Confessions of Haitian Kidnapper Arnel Joseph
December 21, 2021
Pou nou onore zansèt yo an verite
January 3, 2022

Gad on ane 2021 Limanite sot viv! Toupatou se te tèt chaje. Kanta pou sitiyasyon Pèp Ayisyen an menm se fyèl pete, pa gen bouch pou n pale.

Depi an lagan, jou 6 Janvye 2021 an, yon makòn patizan mouche Donald Trump anvayi Kapitòl la, bildin kote Kongrè Meriken an reyini nan vil Wachintonndisi, yo touye 5 moun, yo kraze, yo brize, yo limen dife pasi pa la.

Dechoukè blan yo sèmante se kandida pa yo, Donald Trump, ki te genyen eleksyon ki te fèt nan peyi sa a, mwa Novanm 2020 an. Pandan Dechoukay Delane jou 6 Janvye 2021 sa a, kamera lemonn antye tire pòtre “Vikings Delane“, yon blan dechoukè ki te gen 2 kòn pwenti sou tèt li. Misye se youn pami plizyè milyon patizan mouche Donald Trump: “Loser Delane“.

***

27 Fevriye 2021, bandi anwo yo ki fin sèvi kont yo ak bandi Vilajdedye a ki te rele Arnel Joseph, fèmen bouch asasen kidnapè a atoujamè. Arnel Joseph kalifye kòm finalis nan 2 kategori: “Papye Twalèt Delane” & “Viktim Parenn Delane“.

Arnèl Joseph finalis “Papye Twalèt Delane” & “Viktim Parenn Delane”

il dit qu’à la solde de Deeb et de Zuraik, il dirigeait personnellement des opérations de kidnapping de personnes et de marchandises avec deux inspecteurs de Police dont Désir Faveur Gabriel, cet inspecteur arrêté pour avoir communiqué avec lui de façon régulière. Il kidnappait des personnes sous les ordres d’un autre inspecteur dont le nom reste encore confidentiel. Les victimes étaient kidnappées par des bandits de grand chemin, mais l’argent exigé était remis aux organisateurs, ces syro-libanais de l’Haïti Chérie. Arnel dit que ce n’est pas seulement Deeb et Zuraik, mais les autres n’étaient pas au devant.

…en Février 2019, il a reçu un appel de Ti Vlad qui lui a passé Michel Martelly. Ce dernier lui a dit « : Kòmandan Nel mwen konte sou ou pou ou voye je sou kay mwen yo pour mwen ke bann Lavalas kaka yo vle boule». 

Martelly est parti et a laissé une somme d’argent pour Arnel et des munitions. Arnel dit avoir envoyé des soldats surveiller les maisons de Martelly tant à Péguy Ville qu’à Saint Marc“. Voyez: “Arnel Joseph parle comme un rossignol“.

***

14 Mas 2021 – Granmesi bon semans sèvèl ki plante nan tèt, ant 2011 epi 2021, grenn UNIFA yo donnen yon rekòlt 747 doktè, enjenyè, enfimyè, avoka, fizyoterapet, agwonòm, dantis…k ap sèvi nasyon an.

Envestisman nan sante ak edikasyon te toujou jwe yon wòl enpòtan nan pwojè Lavalas la. Kidonk li pa etonan si lidè sèl gouvènman Ayisyen ki te envesti 16% bidjè nasyonal la nan sante, se li menm tou, jounen jodi a, k ap bay rezilta konkrè nou wè ak UNIFA yo.  

Nan diskou gradiyasyon UNIFA 2021 an, Doktè Jean Bertrand Aristide te atire atansyon nou sou gwo diferans ki ekziste ant “ewo” epi “zewo”. Li pa difisil pou nou idantifye zewo yo.

Men, li pi enpòtan toujou pou nou pa janm kite eskonbrit, estera ak deblozay k ap fèt nan mitan zewo yo fè nou bliye pran tan ki nesesè pou n wete chapo epi salye chak pwofesyonèl sa yo ki rekòlte fwi sakrifis yo te fè nan bat bèt byen ta nan nuit, san garanti kouran elektrik, nan brave danje pou yo travèsè baz bandi jouk yo rive ale suiv kou nan lekòl yo, nan inivèsite yo. Chak pwofesè, chak dirijan, chak paran, tankou manman Grégory St-Hilaire, ki te envesti tout nanm yo, tout resous yo nan levasyon pitit yo, se “Ewo Delane“.

***

29 Mas 2021, nan kad mouvman Leve Kanpe ak Ayiti, KOMOKODA tanmen pou souliyen anivèsè Konstitisyon peyi a, yon ekip sitwayen debake nan Anbasad Ayiti nan Ottawa, pou yon fasafas ak Wein Webert Arthus: “Anbasadè Babekyou Delane“.

Wi, se poutèt sa, jou 29 Mas 2021 an, nou menm, pitit gason ak pitit fi Ayiti, k ap viv nan vil Ottawa / Gatineau, nou te di mouche Wein Wiebert Arthus ak mouche Fritz Dorvillier, daprèzavwa yo debake Ottawa ak Montréal, san Chanm Sena a pa ratifye nominasyon yo, se vòlè tit yo ye, menm jan ak ti lidè defakto ki fè magouy pou jouke yo nan pòs yo fè dappiyanp sou yo bò isit la. An verite, mesye sa yo pa reprezante pèp Ayisyen an! Yo ka reprezante chèf gang yo, sèvitè enperyalis yo, tankou Jovenel Moïse ak Jimmy Chérizier (Babekyou)“. 

***

1 Avril 2021,Malfèktè Delane” yo inogire “Kidnapin An dirèk Anndan Legliz”.

“Jésus! Béni soit ton nom! (Jezi! Nou beni non ou!Jésus! Oh ! Merveilleux don! (Jezi! Ou se don ou se mèvèy!Jésus! Suprême rançon, (Jezi! Se ou menm ki pi gwo ranson an)”.

Nan moman yo t ap kidnape pastè Audalus Estimé, Steven Jérôme, Francisco Dorival ak Welmyr Jean-Pierre lan, koral Gospel Kreyol Ministry t ap chante: “le nom de Jésus est si doux“…

Plizyè atik rapòte se gwo ranson yo te peye gang kidnapè Izo yo. Mèzalò pèsonn pa ka di ki kantite kòb ki rantre nan ekonomi rezo kidnapè toupisan, alèz pase blèz sa yo, ki kontinye ap fè gwo resèt, san yo pa janm sibi okenn chòk an retou.

Gen anpil Kretyen ki kouri di: Alelouya! Se Jezi ki aji pou li libere 4 moun yo.

Tankou tout lòt ka kidnapin yo, Lapolis pa t arete okenn kidnapè. Okontrè, se pouvwa bandi yo ki te kontinye ap ogmante sou tout teritwa peyi a, granmesi yon latriye kidnapin ki rapòte yo plizyè milyon dola.

Pou tout kantite krim yo fè, pou dlo yo fè koule nan je inosan, tout laj, sou tout teritwa peyi a, tankou aletranje, Bandi Kidnapè G9-PHTK-Kò Gwoup An Fanmi e Alye merite tit “Malfèktè Delane”.

***

31 Me 2021 – Naomi Osaka raple limanite : TOUT MOUN SE MOUN – Maladi depresyon pa dous pou pyès moun.

verite a : mwen viv yon gwo peryòd depresyon depi apre konpetisyon US Open 2018 lan. Li te difisil anpil pou mwen reprann lespri mwen“.

Èske jodi a, ti sè nou, Naomi Osaka, gen “lajwa” nan kè li?

Alapapòt, fòk nou rekonèt tantasyon natirèl pou moun banalize soufrans moun tankou Naomi ki oswa miltimilyonè, vedèt entènasyonal, aparaman bèl anfòm ak sante fizik epi ki, sitou, an pen pan devan kamera televizyon entènasyonal…

Jou 31 Me 2021 sa a, pandan m t ap koute Émeline Michel k ap chante “banm lajwa“, lespri m te vire sou kanmarad aktivis pou jistis ak lapè toupatou sou latè – yon gwoup moun ki toujou benefisye senpati m fasilman.

Kanmarad ki monte barikad rezistans nan mitan Bèlè, nan Gaza, nan Kolonbi osnon nan New-York yo, èske yo gen dwa jui “lajwa”? Ki lè, li apwopriye pou yon aktivis kite aksyon militans serye pou li lage 2 gouyad nan bann rara a?

Aklè, juilavi ki t ap boloze nan koloni esklavajis Saint Domingue yo te ofri tèt yo anpil opòtinite pou “lajwa” anvayi yo, nan mitan yon loseyan toumant, doulè ak mizè. Men, li fasil pou nou ta bliye, Gran Jean-Jacques Dessalines ak larèn chantrès Euphémie Daguilh t ap danse Karabinye sou chan batay, sou chimen liberasyon pati lès zile a (1805). Kidonk, repons lan klè kon dlo kòk, se tout moun alawonnbadè ki swaf lajwa nan lavi yo, keseswa sikonstans ki ekziste kote y ap viv la.

Mèsi anpil Naomi daprèzavwa ou te mete pwojektè sou enpòtans sante mantal nan mitan ane gwo doulè 2021 sa a.

Gen moun ki te bat bravo pou jès Naomi poze a, gen moun ki te kritike li, gen moun ki di jiskaprezan yo pa konprann anyen nan sa ki fèt la. Sèl sa mwen ka di: tisè a ede mwen sonje ki jan, mwen menm tou, li enpòtan pou, detanzantan, mwen monte volim radyo a pou m siwote yon bèl “Ti machann”, Skah Shah#1.

Daprèzavwa ti sè nou an te voye bon jan vibrasyon pozitif sou limanite nan ane sa a, mwen deklare Naomi Osaka:Pitit Pitit Ayiti Delane“.

***

“Fidelite Delane

24 Jen 2021, gran frè Titid k ap simen bon semans lasante nan peyi nou, te gen chans rekòlte moso lasante kay zanmi Fidèl nou yo. Pandan peryòd “Kè Sote Delane” sa a, tout militan konsekan, tout moun ki konn apresye moun te bat bravo lakontantman pou konpòtman ekzanplè Madan Mildred Trouillot Aristide ki te kanpe djanm bò kote mari li, epi ki te pran sou zepòl li tout chay administrasyon inivèsite UNIFA, pandan Titid te kay vwazen fidèl nou yo ak asistans Doktè Maryse Narcisse ki te rete bò kote gran frè a, jiskaske li retounen lakay li byen djanm.

Pou konpòtman ekzanplè 2 fanm djanm sa yo te adopte pandan peryòd gwo enkyetid sa a: konpatriyòt Mildred Trouillot Aristide ak Doktè Maryse Narcisse resevwa plak “Fidelite Delane“.

Nou pwofite raple ki jan, Ayiti ak Kiba se tè sakre kote nèg ak nègès pa janm sispann goumen pou jistis ak libète. Nou fete endepandans peyi nou menm jou: 1 Janvye. Depi epòk koloni esklavajis yo jouk jodi jou, destine nou mele. Afriken ak kolon esklavajis k ap kouri pou operasyon koupe tèt boule kay sou zile Ayiti, abitye pare move tan sou zile Kiba, pandan yo sou chimen Nouvèl Òleyan, Baltimò…

Ayiti pote sekou bay revolisyonè Kiben ki t ap goumen pou kwape kolon esklavajis Panyòl. Se konsa, fondatè Repiblik Kiba a, Jose Martí pase plizyè mwa ap viv nan vil Okap. Orezime, jouk li mouri li te genyen yon paspò Ayisyen.

Pandan peryòd diktati tchoul CIA ki te rele François Duvalier ak pitit gason sòt pase panyen pèse l la, Jean-Claude Duvalier, gouvènman Ayiti te mare fache ak gouvènman Kiba – se sa papa bondye ki Wachintonndisi yo te mande tchoul li yo. Rezilta: tout malere ki nan zòn Santyago, Oryente elatriye te pèdi kontak ak fanmi yo ki sou zile Ayiti.

Nan ane 1995, Prezidan Fidel Castro ak Prezidan Aristide renouvle relasyon diplomatik ant Ayiti ak Kiba.

Lè malè te rive nou anba Goudougoudou 12 Janvye 2010, se vwazen Kiben ki te premye pote n sekou. Menmman parèyman apre blan MINUSTHA ki kaka nan dlo a te fin bann Kolera.

***

7 Jiyè 2021 – Jovel Moïse mouri sasinen. Sitwayen ki t ap pale fò, fè menas “Ti Aksidan” ki te riske rive moun ki refize fè yon ti mete kò yo sou kote yo, pe toudenkou, tankou Gwo Moso. Jovenel Apredye trepase nan chanm kay li, ak madanm li sou kote li, nan Pèleren 5.

Depi premye detay yo te kòmanse sikile mwen te di: “M pa wè pou ki rezon mèsenè Kolonbyen yo ta fè tout dega sa a sou yon kadav. Se yon krim pasyonèl. Tòti se siy rayisman, mak fabrik krim ansyen zanmi ki vin ènmi jire…sa a pa senp kontra mèsenè ekzekite.

Daprè tout endis ki akimile jiskaprezan, se zèv Michel Martelly: “Parenn Kriminèl Delane” ki gen dikdantan depi li ap fè djòb sal pou parenn pa l ki branche wo nan vil Wachintonndisi.

Dezyèm zak sanginè ki fèt Pèleren 5, lan lakòz anpil moun ap mande èske se yon senp koensidans ki lakòz plizyè kategori aktè ki te enplike nan dil dwòg bato koka sikre Manzanares la (2015), nan zak sasinay Mèt Monferrier Dorval (Pèleren 5, 28 Out 2020) se menm yo menm nan ki te patisipe nan zak “Mèt Chat ki Kòche Chat Li” an.

N ap raple ou, pami sispèk ki pi enpòtan nan dosye sa a,  Rodolphe Jaar, yon bon zanmi Michel Martelly peyi Dominikani te arete nan ane 2013 pou koze trafik kokayin, toujou ap sikile lib e libè. Joseph Felix Badio, yon anplwaye leta ki rantre nan administrasyon piblik la nan ane 2013, sou gouvènman Michel Martelly, aktyèlman entwouvab. Anplis Joseph Felix Badio ak Rodolphe Jaar, medya yo kòmanse idantifye Charles Kiko Saint-Rémy ki se bòfrè Michel Martelly epi plizyè lòt manm ak alye PHTK ki ta tranpe fon nan ni trafik dwòg ni sasinay Apredye a. 

An plis plak “Zewo Delane” a ki rele l chè mèt chè mètrès, Jovenel Apredye Moïse kalifye ekzekwo ak Arnel Joseph nan 2 lòt kategori: “Papye Twalèt Delane” & “Viktim Parenn Delane“.

14 Jiyè 2021: “Goudougoudou Delane” sekwe vil Jeremi, depatman Grandans ak Depatman Sid peyi a. Nou pa t pare, nou po ko janm pare.

***

17 Jiyè 2021 : “Twit Delane” – Premye Minis defakto Ariel Henry ap deplwaye zèl li depi jou blan Kò Gwoup yo te voye yon mesaj sou Twitè pou anonse, dezòmè, se li menm ki “gwo ti chèf” nan rezo bandi PHTK Amelyore yo. Claude Joseph pèdi plim, yo fòse l plwaye ke l mete anba vant li, “jusqu’à nouvel ordre”. Claude Joseph, alyas Ti Klod: “Toutous Delane” reponn: “yès sè!”.

Se yon veritab teyat Gwo Moso ki kontinye ap jwe nan peyi nou an. Swadizan Minis Jistis defakto mande Chèf Lapolis defakto pou li pa ekzekite lòd pyès lòt otorite, apa li menm. Komisè Gouvènman defakto mete entèdiksyon depa kont Premye Minis defakto Ariel Henry, epi li voye lèt papye tenbre bay mouche a pou li vin chita bay esplikasyon nan biwo l, Madi 14 Septanm. Konvokasyon sa a fèt daprèzavwa, baz enfòmasyon konpayi telefòn Digicel ta konfime, menm jou zak sasinay la, Ariel Henry kominike ak Félix Badio, prezime asasen defen Prezidan defakto PHTK a, Jovenel Moïse. 

«Kay mwen an la pou bay pèp mwen sèvis, ou menm blan malveyan, ou pèsiste fòk li sèvi repozwa asasen».

Se pa yon aza lè Ayisyen pa ka jwenn swen jou li malad – lènmi Ayiti mete kadejakè opouvwa.

Se pa yon aza lè Ayisyen pa ka jwenn manje lè li grangou – lènmi Ayiti mete kidnapè «dirije» peyi nou.

Martine 1015 Moïse (VèvApredye) se youn nan premye sispèk nan zak sasinay 7 Jiyè a, Wachintonn Malfini foure sa anba zèl li, rapidvit, l ap kouve.

Claude Joseph se youn nan premye sispèk nan zak sasinay 7 Jiyè a, kote Jovenel mouri POU KONT LI, Wachintonn Malfini ensiste, kiksaswa kòman fòk Ti Claude chèf nan gouvènman an = Malfini an foure sa anba zèl li, l ap kouve.

Michel Martelly se youn nan premye sispèk nan zak sasinay 7 jiyè a, kote Jovenel mouri POU KONT LI, Wachintonn Malfini foure sa anba zèl li, l ap kouve?

Kidonk, pa gen LETA AYISYEN ki pou bay Ayisyen okenn sèvis, ikonpri JISTIS, paske lènmi pèp Ayisyen an asire li se kriminèl ki toujou fè kadejak sou aparèy leta Ayiti.

Nan mitoloji Jideyokretyen an, nan Jan 2 vèsè 15, yo di nou jistisye a rive nan tanp lan, li remake se voksal prèt yo ap fè, li pete lòbèy, rale pye chèz, vide koko makak sou raketè yo. Li deklare: «Kay papa m nan sipoze yon kay pou nou priye, nou fout fè li tounen yon veritab makrèl»! E nou menm Ayisyen ki sa nou ta dwe fè ak bann chèf makrèl sa yo ki pase pye yo sou kay ki dedye pou sèvi pèp nou an?

San di pètèt, PHTK pran plakMakrèl Delane“. Kò Gwoup ak BINUH pran plakReselè Delane

***

30 Out 2021 – Fanm ak gason konsekan k ap reyini depi plizyè mwa prezante yon solisyon valab epi onorab pou Ayiti. Nèg ak nègès toupatou bat bravo pou Akò 30 Out la. Nou di bravo Komisyon pou yon Solisyon Ant Ayisyen pou Kriz la: “Sitwayen Angaje Delane“. Atansyon! Osito blan malveyan yo remake inisyativ sa a ka ede Ayiti soti nan katchouboumbe yo foure l la, yo pa janm bouke deplòtonnen estrateji pou yo enfiltre, deraye osnon kontamine akò istorik sa a Ayisyen siyen ak Ayisyen pou byennèt Pèp Ayisyen an.

***

11 Septanm 2021: Akò Abolotocho – apre bri fin kouri otorite defakto yo fenk sot fè distribisyon BMW tou nèf, mesyedam Sektè Demokratik Popilè (SDP) yo, Mouvman Twazyèm Vwa, Direksyon Politik Opozisyon (DIRPOD), Fusion elatriye… ki te abitye pran pòz yo nan opozisyon anfas rejim PHTK a, yo tout fè je yo byen chèch, yo siyen yon akò ak Premye Minis defakto Ariel Henry. Nou te tande mouche André Michel ki di: “akò sa a se pou yon tranzisyon apeze”

Pou zak trayizon yo fè kont lit Pèp la, André Michel ak Sektè Demokratik Popilè (SDP) resevwa plak “Abolotcho Delane“.

20 Septanm 2021 – Martine Vèvapredye Moïse itilize non Dessalines pou li demake Lajistis ki gen kesyon pou poze l osijè 2 pèsonaj piblik bandi sasinen nan Pèleren 5.
 
Fanmi Mèt Monferrier Dorval ak tout pèp Ayisyen an vle konnen laverite. Ki relasyon Martine Moïse genyen ak Dunes Vilpique? Èske se Vilpique osnon yon lòt asosye l ki te voye bay Martine videyo kadav Mèt Dorval ki t ap benyen nan san li, apèn 2 minit apre zak la? 

Èske se yon erè fatal defen Jovenel te fè, nan moman li te lage kokennchenn revelasyon demeplè sa a nan emisyon Le Point ak Wendell Théodore?

Madanm defen an refize vin temwanye ann Ayiti 20 Septanm. Men, li te kontinye ap depale nan medya etranje kote, yon lè, l ap detaye katafal dega 2 bal li te resevwa nan men mèsenè yo lakòz. Yon lòt moman, li rive konte jiska “8 bullets”. Se nan kad menm espektak sanglan trajikomik sa a, limanite vin dekouvri talan Martine Vèvapredye Moïse ki kalifye nan kategori: “Aktè Rizèz Delane“.

Annatandan, PHTK te tanmen yon operasyon wete pay, metpay.  Josué Pierre-Louis, yon endividi ki po ko janm reponn gwo akizasyon kadejakè ki te anpeche peyi Bèljik aksepte li nan pòs Anbasadè yo te fè l kado a, se li menm ki vin ranplase lòt eleman Ariel Henry bay move kout zepon an. Li klè : «PHTK se bwat fatra prefere blan malveyan Kò Gwoup yo. Se la yo mete yon ekip bandi an ran. Detanzantan, mèt yo fè yo siy pou yo monte sou sèn nan».

Septanm 2021 – Frè ak Sè nou, Ayisyen k ap bouske lavi, pran chimen lanmè, yo travèse rivyè ak forè toupatou sou kontinan Lamerik yo, yo vin anpile anba pon nan peyi Meksik ak Etazini kote yo oblije vin kemande moso ladesant kay yon ekip malveyan k ap ede gang PHTK a rann lavi yo enposib lakay yo, sou zile Ayiti. 

Ala remò mezanmi! Lavi pap di w! 

Sa gen 200 zan pase, lè plizyè milye fanm, gason, granmoun kon timoun, t ap kouri pou yo pa peri nan peyi Etazini, se ak 2 bra louvri Pèp Ayisyen an te resevwa yo, granmesi Lanperè Jean-Jacques Dessalines ki te pibliye yon dekrè depi 14 Janvye 1804 kote li ofri 40 pyas pou liberasyon chak viktim blan malveyan esklavajis yo mennen sou zile nou an.

Adye nègès Visprezidan Kamala Harris, ou antann ou ak Prezidan Joe Biden pou ou depòte fanmi nou yo? W ap fè travay restavèk kolon yo san repwòch! Ou meprize vye zo ou wè ap trennen sou chimen, ou pa rekonèt li te gen chè sou li yon jou.

Konpòtman dezonorab Prezidan Joe Biden, Vis-Prezidan Kamala Harris ak gouvènman y ap dirije a lakòz peyi Etazini resevwa plak “Engra Delane“.

23 Septanm 2021: Daniel FooteDemisyon Onorab Delane“.

«Se Ameriken ki te chwazi Michel Martelly. Yo fè menm bagay la ak Jovenel Moïse. Ayiti pa bezwen Prezidan Kòwonpi ni politisyen ki gen non site nan Pandora Papers…». Non, se pa Jafrikayiti ki di sa, se blan Meriken Daniel Foote ki t ap konfese.  

Kèk jou apre konfesyon ki nan lèt demisyon Daniel Foote la, yon lòt responsab Administrasyon Biden nan ki rele Harold Coe, te deside kraze kite sa. Kèk jou annapre, blan Meriken voye rele Madanm Michel Sison, ansyen Anbasadè yo nan Pòtoprens, epi yo anonse se yon ansyen Tèt Kale ki rele Kenneth Merten k ap retounen Pòtoprens ak tit Chajedafè. Gen anpil moun ki di, se sèten, Kenneth Marten gen misyon ede Gang Kò Gwoup an fanmi e alye fini ak ti rès Ayiti ki rete a.

***

17 Oktòb 2021, medya entènasyonal leve ak nouvèl yon douzèn misyonè Meriken ki ta tonbe anba men kidnapè ann Ayiti. Noumenm Ayisyen nou konnen se yon kalvè n ap monte pa do, chak jou ki jou, depi plis pase 10 zan. 

Nan anpil peyi bandi kidnape milyonè pou yo ka fè lajan. Men, sa nou remake k ap pase lakay nou, an Ayiti, se bandi milyonè ki kidnape tout yon peyi yo fin rann pòv – dekwa pou fanmi viktim yo k ap viv aletranje kapab voye plis lajan bay milyonè ki vle milyadè, wè pa wè. Bandi milyonè ki gen non yo site nan eskandal «Pandora papers» paske yo fè evazyon fiskal – sa vle di : yo fè wout kwochi ak lajan taks yo dwe Leta Ayisyen. Lajan ki ta sipoze envesti nan bati enfrastrikti, lopital, inivèsite, otowout, vrè estad pou nasyon an. 

25 Oktòb 2021Gessica Généus ak FredaGran Reyalizatris Delane“.

Pandan ete 2021, mesyedam Freda yo resevwa mansyon espesyal “Découverte du prix François Chalais”, pandan yo t a bay kont payèt yo sou tapi wouj Festival Kàn, nan peyi Lafrans. Nan mwa Oktòb, Gessica Généus rape “Etalon d’argent” nan 27e sezon “Festival panafricain du cinéma et de la télévision de Ouagadougou (Fescapo. Freda pase men pran “prix su son” Nan menm Fescapo sa a.

Se san di pètèt Manzè Gessica Généus pote mayòl la kòm “Gran Reyalizatris Delane“.

***

23 Novanm 2021Pastè Amel Lafleur ak Evèk Michaël Jean Lissaint: “Kadejakè Sispèk Delane“.

Depi plizyè ane yon endividi ki rele tèt li Pastè Amel Lafleur ap fè yon jwèt lago ak Lajistis Ayiti. Misye te resevwa envitasyon parèt nan Tribunal Lakou Dapèl 23 Novanm 2021 pou dosye Kadejak li ta fè sou yon ti fi ki te gen 13 lane alepòk zak viktim nan repwoche l la.

Menm Pastè Amel Lafleur sa a ta deklare se li menm ki bloke viris kowona a ki fè li pa ka fè dega ann Ayiti. Ni mouche Amel Lafleur, ni Evèk legliz li a, Michäel Jean Lissaint anba gwo akizasyon kòmkwa yo te fè fèmen yon timoun nan chanm kay pandan plizyè ane, sou pretèks y ap fè remèd pou chase move lespri ki anvayi l. Daprè temwanyaj Stéphanie Jean-Pierre, se kadejak 2 gwayil yo t ap plede fè sou li, pandan tout tan sa a. Alèkile, prezime viktim nan, Mèt Stéphanie Jean-Pierre se avoka k ap plede kòz li kont toulede Kadejakè Akize Delane yo.

***

20 Desanm 2021 : “Mirak Misyonè Malatchong Delane” – pandan Ayisyen kontinye ap tonbe anba grif gang Kidnapè Kadejakè PHTK-Kò Gwoup an Fanmi e Alye, bri kouri, nouvèl gaye: Jezi debake nan baz 400 Mawozo, Kwadèboukè, li libere 12 “misyonè blan” bandi Ayisyen ta swadizan kidnape depi 17 Oktòb.

M pral sove 12 pitit papa m pi pito yo ki anba men 400 Mawozo

Rapid vit, nouvèl mirak ekstraòdinè sa a anvayi latè tankou lafimen. Pandanstan, jounal Meriken New-York Times pibliye yon atik kòmkwa defen Jovenel Moïse t ap fè lis dilè dwòg pou ede ajans blan Meriken DEA poze men sou yo. Gen lè se pou rezon sa a yo sasinen Jovenel.

Blan malveyan yo rete byen serye apre yo fin rakonte listwakont sa yo. Pèsonn pa t di krik, pèsonn pa t reponn krak. Nou pa konnen ki lès ki te ba yo ti kout pye pou yo vin tonbe la a.

Mèzalò, gen Ayisyen ki ap suiv ki jan depi kèk tan, mouvman ap fèt pou kouvri dèyè gwo bandi blan an fanmi e alye ak 15 Fanmi Mafyozo ki gen waf prive Ayiti yo epi ki patisipe tèt kale nan tout voksal ak bandi rejim PHTK yo. Parekzanp, nan dosye bato kokayin sikre a (Manzanares), tankou nan sasinay Jovenel Moise lan, nou jwenn dilè dwòg ki gen rasin yo fon nan Petionville, Miami ak Kolonbi epi nou jwenn plizyè ajan DEA ki enplike nan move zafè sa yo. Ni Lajistis Ayiti, ni Lajitis Etazini po ko janm arete gwo dilè “bato kokayin sikre” yo. Ni Lajistis Ayiti, ni Lajistis Etazini pa janm arete Samir Handal ki te pase plizyè semèn ap boloze kè kal nan Florid, anvan Lajistis peyi Tiki te poze men sou li.

Depi dikdantan, nou te di “li klè kon dlo kòk, gang 400 Mawozo se alye Gang 15 Fanmi Mafyozo ki gen waf prive yo. Waf prive kote zàm ilegal ap debake maten midi swa”. Se konsa, nan mwa Desanm 2021 an, nou pibliye yon seri videyo nan lang Angle “Super Missionaries Kidnapped in Haiti Not Funny” (Lejann Misyonè Yo Kidnape An Ayiti yo Pa Komik Ditou). Videyo sa a chaje ak dokiman referans ki montre se pa blan k ap viktim anba men Ayisyen, se lekontrè.

Asosiyasyon Malfèktè Delane: Haiti Chérie

Lejann Misyonè ki chape anba men kidnapè 400 Mawozo yo se yon michan pwopagann, yon zouti lagè sikolojik kont Ayiti, pou fè bouwo pase pou viktim. Nan videyo sa a nou mete pwojektè sou yon atik ki parèt nan rezo entènèt Facebook nan lang Franse, apati 27 Jiyè 2019, sou tit “Arnel Joseph parle comme un rossignol“. Nan nannan atik la, otè anonim nan dezabiye yon ekip milyonè kriminèl tankou Bigio, Deeb, frè Handal yo (Stanley ak Samir), Allan Zuraik elatriye.

Yon ekip milyonè etranje pèmèt yo batize yon gang alye PHTK yo mete ansanm pou yo fòme: “Haiti Cherie”. Pami manm Haiti Cherie yo, nou jwenn: Samir Handal, youn nan sispèk kòm otè entèlektyèl zak sasinay 7 Jiyè 2021 an, kote kriminèl PHTK an fanmi e alye sasinen kinan yo, Jovenel Moïse.

N ap raple ou, selon temwanyaj jounalis Maria Abi-Habib ta resevwa anba bouch PHTKis Esther Antoine, ansyen Direktè Kanpay Apredye, nèg bannann ki bannann 7 Jiyè a, Sophia Martelly te deklare Jovenel Moïse se “Pwopriyete fanmi Martelly/St-Remy”.

Daprè temwanyaj Arnel Joseph te bay anvan yo etenn souf li (27 Fevriye 2021), epi dividal endis ki vin disponib annapre, se san di pètèt, Haiti Cherie ak Michel Martelly kalifye kòm “Asosiyasyon Malfèktè Delane”.

Leave a Reply

Your email address will not be published.