Orijin Fèt Drapo Ayiti Osnon Drapo Bigiokistan?

Obsessed with leveling its political playing field the US & Canada are destroying Haiti
May 1, 2024
Depi nan Ginen…
May 28, 2024

Daprè enfòmasyon ki pran lari semèn sa a, apati Samdi 18 Me 2024 yon premye gwoup mèsenè po nwa riske debake Ayiti. Ofisyèlman, y ap vin “ede Ayiti” konbat “gang kidnapè” sou baz Rezolisyon 2699 Konsèy Sekirite Nasyonzini adopte nan mwa Oktòb 2023. Se rezolisyon sila a ki otorize yon bagay yo batize Mission multinationale d’appui à la sécurité (MMAS). Nasyonzini batize bagay la, se vre! Men, li tou presize li pa rekonèt pitit san papa a. Kidonk, si MMAS ta va fè nenpòt gwo krim apre li debake Ayiti, Nasyonzini avèti tout moun, alapapòt, li pap responsab zak sa yo. An reyalite, mèsenè MMAS yo ap vin kolekte milyon dola vèt blan Meriken, Kanadyen, Ewopeyen, an fanmi e alye, ap mobilize pou peye polisye, militè ak dilè/demachè peyi Kenya, Senegal, Tchad, Jamayik, Baamas… ki aksepte riske vi yo, vin kreye divèzyon pandan kreyasyon baz militè ilegal blan Meriken yo kòmanse bati sou zile Papa Dessalines nan. Mèzalò, blan malveyan yo espere, granmesi dezespwa yo kontinye mete nan nanm Ayisyen toupatou, n ap rive fòse tèt nou kwè MMAS ap vin konbat Izo, Lanmò San Jou ak Babekyou pou Ti Mamoun kapab retounen sou ban lekòl. E vre!? Te kwè lè Bigio, Deeb, Helen Lalime, Youri Latortue, Victor Prophane, Jovenel Moise ak Michel Martelly t ap kreye epi ame tewòris sa yo, se an kolaborasyon ak menm blan Meriken k ap finanse MMAS lan yo te aji, bradsi bradsou! Se pa tout Ayisyen ki gen tan bliye ajisman blan Core Group yo lè yo t ap jouke bandi GNB/PHTK opouvwa, apre koudeta 29 Fevriye 2004 lan.

Natirèlman, gen Ayisyen ki di yo estomake lè yo konstate se dat 18 Me a menm, defakto yo ta chwazi pou debakman premye mèsenè yo. Kòmkwa se yon derespektan kont drapo ble e wouj la ki se senbòl granmounite Ayiti. Ojis, jwèt sikolojik sa a riske maske yon reyalite ki pi enpòtan toujou. Parekzanp, se pa pou dat militè Meriken ap debake Ayiti, san pèp la pa resevwa okenn esplikasyon valab. Ki otorizasyon etranje ame jiskodan sa yo resevwa? Nan men ki moun? Nan ki misyon yo vini Ayiti, tout bon vre?

Manmi Anne: Parad dantan nan Pòdpe

Gen plizyè konsiderasyon politik ki merite fèt sou sityasyon malouk sa a. Mèzalò, se sitou aspè sosyal ak istorik yo nou pral analize nan tèks sila a.

E si dyab ta ateri sou do kay nou vre, 18 Me 2024?

Alapapòt, m ap di: si premye mèsenè Kenya yo ta debake Ayiti Samdi 18 Me, sa pa ta p vekse mwen pi plis pase si yo ta debake Dimanch 19 Me osnon yon lòt jou. Non sèlman, prezans militè etranje sou teritwa a se yon krim grav ki tanmen depi plizyè semèn, ak avyon blan Meriken yo; Nan lespri pa m, gen ijans epi nesesite pou nou reveye nan dòmi epi brake je nou sou kèk gwo defi priyoritè ki oblije rezoud, tout bon vre, san pèdi tan.

Dyab ki soti Kenya pral manje timoun nou pandan dyab ki soti Washington ap manje timoun nou depi dikdantan!

Ki moun ki abitye wè bèl parad fèt drapo 18 Me ki pa kontan wè djougans ak bèlte majorèt, tanbourinè, bèl anbyans ki antoure espetak la? Nan emisyon Koze Nèf Tankou Ze Fre, Manmi Anne, esplike ak ladrès ki jan, lè li te jenn fi, parad fèt drapo te abitye kreye kè kontan nan vil natal li Pòdpe. Vin koute Grandèt la k ap fredone “Fière Haiti

Ojis, se pa epòk tan lontan sèlman ki te gen bèl selebrasyon fèt drapo nan peyi nou. Pran tan ou, founi je gade, admire bèl parad ki fèt ane pase nan vil Okap, 18 Me 2023. An verite, se yon espektak wololoy ki merite aplodisman, ankourajman pou mizisyen, dansè, koutiryè, pwofesè mizik, dirijan lekòl, paran…tout moun alawonnbadè ki patisipe nan bèl reyalizasyon sa yo.

Yon drapo se yon senbòl. Pou yon peyi, li reprezante nasyon an ki gen yon teritwa ki rele li chèmèt chèmètrès kote pitit fi ak pitit gason teritwa sa a ap layite modèl vivasyon yo lib e libè. Daprè Flagpedia gen 254 nasyon ki gen drapo pou reprezante yo sou latè. N ap remake, menmsi peyi sa yo gen jou kote sitwayen yo pran plezi sekwe drapo yo byen wo, se kèk ra peyi ki mete yon jou konje apa pou yo “fete drapo“.

Ojis, pou ki rezon mwen di, alèkile, Ayisyen ta dwe mete yon bemòl nan koze selebrasyon fèt drapo, chak 18 Me sa a?

Premyèman, tradisyon “fête du drapeau” a te rive Ayiti nan yon sikonstans tèt anba. Pou nou ka wè pi klè, annou monte do Maten, ti Bourik Listwa nou.

1891: Katòz ane anvan debakman sòlda Yanki an Ayiti, Frederick Douglass, yon Nèg Abolisyonis Meriken, te reprezantan Etazini nan Pòtoprens. Douglass vin malalèz anpil lè li rann kont gwosè krim gouvènman Etazini te vle fè kont Ayiti ak yon pwojè poze sele sou Môle St. Nicolas kote blan yo te gen anbisyon jouke yon baz militè. Blan Washington yo pa fè ni 2 ni 3, nan ane 1893, yo wete dyòb Minis Rezidan & Konsil Jeneral la nan men Frederick Douglass epi, yo kontinye fè plan pou yo anvayi Ayiti, kiksaswa kòman.

27 Jiyè 1915: Prezidan Vilbrun Guillaume Sam mouri sasinen nan lari Pòtoprens. Solèy kouche leve, 28 Jiyè 1915, Yanki debake Bizoton. Trapde, Fòs Okipasyon Yanki yo itilize 4 trèt “po wòz pal” yo abitye rele “milat”, kòm Kòmandè Bitasyon, vivi dan griyen, ki te twò kontan kite yo pase Echap Prezidansyèl nan kou yo, pandan blan malveyan yo t ap pase Pèp Ayisyen an anba rizib: 

1) Sudre Dartiguenave, popetwèl opouvwa soti 1915 rive 1922
2) Louis Borno, popetwèl opouvwa soti 1922 rive 1930
3) Louis Eugène Roy, popetwèl opouvwa soti 15 Me rive 18 Novanm 1930.
4) Sténio Vincent, popetwèl opouvwa soti 1930 rive 1941.

Marcus Garvey voye yon lèt bay “Prezidan” Louis Borno, 3 Out 1924:

“An verite, lespri nou anboulatcha pou Pèp Ayisyen an, lè nou wè ki jan yon ras pichon etranje debake Ayiti epi yo fè kadejak sou peyi a.

Nou va kanpe kòtakòt ak tout patriyòt Ayisyen ki ap goumen pou yo libere peyi yo anba chenn eksplwatasyon.

Viv Ayiti lib e endepandan, fyète ras nwa a nan loksidan!

Nan okazyon Katriyèm Konvansyon Anyèl Pèp Nwa Toutapou sou Latè, nou voye salitasyon pou ou epi pou pèp Ayisyen an”. MARCUS GARVEY, Chairman, 3 Out 1924

Boutanfen, lè yo fè kòmsi yo kite peyi a, nan ane 1934, pami tchoul Yanki yo te kite sou ban touch la, te genyen yon lòt popetwèl po wòz pal ki rele Élie Lescot yo te konsidere touskilfo. Kidonk, apre Sténio Vincent ki te al bobo sou fwontyè ak Trujillo, yon diktatè sanginè Dominiken konplekse ki te fè masakre plis pase 30 mil nèg po fonse (Dominiken ak Ayisyen), se Élie Lescot, yon 5kyèm popetwèl ki te vin pase yon tan ak tit prezidan, kòmandè bitasyon, soti 1941 rive 1946. 

Boutanfen, lè nou fouye papye listwa tankou yon liv ki pibliye nan ane 1920 sou tit «Livre Bleu d’Haiti», nou jwenn siy chak trèt sa yo te genyen dosye yo, eleksyon yo ak tout dat ekspirasyon yo byen kachte nan tiwa biwo blan malveyan Wachingtonndisi.

Se ak twèl yo koud ni drapo, ni popetwèl

Se yon jou 18 Me 1920, pandan Surdre Dartiguenave t ap ede kolon Yanki yo sasinen patriyòt Benoit Batraville, li siyen yon arete osijè koulè drapo Ayiti, yon peyi okipe, ki ta pral pran abitid fè gwo parad fete drapo ki reprezante “la première République noire du monde“, chak 18 Me.

Nan mwa Out 1920, Dartiguenave pase yon lwa pou 18 Me tounen “Fête de l’université”. Pratik selebrasyon fèt drapo a tou tanmen menmsi se jis nan Konstitisyon 1932, pandan Ayiti te ofisyèlman anba bòt kolon Yanki toujou, yo fikse 18 Me kòm jou konje yo mete apa pou “Fête du drapeau”.

Nan achiv Gouvènman Meriken tankou sila a nou va jwenn anpil enfòmasyon yo pataje osijè kolabo Surdre Dartiguenave ki te ede konsolide pouvwa klas kòmandè bitasyon yo atravè okipasyon Yanki a. Pa neglije pran tan voye koudèy sou dokiman sa a ki sou sit ofisyèl Gouvènman Meriken an, kote ou ka jwenn anpil achiv. Ou va remake ki jan fo “prezidan” Dartiguenave blan malveyan yo te jouke nan palè nasyonal peyi a, te yon veritab tyoul, san karaktè ki t ap plenyen pou salè li blan yo te deside koupe paske gen plis piyay yo te bezwen jwi toujou nan peyi Dessalines nan. Tyeke diskisyon sa a pou kèk referans enteresan: https://www.facebook.com/606330630/posts/10159795874645631/

Nan menm peryòd envansyon fèt drapo a, kòm zouti distraksyon, mesyedam yo fè anpil gwo dezòd nan liv ki t ap rakonte listwa nasyon nou an. An plis konfizyon inevitab ki ka antoure adopsyon yon drapo nasyonal, mesyedam yo vin ajoute mit ki pa t nesesè ditou pyès. Souple tyeke kèk braselide enteresan ki aksesib gratis sou entènèt la osijè koulè drapo orijinal nou yo. An patikilye, mwen ankouraje ou suiv bèl rale konpatriyòt fouyadò Tidiri Mede ak Paul Jérémie tanmen sou plizyè kesyon enpòtan tankou koulè drapo Akayè 18 Me 1803, Vètyè 18 Novanm 1803, Gonayiv 1 Janvye 1804, osijè desen ki parèt sou Ak Endepandans Ayiti, elatriye… Mwen ankouraje nou konsilte tou yon tèks konpatriyòt Nekita Lamour ekri osijè dout ki antoure idantite manzè Catherine Flon.

***

KI SA BLAN AN AP FÈ LA A?

Yo di se Dessalines ki te rape drapo ble-blan-wouj Lafrans lan, li dechire bout twal blanch ki nan mitan an epi li kole ble a ak wouj la ansanm pou tout moun kapab konprann dezòmè, tout pitit Lafrik Ginen k ap respire sou zile Ayiti gen yon sèl objekif : debarase peyi a de makòn blan esklavajis yo pou tout tan gen tan.

Èske se konsa bagay la te pase vre? Si wi, ki jou sa te rive, nan ki sikonstans epi pou kisa lè yo vin bay nanchon tou nèf la premye Konstitisyon li, se yon drapo Nwa-e-Wouj yo chwazi pou Anpi Ayiti? Èske jès sa a kèk istoryen di ki te rive nan vil Akayè a, se te senpman pou diferansye twoup Lame bouwo Franse yo ak twoup Lame Endijèn nan ki te revòlte kont bandi esklavajis Napoléon te voye masakre nèg ak nègès sou zile a? – kidonk, drapo kole pyese ble-e-wouj sa a ta yon mezi tanporè, menm jan ak tit “Gouvènè Jeneral” nou remake Dessalines te kontinye itilize nan premye pwoklamasyon li yo, jiskaske li te vin pran tit Anperè 8 Oktòb 1804, epi jan sa defini aklè nan Konstitisyon 1805 lan?

Antouka, sa ki klè, jès yo di Dessalines te fè a, pote yon mesaj klè kon dlo kòk: pa dwe gen blan ditou nan zantray pouvwa Ayiti. Alòs, nan ki bi, yon seri moun vin plake yon kare blan nan mitan drapo nou yo – kit se drapo ble-e-wouj, kit se drapo nwa-e-wouj?

Mesaj santral la se “kwape tout tras kriminèl Kretyen Ewopeyen esklavajis yo!”. Dotanplis, nan diskou 1 Janvye 1804 la, Papa Nasyon an repete menm avètisman an: “nenpòt ti fenèt nou ta kite pou yo fofile nan mitan n, y ap vin simen malè, chagren ak divizyon“.

Kidonk, Dessalines te toujou klè sou pozisyon li. Aksyon li yo koresponn ak analiz lojik li fè nan moman an ki makònen ak reyalite teren an.

Si drapo Ble & Wouj Fevriye 1803 a chita sou lojik pote kole pou kwape “blan malveyan” 3-1 = 2; Li klè, se menm analiz lojik sa a ki fè zansèt yo chwazi yon nouvo drapo, apre peryòd tranzisyon ak definisyon modèl gouvènman yo vle pou nasyon tou nèf la.

Papa Nasyon an deklare byen fò nan Atik 14 Konstitisyon 20 Me 1805 lan: NOU TOUT SE MOUN NWA – se Lafrik ki manman nou e se san nou ki te koule pou libète. Kidonk, premye drapo Anpi Libète a, pa kite plas pou laloz, ni okenn koneksyon ak ansyen reyalite koloni esklavajis la. Mo tankou “milat”, “kwatewon”, “grif”, “grimo” pa gen plas yo ankò. Nou tout se Moun Nwa e drapo nou “Nwa & Wouj” – san kenn ti fenèt pou zòt fofile nan mitan epi vin simen “chagren, malè ak divizyon” – ale wè diskou 1 Janvye 1804 la.

Kidonk, drapo ble-blan-wouj la fè bèk atè an Fevriye 1803 akoz vorasite, mank mounite blan malveyan yo. Drapo ble & wouj la fè bèk atè an Me 1805 akoz Dessalines te vle kwape vorasite, mank mounite nèg malveyan ki te gen konfizyon toujou sou ki sa yo ye tout bon vre. Drapo nwa & wouj la fè bèk atè 17 Oktòb 1806 akoz Dessalines pa t reyisi kwape vorasite, mank mounite nèg malveyan ki te gen konfizyon toujou sou kisa yo ye tout bon vre. Depi dat sa a, Ayiti pèdi ray, n ap degringole epi blan malveyan yo ap fofile nan mitan pou simen “chagren, malè ak divizyon”. Tan fè tan kite tan. Nan ane 2024, se blan malveyan ak nèg malveyan ki chaje konfizyon onivo idantite ak mounite yo ki kontinye ap fè lòbèy sou teritwa a.

Les fêtes nationales sont : celle de l’Indépendance, le 1er janvier; celle de l’Agriculture, le 1er mai ; celle du Drapeau, le 18 mai. Les fêtes légales sont déterminées par la loi.“ Atik 124 (Konstitisyon 1932). Se premye fwa koze jou fèt drapo te parèt nan yon Konstitisyon Ayiti – yon peyi ki t ap kokobe anba bòt okipan kadejakè.

***

Depi kèk ane mwen kòmanse teke fren sou zafè selebrasyon Fèt Drapo sa a. Se pa akoz konfizyon ki ekziste nan istwa kreyasyon drapo nasyonal nou an. Men, se sitou, paske plis m ap aprann konprann reyalite pèp Ayisyen ap viv nan moman an, se plis mwen reyalize, malerezman, “fèt drapo” kontinye sèvi dra pou kache gwo java tankou “rekolonizasyon Ayiti” atravè dappiyanp blan malveyan yo kontinye fè sou teritwa nou an, pandan y ap pase nou nan betiz. Yo pran tè a epi yo lonji 2 bout twal pou nou sekwe – n a konsole?

19 Me 2021, konpatriyòt Gabrielle Paul ekri: “Ayisyen k ap plede poste foto chit Niagara (nan peyi Kanada) ki t ap “onore” fèt drapo Ayisyen fè m sonje yon ekip moun ki chita k ap bat manman yo chak jou epi kon fètdèmè rive yo vin di flanm yo pou li. A la nou menm sa a”. Kanta sa! Drapo tounen gwo dra ki layite pou ede kache tout peche!

Defen Wa Koupe te konn chante “tout abitid se vis“. Mwen menm mwen di: gen vye abitid ki mete lavi tout yon nasyon an danje, fòk nou demele n koupe sa sèk, kiksaswa kòman!

Wi! Koupe fache ak “Repiblik Kalibofo”, “Repiblik Nèg anti-Nèg” ki la a, ekzije anpil kouraj e li mande yon efò entèlektyèl pratik tou. Annou fouye zo nan kalalou pou nou jwenn sous Repiblik Kalibofobo a (Mo “kalibofobo” sa a se kreyasyon konpatriyòt ekriven Franketienne).

Li klè, nasyon doubout Dessalines te kreye a pa t ap janm tolere pou yon blan tankou Gilbert Bigio, akimile richès nan move kodisyon jouk li ta milyadè pandan l ap finanse rezo teworis (Tyeke akizasyon Gouvènman Kanada mete nan lari 5 Desanm 2022).

Gen gwo diferans ant drapo Ayiti epi drapo Bigiokistan!

Annou revize kèk enfòmasyon enpòtan sit entènèt Pou laverite ak pou listwa pataje osijè Gilbert Bigio:
“…yon lis pwodui etranje k ap vann an Ayiti, se sèl Bigio ki gen dwa vann yo nan tout peyi a. Nan lang franse, yo rele sa yon «Distributeur Exclusif». Ou ka al verifye sa sou sit yo https://bit.ly/3jKk6il

Jodi a, Gilbert Bigio ap pran desizyon pou Ayiti depi nan villa li genyen Miami an. Se pitit li Reuven Bigio k ap jere biznis li yo Ayiti. Reuven Bigio se vis-konsil onorè peyi Izrayèl an Ayiti. Georges Bigio se konsil onorè a. Tou de gen iminite diplomatik…

Nan dosye Petrocaribe a, Lakoudèkont montre gen yon konpayi gwoup Bigio a ki rele REPSA ki pran prèske 30 milyon dola nan men MTPTC pou te fouye bodmè Pòtoprens lan. Travay sa a pa janm ekzekite. Lajan sa fè fon san pa gen eksplikasyon ki bay. https://bit.ly/36fZrL9

Gen yon atik yon jounalis envestigasyon ki rele Corey Lynn ki fè konnen Bigio gen yon lame k ap pwoteje l ak biznis li an Ayiti. Li grese pat tout chèf lapolis ak militè nan peyi a. Jounalis la di Bigio detwi moun ki vann pwodui li fè oubyen enpòte. Li kontwole ministè finans, pò Pòtoprens ak Miragwàn, epi li fè bagay antre nan peyi a san APN paka kontwole yo. Lè bwa a mare, li konn fè kòmando peyi Izrayèl rantre vin bal sekirite. https://bit.ly/3r38EjD…”

Konpatriyòt, annou monte sou do Maten, ti Bourik Listwa nou, yon lòt fwa, pou nou ka wè pi klè!

“Lettre de blanc”

Nan tan koloni esklavajis la, gen yon fenomèn yo te rele “Lettre de Blanc“. Se yon dokiman paspouki blan esklavajis lan, sinik li ye, nan tout malfezans li, nan awogans san limit li, te abitye distribye bay nèg ak nègès ki itil li. Ak “Lettre de Blanc” nan men li yon “nèg chwazi” – kit li gen po pal, kit li gen po fonse, li te gen privilèj monte desann toupatou nan koloni an, fè e defè kòmsi se yon kolon blan li te ye – jiskaske “blan tout bon” yo ta deside wete lèt sa a nan men li.

Alèkile, gen moun ki kontinye grate tèt devan kantite krim yo remake ekip bandi PHTK yo ap fè an Ayiti depi plis pase yon deseni. Lè ou mete zak sa yo nan kontèks istorik reyèl yo, kote peyi nou an ap sibi okipasyon anba grif blan malveyan Core Group yo, nou ta dwe konprann, ni konpòtman blan malveyan yo, ni konpòtman “bandi legal” yo pa fenomèn ki orijinal ditou ditou….

Istwa twa (3) espyon blan Franse ki debake Ayiti nan ane 1814.
Espyon Dauxion-Lavaisse, de Medina & Dravermann te reseva lòd klè nan men M. Malouet, reprezantan Wa Louis XVIII pou yo kòwonp Pétion, Borgella ak Christophe, konvenk yo aksepte remèt Lafrans kontwòl zile a, menmsi se ta an soudin. Espyon yo fè bèl resèt nan patiray Petion ak Borgella. Men yo jwenn gwo resif kay Christophe. Si nou vin jwenn dokiman istorik sa yo, se granmesi Wa Henri 1e (Christophe) ki te poze lapat sou youn nan espyon yo (Franco de Medina) epi fòse li pale avan yo kondane l epi pase sa alenfinitif. Wa Henri 1e te pibliye entèwogatwa espyon franse a nan jounal ofisyèl La Gazette Royale.

Remak enpòtan: sa yo se pa dokiman ki te parèt 10, 20, 50 ane apre evènman yo – tankou pwopagann nou te vin aprann sou ban lekòl frè FIC yo. Osito Wa Henri Christophe te poze lapat sou Agostino Franco de Médina li te pibliye entèwogatwa espyon franse a. E, sa ki enpòtan pou nou souliyen, lè plizyè ane pi ta, nou vin jwenn korespondans sekrè ant Pétion ak Lafrans, yo konfime akizasyon Christophe te fè yo. Kidonk, se pa “opinyon” onson “kwayans” ki devan je nou la a, se fè istorik, dokiman otantik!

Yon lòt aspè enpòtan nan koze sa a se karaktè sekrè kominikasyon Pétion t ap fè ak Wa zenglendo Lafrans lan, tandiske an piblik – akòz atak Wa Henri Christophe t ap fè piblikman sou li – Pétion t ap fè fo diskou nasyonalis kont Lafrans. (suivez mon regard vers les Abolotchos de 2024?)

LETTRE DE BLANC POUR PÉTION!
Annou li lòd 3 espyon franse yo te resevwa nan men M. Malouet, reprezantan Wa franse Louis XVIII.

"Li rezonab pou nou sipoze Pétion ak Borgella ap twò kontan jwenn avantaj total kapital pou pwòp tèt yo ak yon ti klik ki tankou yo, sa se bon zouti nesesè, y ap konsanti, san fikilte, pou klas pa yo a ranmase prèske tout pouvwa politik yo menmsi, nan kèk aspè, li va rete yon ti kras anba klas blan an. Paske, yon bò, privilèj total nou ba yo a tit pèsonel yo pral parèt pi enpòtan toujou, sa pral satiyèt ògèy yo plis toujou; epitou, yon lòt kote, klas yo an pral jwenn pi bon garanti k ap asire dominasyon yo sou klas nwa lib yo, e granmesi sila yo, sou nwa ki pa lib yo ke yo dwe toujou kenbe nan yon distans bwa long. Kidonk, klas sa a pral dakò kite yon ti diferans ant li menm epi blan yo. Fòk nou peze anpil sou pwen sa a...

Il est raisonnable de supposer que Pétion et Borgella, satisfaits d’obtenir faveur entière, pour eux et pour un petit nombre des leurs, qui sont les instrumens nécessaires, consentiront, sans difficulté, à ce que leur caste, en acquérant la presque totalité des droits politiques, reste pourtant, à quelques égards, un peu au-dessous de la caste blanche: car, d’une autre part, l’assimilation totale à eux accordée, sera plus saillante et plus flatteuse; et de l’autre, leur caste sera d’autan plus assurée de maintenir la caste noire libre, et par celle-ci, les noirs non-libres à la distance ou il lui importe de les maintenir, qu’elle aura elle-même laissé subsister une petite différence entre elle et les blancs. On insiste beaucoup sur ce point…

…Li enpòtan anpil ke nou prezève pou blan yo premye plas ki anwo nèt la, anwo tèt moun ki gen koulè yo (milat), alatèt yo. Eksepte, depi kounye a, nou va admèt Pétion, Borgella ak kèk lòt nan mitan blan yo, san okenn restriksyon; Epi,pou rès yo, de tan zan tan, lè lide n di n, nou va distribye "lettre de blanc" bay kèk endividi oswa paske yo gen ti koulè ki diferan ak nwa yo, oswa akoz lajan yo genyen, nivo edikasyon yo, oswa sèvis yo rann ki kòz yo merite favè sa a…”

Sous: 1814 – Instructions données par M. Malouet, ministre de la marine, a MM. Dauxion-Lavaisse, de Medina et Dravermann.


…Il est bien important de conserver aux blancs une prééminence quelconque sur les gens de couleur du premier ordre, sauf à admettre absolument et sans restriction aucune, Pétion, Borgella et quelques autres, dès à présent, parmi les blancs, et à donner, par la suite, sobrement: de temps à autre, des lettres de blancs à quelques individus que leur couleur éloignée du noir, leur forturne, leur éducation; leurs services auront rendus dignes de cette faveur…”

Kidonk, espyon Lafrans te voye Ayiti nan ane 1814 yo te fè ansyen lib yo yon pwopozisyon endesant pou yo trayi ideyal 1 Janvye 1804 lan. Daprè tout sa nou vin obsève annapre, menm si yo pa janm admèt sa piblikman, trèt ki fè krim 17 Oktòb 1806 yo te fè yon aranjman ak gang blan yo. Se aranjman sa a ki vin kaselezo li bay Repiblik Nèg anti-Nèg ki okipe 1/3 zile a sou lobidyans Pétion epi, apre lanmò Pétion, sou tout zile a anba “gouvènans” Jean-Pierre Boyer.

Nan liv li “Empire, Racial Capitalism and International Law: The Case of Manumitted Haiti and the Recognition Debt”, otè Liliana Obregón ekri: “Rekonesans Ayiti pa Lafrans se tankou lè yon mèt afranchi esklav li, sa pa fè li totalman endepandan epi granmoun vre. Okontrè, Ayiti te kontinye ekziste kòm yon espas kolonyal, yon “koloni komèsyal”, ki rete sou lobidyans atravè dèt ekstèn li epi gouvènans li ki souche aletranje, jiskaprezan” –  Sous: Leiden Journal of International Law (2018), 31, pp. 597–615

Li klè kon dlo kòk, refize rekonèt dwa granmoun pèp Ayisyen an se yon atitid peyi blan yo adopte, keseswa tan ki pase, keseswa modèl gouvènans peyi blan sa a adopte (Anpi, Repiblik, Demokrat, Repibliken, Liberal osnon Konsèvatè).

Liliana Obregón te fè menm obsèvasyon avèk mwen, lè li ekri: “nan mitan blan Ewopeyen yo, se yon kwayans jeneralize, yon konsansis, kòmkwa Afriken an, kit li esklav, kit li lib, pa gen kapasite pou li dirije tèt li etank yon endividi, alevwa pou li ta dirije yon nasyon”.

Daprè sa mwen obsève depi mwen fèt, sou planèt sa a, “konsansis” sa a pa janm chanje nan mitan desandan Napoleon, Elizabeth I, Cromwell, Washington ak Jefferson yo. Foli sipremasi blan an se yon ideyoloji ridikil ki chita sou enbesilite total kapital. Li tèti pase kolowòch.Tan k ap pase pa brennen l.

Daprè Liliana Obregón, “blan Franse yo te reyalize plan orijinal pou yo te retounen sou zile a, remete majorite Ayisyen nan chenn esklavaj epi bay elit yo “lettres de blanc” an te fè bèk atè. Se lè sa a, Minis Afè Etranjè Wa Louis XVIII lan vini ak yon estrateji tou nèf: “yon lòt modèl kolonizasyon”… yon koloni komèsyal, ki gen yon avantaj bab e moustach – li pa ekzije depans ki asosye ak koloni esklavajis yo…Olye yo tabli dominasyon kolonyal sou Ayiti, yo pral itilize yon nouvo fòmil depandans komèsyal ak endistriyèl k ap transfòme Ayiti an “koloni komèsyal” ki kwè li genyen ak Lafrans yon relasyon zanmitay, alyans, resipwosite epi komès”.

Pou yo jwenn rezilta yo bezwen an, gang blan malveyan yo ta pral kore swadizan dezyèm strateji sa a ak yon michan kanpay atak bato boulèt kanno, san pran souf, kont Ayiti. Atak pou kolekte Ranson Wa Zenglendo Charles X ki fèt 17 Avril 1825 lan, se youn pami yon dividal zak ki suiv menm fòmil lan.

Blan malveyan yo toujou pran tan byen etidye karaktè popetwèl yo mete opouvwa nan Repiblik anti-Nèg ki tabli depi 17 Oktòb 1806 la. Gen yon baz lojik pou tout ane Boyer fè sou pouvwa a ak sipò Lafrans. Martelly te ka fè 10 manda suivi suivi, si se pou blan malveyan yo. Nan je lenmi pèp Ayisyen an, trèt tankou Pétion, Boyer, Martelly, Jovenel, Ariel… se kòmandè bitasyon ki touskilfo.

Orezime, se pa koulè drapo ble-e-wouj osnon nwa-e-wouj ki banm latwoublay lè selebrasyon Fèt Drapo chak 18 Me. Li enpòtan pou nou sonje, nan premye ane ekzistans Ayiti, zansèt yo te aprann nou mete jou apa pou fete kèk bagay yo jije ki pi enpòtan pase tout lòt: Agrikilti, Konstitisyon, Anperè & Enperatris nou & ENDEPANDANS peyi nou. Gen yon rezon ki fè yo te chwazi eleman fondamantal sa yo. Nou penyen lage jouk zòt aprann nou gouye sou pil fatra tankou manfouben ak listwakont 2 bout twal ki koud ak chive yon fanm ki plis sanble yon pèsonaj imajinè. An verite, nou bezwen fòme yon jenerasyon Ayisyen je kale, yon jenerasyon nèg ak nègès ki mete priyorite sou sa ki esansyèl (byennèt moun, kontwòl teritwa nasyon nou…) olyede senbòl (tit, juisans, aparans…).

AYITI BEZWEN REPARASYON-RESTITISYON NI DEYÒ, NI ANNDAN!

An verite, lè nou founi je gade Repibik Kalibofobo 2024 la, se pa kolon esklavajis ki nan peyi Lewòp ak kontinan Lamerik yo sèlman ki gen yon dèt pwennfèpa pou yo peye sivivan rejim blansis lan ki te mete plizyè milyon zansèt pèp Ayisyen an nan chenn lesklavaj, vòlè fòs kouray yo, bonnanj anpil moun, eritaj natirèl yo epi ata lèt ki te nan tete manman yo. Wi Reparasyon ekstèn sa a jis epi li nesesè. Men, gen yon lòt kategori Reparasyon ki lojik epi nesesè tou sou zile Ayiti. Anndan nasyon nou an, depi Papa Dessalines te poze kesyon sa a: “E sila yo ki gen papa yo an Afrik yo, yo pap jwenn anyen?” li po ko janm resevwa yon repons ki akseptab.

Apre plis pase 200 ane, se toujou menm sila yo ki te gen papa yo an Afrik, 1 Janvye 1804 yo ki kontinye mouri lè lapli tonbe alevwa pou lè gen siklòn, tranblemantè ak kolera. Se yo menm ki ap viv sou pwent Mòl Sen Nikola, san dispansè alevwa lopital, san batistè alevwa papye tè. Se yo menm ki mouri anba bal yon fòs polis ki anti-Ayisyen, yon lame anti-Ayisyen yo pèmèt batize “Forces Amées d’Haiti“, alevwa pou mèsenè etranje tout koulè ki vin kolekte milyon dola vèt nan men blan malveyan ki se lènmi istorik nou.

Èske Ti Mamoun kapab fete menm drapo ak Izo epi Bigio?

Osito, nou va gonfle venn nou goumen kont malfèktè yo ak detèminasyon ki nesesè pou nou reprann kontwòl peyi nou an, fòk nou tanmen yon pwosesis reparasyon entèn pou pataj la resi fèt san fòs kote.

Yon vrè Leta Ayisyen va devlope pwogram espesyal pou favorize sila yo ki te defavorize depi plizyè syèk nan peyi a. Sila yo ki pa ka prezante batistè manman ak papa yo, alevwa pou gran paran ki te bandone nan fon kè peyi a, san okenn enfrastrikti, ni sèvis.

“Lettre de blanc” te asire se moun po wòz pal ki pi rich sou koloni an. Pou li mete lòd nan dezòd, Papa Dessalines mete Atik 12 nan Konstitisyon peyi nou: “Okenn blan, kèlkeswa nasyonalite l, pa gen dwa pilè tè peyi a kòm mèt esklav oswa propriyetè epi blan pa an dwa janm gen propriyete nan peyi a“.

Ayiti se kinan nou. Li pa rele Napoleonland, ni Bigiokistan!

Fòk gen pwogram espesyal pou ede jenn pitit peyizan ki te sibi diskriminasyon tout vi yo, nan yon Repiblik Nèg Anti-Nèg, jwenn bousdetid ki pèmèt yo valorize tè zansèt yo te travay pandan plizyè deseni ak bout zong yo nan yon peyi ki anti-Ayisyen, depi dikdantan.

Wi! Pou Leta Ayisyen rekonsilye ak Pèp Ayisyen an fòk leta pèpè sa a ki se yon fotokopi yon bann alyene abitye wè kay zòt, kraze atè plat. Nou pa bezwen ni fo lame, fo lapolis, fo sistèm jidisyè, fo prezidan, fo palman, fo drapo… leta restavèk blan malveyan an dwe DISPARÈT NÈT!

San di pètèt, fòk nou bandone fo repiblik kalibofobo sa a! Ayiti se kinan yon vrè nasyon Nèg ak Nègès. Moun ki te fè Vètyè pa dwe reziyen yo ak krizokal. Priyorite nimewo 1 se fout blan malveyan ak tchoul yo deyò, epi bati yon leta ki vrèman Ayisyen – ak reparasyon nou va tabli yon sosyete ki kanpe sou prensip «tout moun se moun», jan Manman n Claire Heureuse Félicité Bonheur te vle l la, jan Papa Dessalines te konsevwa l nan Konstitisyon 20 Me 1805 lan.

Wi, konpatriyòt! Nan ane 2024, tankou Garvey te wè sa nan ane 1924, Pèp Ayisyen an gen 2 chwa. N ap oblije chwazi ant 1) aji ak diyite nèg ak nègès vanyan ki leve kanpe goumen pou bati yon vrè peyi ki rele n chèmèt chè mètrès; osnon 2) aji an zonbi ki kontinye fè sanblan Repiblik restavèk sa a se peyi nou li ye – reziyen nou, bouche nen, pouse odas gwouye sou pil fatra pandan n ap sekwe ti drapo malgre tout siy montre se dekorasyon nou tounen nan yon peyi ki dous sèlman pou zòt. Non! Seswajamè!

#VivAyitiPouAyisyen

#ToutMounSeMoun
ki lès ki ta ka kont fèt drapo peyi yo?
Osito nèg ak nègès moundebyen va libere Ayiti epi remete nasyon an sou ray natirèl li, drapo nou va reflete yon bèl reyalite. Annatandan, nou di: menm jan gen jou pou danse ak fete, fòk gen jou pou revòlte si nou vle demen va gen bon rezon pou nou fete tout bon vre.

#SispannFèSanblan

#AprannVivSanBlan

#VivAyitiSanBlan

1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    Lanmou Jah ak Jahes frem. M renmen blog sa a anpil. M detwa ti pawol “quote” ki bam anpil fos, pa egzamp “Ki otorizasyon etranje ame jiskodan sa yo resevwa? Nan men ki moun? ” M pa kwe ke etranje gen dwa antre an Ayiti. No gen lwa, e Ayit se ou peyi endepandan li ye? Ak 11.5 milyon moun nan peyi a epi ou lott 3 a 4 milyon nan djaspora a, fok nou ka defan tet nou. Ou lott anko se ” An verite, nou bezwen fòme yon jenerasyon Ayisyen je kale, yon jenerasyon nèg ak nègès ki mete priyorite sou sa ki esansyèl (byennèt moun, kontwòl teritwa nasyon nou…) olyede senbòl (tit, juisans, aparans…). ” Sa se vre anpil, e m dako. Pou mwen, priyorite ou dekri yo te toujou enpotan, espesyalman apre endepandans. Malerezman, moun ki te ekri konstitisyon an pat konsidere yo konsa. Denya a se “Papa Dessalines te poze kesyon sa a: “E sila yo ki gen papa yo an Afrik yo, yo pap jwenn anyen?” li po ko janm resevwa yon repons ki akseptab.”. M dako avek ou, men eske nou si ke moun ki te batay pou endepandans peyi a te gen papa yo an Afrik. Majorite moun ki te nan Armee Indigene yo te fet sou zile a ousman nan peyi yo te rele Saint Domingue lan. Anplis, moun sa yo tankou Lanpere ak GG Toussaint mem Petion ki te fet sou zile a, yo te rele yo, Kreyol! E majorite ladan yo te gen papa blan! Lanmou beni. #1804#Ayiti#ToutMounseMoun#AbolishCPS#AbolishPoverty#DefundFosterCare#ProChoice#RawVeganforLife#HRES40NOW#220YearsFREE#FreeAyiti#HandsOffAyiti#NoNewOccupationofAyiti