Fwa sa a Dessalines dakò ak Jezi: pa neglije bay tout bandi PHTK bwa kale!

Konstitisyon Ayiti 20 Me 1805
May 21, 2023
Nou pa p obeyi
September 11, 2023

Fevriye 1802, Jal Henry Christophe fè tout moun kite vil Okap monte nan mòn yo epi, an premye, li mete dife nan yon bèl palè yo te fenk bati pou li. Sa ou tande a, se lagè ki te deklannche pandan vil Okap ap boule.  

Lè Leclerc wè l ap pèdi sòlda seryezman, li pase yon vitès siperyè. Li pibliye yon pwoklamasyon ki pote siyati Napoléon Bonaparte:

Paris, 17 Brimer, an 10 Répiblique francé, yon et indivisible. 

PROCLAMATION.

 
Consuls la Répiblique Francé a tout zabitans Saint-Domingue. Zabitans, et vous tous qui dans Saint-Domingue, 

Qui ça vous tout yé? Qui couleur vous yé? Qui côté papa zòte vini? Nous pas gardé ça : nous savé tan sèleman que zòte tout libre, que zòte tout égal, douvant bon Dieu et dans zyé la Répiblique. 

Dans tan révolution, la France voir tout plein misère… Mes jòrdi là tout fini, tout fère la paix, tout embrassé Français; tout Français zami; tout hémé gouverneman, tout obéi li. Nation même qui té, en guerre, yo touché la main avec français. Vini don zòte de Saint-Domingue: es que vous pas Français itou? Vini touché la main avec nation zote, qui arrivé; vous va contan embrassé frères à zote; yo va contan embrassé vous. 

Capitaine-général Leclerc, que nous voyé pour commandé Saint-Domingue, li mené avec li tout plen navire, tout plen soldat, tout plen canon : mais pas crère ci la yo qui va dit zòte, que blanc velé fère vous esclave encore : ya manti! Plitot que crère yo, repond, et songé bien que cé la Répiblique qui baye liberté, et qui va ben savé empêché personne de pren li encore : soldat là, navire là, tout, cé pour gardé liberté là, et gardé pays qui pour la Répiblique. 

Vini donc zòte tout, rangé côté Capitaine-général. Cé la Paix li porté ; cé tout zafère li vini rangé, cé bonher tout monde li vlé. Blancs, négues, tout cé zenfant la Répiblique. Mes ci la la yo qui pas allé rangé côté li, qui pas vélé obéi li, tout ça li va commandé yo, va pini, parce que yo va traitre à pays à yo et à la Répiblique. 

Signé : BONAPARTE. 

Konpatriyòt, èske nou remake resanblans ant pwoklamasyon rat mòde soufle Napoléon Bonaparte lan epi swadizan sanksyon nan bwat lamayòt Blan Malveyan 2023 yo ap louvri detanzantan kont kèk bandi GNB-PHTK yo enstale ilegalman nan peyi nou an, apre koudeta 2004 la?

Malveyan sinik yo vle pete fyèl pèp Ayisyen an… «sourir aux lèvres»! 

Alèkile, se gwo mouvman rat mòde soufle k ap rapousuiv kont Ayiti. Pandan politisyen Ayisyen resevwa envitasyon vin chita pale sou lobidyans CARICOM nan vil Kingston, Jamayik, se konsa nou aprann Lajistis Etazini kondane bandi Rudolph Jaar pou li pase tout rès vi li nan prizon akoz patisipasyon l nan sansinay Jovenel Moise. Menm jounen an, Sekretèdeta Meriken Anthony Blinken anonse sanksyon kont ansyen ti chouchou yo, bandi Laurent Lamothe. Kòmkidire, yo ta fenk idantifye Lamothe kòm vòlè dwèt long siperyè ki fè wout kwochi ak 60 milyon dola vèt, pou pi piti, nan Kòb Petro Caribe a. Pa bliye : «good morning» moun sa yo pa laverite. Keseswa aksyon yo poze, sonje, yo toujou sou fent!

Nan yon ribrik otè, fouyadò, jounalis Norluck Dorange pibliye sou rezo Facebook, li pataje moso limyè ak nou osijè jwèt lago kache sa a ki tanmen ant blan Meriken yo epi bandi PHTK-CIA Laurent Lamothe. Annou li kèk pasaj nan bèl tèks sa a ki pote tit:

«Kriminalize peyi a pou rantre dosye Kot Kòb Petro Karibe a».

Otè a ekri :

«Tèks ki anonse sanksyon ki entèdi Laurent Lamothe mete pye nan Etazini an chaje siyifikasyon pou mwen. Dabò, se Sekretèdeta Anthony Blinken ki siyen l pèsonelman. Tèks la di Lamothe vòlò 60 milyon dola pou pi piti. Pou pi piti wi! Paske se chif 300 milyon dola ki t ap sikile nan Washington, nan moman yo te fòse Martelly fè misye demisyone nan pòs Premye Minis la. Enfòmasyon ki pi enpòtan yo se kote Blinken di e map tradui l pandan map eseye pa trayi sans pawòl orijinal yo. “Presizeman, Lamothe foure men mete nan pòch li pou piti 60 milyon dola, lajan Leta ki soti nan Fon Petro Karibe, ki te la pou envesti nan projè enfrastrikti ak projè sosyal. Misye pran lajan sa yo li privatize yo. A travè zak koripsyon sa yo, paske se li ki gen pouvwa jere Fon sa yo, li pwofite pouvwa politik li e sa KONTRIBYE NAN DETERYORASYON ENSTABILITE POLITIK ki anndan Ayiti sèjousi a.” 

Blow! Lamothe jije. Sa a sifi pou Leta Ayisyen ta pote plent pou Lamothe devan yon tribinal entènasyonal pou jije Lamothe pou Krim Finansye ak Krim kont Limanite». 

«Annatandan, nan fen tèks Blinken nan li anonse se twokèt la, chaj la dèyè pou lòt vòlò Lajan Petro Karibe yo».

Norluck Dorange presize…

«Pawòl la pale nan tout misyon diplomatik yo nan Pòtoprens. Pouvwa Tèt Kale a te aktive gang yo pou li te kraze matris mobilizasyon Kot Kòb Petro Karibe a nan geto yo tankou Bèlè, Solino, Delmas 32 ak Site Solèy… 

Kidonk …se pa akizasyon gratis moun yo ap fè lè yo enplike fòmèlman Lamothe ak rès politisyen Tèt Kale plis Bankstè yo nan finansman gang ak kidnaping nan. Nou sonje sa gen 2 zan, yon fanm Amerikèn ki ap mennen aktivite ONG an Ayiti, te fè laprès nan Etazini konnen, yo manke kidnape l sou Lali nan Pòtoprens. Se paske l te gen koneksyon ak Lamothe ki fè kòmando gang nan kite l ale. Fanm nan te temwanye se lè l di gang yo li se moun Lamothe, gang yo mande l pwouve sa, li rele Lamothe nan telefòn li, li pase Lamothe sila a ki te sanble nan tèt kòmando a sèlfòn nan. Li di nèg yo pale. Epi, apre, lidè kòmando a di l li gen chans, li mèt ale

Pou konkli, Norluck Dorange ekri…

«E Martelly, parenn? Gen moun ki doute yo ap rive sou li. Yo rive sou li deja! Dosye misye ap triye yon lòt fason. Pa bliye: Martelly se yon ti salòp ki toujou di li toujou kolabore ak “chèf” yo (snitch!) lè li bay enfòmasyon sou konplis krim li konn abitye komèt, pou li ka diminye pèn li.»

***

Konpatriyòt, annou fè yon lòt kanpe ak ti bourik listwa nou.

Nan ane 1802, sitiyasyon an te kritik pou Toussaint Louverture paske anpil nan sòlda li yo te pran nan pawòl blòf Napoléon Bonaparte yo. Ekriven Meriken Wendell Phillips rapòte ki jan 4 pami rejiman Toussaint Louverture yo te deside dezète epi rann tèt yo bay Leclerc. Toussaint pa fè ni de ni twa, li rale epe li, li voye sa jete nan raje, epi li kouri pase devan sòlda yo de bra kwaze. Li di: «Pitit mwen yo: èske nou t ap gen kouraj itilize bayonèt nou kont mwen?»

Tout nèg mete ajenou, yo mande Toussaint padon. Men, sa, se te yon viktwa momantane. Orezime Toussaint te deside chanje estrateji. Li ekri Jeneral Leclerc li di l ap soumèt li. Mèzalò, li pwofite di Leclerc pinga li mal entèprete jès li fè a, paske li gen mwayen pou li ta anpeche yon sèl grenn sòlda Franse sòti nan kanpman li, san lavi li pa menase. Toussaint di Leclerc: «Se pou libète ras mwen mwen t ap goumen. Depi ou ban m garanti sa a, m ap soumèt mwen». 

Toussaint ak Leclerc fè sèman sou yon kwa. Toussaint di l ap rete fidèl a Lafrans, Leclerc sèmante l ap bay Toussaint tout pwoteksyon li bezwen epi tout moun sou zile a va rete lib.

Nan dokiman otè Meriken Wendell Phillips ekri nan ane 1860, li rapòte konvèsasyon ant Toussaint epi Leclerc, tousuit apre yo te fè sèman lapè sa a. Leclerc voye je gade sòlda li yo ki byen ekipe, ame jouk nan dan epi li vire tèt gade lame Toussaint an ki an mal makak, rad yo an ranyon, epi se dezoutwa bout fizi yo genyen nan men yo.

Leclerc di: «An pasan, Jeneral Louverture, si nou te kontinye goumen, ki kote ou t ap jwenn zàm pou lame w lan?» 

Toussaint reponn Leclerc: «E zam pa ou yo? Mwen t ap pran yo nan men ou, epi mwen kale ou ak yo!»

Konpatriyòt, nan ane 2023, ki zam blan malveyan yo ap itilize kont pèp nou an? Ki jan nou ka pran zam kolon yo epi itilize yo pou ede pèp Ayisyen an jwenn libète tout bon vre? Se sa ki misyon lavi nou!

Nan asnal Blan Malveyan 2023 yo, gen yon michan zam k ap fè dega depi dikdantan. Mèzalò, se nan ane ki fenk pase yo, lasi koumanse soti nan je anpil Ayisyen sou wòl “bandi ak Bib” jwe nan malsite pèp Ayisyen an. Detanzantan, laprès leve soutàn kèk Pè Katolik, Pè Piskopal ak Pastè Potestan yo bare nan konfyolo ak rezo kidnapè PHTK-CIA. Èske sa ta vle di se bandi sèlman ki ekziste anndan legliz? Èske sa ta vle di pa gen okenn fason moundebyen Ayisyen kapab mobilize fòs anndan legliz yo pou ede pèp Ayisyen an libere tèt li?

***

Toussaint te reponn Leclerc:

«E zam pa ou yo? Mwen t ap pran yo nan men ou epi mwen kale ou ak yo!»

Se ekzakteman sa Doktè Martin Luther King te fè nan peyi Etazini. Li te itilize Bib blan malveyan yo pou li louvri je pèp la epi mobilize fòs ki nesesè nan goumen kont gouvènman rasis Etazini. Menmman parèyman pou Teyolojyen Liberasyon Leonardo Boff nan peyi Brezil, Evèk Oscar Romero nan peyi Salvador, Pè Gérard Jean-Juste, Pè Ti Jean Pierre-Louis, Pè Jean-Marie Vincent, Pè Antoine Adrien, Monseyè Willy Romélus ak Pè Jean-Bertrand Aristide nan peyi pa nou. Kidonk, pa gen pyès eskiz pou Kretyen Ayisyen ki, jounen jodi a, ta chwazi kanpe sou move bò a, nan konfyolo ak bandi PHTK-CIA, olye yo itilize Bib yo kòm zam liberasyon.

Men yon ekzanp ki fenk pase nan Kominote Ayisyen k ap viv Etazini, ayè Samdi 3 Jen 2023 a. Anndan legliz Bethany ki nan vil New-York, nèg ak nègès vanyan, manm Komite Mobilizasyon Kont Diktati an Ayiti (KOMOKODA) rele chalbari dèyè 2 pastè magouyè, Edy ak Jonathan Bichotte ansanm ak yon kolòn visye ki t ap “ede” bandi PHTK-CIA Claude Joseph blanchi yon ponyen lajan sal.

Menm jan yo te fè l nan vil Montréal, Okanada, ane pase, ayè Samdi 3 Jen 2023 a, se fidèl ki mache nan legliz kèk pastè raketè ki te vin pote lakèt nan kwi bandi Claude Joseph. Kretyen magouyè sa yo envesti nan kanpay bandi PHTK-CIA a, ak lespwa boul bòlèt yo ka asiste tiraj nan seleksyon pike kole blan malveyan yo pare pou òganize sou koloni an. Kidonk, lajan Ladim, lajan Paspò ak lajan Petwo te rasanble nan menm kòbèy, anndan yon legliz ki ta sipoze tanp Bondye a.

Tankou Montréal, goumen te pete anndan legliz Bethany nan New-York osito yon sitwayen te poze kèk vrè kesyon osijè bilan 10 zan rejim bandi Martelly-Jovenel la, kote Claude Joseph te gwo majòjon. Douvan pòt legliz Bethany, nèg ak nègès vanyan KOMOKODA t ap layite slogan piman bouk: «Mare machann paspò Claude Joseph!»,  «Ti Klod, ou di ou se Jovenelis, vin montre pèp Ayisyen an, kote jaden bannann nan ye!»; «Anvan parenn nan te sakrifye fiyèl li, èske Jovenel te remèt 6 milyon dola vèt Martelly te foure men pran nan kès leta a epi bay Jovenel fè fo jaden bannann nan?».

Anverite, jou a rive pou chak Kretyen Ayisyen louvri Bib li nan Jan 2 vèsè 15 epi suiv ekzanp Jezi ki te mare kòd, fè fwèt pou li kale bounda Petwo Vòlè ak Petwo Sitirèz ki te pouse radiyès pèmèt, fè kay Bondye a tounen yon makrèl.

Non! Konpatriyòt, nou pa gen dwa tolere yon epidemi parese anvayi nou toupatou. Tout parese ki vle vin rich rapid vit, san travay; Kit se Katolik, Potestan, Piskopal, Batis, Alvantis osnon Vodouyizan…ki nan konfyolo ak Petrovòlè, selon sa nou li nan Jan 2 vèsè 15, Jezi di: «pa neglije ba yo bwa kale!»

Alelouya ! #Bwa!

Comments are closed.