malgre tout kondanasyon ofisyèl ki t ap fèt pasi pala, lè yon delagasyon OEA debake vin negosye ak poutchis yo, se “Bourik Chaje” (Anbasadè Meriken Alvin Adams) ki t ap eksplike yo ki jan Jean-Bertrand Aristide pa t demerite sa ki te rive l la, kòmkwa mesye poutchis yo pa koupab jan yo vle fè yo kwè a. 

Kidonk, yon kote Prezidan Meriken, George Bush resevwa Prezidan Aristide nan Washington, epi yon lòt kote, 2 jou poko pase, Responsab Laprès nan menm gouvènman Bush la deklare : «Etazini ap kore demokrasi ann Ayiti… Nou pa konnen si Prezidan Aristide ap retounen opouvwa”. Moun ki konnen G A ga sou fèy malanga nan zafè diplomatik tou konprann mesaj la: Meriken ap jwe yon move jwèt woule m de bò. Blan malveyan yo di yo sipòte demokrasi an Ayiti epi, sou menm vitès la yo ajoute yo pa konnen si Prezidan Aristide ap janm tounen sou pouvwa a. Kidonk, “demokrasi” yo wè pou Ayiti a gen dwa fèt san Prezidan Aristide pa janm retounen Ayiti.

Kounye a, èske ou sonje ki jan, lòtrejou la a, zanmi Madan Lalime nan, Jimmy Cherizier (Babekyou) te pran lari ap rele «fòk Jovenel ale»? Èske Babekyou te janm di «fòk rejim PHTK a tonbe»?  

An verite, konpatriyòt, tout sa k ap pase nan peyi a demontre n PHTK se “bwat fatra prefere” blan malveyan yo. Se nan bwat sa a yo mete yon ekip Konze kanpe, an ran, ap rete tann ki jou mèt maryonetis lan ap fè yo chak siy pou yo monte sou sèn nan tou.

Pèp Ayisyen, si evènman trajik sa yo se te fim sinema nou ta ka di bandi yo mèsi pou reyalizasyon an. Men, malerezman, konpatriyòt Antoinette Duclair se pa an jwèt li mouri. Diego Charles, Mèt Monferrier Dorval, Gregory Saint-Hilaire, Stanley Eugène, Vivender Alexis…ak plizyè santèn lòt viktim ki tonbe anba bal rejim mafyozo PHTK sa a…yo tout se MOUN de byen ki te ka itil peyi a pou plizyè sezon ankò si mafyozo PHTK yo pa te sasinen yo.

Kidonk, pa gen blag ni griyen dan nan koze sa a. Fòk viktim yo jwenn jistis! Fòk nou reyisi pase kòd nan kou tout kriminèl yo, ikonpri sila yo ki te mete Dimitri Hérard kanpe nan do Jovenel Moïse yo.

Blan malveyan BINUH yo kontinye ap bay manti tankou chen malveyan. Ou pa tande ki jan je chèch yo deklare ekip 18 Konze «trillés sur le volet» yo kouri mete kanpe nan figi moun la a, se yon «gouvernement consensuel et inclusif»? Kòmsi, moun serye pa gen je pou yo wè, an reyalite, bagay yo di Ariel Henry ap dirije a se yon gouvènman Ras Kabrit / Menm Gwoup Sangwen, kidonk : PHTK Pozitif.

Daprè ti ankèt rapid nou fè, 16 nan 18 Konze yo se PHTK ki fin rasi anndan rejim nan. Parekzanp : Sophia Loréus se PHTK ki asosye ak pati politik Comité haïtien d’initiative patriotique (CHIP)/«Passerelle»/Paul Denis. Simon Dieusel Desras se yon PHTK Amelyore ki asosye ak pati politik AN FÒS. Judith Nazareth Auguste se yon PHTK Amelyore, nou po ko jwenn ak ki lòt pati politik li asosye.  Tout rès yo se bandi PHTK ki te deja sèvi rejim nan, oswa kòm Minis, Direktè Jeneral osnon Manm Kabinè. Se bagay sa wi blan malveyan an rele yon «gouvernement consensuel et inclusif». Nèkrizòl mwen, «good morning» moun sa yo pa verite!

Èske nou remake ki jan, rapid vit, apre zak la, “enstans konsène” ki sasisen Jovenel Moïse yo monte yon kanpay, san pran souf, pou yo detounen atansyon popilasyon an? Pou evite kesyon anbarasan sou sikonstans reyèl zak sasinay la y ap alimante yon latriye mit san pye ni tèt.

Premye etap la lanse depi anvan zak sansinay la ak yon seri swadizan «pwofèt» ki t ap bay ekzibisyon «revelasyon» nan medya yo. Lè ou deplase koze a, ou kite latè ak li ou voye li sou teren «envizib yo» sa fè afè tout kriminèl ki gen men yo sal nan koze a. Paske, pandan je pèp la brake sou lespri yo, lwa yo, bandi ki fè zak la, yo menm, yo ka tou pwofite chape poul yo nan yon moman sansib.

Apre zak sasinay la, «enstans konsène» yo lanse yon veritab kwazad beyatifikasyon Sen Jovenel Moïse. An reyalite, ipokrit yo ta pito vrè fanmi, vrè zanmi ak vrè patizan Jovenel Moïse yo konsole yo ak manti rekonfòtan olye yo chèche idantifye kriminèl ki fè zak la.

Wi Jovenel Moïse sibi trayizon mafyozo Ayisyen tankou etranje. Men sa pa fè de li yon ewo. Posiblite pou Jovenel te revòlte kont mafyozo yo te devan li depi lontan. Malerezman, fè objektif yo montre li te chwazi kolabore ak yo jisko dènye moman. Malgre sa, mafyozo ipokrit yo pa epanye Jovenel, lè yo vin deside li pi itil yo mò pase vivan.

Èske nou pa sonje ki jan sa te pase nan Nasyonzini mwa pase a? Ayisyen t ap prepare manifestasyon douvan biwo Nasyonzini nan New-York pou denonse Madan Lalime kòm konplis bandi PHTK yo. Manman rizèz la te fè je li byen chèch nan reyinyon Jedi 17 Jen 2021 an, li rakonte Konsèy Sekirite Nasyonzini ki jan BINUH (Bureau intégré des Nations unies en Haïti) k ap feraye sou lobidyans li an, gen lapenn ak tèt fè mal lè li konstate gwo vyolans ak van lanmò gang Jovenel yo tabli an Ayiti. Anndan rapò sa a, ipokrit yo di : soti 1 Fevriye rive 31 Me ane sa a, gang kriminèl touye 5 polisye, 78 sivil nan popilasyon an. Depi lè sa a, nou te sonnen lalàm. Nou te deklare : «Moun ki pa konnen ki jan Madan Lalime ak kriminèl Jovenel yo se kòkòt ak figawo riske pran nan blòf la». 

Wi, konpatriyòt, fòk nou toujou sonje gadyen sistèm nan gen plizyè trik nan dyakout yo. E pa gen limit nan malveyans yo!

Mèzalò, n ap repete avètisman nou te fè mwa pase a “pinga nou kite malveyan yo mobilize tout tan ak enèji nou sou chimen pèdi tan. Nou genyen Lopital pou nou bati, nou genyen refòm agrè pou nou fè, pou tout Ayisyen kapab gen lapè nan vant yo, granmesi pwodiksyon nasyonal nou”.

Konpatriyòt, nan mitan tout latwoublay ak konfizyon ki anvayi peyi a, nou dwe sonje gen yon gwoup fanm ak gason djanm ki poze yon jès enpòtan jou ki te 8 Jiyè 2021 an, kote yo prezante yon solisyon valab pou kriz politik ak sosyal ki anvayi peyi nou an. M ap ankouraje konpatriyòt konsekan sa yo kontinye sou menm modèl konsètasyon sa a, ak anpil disiplin, entèlijans epi kouraj.  M ap di yo, sitou, fòk yo kontinye pibliye rezolisyon yo nan lang tout Ayisyen konprann nan. 

Nan Kominike N° 1, ki pibliye jou 8 Jiyè 2021 an, Rankont Konsètasyon Sosyete Sivil Òganize ak Sektè Politik la te deklare :

«Koudeta nan koudeta sa a lage peyi a nan yon kriz san parèy ki mete Ayiti nou an nan plis danje toujou (ranfòsman diktati ak menas okipasyon, destriksyon tout enstitisyon vital peyi nou an). Finalite koudeta sa a se renouvle ak ranfòse sistèm tradisyonèl k ap kale enjistis ak eksklizyon an…Fòk itilizasyon vyolans nan pratik politik sispann ! Nou p ap aksepte okenn asasina !»

Yo te rapousuiv pou yo di : «Nou menm ki siyen kominike sa a nou pran responsabilite n. Nou dekrete lapèmanans pou nou reyalize, an ijans, yon konferans politik, ki rasanble tout Iòt fòs viv nasyon an, pou jwenn yon konpwomi nasyonal ki pou rezoud kriz la».

Nou pa sezi ditou, lè nou aprann ki jan fòs reyaksyonè yo voye atake inisyativ sa a menm jou blan malveyan yo t ap pral inogire “gouvènman PHTK Jiskobou” yo di Ariel Henry ap dirije a. 

Annatandan, gen alye Pèp Ayisyen an k ap leve kanpe toupatou. 

19 jiyè 2021 – Òganizasyon Gauche Verte/Green Left (Gòch Vèt) pibliye yon nòt kote li kondane nominasyon gouvènman popetwèl PHTK Amelyore Ariel Henry a. Yo di «Apèn nèf jou aprè asasina prezidan Ayisyen an, Jovenel Moïse, Kanada ak Kò Gwoup la pa wè kisa pou yo fè, yo nonmen pwochen chèf deta peyi a kareman. Zak sa a montre aklè ki jan yo gen yon entèpretasyon kwochi pou ni sa ki rele demokrasi a, ni sa ki règ lalwa».  Yo rapousuiv pou yo di zak sa a se «yon jès demeplè» epi yo mande «pou Gouvènman Kanada wete kò li nan Kò Gwoup la».

Vandredi 6 Out 2021, a midi won, Ayisyen ak Kanadyen pral manifeste nan vil Ottawa pou yo ekzije Kanada kite Pèp Ayisyen an respire, pou Gouvènman Kanadyen Justin Trudeau ap dirije a aprann respekte dwa granmoun Ayiti.

An verite, blan malveyan yo ak tchoul yo mèt sote ponpe, pèp Ayisyen, solisyon kriz la rete nan men nou tout ansanm. N ap kontinye pote I nou tout ansanm pou viktwa a kapab, tout bon vre, pou nou tout ansanm.

Nèg ki pa gen kouraj kanpe pou bon bagay, zòt ka fè yo ranpe pou nenpòt bagay!«Ayisyen fòk nou rejte kontinyite PHTK Jiskobou. Pou nou sèl mèt tè nou, nan mitan nou pa fèt pou gen trèt!».

1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    RastafarI love Jafrikayiti. Thank you for a great blog post about the recent events in Ayiti. I believe that JOMO or PHTK 2.0 was betrayed by the people whom he considered his friends. But, I still don’t understand why he called the PNH ( Haitian National Police) for help to save his life? What led him to believe that he was in danger? And were the so called Colombian mercenaries already in the house? There are still so many unexplained pieces to this nasty puzzle. But, one thing is very clear, he was betrayed! Had he stepped down last February, he would probably they might have let him live. I also think that his wife and children saw or heard more than they have disclosed to the general public.
    Anyway, you told this story really well! I really loved the details that you provided about JBA and his first term in office as Ayiti’s president. And, I hope and pray that we can get another progressive or pro Ayiti person ( preferably a woman!) to run and win the presidency in 2/2022!
    Do you think that it’s possible?
    Blessed love.#1804 #Ayiti #toutmouncmoun #FanmiLavalas #JeanBertrandAristide #Titid