Pou nou onore zansèt yo an verite

Delane 2021
December 31, 2021
Akò 30 Out lan pap sifi
January 14, 2022

«Pou nou onore zansèt yo, nou dwe mete tout bandi kidnapè-kadejakè PHTK nan prizon, libere peyi nou epi elimine Kò Gwoup nan zafè Ayiti, atoujamè!».

Jodi a, Dimanch 2 Janvye 2022, nou rasanble pou n ede batay Pèp Ayisyen an kontinye pran fòs. Se yon batay san pran souf ki pral pote Jistis, Respè ak Reparasyon pou tout viktim, tout masak rejim Tonton Makout Amelyore BINUH-PHTK-CIA sa a k ap peze kou nasyon nou an, depi plis pase 11 zan! Twòp se twòp atò, fòk chodyè a chavire tout bon vre, nètalkole!

Kòmalòdinè, jodi a, nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, sa gen plis pase 218 ane pase, nèg ak nègès Ayisyen te goumen ak anpil entèlijans, kouraj epi pèsistans e yo te pote laviktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup la, yon makòn blan malveyan ki te toujou abitye kanpe an fanmi e alye pou yo aji mal sou zile nou an.                                                                                                                                                                                       

Faustin Soulouque

Konstitisyon 1987 la deklare nan Nimewo 275-1: men jou fèt nasyonal yo:
Premye Janvye, se jou Endepandans Nasyonal.
De Janvye, se Jou Zansèt yo.
Premye Me, se fèt Agrikilti ak fèt Travay.
Dizui Me, se fèt Drapo ak fèt Inivèsite.
Dizui Novanm, se anivèsè Batay Vètyè; Jou Fòs Lame yo. 

Nou pwofite fè ou remake premye Konstitisyon Nasyon an, Konstitisyon Enperyal 1805, pa idantifye okenn dat spesifik pou fèt yo. Senpleman, li di nan Atik 27: “Ap genyen fèt nasyonal pou fete Endepandans peyi a, fèt Anperè a ak madanm li, fèt Agrikilti, epi fèt Konstitisyon an”.

Ojis, premye fwa 2 Janvye tounen jou ferye, se Anperè Faustin Soulouque ki te chwazi jou sa a pou fete Papa Nasyon an Jean Jacques Dessalines. Avan sa, se Alexandre Pétion sèlman ki te gen jou 2 Avril yo te mete apa pou fete li. 

Nan Atik 198, Constitution de l’Empire d’Haïti, 1849, nou li : “Les fêtes nationales sont celles de l’Indépendance, le 1er janvier ; celle de J.-Jacques Dessalines, le 2 janvier ; celle d’Alexandre Pétion, le 2 avril ; celle de l’Agriculture, le 1er mai ; celle de Philippe Guerrier, le 30 juin ; celle de l’institution de l’Empire, le 26 août. Les fêtes légales sont déterminées par la loi.”.

Nan ane 1867, Prezidan Sylvain Salnave pran pouvwa, alèkile se 1 janvye sèlman li kenbe pou fete ni Endepandans, ni tout Ewo yo. Nan ane 1957 François Duvalier resisite “Ewo” yo, epi li resisite jou fèt 2 Janvye a tou. 

Kidonk, soti sou jou pou onore Papa Nasyon an, Jean-Jacques Dessalines, 2 Janvye vin tounen jou pou fete ewo nou yo, epi, alèkile, se jou nou mete apa pou onore tout bon zansèt yo. 

Pami bon zansèt yo, jodi a, nou gen yon panse espesyal pou Boisrond Tonnerre.

Daprè Istoryen Thomas Madiou, nan mwa Desanm 1803, Dessalines te mande sekretè li Chareron ekri tèks deklarasyon endepandans lan. 31 Desanm 1803 lè Chareron li tèks lan pou Dessalines ak lòt chèf yo, Boisrond Tonnerre ki leve kanpe li di : 

«Ki kalite koze molas sa yo Chareron ponn la a? Pawòl sa yo pa koresponn ak sa ki nan kè nou tout bon vre! 

Non! Pou nou ekri Deklarasyon Endepandans nou an, nou ta bezwen po yon blan pou nou ekri sou li, zo kokolo bwa tèt li pou nou mete lank plim nou epi se bayonnèt li menm nou pral itilize kòm plim pou nou ekri»!

Dessalines te reponn : «Palemwadsa konpè Boisrond! – dezòmè se sou ou mwen konte pou ekri Deklarasyon Endepandans lan»!

Jodi a, pandan n ap selebre zansèt nou yo, fòk nou sonje, anwetan Boisrond Tonnerre, ki te gen mwayen ekri, pandan aksyon yo t ap pase, pa gen anpil pami zansèt nou yo ki te gen opòtinite ekri liv kote yo bay vèsyon pa yo osijè revolisyon an. Kidonk, lenmi nou yo ekri yon dividal manti osijè revolisyon Ayisyen an. Yo fè anpil magouy, yo anpwazonnen lespri anpil jenerasyon moun sou planèt la.

Se konsa, krim kolon yo t ap fè, pandan plizyè syèk sou tilenzanj (ata lèt ki nan tete manman zansèt nou yo blan malveyan yo te abitye vòlè sa!) Epi, yo vle fè tout krim sa yo pase tankou se pa anyen. 

Parekzanp, ekriven, reyalizatè fim sinema, pwofesè istwa nan inivèsite, yon lame pwopagandis mobilize toupatou, yo pwodui yon dividal dokiman ki chaje manti pou tante fòse viktim pase pou bouwo. Kanta pou Papa Dessalines, liberatè pèp nou an, yo fè li pase pou yon gwo michan sovaj.

Fòk nou admèt tou, zansèt nou yo te fè yon erè grav, lè yo kite pè blan yo vivan sou zile a, kòm “pwofesè lekòl”.

Se sa ki lakòz bandi a soutàn sa yo te kontinye fè anpil dega nan sèvo plizyè jenerasyon fanm ak gason ki grandi ap bwè pwopagann kolon an, ki se yon pwopagann anti-Nèg, anti-nou menm, anti-Ayisyen, yon PWAZON ideyoljik ki kontinye ap fè gwo dega nan sosyete nou an, jiskaprezan.

Lè nou pran tan analize fenomèn trajikomik ki rive nan peyi nou pandan ane 2021 ki sot pase a, nou wè se pwazon ideyolojik kolon yo ki kontinye ap fè dega.

Vwalatilpa, Pèp Ayisyen an gen plis pase 11 lane, san pran souf, depi l ap sibi zak kidnapin, zak kadejak, zak sasinay anba grif rejim Blan Malveyan, Kò Gwoup-PHTK an fanmi e alye yo; Poutan, jou 20 Desanm 2021 ki sot pase a, blan yo mobilize tout kamera medya entènasyonal, kit se CNN, France 24, Radio-Canada, BBC elatriye pou yo anonse yon vye lejann ki pa fè okenn sans : swadizan sovtaj mirakilez 12 pami 17 Misyonè blan ki ta resi chape apre 64 jou, anba men kidnapè Ayisyen ki te kenbe yo nan Vilaj Kwadèboukè.

Kontrèman ak pwopagann sa a, nou menm Ayisyen nou deklare, san di pètèt : «Se pa blan k ap viktim anba men Ayisyen, se lekontrè». 

Lejann Misyonè blan ki chape anba men kidnapè 400 Mawozo yo se yon michan pwopagann, yon zouti lagè sikolojik kont Ayiti, pou fè bouwo pase pou viktim.

Anvan nou founi je gade plan konba nou pou ane 2022 ki fenk tanmen an, mwen envite ou fè yon lèy rapid sou “Delane 2021“, kote mwen raple yon seri evènman ki te make pèp Ayisyen pandan ane 2021 an, pami yo:

27 Fevriye 2021 – bandi anwo yo ki fin sèvi kont yo ak bandi Vilajdedye a ki te rele Arnel Joseph, fèmen bouch asasen kidnapè a atoujamè. Arnel Joseph kalifye kòm finalis nan 2 kategori: “Papye Twalèt Delane” & “Viktim Parenn Delane“.

1 Avril 2021, yon ekip “Malfèktè Delane” inogire “Kidnapin An dirèk Anndan Legliz”, se te nan Temple Adventiste Galaad de Diquini. Pou tout kantite krim yo fè, pou dlo yo fè koule nan je inosan, tout laj, sou tout teritwa peyi a, tankou aletranje, Bandi Kidnapè G9-PHTK-Kò Gwoup An Fanmi e Alye merite tit “Malfèktè Delane”.

7 Jiyè 2021 – Jovenel Moïse mouri sasinen. Tankou Gwo Moso, sitwayen ki t ap pale fò, fè menas “Ti Aksidan” ki riske rive moun ki refize fè yon ti mete kò yo sou kote yo, pe toudenkou. Jovenel Apredye trepase nan chanm kay li, ak madanm li sou kote li, nan Pèleren 5. 

Daprè tout endis ki akimile jiskaprezan, zak sa a se zèv Michel Martelly: “Parenn Kriminèl Delane” ki gen dikdantan depi li ap fè djòb sal pou parenn pa l ki branche wo nan vil Wachintonndisi. 

Pou plis presizyon osijè:“Ewo Delane“, Zewo Delane, “Loser Delane“,“Anbasadè Babekyou Delane“, “Pitit Pitit Ayiti Delane“, “Fidelite Delane”, “Kè Sote Delane”, “Goudougoudou Delane”, “Twit Delane”, “Gwo ti chèf Delane”, “Ti gwo chèf Delane” alyas “Toutous Delane“, “Sitwayen Angaje Delane“, “Abolotcho Delane“, “Engra Delane”, “Demisyon Onorab Delane”, “Aktè Rizèz Delane“, “Gran Reyalizatris Delane“, “Kadejakè Sispèk Delane“, “Mirak Misyonè Malatchong Delane”, pa neglije tyeke “Delane 2021“.

Kidonk, 20 Desanm 2021, pandan Ayisyen kontinye ap tonbe anba grif gang Kidnapè Kadejakè PHTK-Kò Gwoup an Fanmi e Alye, bri kouri, nouvèl gaye: zanj debake nan baz 400 Mawozo, Kwadèboukè, yo libere 12 “misyonè blan” bandi Ayisyen ta swadizan kidnape depi 17 Oktòb. Rapid vit, nouvèl mirak ekstraòdinè sa a anvayi latè tankou lafimen.

Depi dikdantan, nou te di “li klè kon dlo kòk, gang 400 Mawozo se alye Gang 15 Fanmi Mafyozo ki gen waf prive yo. Waf prive kote zàm ilegal ap debake maten midi swa”. 

Se konsa, nan mwa Desanm 2021 an, Jafrikayiti pibliye yon seri videyo nan lang Angle “Super Missionaries Kidnapped in Haiti Not Funny” (Lejann Misyonè Yo Kidnape An Ayiti yo Pa Komik Ditou). Videyo sa a chaje ak dokiman referans ki montre se pa blan k ap viktim anba men Ayisyen, se lekontrè. Tout seri 5 pati Videyo a pibliye sou Global Research, sou tit: “The truth about missionaries kidnapped in Haiti“.

Nan videyo sa a Jafrikayiti mete pwojektè sou yon atik ki parèt nan rezo entènèt Facebook nan lang Franse, apati 27 Jiyè 2019, sou tit “Arnel Joseph parle comme un rossignol“. Nan nannan atik la, otè anonim nan dezabiye yon ekip milyonè kriminèl tankou Bigio, Deeb, frè Handal yo (Stanley ak Samir), Allan Zuraik elatriye. 

Yon ekip milyonè etranje ki pèmèt yo batize yon gang alye PHTK yo mete ansanm pou yo fòme: “Haiti Chérie”.

Pami manm “Haiti Chérie” yo, nou jwenn: Samir Handal, youn nan sispèk kòm otè entèlektyèl zak sasinay 7 Jiyè 2021 an, kote kriminèl PHTK an fanmi e alye sasinen kinan yo, Jovenel Moïse. 

N ap raple ou, selon temwanyaj jounalis Maria Abi-Habib ta resevwa anba bouch PHTKis Esther Antoine, ansyen Direktè Kanpay Apredye, nèg bannann ki bannann 7 Jiyè a, Sophia Martelly te deklare Jovenel Moïse se “Pwopriyete fanmi Martelly/St-Remy”.

Daprè temwanyaj Arnel Joseph te bay anvan yo etenn souf li (27 Fevriye 2021), epi dividal endis ki vin disponib annapre, se san di pètèt, Haiti Cherie ak Michel Martelly kalifye kòm “Asosiyasyon Malfèktè Delane”

Konpatriyòt, 2 Janvye, se jou ofisyèl pou Ayisyen onore zansèt yo. Onore zansèt yo vle di n ap salye kouray nèg ak nègès ki te reziste zenglendo Ewopeyen yo, pandan peryòd gwo tribilasyon an. 

Plan jenosid kolon yo te fè bèk atè paske lanmou nèg ak nègès pi fò pase lanmò.

Jodi a, 2 Janvye 2022, pou nou di Papa Dessalines mèsi fòk nou mobilize tout fòs nou, tout resous nou, tout entèlijans nou pou volonte Papa Dessalines reyisi fèt ane sa a. Sa vle di : se pou pitit zile Ayiti reyisi kase depi se may chenn Dessalines pa te gen tan kase yo pandan li te vivan. 

Zòt envante manti pou kache krim yo fè sou tè sa a; Yo kontinye ankouraje fanmi nou yo priye 2 je fèmen pandan yo menm, y ap mache 2 je kale ap vòlè sa ki pa pou yo.

Ou menm, Papa Dessalines, ou aprann nou goumen kont tout vòlò tè ak kolonizatè. 

Jodi a, 2 Janvye 2022, onore zansèt yo vle di : «pa obeyi okenn bandi!». Se yon nasyon rebèl, je klere, zansèt nou yo te mete kanpe 1 janvye 1804. 

Nou di yo mèsi pou sèl yo mete nan bouch moun zòt te vle fè tounen zonbi. Jodi a, 2 Janvye 2022, se nou menm ki pou mete devwa nou opwòp. Batay kont malfèktè ki pote kolera yo, se pa batay Dessalines! Li deja fè sa li te gen pou li fè yo. Batay kont malfèktè ki ap eksplwate malere nan faktori $2 pa jou yo, se pa batay Papa Dessalines.

Batay kont malfèktè ki ap fè kadejak sou tilezanj nou yo – paske nou pa t fè lenesesè pou nou pwoteje yo kont pedofil ki di yo se “misyonè” k ap pote yon levanjil reziyasyon pou yo…se pa batay Papa Dessalines, se batay pa n! 

Konpatriyòt, annou suiv tras zansèt nou yo ki te konprann pa gen mwayen negosye lapè ak bandi ki te kidnape yo sou kontinan Lafrik epi fòse yo bourike sou zile Ayiti pandan plizyè syèk. 

Depi lontan, nou di li Apredye pa gen pou li fè wonn pòt san akonpayman tout bandi parèy li yo, kit se bandi blan kit se bandi nwa, ki te jouke enkilpe a nan fo palè ki sou Channmas la. 

Akò Pèp Ayisyen an klè kon dlo kòk: fòk chodyè a chavire ak tout bandi PHTK yo, nètalkole!

Pou nou onore zansèt yo, nou dwe mete tout bandi kidnapè-kadejakè PHTK nan prizon, libere peyi nou epi elimine Kò Gwoup nan zafè Ayiti, atoujamè!

1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    KJah & Jahes love beloved Jafrikayiti. You wrote truth against injustice and the powerful wicked workers of iniquity who are keeping Ayiti and her people in miserable conditions. I loved every word of this blog post. I felt that you diagnosed the problems, named the villains, and gave some possible solutions. We have to remember the promise of #1804. We can never forget how and why the beloved ancestors obtained their freedom. Unfortunately, the Armee Indigene, our glorious institution that formed and trained righteous soldiers (and soldierettes) is not longer active. I feel that we must rebuild this mighty structure in some form so that we can fight by any means necessary to regain Ayiti’s liberty. Ayiti people everywhere deserve to have a free country! We suffer a lot in other places like New York, Ottowa, Paris, ! And the mass migration of Ayiti people will stop when the government is stable and the people have hope. Blessed love. #1804 #Ayiti #ToutmounCmoun

Leave a Reply

Your email address will not be published.