Akò 30 Out lan pap sifi

Pou nou onore zansèt yo an verite
January 3, 2022

Akò 30 Out lan pap sifi

Konpatriyòt onè,

Sa pa gen lontan, mwen te ajoute vwa m ak pa plizyè milyon konpatriyòt Ayisyen ki pa janm sispann klewonnen “Se ak yon sèl akò tout Pèp Ayisyen an dakò“. Jiskaprezan, obsèvasyon sa a valab, daprèzavwa, gwo majorite Pèp Ayisyen an klè kon dlo kòk sou yon prensip fondamantal: pou Ayiti fè yon pa an avan, fòk chodyè a chavire ak tout bandi PHTK yo, nètalkole!

Mèzalò, jodi a, mwen oblije vin mete yon diplis, plase yon bemòl, paske Akò 30 Out 2021 an zòt pran abitid rele “Akò Montana” a, yon pwosesis ki enplike anpil sitwayen moundebyen ak òganizasyon kredib anndan sosyete nou an, menm si li pre volonte Pèp Ayisyen an, gen anpil siy ki montre se po ko sa tout bon vre. Kote pwoblèm nan ye?

Akò 30 Out la pèmèt Ayisyen anndan peyi a kole zepòl ak Ayisyen ki ap viv andeyò teritwa nasyonal la. Li pèmèt nou defini yon estrateji, yon peryòd tranzisyon ak tout enstitisyon, kad legal, sitwayen angaje – fanm tankou gason – ki va mennen nasyon an sou ray konstitisyonèl ankò.

Manm Konsèy Nasyonal Tranzisyon an prete sèman 12 Desanm 2021. Sa se pa yon ti zafè piti! Se yon kokennchenn reyalizasyon. Alòs, kote pwoblèm nan ye?

Mwa chanje, ane chanje, ki sa nou remake ki reyalize sou teren politik la pou tranzisyon an mennen Ayiti sou ray konstitisyonèl? Èske nou remake manm gouvènman defakto PHTK Amelyore a, ap fè mannèv pou yo degèpi?

Frederick Douglass, yon nèg vanyan ki t ap goumen pou kwape lesklavaj nan peyi Etazini, te deklare: “Pouvwa pa janm bay anyen toutotan moun pa frape pye yo atè fè l pantan. Li pa ko janm fè sa, li pap janm fè sa“.

Tout goumen militan serye ap fè pou nou libere Ayiti se pou nou bati yon lòt sosyete kote peyi a dous pou TOUT Ayisyen. Men, nan moman an, ki presyon ti gwoup juisè ki akapare tout richès peyi a resevwa pou yo “bay legen”?

Epitou, sonje byen, Ayiti te deja genyen gouvènman lejitim ki monte opouvwa sou baz eleksyon konstitisyonèl. Kidonk, mete yon ekip dirijan lejitim opouvwa pa yon objektif ki enposib pou nou reyalize. Mèzalò, puiske nou pase maladi deja, nou konnen remèd.

Kisa ki te rive dènye gouvènman lejitim ki te alatèt peyi a? Se pa ni devinèt, ni sekrèdeta, chak fwa Pèp Ayisyen an mobilize fòs li mete yon ekip dirijan lejitim alatèt peyi a, yo pran koudeta, avan manda yo bout.

Ki orijin koudeta sa yo? Kit se 29 Septanm 1991, kit se 29 Fevriye 2004, nou te annafè ak CIA, ajans malfezans blan Meriken ki gen pyon li toutpatou nan espas jewografik peyi a. Li aji atravè plizyè espas estratejik nan sosyete a, kit se: defen FAdH, sektè prive, inivèsite, legliz, pati politik, swadizan òganizasyon sosyete sivil, ONG imanitè, elatriye…

Lè mwen gade ki jan, depi plizyè mwa, blan Kò Gwoup yo ap maniganse pou yo enfiltre ekip ki ap dirije Akò 30 Out la, y ap fòse mesyedam yo fonn ak ekip malfèktè PHTK makiye ki toujou patisipe nan koripsyon k ap gangrennen espas politik lan depi dikdantan. Li klè batay la ap long anpil.

Orezime, mwen kwè an plis konsolidasyon “Akò Ayisyen ak Ayisyen” ki se baz Konsèy Nasyonal Tranzisyon (KNT) an epi fèy de wout li aksepte 12 Desanm 2021 an, Pèp Ayisyen an ap oblije siyen yon Akò “cessez le feu” ak blan malveyan yo.

Pa gen wout pa bwa! Nan benyen pa gen kache lonbrit!

Si nou pa rive gen yon deklarasyon fòmèl kote blan malveyan yo aksepte sispann foure dyòl yo nan koze Ayiti, se pral lave men siye atè. Osito nou ta genyen yon bon gouvènman opouvwa, CIA ap fout kapote l ankò ak koudeta, asasina Prezidan, pèsekisyon ekonomik, diplomatik, envazyon militè, lagè bakteri…nenpòt zàm yo va jwenn pou yo dechalbore leta peyi nou pak an pak.

Kounye a, fòk nou sonje Frederick Douglass. Ki jan Ayisyen ka “frape pyè l atè” pou fè pouvwa blan malveyan yo “pantan”?

E, pa bliye, anplis Anbasad yo ak òganizasyon ofisyèl ki make prezans yo sou teritwa a, blan malveyan yo gen yon klas senkyèm kolòn yo foure nan gòjèt nou depi apre 17 Oktòb 1806. Swadizan “sektè prive” machann dwòg, machann zàm, machann pwazon, machann moun sa a kontinye resevwa pwoteksyon CIA jiskobou.

Nan dosye kagezon bato dwòg Manzanares la ki enplike prèske TOUT fanmi mafyozo yo, soti nan A (Acra), pase nan M (Martelly), rive jouk nan Z, li klè kriminèl yo benefisye pwoteksyon baz blan malveyan yo ki Wachintonndisi.

Nan sasinay Jovenel Moise, pwopriyete prive fanmi Martelly/St-Rémy an, 7 jiyè 2021, se menm man parèyman. Kit se Rodolphe Jaar, kit se Samir Handal, yo pa pi enkyete pase okenn lòt manm rezo malfèktè ki batize “Haiti Chérie” a. Jiskaprezan, modòd yo resevwa se “business as usual”, boule gra, car Tant Siya y pourvoira.

Kidonk, pou pouvwa blan malveyan yo ak asosye yo ta reziyen l li negosye fòk pèp la ta reyisi fè li “pantan”.

An verite, mwen pa ka di ekzakteman ki estrateji ki pral fòse blan yo pantan jouk yo aksepte siyen yon “Akò Pou Blan Sispann Fè Malfezans Kont Ayiti“. Sèl sa mwen konnen, 19 Novanm 1803, Donatien Rochambeau te oblije negosye ak Jean-Jacques Dessalines. Poutan, se pa sa ditou malfèktè a te prevwa, odepa.

Pawòl pale se van. Pawòl ekri se dokiman. Kòm se pa zen, annou kite sa la.



1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    Jah & Jahes love Jafrikayiti. You make some very good points in this blog post. I agree with you that Haitian people have organized and elected legitimate presidents, including Dr. Jean Bertrand Aristide who was twice ousted from his position. I guess, what we need is a good army to protect the people’s will! The people voted and the results of this process should be taken seriously! So, the so-called Montana Agreement is important and it serves to symbolize the fact that Haitians from various sectors of Haitian society came together and peacefully drafted a plan for unity. Still, it is not enough mostly because there is still the problem of insecurity.
    I am not sure how to move forward from this but I know that we will have to discuss ways of staying independent and how that might require rebuilding a sort of Armee Indigene.
    Blessed love. #1804 #Ayiti #ArmeeIndigene #AkoMontana #8/30/2021

Leave a Reply

Your email address will not be published.