Tranzisyon Koupe Fache Pa Separasyon Gato!

The Ottawa Initiative on Haiti: A Nightmare for Black Haitians
February 1, 2022
Testaman Liberal Yo: Verite osnon Malatchong?
February 19, 2022

Tranzisyon Koupe Fache Pa Separasyon Gato!

«Pèp Ayisyen an deside Koupe Fache ak bandi tout koulè, kit baz yo anba, kit baz yo anwo, kit baz yo Wachintonndisi!».

Konpatriyòt onè! 

Jodi a, Dimanch 6 Fevriye 2022, nou genyen yon panse espesyal pou yon bèl ti zetwal ki te rele Dalanchika Malbranche (Nègès Da) ki travèse Dimanch 23 Janvye 2022 a, apre 9 sezon lavi sèlman. Nou voye kouray, fòs ak kondoleyans pou tout zanmi ak fanmi Da. Konpatriyòt, annou kontinye mete men ansanm pou pitit fi ak pitit gason Ayiti sispann peri malman nan yon peyi kote swen sante pa aksesib.  

Nègès Da

Nou refize pou Ayiti rete yon peyi kote bandi ap fè zak entimidasyon kont moundebyen tankou Doktè Frantz Large, yon sitwayen k ap pataje moso lasante ak sila yo ki pi bezwen l yo, depi dikdantan. Si Doktè Large pran responsablite l pou li denonse kolon ak konze k ap fè dappiyanp sou richès peyi a, se paske li gen vizyon, li wè ki jan Ayiti ta kapab yon paradi pou tout pitit li yo.

Kouraj Doktè Large! Pèp Ayisyen an kanpe avè w e nou deside Koupe Fache ak bandi tout koulè, kit baz yo anba, kit baz yo anwo, kit baz yo Wachintonndisi!

Kòmalòdinè, jodi a, n ap rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, sa gen plis pase 218 ane pase, nèg ak nègès Ayisyen te goumen ak anpil entèlijans, kouraj ak pèsistans pou nou pote laviktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup yo, yon makòn malveyan k ap aji mal sou zile nou an depi 5 Desanm 1492.       

Premye koudèy n ap fè nan retwovizè listwa ap mennen nou nan ane 1803. 

Sou lòd Napoléon Bonaparte, Jeneral Donatien Rochambeau ak Victor Leclerc, lame esklavajis Lafrans te mennen plizyè santèn gwo chen michan sou zile a pou devore nèg ak nègès. 

Èske ou konnen, nan yon batay ki te tanmen nan vil Ti Gwav, anpil nan chen yo te pito kole dan sou blan Franse olye yo obeyi lòd yo te resevwa pou devore zansèt inosan nou yo?

Nan yon atik li pibliye ak tit «L’utilisation de chiens de combat pendant la guerre d’indépendance haïtienne», istoryen Philippe R. Girard rapòte lòd Jeneral Rochambeau te pase sòlda li yo: «Mwen klè wi avèk nou! Nou wè chen sila yo, pa gen okenn bidjè yo pral bannou pou kouvri depans manje pou yo. Se nèg nou dwe ba yo manje, chak jou»! Pawòl Jeneral Franse Donatien Rochambeau.

Otè a rapousuiv pou li di ki jan yon lòt Jeneral Franse ki te fè baz li sou zile Latòti konfime yo te resevwa lòd fòmèl, kidonk alekri, pou yo : «bay chen yo manje mwatye kò yon nèg chak jou».

Orezime, otè a di nou : «defèt sanzatann fòs peyi Lafrans yo te sibi a vin kreye gwo konfizyon. Se konsa, nan mitan batay la, chen yo te vire kont kan blan Franse yo». Blan Franse ki bay temwanyaj sa a rapousuiv pou li di : «Boutanfen, se yon sèl fwa nou te itilize chen sa yo, pandan vye ekspedisyon initil nou te fè kont vil Ti Gwav la; Lapoula, nou te pèdi 400 sòlda, epi chen yo te devore kèk nan blese nou yo».

Chen se bèt. Men gen anpil moun ki aji pi bèt pase bèt! Sa se “Listwa blan yo” sou zile nou an! 

An verite, Ewopeyen ki te kidnape, depòte epi mete zansèt nou yo nan chenn pou yo anrichi pwòp tèt yo, sa rele: “Listwa blan yo”.  Rezistans zansèt Afriken nou yo kont lesklavaj, se yon pati nan sa nou rele: “Listwa Moun Nwa”!

Konesans listwa pa fèt pou sèvi tan pase. Listwa se sous leson ak enpirasyon pou moun ka konprann tan prezan, pi byen toujou.

Kidonk, jodi a, apre nou fin suiv konpòtman chen Napoleon ak Rochambeau yo, kesyon nou dwe poze tèt nou se sila a : «yon polisye PNH ki aksepte lòd maspinen pèp inosan nan Bèlè, Kafoufèy, Site Solèy pou li ka fè kolon Apaid, kolon Ariel, kolon Martelly, kolon Bigio, kolon Deeb, kolon Handal, kolon Zuraik ak rès gang Kidnapè “Haiti Chérie” a plezi… ki kalite bèt li ye?».

Listwa demontre n aklè, atò chen kat pat ka aprann pou yo «pa obeyi» lòd kolon malveyan. Èske, se menm man parèyman, pou ansyen majòjon PHTK, malfèktè andisi k ap travay pou CIA depi dikdantan?  

Yon semèn apre manm akò Montana yo te òganize eleksyon ki konfime sitwayen Fritz Alphonse Jean kòm Prezidan tranzisyon an, ak Steven Benoît, kòm Premye Minis, 3 Fevriye ki sot pase a, lidè konsansis Akò Montana-PEN yo ekri Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) ak sa zòt rele «Tirès Sena» a pou yo wè si yo ka antann yo sou yon fòmil k ap wete Ayiti nan kriz Konstitisyonèl PHTK-CIA mete l la.

Annatandan, manm Akò PEN yo kontinye ap miltipliye rankont pou chwazi yon reprezantan ki ta va al chita nan kolèj prezidansyèl senk manm yo prevwa nan Akò Montana-Pen nan.

Sanbletil, mesyedam yo prevwa pou «Lakou Kasasyon» fòse kontinye travay ak yon tyè manm li yo paske li enposib pou ranplase lòt yo epi valide yo, nan absans yon Prezidan alatèt peyi a. Kidonk, pouvwa Jidisyè a sou lagraba paske manda pi fò jij yo ekspire.

Nan 2 lèt yo voye pou Frantzy Philémon, vis-prezidan Konsèy Siperyè Jidisyè a ak Joseph Lambert, Prezidan tyè Sena a, Ekip Montana-PEN nan deklare : «Se amoni ak inite y ap bouske, ansanm ak GREH ki vin mete tèt ansanm ak yo pou mande Sena a ak CSPJ a fè tout sa ki posib pou peyi a jwenn lapè epi yon klima favorab pou òganize bon jan eleksyon, san twou nan manch». 

Tout sa se Franse k ap pale!

Annatandan, tanperati lari ap monte. Ayè Vandredi a,
Mouvman Mas Revolisyonè bay yon konferans pou Laprès nan Pòtoprens, kote militan yo di aklè se pa separe moso gato ki solisyon kriz lan. Yo raple tout moun si Mouvman Mas Revolisyonè kore Akò 30 Out 2021 an, se paske li chita sou prensip Koupe Fache ak tout malfèktè.

28 Janvye 2022, Òganizasyon Fanmi Lavalas, siyatè Akò 30 Out 2021 an ekri Biwo Suivi Akò a pou raple yo gwo enkyetid li genyen akòz presyon k ap fèt pou dirijan Akò Montana yo bandone prensip ki alabaz li. Yo repete pozisyon Fanmi Lavalas pran an favè «yon Tranzisyon Koupe Fache ak yon Gouvènman Sali Piblik ki fòme ak moun onèt, konpetan e ki pa patizan. Sa vle di : moun ki soti nan diferan sektè peyi a ak onzyèm nan, ki pral travay pou byennèt pèp Ayisyen an». Fanmi Lavalas di li pa dakò li ak lide pou yo ta «chwazi lidè pati politik epi mete yo dirije tranzisyon an, pandan yo pral responsab òganize yon eleksyon kote pwòp estrikti politik pa yo pral patisipe ladan l».  Fanmi Lavalas rapousuiv nan lèt la : «Pa gen anyen ki pi enpòtan pase asire n, nou respekte Akò 30 Out la dekwa pou nou garanti siksè Tranzisyon Koupe Fache a tout bon vre». 

Pou li rete konsekan ak liy li epi rete an dyapazon ak volonte popilasyon an, Fanmi Lavalas wete manm li : Joël-Edouard Vorbe ak Jodson Dirogène anndan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an, kidonk, yo pa t vote nan eleksyon Dimanch 30 Janvye 2022 an.

Pami premye koze ki ekri nan Akò 30 Out 2021 an, nou ka li: «fòk nou retabli lòd demokratik nan eleksyon onèt pou nou retounen nan nòm konstiyisyonèl yoPati yo pran angajman pou yo aplike entegralman Akò sila a ak tout dispozisyon ki ladan l. Yo pran angajman pou yo respekte rezilta travay Konferans Nasyonal Souvren an».

Nan entèvansyon Pòtpawòl Fanmi Lavalas, M. Jodson Dirogène ak Achitèk Lesly Voltaire fè nan medya yo, se menm liy sa a yo kenbe apre rezilta eleksyon yo te fin bay. 

Kòm Prezidan yo nonmen an, Fritz Jean, ak Premye Minis yo nomenm an, Steven Benoit, se pa dirijan pati politik yo ye, nou ta ka di se te “plus de peur que de mal” epi, premye etap la ta sanse byen pase. Mèzalò, ki sa ki pral pase nan peyi a demen lendi 7 Fevriye 2022 an? Sa se yon kesyon ki rete san repons klè, jiskaprezan.

N ap raple ou Atik 19 Akò 30 Out la di : «Gouvènman tranzisyon an genyen pou li garanti transparans ak kredibilite pwochen eleksyon jeneral yo pou li pèmèt kèlkeswa Ayisyen (fi kou gason) jwi dwa pou yo eksprime dwa vòt yo lib e libè, egal ego. Eleksyon jeneral yo, prezidansyèl, lejislatif ak lokal, ap fèt sou tout teritwa nasyonal la nèt».

Menm Atik 19 la rapousuiv…

«Pou kenbe klima konfyans nan dewoulman aktivite eleksyon yo, Prezidan pwovizwa a ak Premye Minis la p ap ka kandida nan pwochenn eleksyon yo ni pou eleksyon prezidansyèl ni pou eleksyon lejislatif yo». 

Kidonk, Tranzisyon Koupe Fache a pa ta sipoze ti jwèt mare fache pou teyat ant ansyen malfèktè epi jenn ti magouyè nan Larepiblik. Se pa espektak vivi dan griyen!

Pandanstan, Vandredi ayè a, bandi atake Radyo Zenith apre yo fin atake soukomisarya akote l la. Bilan yon polisye mouri, plizyè lezòt blese. Sanbletil, depi plizyè mwa alavans, gang 400 Mawozo yo te anonse y ap atake radyo Zenith.

Sa pa gen lontan, mwen te ajoute vwa m ak pa plizyè milyon konpatriyòt Ayisyen ki pa janm sispann klewonnen «Se ak yon sèl akò tout Pèp Ayisyen an dakò». Jiskaprezan, obsèvasyon sa a valab, daprèzavwa, gwo majorite Pèp Ayisyen an klè kon dlo kòk sou yon prensip fondamantal: pou Ayiti fè yon pa an avan, fòk chodyè a chavire ak tout bandi yo, nètalkole!

Mèzalò, jodi a, mwen oblije vin mete yon diplis, paske Akò 30 Out 2021 an, yon pwosesis ki enplike anpil sitwayen moundebyen ak òganizasyon kredib anndan sosyete nou an, menm si li pre volonte Pèp Ayisyen an, gen anpil siy ki montre se po ko sa tout bon vre. Kote pwoblèm nan ye?

Akò 30 Out la pèmèt Ayisyen anndan peyi a kole zepòl ak Ayisyen ki ap viv andeyò teritwa nasyonal la. Li pèmèt nou defini yon estrateji, yon peryòd tranzisyon ak tout enstitisyon, kad legal, sitwayen angaje – fanm tankou gason – ki va mennen nasyon an sou ray konstitisyonèl ankò. 

Mwa chanje, ane chanje, jouk nou rive lavèy 7 Fevriye. Ki sa nou remake ki reyalize sou teren politik la pou Tranzisyon Koupe Fache a konkretize? Èske manm gouvènman defakto PHTK Amelyore a, ap fè mannèv pou yo degèpi?

Frederick Douglass, yon nèg vanyan ki t ap goumen pou kwape lesklavaj nan peyi Etazini, te deklare: «Pouvwa pa janm bay anyen toutotan moun pa frape pye yo atè fè l pantan. Li pa ko janm fè sa, li pap janm fè sa».

Pami premye koze ki ekri nan Akò 30 Out la, nou li, nan paj 2: «nou voye jete tout dekrè ak lòt desizyon enkonstitisyonèl gouvènman defakto yo pran». 

Nan Atik 5, li deklare: «Pou garanti gouvènans politik la, Pati yo dakò pou mete yon gouvenman bisefal ki kopye sou rejim konstitisyonèl nou jwenn nan Konstitisyon 1987 la». Atik 6 la di: «Akò sa a se bousòl gouvènman tranzisyon an. Tout atik nan konstitisyon 1987 la ki pa depaman ak Akò a ap kontinye aplike».

Tout goumen militan serye ap fè pou nou libere Ayiti se pou bati yon lòt sosyete kote peyi a pral dous pou TOUT Ayisyen. Men, nan moman an, ki presyon ti gwoup juisè ki akapare tout richès peyi a resevwa pou fòse yo “bay legen”?

Epitou, sonje byen, Ayiti te deja genyen gouvènman lejitim ki monte opouvwa sou baz eleksyon konstitisyonèl. Kidonk, mete yon ekip dirijan lejitim opouvwa pa yon objektif ki enposib pou nou reyalize. Mèzalò, puiske nou pase maladi deja, nou konnen remèd. 

Kisa ki te rive dènye gouvènman lejitim ki te alatèt peyi a? Se pa ni devinèt, ni sekrèdeta, chak fwa Pèp Ayisyen an mobilize fòs li mete yon ekip dirijan lejitim alatèt peyi a, yo pran koudeta, avan manda yo bout. 

Ki orijin koudeta sa yo? Kit se 29 Septanm 1991, kit se 29 Fevriye 2004, nou te annafè ak CIA, ajans malfezans blan Meriken ki gen pyon li toupatou nan espas jewografik peyi a. Li aji atravè plizyè espas estratejik nan sosyete a, kit se: defen FAdH, sektè prive, inivèsite, legliz, pati politik, swadizan òganizasyon sosyete sivil, ONG imanitè, elatriye…

Konpatriyòt, lè nou gade ki jan, depi plizyè mwa, blan Kò Gwoup yo ap maniganse pou yo enfiltre ekip ki ap dirije Akò 30 Out la, y ap fòse mesyedam yo fonn ak ekip malfèktè PHTK makiye ki toujou patisipe nan koripsyon k ap gangrennen espas politik lan depi dikdantan. Li klè batay sa a pa pou nèg ak nègès souf kout, paske l ap long anpil.

Alèkile gen moun k ap mande tèt yo, èske, an plis konsolidasyon «Akò Ayisyen ak Ayisyen» ki siyen 30 Out 2021 an, Pèp Ayisyen an pa sètoblije siyen yon Akò “cessez le feu” ak blan malveyan yo?

Nan Atik 9, Akò 30 Out la, Ayisyen yo antann yo pou : Gouvènman Tranzisyon an «reyalize evalyasyon sistèm elektoral la, epi tanmen kèlkeswa refòm li jije ki endispansab pou li garanti dwa sitwayen yo (fi kou gason) pou yo egzèse dwa vòt yo…». 

«Nan 30 jou apre enstalasyon li, gouvènman an ap enstale yon seri ògàn endepandan ki reponn dirèkteman ak Prezidans tranzisyon an pou trete gwo dosye ki priyorite nan tranzisyon an…
* Biwo konferans nasyonal souvrèn lan;
* Kesyon konstitison an ak sistèm pati politik yo ap gen priyorite nan ajanda konferans nasyonal souvrèn lan;
* Yon komisyon ki pou trete kesyon idantifikasyon sitwayèn ak sitwayen, ak sistèm elektoral la;
* Yon komisyon Jistis ak Verite». 

Atik 11 prevwa «Tranzisyon an ap dire ventkat (24) mwa apati dat gouvènman tranzisyon an enstale». 

Atik 12 la presize: «Dis (10) senatè ki toujou an fonksyon ape kontinye nan pòs yo jis manda yo bout. Yap kapab fè pwopozisyon, bay lide ak rekomandasyon sou tout pawòl ak tèks lejislatif ki gen pou wè ak sa sena Repiblik la konn trete. Men gouvènman an pap oblije aplike rezolisyon yo pran». 

Atik 16 la prevwa «Tout dekrè ki te pran apre palman an vin disfonksyonèl ap elimine, genyen ladan yo ki ta kapab reevalye. Tout nominasyon ilegal ak abitrè ap elimine tou».

Tout sa se antant Ayisyen ak Ayisyen reyalize apre anpil efò, anpil sakrifis, anpil negosiyasyon. Alèkile, apre nou fin fè tout travay sa a, èske nou ka aksepte pou, osito nou ta reyisi mete yon bon gouvènman Ayisyen opouvwa, pou CIA ta vin kapote l ankò ak koudeta, atanta kont Prezidan, pèsekisyon ekonomik, diplomatik, envazyon militè, lagè bakteri…nenpòt zàm yo va jwenn pou yo dechalbore leta peyi nou an pak an pak?

Pou nou ka wè pi klè devan nou, mwen envite nou fè yon dezyèm koudèy nan retwovizè listwa. Fwa sa a n ap kanpe ti bourik nou nan ane 1915, kote blan Wachintonndisi te pase Amiral Caperton lòd pou li asime kontwòl militè total kapital sou Pòtoprens epi pou li anpeche Asanble Nasyonal Ayiti fè eleksyon toutotan yo pa rive jwenn yon kandida ki aksepte siyen alavans, san li pa li sa ki ekri nan yon akò Etazini te prepare depi ane 1914.

Pami kandida Etazini te apwoche yo, te genyen yon ansyen Minis Ayisyen Ozetazini ki te rele Jacques Nicolas Léger. Misye te di ajan Caperton te voye koutize l la : «Di Amiral Caperton pou mwen, m pa p ka kandida toutotan mwen pa okouran ki kalite ekzijans peyi Etazini ap fè yo. Fòk mwen anmezi pou mwen defann enterè peyi mwen. Se pou Ayiti mwen ye. Mwen pa pou Etazini». 

Kidonk, men tout salmannaza ki te pase anvan yo te reyisi deniche Sudre Dartiguenave kòm prezidan popetwèl ki deklare, daprè li menm, «tout sa Etazini ta ekzije nan akò sa a, li pare pou li siyen san li pa konn sa ki ladan l. Li deja konnen, tou natirèlman, yo bon pou peyi d Ayiti».

Tandiske, ofisyèlman, Etazini t ap klewonnen se paske pa te gen yon Prezidan nan Palè Nasyonal la ki fè blan yo te “sètoblije” okipe Pòtoprens pou yo vin mete lòd nan dezòd, men ki detay zòt rive detere nan achiv Depatmandeta osijè sa ki t ap pase tout bon vre…

8 Dawou 1915, Amiral Caperton voye yon telegram bay Depatman Lamarin kote li ekri : «Senatè, depite ak sitwayen yo ap mande pou eleksyon. Eleksyon te pwograme pou jodi a, men yo ajoune paske mwen te mande sa. Mwen mande pou Depatman an di mwen, prese prese, ki dat pou pi bonè li dakò pou eleksyon yo fèt demannyè pou evite plis eksitasyon. Mwen pral fè tout sa m konnen pou mwen retade eleksyon yo men mwen pa ka garanti m ap ka fè sa pi lontan pase Jedi k ap vini an, amwenske mwen itilize lafòs».

Nan demen, 9 Out 1915, Depatman Lamarin voye repons kode sa a bay Amiral Caperton: «Depi Ayisyen yo vle ou mèt kite yo fè eleksyon yo jan yo vle. Etazini prefere se ta Dartiguenave ki eli prezidan. Men, di Ayisyen yo sèl motivasyon nou, nou menm Ameriken, se pou pèp Ayisyen an reyisi tabli yon gouvènman solid epi dirab. Okontrè, nou vle ede yo kounye a epi, pou tout tan gen tan, pou yo ka kenbe endepandans politik yo, epi pou yo pa riske pèdi yon pwèlyèm sou teritwa peyi yo».

O! Ala bon zanmi!? Thank you davans Blan! Nou tande lasosyete? Men ki jan sa te pase nan peyi nou nan ane 1915.

Listwa pa itil anyen si ou pa rive tradui leson yo pou tan prezan ak lavni! Kidonk, mwen konnen n ap reflechi sou kijan sa ye nan ane 2022. Nou ka wè ki resanblans ak ki diferans ki genyen ant epòk sa a epi jounen jodi a. 

Pou sila yo ki panse malveyans bandi Wachintonndisi gen limit, m ap raple nou, 14 Mas 2021 – Granmesi bon semans sèvèl ki plante nan tèt, ant 2011 epi 2021, grenn UNIFA te plante yo donnen yon rekòlt 747 doktè, enjenyè, enfimyè, avoka, fizyoterapet, agwonòm, dantis…k ap sèvi nasyon an.

Men, fòk nou pa bliye, apre koudeta 29 Fevriye 2004 la, kolon anvayisè yo te gen kontwòl tout 27,750 kilomèt kare Ayiti. Malgre sa, lè yo t ap chèche yon espas pou sòlda sanginè yo pilonnen ak bòt fere yo, ki sa yo te chwazi fè? Malfèktè yo te degèpi yon dividal jenn fanm ak jenn gason nan lokal youn nan ra inivèsite medikal peyi a te genyen alepòk, epi yo mete sanzave ak gwo zàm fann fwa yo. Èske sa se pa konpòtman lènmi yon pèp yo menm ankò yo fin apovri?

Pa gen lòt jan pou nou karakterize konpòtman blan Wachinntonndisi anfas Ayiti. Èske moun k ap atake lopital, sasinen doktè ak enfimyè nan peyi ou oblije deklare se lènmi ou yo ye?

Ki jan pèp Ayisyen an pral “frape pyè l atè” pou fè pouvwa blan malveyan yo “pantan” epi kite nou respire?

Vandredi 21 Janvye 2022, Kanada te òganize yon Konferans Minis Afè Etranjè ak 18 lòt peyi ki te deklare yo kriz sosyo-politik k ap toumante Ayiti a ba yo latwoublay. Òganizatè konferans yo anonse y ap fè  «Solidarite ak Ayiti». Yo sèmante yo menm tou y ap kore «yon solisyon Ayisyen pou Ayisyen». Plizyè Ayisyen k ap viv Kanada te voye jete envitasyon pou yo ta patisipe nan reyinyon sa a. Yo deklare se yon lòt reyinyon konplotay blan malveyan ap fè sou do Ayiti, kote y ap kore bannann yon lidè defakto ilejitim ki rele Ariel Henry.

Apre reyinyon sa a, Minis Afè Etranjè Kanada, Melanie Joly, anonse 50 milyon dola “èd” pou Ayiti. Yo di se pou kore «9 inisyativ ki pral sipòte sèvis sante pou Ayisyen, ranfòse kapasite sekirite ak enfrastrikti Ayiti, sipòte sante ak dwa seksyèl ak repwodiktif epi ede adrese ensekirite alimantè ak lòt defi imanitè». Mezanmi, ki sa ki ta ka mal ak yon jès jenerozite konsa?

Enstiti pou politik etranjè Kanadyen (CFPI) ak Solidarité Québec-Haiti (SQH) kondane konferans lan kare bare. Yo raple tout moun se «yon twit» blan malveyan yo te fè pou yo nonmen Ariel Henry «Gwo Ti Chèf». Epi, vwalatilpa, mouche a vle kenbe pouvwa popetwèl la pou tout tan gen tan.

Fòk ou byen li kominike Gouvènman Kanada a, pou ou remake mo sa yo “kapasite sekirite ak enfrastrikti Ayiti“. Sekirite kiyès “èd” Kanadyen abitye ede ann Ayiti? Èske, yon lòt fwa ankò, se pa mouye blan ap mouye nèg ak nègès pou yo vale yo? Se plis zàm fann fwa ak tout kalte zouti represyon blan malveyan Kò Gwoup yo ap manniganse pou yo voye bay rejim kriminèl neyo-Tonton Makout ki mare sosis li ak gang kidnapè baz Mòn Kalvè ki gen pò prive yo, asosye bandi PHTK yo.

Pa bliye, anplis Anbasad yo ak òganizasyon ofisyèl ki make prezans yo sou teritwa a, blan malveyan yo gen yon klas senkyèm kolòn yo foure nan gòjèt nou depi apre 17 Oktòb 1806. Swadizan “sektè prive” machann dwòg, machann zàm, machann pwazon, machann moun sa a ap kontinye resevwa pwoteksyon CIA. 

Nan dosye kagezon bato dwòg Manzanares la ki enplike prèske TOUT fanmi mafyozo yo, soti nan A rive jouk nan Z, li klè kriminèl yo benefisye pwoteksyon baz blan malveyan yo ki Wachintonndisi. 

Nan sasinay Jovenel Moise, pwopriyete prive fanmi Martelly/St-Rémy an, 7 Jiyè 2021, se menm man parèyman. Kidonk, pou pouvwa blan malveyan yo ak asosye yo ta reziyen l li negosye lapè avèk nou, fòk pèp la ta reyisi fè li “pantan”. 

An verite, mwen pa ka di ekzakteman ki estrateji ki pral fòse blan yo pantan jouk yo aksepte siyen yon “Akò Pou Blan Sispann Fè Malfezans Kont Ayiti“. Sèl sa mwen konnen, 19 Novanm 1803, Donatien Rochambeau te oblije negosye ak Jean-Jacques Dessalines. Poutan, se pa sa ditou malfèktè ki te vini ak plizyè santèn chen sou zile a te prevwa, odepa.

7 Fevriye 2022 rive. Keseswa jan jounen sa a pase, pou Ayiti resi libere, fòk nou gonfle venn nou goumen, ak tout sa nou genyen kòm zàm, pou nou netralize tout bandi. Bandi anba lavil dwe pran kòd! Bandi anwo Mòn Kalvè dwe pran kòd!

An verite! Pèp Ayisyen an deside Koupe Fache ak bandi tout koulè, kit baz yo anba, kit baz yo anwo, kit baz yo Wachintonndisi!

Leave a Reply

Your email address will not be published.