Fwa sa a Dessalines dakò ak Jezi: pa neglije bay tout bandi PHTK bwa kale!
June 5, 2023
About us, ki lès nou ye
October 8, 2023

Nou mande tout pitit Lafrik, espesyalman militè yo, keseswa lame nasyonal kote yo anwole aktyèlman, pou yo refize lòd atake Ayiti, Nijè, Mali, Boukina Faso…tout peyi nou k ap reziste atak nouvo kolon esklavajis, latèrèyis, vòlò resous minyè ki gen titalbè, ki pa janm rasazye yo. Non, nou pap obeyi!


Konpatriyòt onè!

Jodi a, Dimanch 10 Septanm 2023, nou voye salitasyon espesyal pou tout fanmi nan Kafoufèy, Solino, Nazon, Dèlma 24, Bèlè, Fò Nasyonal ak divès lòt katye popilè nan kapital la ki viktim yon dividal lach k ap simen latèrè nan nanm nasyon an alawonnbadè! Mwen wete chapo pou salye chak pitit Ayiti ki kontinye reziste pandan y ap bouske bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile Ayiti tankou aletranje. 

Kòmalòdinè, anvan nou founi je gade aktyalite semèn sa a, mwen pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, nèg ak nègès Ayisyen abitye goumen ak anpil entèlijans, kouraj epi pèsistans epi pote viktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup yo, yon makòn malveyan ki te toujou kanpe an mòd gang «Fanmi e alye Ajimal».

Jodi a, m ap kanpe ti bourik listwa nou nan premye estasyon 11 Septanm epi, alapapòt, nou di onè ak respè pou fanm vanyan ak gason kanson, ewo 11 Septanm 1988 ak 11 Septanm 1993 yo. Yon chay lanmou pou Antoine Izméry ki tonbe anba bal CIA ki te mare sosis yo ak FAdH pou simen latèrè jouk anndan Legliz Sakrekè, 11 Septanm 1993, kote anpil moundebyen te reyini pou yo onore memwa sila yo ki te tonbe anndan Legliz Sen Jean Bosco, yon jou 11 Septanm 1988. Nou di toufè! Madichon! pou nanm Henri Namphy, Gwo Chilè ak Frank Romain! Nou mande prizon ak jijman pou Réginald Boulos ak lòt moun ki gen non yo site kòm konplis CIA ki te fè san tout inosan sa yo koule nan peyi nou an.

Konpatriyòt, èske ou te konnen…defen Franck Romain, ki te pote tit Majistra vil Pòtoprens, te di nenpòt moun ki ta mennen “zo bwa tèt Pè Jean Bertrand Aristide” ba li, li t ap fè li kado yon machin mak Pajero ak 300 mil dola?

Pou listwa ak verite, n ap raple se yon jou Dimanch 11 Septanm 1988, diktatè militè koudetayis Henri Namphy te mobilize yon ekip malfèktè, ki t ap feraye sou lobidyans Tonton Makout Frank Romain, pou yo sasinen pè Jean-Bertrand Aristide pandan li t ap preche pawòl liberasyon nan legliz Sen Jean Bosco. Malgre, yon lòt fwa ankò, Pè Aristide te chape anba men kriminèl yo, jou sa a, yon douzèn lòt inosan te mouri sasinen anba kout manchèt Tonton Makout ak atache. Dyab krabinay yo te tou pwofite boule legliz Sen Jean Bosco rapyetè.

Sa anpil moun ka pa konnen, apre krim 11 Septanm 1988 lan, gen fanm ak gason ki te pase nan radyo ak televizyon an Ayiti pou yo esplike, ak voum detay, ki jan epi pou ki rezon yo te fè masak la. Nan yon repòtaj Tele Haiti ki sou YouTube alèkile nou wè 2 gason ak 1 fi ki site non Doktè Réginald Boulos, Pè Volel ak Pè Desir, kòm parenn yo nan Site Solèy. E yo admèt se yo menm menm ki ekzekite masak la.

Kesyon: «Pou ki lès n ap travay?
Repons: Pè Volel, Pè Désir, Doktè Réginald Boulos…se moun sa yo ki sovè nou nan Site a. Aristide di li pa vle moun sa yo (6:27)». Orezime, nou pa okouran si Leta Ayisyen te janm kesyone 3 moun sa yo.

Vwalatilpa, 17 Septanm, yon semèn apre masak Sen Jean Bosco a, Jal Henri Namphy te chwe nan menm otèl vil Santo Domingo kote li te voye Leslie Manigat ale kanpe lwen an. Fwa sa a, se Namphy ki pran koudeta nan men sòlda ki t ap opere sou lobidyans Jal Prosper Avril. Apre koudeta 17 Septanm nan, Frank Romain kraze rak tandiske 2 atache sanginè l yo, Gwo Chilè ak Vòlma gen pye lou jouk militè poutchis mete men nan kòlèt yo epi remèt sa bay pèp souvren. Kidonk: se depi dikdantan «dyab ap trayi dyab!». Antouka, jou 19 Septanm 1988 sa a se Pèp Souvren ki te sèl ewo. Apre yo fin bat Gwo Chilè ak Vòlma byen bat, yo te pase asasen yo alenfinitif.

5 ane pi ta, 11 Septanm 1993, pandan mès t ap chante nan memwa viktim Masak Sen Jean Bosco yo, kriminèl FAdH rantre anndan legliz Sakrekè, yo rale Antoine Izméry, yon patizan Prezidan Aristide, yo pete sèvèl ewo nasyonal nou an ak bal, nan lari a, gwo lajounen.

Nan yon tèks li pibliye 11 Septanm 2021 pou onore kokennchenn ewo nasyonal sa a, otè Stephen William-Phelps ekri:

Mwen t al bò ti plas yo te vin fè annapre ak estati Antoine Izmery epi estati Georges Izmery, frè li, yon eskadwon lanmò te egzekite nan lane 1992. Sanble pa t gen lòt moun ki te vin vizite jodi a …pa t gen bouke flè ak ti mesaj , jan sa te konn fèt ! Sanble ansyen moun yo ale oswa yo pè desann bò Sakrekè poutèt ensekirite epi jèn jenerasyon an pa twò konnen ki moun Antoine Izmery te ye epi ki ekip kriminèl ki te touye l epi poukisa. E poutan , lè m ap kalkile sou angajman politik konsekan Antoine Izmery te pran pou Ayiti, kòm sitwayen Ayisyen ki gen kòd lonbrit li mare ak Pèp Palestinyen an, mwen panse li merite plis respè ak plis rekonesans!

Wi, jodi a, ansanm ak kanmarad Stephen William-Phelps mwen di: Ayisyen, pinga nou kite zòt Alzaymerize lòlòj nou, fòse nou bliye moundebyen ki tonbe daprèzavwa yo te reziste, daprèzavwa yo pa obeyi, yo pa dakò tete lang ak fòs retwograd ki toujou bezwen kenbe Ayiti nan twou pou yo souse san l, vòlò lò l, poze lapat sou kobalt li.

Kipizè, n ap raple ou lòtrejou la a, nan mwa Desanm 2019, yon bann lach pami kriminèl PHTK yo te azade yo kidnape fanmi defen ewo Izméry yo. Se apre anpil toumant malfèktè yo te libere Kate Izméry, Doris Izméry ak pitit gason Antoine ki rele Adham Izméry.

***

Konpatriyòt, annou kite ti bourik listwa nou bwè dlo, pran yon ti repo, pandan nou pral founi je gade aktyalite semèn ki fenk pase a.

Ak lapenn, toumant epi gwo kòlè nou aprann gang latèrè nan Bèlè ki sou lobidyans chèf “Kenmpès” te anvayi katye popilè Solino Mèkredi 6 Septanm 2023 a. Malfèktè yo simen rafal katouch toupatou, yo sasinen plizyè moun. Popilasyon an te panike, moun yo t ap tante kouri kite zòn lan pou sove fanmi yo anba men bandi. Fanmi k ap kouri, rèl osekou nan zòrèy yon fòs polis manfouben ki toujou soud lè se lavi malere ki menase. Se yon sitiyasyon latèrè jeneralize ki te anvayi katye Solino ak lòt zòn tou pre tankou: Nazon ak Dèlma 24, san bliye popilasyon sivil inosan ki anndan Bèlè ak Fò nasyonal.

Pami anpil sitwayen ki mouri pandan masak sa a, Ayiti pèdi yon nèg save, Pwofesè Inivèsite Leta a, Enjenyè Solon Fortunat. Pwofesè Solon Fortunat te bay kou Jewometri nan depatman Matematik, anndan Inivèsite Leta Ayiti. Mwen voye kondoleyans pou fanmi, zanmi tout viktim yo, espesyalman tout etidyan ak kolaboratè Pwofesè Solon Fortunat yo.

Nan kad menm pwojè latèrè gang PHTK-SDP-FUSION-CIA ap ekzekite nan peyi a, malfèktè lage popilasyon Kafoufèy nan gwo kouri depi plizyè semèn. Alèkile, ata Sant Kiltirèl Rapadou k ap feraye depi 4 Jiyè 2020 sètoblije fèmen pòt li menm jan ak plizyè lòt espas kiltirèl tankou Bibliyotèk Solèy k ap fonksyone sou lobidyans ekriven Pierre Clitandre. Kit se komès kit se sitwayen pezib nan Kafoufèy, alèkile tout lage nan kouri ak kè sere.

Vwalatilpa, pandan yo kontinye anvayi Ayiti ak zam fannfwa k ap simen latèrè nan wèl sitwayen onèt k ap bouske bon lavi anndan peyi a, blan malveyan ipokrit yo ap mare konplo pou ansyen mèsenè GNBis, trèt, koudetayis Guy Philippe, vin ranfòse federasyon gang G9 an fanmi e alye PHTK-SDP-Fusion-BINUH-CIA a. Se nan menm moman an tou, yon delegasyon CARICOM ap fè reyinyon sou reyinyon, swadizan pou ede mete yon bout nan kriz politik k ap brase bil peyi a. An verite, konpatriyòt, blan malveyan k ap lage nèg malveyan li te kenbe an rezèv lakay li pou twonpe vijilans egare k ap mande l “charite ti souf” tout sa – c’est du show business! Yo te mèt monte volim sinik yo disèt wotè, setinitil: nou pap obeyi!

Fanmi Lavalas klè sou pozisyon li: fòk masak yo sispann! Depi mwa Oktòb 2018, Fanmi Lavalas pa janm sispann klewonnen se Ayisyen ki sèl sovè Ayiti. Kidonk, se pa blan malveyan yo, ni ajan yo, ni popetwèl yo. Se yon gouvènman Sali Piblik pou nou mete kanpe ak Ayisyen onèt ki deside koupe fache ak bandi PHTK-CIA yo, tout bon vre! Pa gen wout pa bwa.

Konpatriyòt k ap pilote Akò 30 Out la (Montana), yo menm tou, yo denonse krim kont limanite Gouvènman bandi PHTK Ariel Henri mete ak alye li yo nan SDP (Sektè Demokratik Popilè), Fizyon Sosyal Demokrat yo, INITE ak RDNP (Rassemblement des Démocrates Nationaux Progressistes) ap fè kont pèp Ayisyen an. Nan yon nòt pou laprès yo pibliye Mèkredi 6 Septanm 2023 a, konpatriyòt yo rekonèt se yon veritab jenosid rejim PHTK a ap fè pou depeple Ayiti. Yo denonse blan malveyan ki renmen rele tèt yo “kominote entènasyonal” la, kidonk: Etazini, Kanada, Lafrans ak rès malfèktè anndan Kò Gwoup la, ki nan konfyolo ak blan, jwif, siwo libanè ak nèg malveyan lokal ki renmen rele tèt yo “sektè prive an Ayiti” tandiske yo se konplis rejim PHTK a k ap fè krim kont limanite an Ayiti depi plis pase yon deseni.

An verite, li lè, li tan, pou tout sektè ki pa p soutni jenosid an Ayiti chwazi kan yo epi pote kole pou nou chavire chodyè a ak Ariel Henri ansanm ak tout ekip malfèktè ki kidnape peyi a depi 20 tan. Kit ou rele l “Sali Piblik“, osnon “Gouvènman tranzisyon pou sovtaj nasyonal“, se chodyè a ki dwe chavire pou Ayiti rekanpe.

Wi konpatriyòt, menm jan se depi dikdantan, nèg malveyan, jwif & siwo libanè malveyan epi blan malveyan enplike jouk nan kou, nan krim k ap fèt an Ayiti yo; Konsa tou, se depi dikdantan, nèg ak nègès byenveyan ansanm ak bon imigran rekonesan tankou Antoine ak Georges Izmery, 2 pitit Palestin ki te toujou byenveyan, raple nou enpòtans bon jan solidarite, san twou nan manch, ant moundebyen tout koulè.

***

Annou fèmen refleksyon jodi a ak kèk koudèy nan retwovizè ti bourik listwa nou. Nou kanpe nan kafou 25 Fevriye 1791, sou plas vil Okap. Yon foul kolon blan reyini pou yon espektak sinik yo te batize “supplice de la roue“.

Jou sa a, yo te mete yon wou an bwa ki fèt ak fòm sa yo te rele “kwa Sen André” nan mitan l lan, alopoze kote yo te abitye ekzekite blan yo kondane alepòk, sou koloni an. “Supplice de la roue” vle di blan malveyan ki ap dirije koloni an, mare prizonye a sou yon wou an bwa, apre sa, yo krabinen tout manm li, ni bra, ni janm. Yo pete kannkès lestomak prizonye a ak yon gwo bout feray, apre sa, yo mare janm ak bra kase viktim nan ki repliye sou wou a, ki layite sou plas piblik la jiskaske lanmò vin delivre l. Se konsa, blan malveyan yo te sasinen Vincent Ogé ak Jean-Baptiste Chavannes, 25 Fevriye 1791.

Poutan, daprè enfòmasyon nou jwenn osijè Jean-Baptiste Chavannes, misye te yon veteran lagè endepandans Etazini. Sa vle di, li te patisipe nan batay Savana nan ane 1779, yon aksyon ki te sipoze garanti li jwenn libète ak dividal privilèj lè li retounen Ayiti. Malgre gwo sèvis Chavannes te rann blan malveyan yo, se dechikte kolon blan esklavajis yo dechikte kadav li jouk li mouri ak gwo soufrans, 25 Fevriye 1791. An reyalite, sa ki te pase Savana nan ane 1779 lan pa diferan ak sa ki pase Tirayè Senegalè yo an Frans, pandan lagè kont Nazi 20 tyèm syèk yo, ni non plis sa ki riske rive polisye peyi Kenya, ki cho pase leve danse, pou yo vin ede blan malveyan yo imilye Ayiti. Wi, se lizay pou nou raple tout moun alawonnbadè ki jan kolabo blan malveyan yo abitye mouri lèd, soti epòk Ogé & Chavannes rive sou Vilbrun Guillaume Sam ak Jovenel Moïse.

Parekzanp, gade yon anons ki parèt 30 Jiyè 1783 nan Affiches Américaines (de Saint-Domingue):

Deux Mulâtres nommés Jean & Jean-Baptiste Lefevre, frères, sans étampes, se disant libres sous prétexte qu’ils ont fait la Campagne de Savannah sous les ordres de M. le Comte d’Estaing, sont marrons du Port-au-Prince depuis quinze jours. Le premier est âgé de 20 ans, taille de 5 pieds 7 à 8 pouces, perruquier pour hommes & pour femmes ; & le second, de 24 à 25 ans, taille de 5 pieds 3 à 4 pouces, ayant une taie sur un œil & le regard louche, postillon & un peu maçon. Ceux qui les reconnaîtront, sont priés de les faire arrêter & d’en donner avis à Mrs Lory, Farjanel [Esperluette] Compagnie, Négociants au Cap“.

Kidonk, kolon sa a te kenbe 2 nèg nan chenn epi li presize se 2 nèg k ap mache pran pòz yo lib sou pretèks yo te fè lagè nan Savana. Natirèlman, blan malveyan yo te pèmèt yo, alepòk, pou yo rele nèg manman osnon grann yo te sibi kadejak anba zago esklavajis yo tout kalite non, selon ki pousantaj “san” kolon yo sispèk k ap sikile nan venn yo. Yo di 2 nèg mawon yo t ap chèche ak afich sa a, se te 2 “milat” – sa vle di: mwatye lòm (puiske blan malveyan an te dekrete se li sèl ki lòm isiba!).

Papa Dessalines dekrete nan atik 14 Konstitisyon Anpi Ayiti:
Chèf leta a se papa fanmi Ayisyen an. Pa dwe gen okenn distenksyon koulè nan mitan fanmi an. Apati jodi a, nou konsidere tout Ayisyen se moun nwa nou ye“.

Alèkile, nan mitan ane 2023, ki sa n ap konstate? Sou kontinan Lafrik yon makòn trèt ki anndan òganizasyon rejyonal CEDEAO mobilize kont vwazen yo, frè ak sè yo nan peyi Nijè, Boukina Faso ak Mali…sou lobidyans ki fòs y ap mache? Menm blan malveyan patiray Lewòp ak Etazini ki te kolonize, tòtire epi sasinen zansèt nou yo!

Sou pati lès Kontinan Lafrik, mouche Ruto, Prezidan peyi Kenya, ki po ko menm byen chita paske gen akizasyon magouy nan eleksyon ki mete l sou chèz boure a, se limenm ki pote boure ansanm ak parèy li nan zile Baamas ak Jamayik, kòm benevòl k ap vin ede blan malveyan yo kore dappiyanp yo fè sou leta Ayisyen, palentèmedye kriminèl PHTK yo. Ki rekonpans blan yo pare pou Ruto ak Kenya? Annou parye, se va: «Yon kout pye nan bounda l». Si ou kwè mwen manti, mande Jovenel! Èske Jovenel Moïse pa te trayi Venezyela plizyè fwa nan OEA pou fè blan malveyan yo plezi? Jou 7 Jiyè 2021 an, èske se pa menm yo menm ki sasinen Apredye, anndan ravin Pèlerin 5 lan?

Kidonk, Kolabo 2023 sonje leson sa yo…epi, anvan twò ta bare ou, pran bon desizyon an, kite move bò a, tounen lakay!

Ogé ak Chavannes pa t ap goumen pou ni kwape lesklavaj, ni libere Ayiti. Yo t ap goumen pou privilèj bouwo kriminèl menm jan ak kolon esklavajis yo. Malerezman, jouk nan ane 2023 anpil Afranchi modèn kenbe menm ideyal ridikil sa a. Ogé ak Chavannes mouri fyèl pete 25 Fevriye 1791…Men, sa pa anpeche, 14-15 Out menm ane 1791 sa a yon gwoup Afriken ki pi evolye nan lespri yo reyalize se tèt ansanm TOUT pitit Lafrik yo ki veritab chimen Sali Piblik la, vrè solisyon an. Se sa li te ye an 1791 se sa li ye an 2023!

Nan yon liv ki pibliye nan ane 1818 sou tit «Histoire de l’insurrection des esclaves dans le nord de Saint-Domingue», men ki sa nou li kòm diskou youn nan chèf rebèl ki te reyini nan Bwa Kayiman yo:

«Kanmarad, se pwemye fwa, lespri libète rasanble nou konsa, depi jou bèt sovaj yo bay pou kolon blan yo te fè dapiyanp sou nou, depeyize nou, mennen n byen lwen tanp nou yo ak tonm zansèt nou yo. Yo vin krabinen nou anba mati lesklavaj jouk lòt bò lanmè.

Ane apre ane, dlo nan je ak san nou pa janm sispann wouze ni lanmè ni latè. Nou pase lajounen ak lannuit ap bourike pou yo, san nou menm nou pa janm goute dousè repo. N ap chawaye pou byennèt mèt bitasyon parese k ap viv alèz san leve ni lou ni lejè. Tandiske, nou menm, nou manke tout bagay ki nesesè pou lavi.

Pa gen youn nan nou ki chape. Tout janm, tout bra nou kòche. Kò nou pote mak zak maspinay nou sibi anba zago yo. Nou vyeyi anvan lè, nou mouri jèn. Wòch yo, kav yo, touf bwa pa ka fouti ofri nou libète tout bon vre. Wi, nou ta wete kò nou nan mitan yo, nou ta pito ale viv ak bèt nan bwa. Pou jan, tanzantan, fanm nou yo blije fè dilatasyon, tete yo sèch, sa ki gen lèt se pou dyòl pitit bouwo nou yo. Pitit fi nou tou piti, apèn ap pouse tete, blan vare sou yo. Yo derespekte maryaj pa nou ak zak adiltè degoutan. Lè yo mele san yo ak pa nou, atò pitit pa yo, blan malveyan yo meprize, dezerite.

Se desten mizerab sa a zòt vle pou nou, pou lavi nèg ak nègès pase nan chenn, nan toumant, represyon ak malsite.

Nan sitirasyon sa a, ki kote pou nou vire je n?

Lè nou voye je gade dèyè, sa nou wè se krim san parèy k ap fèt kont nou menm ak ras nou an. Nan tan k ap vini an se ta pral pi mal, jenerasyon tyovi nou yo t ap fèt inikman pou sèvi zòt.

Nou menm Pitit Solèy la, ki sa nou genyen an komen ak blan malveyan yo? Lanmè separe nou, koulè po nou pa menm ak pa yo. Men, lanati fè nou egal youn ak lòt puiske se nan direksyon syèl la figi nou tout ap gade.

Èske nou te janm rache yo nan peyi yo, fòse yo janbe lanmè pou bourike nan lesklavaj?

Ojis, se yon ti kal diferans ki ekziste ant yo menm ak nou. Ala ou wè, si se te yo menm ki te mwatye toutouni, abiye ak vye retay rad menm jan ak nou, ki t ap pase nuit nan vye joupa nou yo, tandiske nou menm, nou ta abiye ak bèl rad pa yo, pou jenn ti esklav ta va ap lave pye nou, sèvi nou nan gwo koudyay fèt, pandan n ap boloze nan gwo palè san leve ni lou ni lejè, menm gwo chalè solèy nou pa ta janm wè puiske n ap pwelase anba moustikè sou kabann bon resò ak matla koton… An verite, se yo menm ki ta esklav nou, epi nou menm mèt yo!

Plantation Life – CHERY, Jean Rene (1928-). Sous: Page Facebook de Emile Viard.

Non fout! Nou gen twòp tan depi n ap pran brimad! Li lè pou se yo menm ki ta va ap sèvi nou epi, pou nou menm nou ta Wa sou tèt yo! Mèzalò, se pa sa ki motivasyon nou: fè ansyen mèt malonèt tounen esklav nou. Non! Pou nou sispann sèvi, nou pap fè zòt tounen esklav. N ap limen yon dife revanj ki nòb!

Nou pa ni lach ni kapon tankou yo ki toujou ap mare konplo! Se pou nou aji ak fòs epi aklè.

Sou zile a, konpare ak lenmi yo, se nou menm ki pi plis. Fanm nou yo, timoun nou yo, grandèt nou yo, tout se vanyan sòlda. Ak klima zile sa a k ap pote lanmò pou lenmi nou yo, vye jèm maladi pral frape batayon yo pandan nou menm nou va kenbe fèray nou byen djanm nan men nou.

Mwen pa konn kisa n ap tann pou bwa chandèl nou simen dife toupatou nan bèl peyi sa a ki awoze ak swè epi san nou!

Se pou bitasyon sa yo, ki reprezante chenn etènèl pou nou menm nèg ak nègès, tounen sann dife!

Se pou mèt nou yo, madanm yo ak tout pitit yo ki tap reklame nou kòm esklav si yo ta va siviv, tonbe ansanm anba kou lanmò, tankou viktim ki sakrifye akòz pwòp mechanste yo.

Dife a, an verite, dife tèrib sa a pap kapab pirifye tè kontamine sa a, ni ase, ni twò vit!

Fòk pa rete anyen menm ki raple nou malsite yo rele lesklavaj la : okenn moniman, okenn moun, okenn jenerasyon! Se sèlman lè sa a, kamarad mwen yo, nou pral jwi libète tout bon vre.

Kidonk, si ta gen kèk nan nou la a ki anvayi ak lapèrèz ak toumant akòz melanj dife ak san sa a, akoz bitasyon sa yo ki pral ratibwaze la a, anpil richès ak anpil moun ki pral tonbe la a; mwen ankouraje yo fouye nan memwa yo pou yo repase imaj kalamite nou sot pase yo, epi gade douvan pou ou imajine tan kap vini an.

Destriksyon dechoukay se yon pasaj oblije, yon chimen inevitab ki va ede nou soti nan lesklavaj, rantre nan libète. Pou nou sispann sèvi, nou dwe touye. N oblije detwi tout vye bagay pou nou bati tout bon bagay. Gen de lè zak sa yo vin nesesè pou moun ki anbrase lavni.

Ala bèl li va bèl lè nou pral jwenn rekonpans nou nan menm peyi sila a ke nou pral kouvri ak flanm dife, fatra epi kadav la. Pral genyen lòt moniman, vil tou nèf, yon nouvo pèp, yon pèp lib ki pral flote drapo li sou lanmè yo, ki pral siyen kontra, fè alyans, resevwa anbasadè, fè lapè oswa lagè».

Sous: Histoire de l’insurrection des esclaves dans le nord de Saint-Domingue, par Antoine Métral, Paris, 1818. Pages 16 à 20. (Tradiksyon Kreyòl: Jafrikayiti, out 2020).

Soulèvman Ogé & Chavannes pa t itil nasyon an anyen. Se gwo leve kanpe Bwa Kayiman ki fèt menm ane 1791 lan ki sous libète nou tout alawonnbadè. Tankou chante a raple nou sa, Boukmann ak Cecile Fatiman pa te fè Bwa Kayiman pou Ayisyen sèvi etranje. Kidonk, konpatriyòt, n ap kite sezisman pou moun fou yo. Nou menm nou sèmante, nan moman an, estrateji “sovons la colonie” pa dwe nan objektif okenn moun lisid. Kidonk, pandan n ap kontinye gonfle venn nou pou nou chavire chodyè a ak tout malfèktè tout koulè…

Nou mande tout pitit Lafrik, espesyalman militè yo, keseswa lame nasyonal kote yo anwole aktyèlman, pou yo refize lòd atake Ayiti, Nijè, Mali, Boukina Faso…tout peyi k ap reziste atak nouvo kolon esklavajis yo, latèrèyis yo, vòlò resous minyè ki gen titalbè, ki pa janm rasazye yo.

Non, nou pap obeyi!




Comments are closed.