
« Blan Malveyan Entènasyonal se alye natirèl malfèktè lokal tout koulè – Konsa tou, moundebyen tout plimay se bon jan alye Pèp Ayisyen an ».
Konpatriyòt onè!
Jodi a, Dimanch 25 Janvye 2026, mwen bese byen ba pou nou salye tout manman ak papa k ap brase, chak jou ki jou, an Ayiti tankou aletranje, pou lavi pitit yo kapab vin miyò.
Kòmalòdinè, mwen pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang tèwòris Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan.
Jodi a, Maten, ti bourik listwa nou, pral fè yon premye kanpe nan kalfou 1792-1793
Kòm nou konnen, depi 1791, zile a te cho ak mouvman revolisyon. Dife Bwa Kayiman limen san rete nan deng kolon esklavajis. Blan Franse ajinse, y ap fè may pou retabli fòs yo sou tout koloni an.
Nan mwa Septanm 1792 deblozay pete nan peyi Lafrans. Wa pèdi pye, Repiblik pran pouvwa a. Vwalatilpa, Kòmandan Desparbès, ki te alatèt yon ekspedisyon Lafrans voye sou zile a, se patizan Wa misye te ye. Osito nouvèl dechoukay Wa Louis 16 rive Ayiti, nan mwa Oktòb 1792, Desparbès ak Sonthonax tonbe nan lese frape paske, dezòmè, Sonthonax pa t nan santiman ak Wa ankò; kote pouvwa an chita se la li geri bosko l. An bon abolotcho, Sonthonax pran devan li di kolon blan sou zile a, li menm ak lòt komisè yo pa nan tete lang ak kikseswa k ap simen dezòd pa bò isit, kit se esklav revòlte, kit se fanatik Wa ki pa vle dakò viktwa Repiblik nan peyi Lafrans.

Sa ou tande a, tout kolon blan te bat bravo lakontantman lè Sonthonax arete chèf yerachik li, Desparbès, ansanm ak 25 ofisye ki t ap jennen pye l epi, li pimpe yo tounen nan peyi Lafrans. Konsa, pouvwa Sonthonax dedouble e, kòm se entèlijan li konnen l ye, li ofri Jeneral Afriken yo garanti libète pèsonèl yo si yo ede l konbat rebelyon esklav lan. Men, nèg yo reponn Sonthonax yo di l: “monchè ale w lavoum, nou pa p met konfyans nou nan moun ki fenk dechouke Wa pwòp peyi yo”. Kidonk, Sonthonax, Pòlverel ak Ailhaud sètoblije chanje taktik. Yo gaye kò yo sou zile a. Pòlverel ak Ailhaud pati nan Lwès ak nan Sid peyi a, tandiske Sonthonax kanpe nan Nò. Yo gwosi lame ak promosyon yo bay plizyè milat tankou Rigaud, Chanlatte, Beauvais, Pinchinat epi Villate. Yo rebatize rejiman ki rele “Légion de St-Domingue” lan “Légion de l’Égalité” yon fason pou yo ka lolo milat yo ak pwomès egalite ant blan ak milat sou do esklav Afriken, jan anpil nan yo te toujou reve a.
Konpatriyòt, èske menm jan avèk mwen, ou remake gwo resanblans ant konpòtman kolon magouyè Sonthonax ak konpòtman nouvo kolon Anbasad Kò Gwoup yo k ap dirije yon pyès teyat trajikomik an Ayiti semèn sa a?
Jisteman, annou kite Maten, ti bourik Listwa nou bwè ti tak dlo pandan n ap founi je pi fon nan aktyalite k ap boulvèse nanm pèp Ayisyen an gwo jodi Dimanch lan, 2 semèn avan 7 Fevriye 2026.
***
Gwo estera lòbèy pete ant 10 popetwèl Sonthonax tan modèn yo mete pran pòz ap dirije Ayiti: 9 magouyè ki resevwa tit Konseye Prezidan, yon lòt ki pote tit Premye Minis. Tankou tout moun te ka wè sou divès rezo sosyal, Chajedafè ameriken an Henry T. Wooster ak anbasadè kanada an Ayiti André Francois GIROUX, deklare vyèy timen yo, yo pa dakò pou KPT a revoke Alix Didier FILS-AIME, yon sibòdone yerachik menm KPT sa a ki te nonmen l lan!
San jènman ni ezitasyon, blan yo deklare, daprèzavwa manda KPT a ap bout 7 Fevriye 2026, 9 lapèsonn yo pa gen dwa pran pyès desizyon ki angaje Ayiti. Blan Meriken, atravè Depatmandeta, rive menm voye yon pinga san filtè diplomatik kote li konpare manm KPT yo ak gang e yo ajoute “riske gen konsekans grav pou nenpòt responsab politik Ayisyen kowonpi” ki ta vle revoke Alix Didier Fils-Aimé. Tousuit apre Etazini ak Kanada, Inyon Ewopeyèn ak OEA pibliye pwòp nòt pinga pa yo, ki ale nan menm sans la. Daprè plizyè sous enfòmasyon, chak mwa Alix Didier FILS-AIME ta depanse 35 mil dola ameriken pou peye lòbiyis nan peyi Etazini. Wi, “lòbiyis” se yon bèl ti non kamouflay zòt sèvi pou “responsab politik kòwonpi” pa yo. Nèg kòwonpi Ayiti grese pat blan lòbiyis Etazini.

Antouka, vle pa vle, pèp la sètoblije viv teyat trajikomik youn sou lòt. Pandan konseye prezidansyèl Leslie Voltaire ak Edgard Leblanc t ap bay konferans pou konfime bri kouri kòmkwa KPT a fenk vote revokasyon PM defakto Didier Fils-Aimé, demannyè pou se yon ekip tounèf ki pran gouvènay peyi a nan jou ka p vini yo, mouche Fils-Aimé, li menm, t ap fè parad an pen pan, bradsi bradsou ak KP Laurent Saint-Cyr epi DG Lapolis Vladimir Paraison. Mesye yo te antoure ak blan gwo babin ki te vin fè ekzibisyon gwo bibit ak yo nan gradiyasyon 877 nouvo polisye. Pandanstan, rezolisyon revokasyon PM defakto a, po t ko janm rive sou tab piblikasyon jounal Le Moniteur. Blan yo di “pas – z – un pas!” tou 2 reprezantan sektè prive ki alatèt Pouvwa Ekzekitif la kanpe rèd k on ke makak.
Ojis, sanble, nan moman an se mesyedam sektè mafyozo yo k ap fèl gòl, toupatou. Vwalatila, Lendi 12 Janvye 2026, Chanm Depite Etazini te vote « LWA H.R 6504 » ki bay yon ralonj 3 zan an favè Pwogram Komèsyal «HOPE & HELP». Se Pwogram sa yo ki pèmèt rad ak lòt pwodwi tekstil ki fèt an Ayiti antre sou mache ameriken an san yo pa peye taks ladwann. Pandan katastwòf ekonomik aktyèl la, aktivite sila a reprezante 90% machandiz Ayiti voye aletranje. Nouvèl Radyo Rezistans fè konnen: “malgre lwa sa a pèmèt patwon yo pa peye taks pou machandiz yo voye Etazini, yo kontinye peye ouvriye yo salè ki pi ba nan rejyon an“. An verite, se salè pwatrinè sa a Blan Malveyan Lokal ki renmen rele tèt yo “Sektè Prive” a toujou ap klewonnen kòm yon swadizan “avantaj konparatif” Ayiti genyen sou mache entènasyonal la. Se konsa Blan Malveyan Lokal yo fè piblisite pou esklavaj makiye ki mete anpil milyon nan kanè bank yo.
Pandanstan, daprè repòtaj Radyo Rezistans, Jedi 15 Janvye 2026, Tewòris Taliban Kanaran, Jeff Gwo Lwa ap dirije yo touye Rolens DEBRETON. Tewòris yo antre kay viktim nan yo rale l mete deyò, epi yo koupe plizyè pati nan kò li. Rolens DEBRETON, se yon elèv Lise Montrouis ki te nan 3èm segondè (NS1). Daprè pwofesè, Rolens se te yon elèv ki te gen anpil kapasite, fanmi l te konte sou li anpil. Kidonk, tout kominote Montrouis ap viv yon gwo chòk.
Konpatriyòt, an verite, se pa jodi a blan malveyan yo ap distribye zam fann fwa sou zile Ayiti pou ankouraje nèg ak nègès masakre youn lòt pandan, an reyalite, se enterè blan malveyan lokal ak entènasyonal yo y ap defann.
Avan nou retounen ak ti bourik listwa nou nan ane 1793, annou li deklarasyon Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas osijè teyat trajik aktè sinik yo ap ofri peyi a…

Nan yon lèt ki pote dat 24 Janvye 2026, ak siyati KP Smith Augustin, misye mande Laurent Saint-Cyr konvoke yon reyinyon prese prese pou evite plis deblozay antre yo. Ala traka pou lave kay tè!
***
Nan mitan ane 1793, lame Sonthonax lan te kòmanse pran baf seryezman. Sou sis mil (6000) sòlda Franse ki te debake ak li, se twa mil senk san (3500) sèlman ki rete, ikonpri “milat” trèt li te rale ak siwomyèl promosyon toudenkou nan “La légion de l’Égalité” depi lò li te fenk debake a.
Nan mwa Me 1793, Lafrans voye yon Gouvènè tou nèf ki rele Jeneral Galbaud. Vwalatilpa, Galbaud rive tou cho tou bouke, li tonbe nan chirepit ak Sonthonax osijè bann “milat” misye te foure nan lame a. Sonthonax etank gwo mètdam, avoka ki profesyon l, de tan twa mouvman, li pati tripotay sou Galbaud kòmkwa misye trayi Repiblik Lafrans. Sa ou tande a, kòm Galbaud refize degèpi, lagè pete sou zile a. Patizan Galbaud ak patizan Sonthonax ap kwaze fè.

Lè Sonthonax gade byen, li wè majorite blan Okap kanpe ak Galbaud epi tout alantou vil la gen Afriken nèg Mawon nan mòn yo, misye voye pawòl siwomyèl pou 2 gran chèf yo, Pierrot ak Makaya; Li di: “Mwen sèmante volonte Repiblik Fransèz lan, se pou li bay libète jeneral pou tout Afriken nèg vanyan ki ede Komisyon Sivil lan goumen epi mete lòd nan dezòd“. Fo paplis! Anvan Sonthonax te fèmen bouch li, plizyè milye nèg Afriken kannale desann sou vil Okap. Se sa yo bliye yo pa fè kolon blan patizan Galbaud yo pase. Nan fen mwa Jen 1793, Galbaud mete van nan vwèl li ak plizyè patizan, y al pran souf nan vil Baltimore, Ozetazini.
Zam Sonthonax ak Galbaud yo te soti nan peyi Lafrans. Zam malfèktè Bigio, Apaid, Babekyou, 400 Mawozo, Kraze Baryè, KPT, Didier Fils-Aimé, Laurent Saint-Cyr ak Core Group yo soti drèt dirèk kay Biden, kay Benjamin Netanyahu, kay Donald Trump.
Nan Kreyòl Sonthonaxik pa yo, Anbasad Etazini te deklare: “Manm KPT a ki dèyè jete PM nan se kriminèl, menm jan ak gang yo”. Lè mwen analize aksyon ak deklarasyon Blan Malveyan Entènasyonal yo fè semèn pase a, mwen ofri Tradiksyon Kreyòl Veridik sila a pou sa blan an di a:
“Popetwèl KPT yo gen foli jete ti PM popetwèl nou menm, Blan Malveyan Entènasyonal yo, mete pwoteje pouvwa alye natirèl nou ki se Blan Malveyan Lokal yo (Acra, Bigio, Apaid, Deeb…). Atansyon! PM popetwèl nou an ka jwenn sipò tout alye nou nèt alawonnbadè: kit se Diplomat Kò Gwoup yo, Mèsenè Erik Prince yo, tewòris Viv Nan San yo, PNH, FAdH, CIA, tout sa ki nesesè!”.
***
Apre makòn Nèg Mawon Pierrot ak Makaya yo te fi n sapata vil Okap byen sapata, yo ranmase tout zam yo te jwenn epi yo retounen nan mòn yo. Sonthonax wè bagay la myèl, li sipliye Jeneral nèg Afriken ki te nan lame blan Panyòl yo pou yo mare fache ak Lespay epi vi n jwenn li pito. Sonthonax deklare puiske, alèkile, se li menm ki te sèl kòk chante sou bò Lafrans lan, li bay bon jan garanti, sa li di nan non Lafrans, se sa k ap akonpli.

29 Out 1793 Sonthonax pibliye yon dekrè kote li deklare (nan lang Kreyòl silvouplè!) “Toute nègues & milates qui zesclaves encore, nou déclaré io toute libe. Io gagné même droit que toute les autres citoyens Français; mais, io va suivre zordonnance que nous va fait.” Atik 2!
Kidonk, depi 1793 blan malveyan te abitye vire lang li, mamote mo Kreyòl, jan li konnen, jan li kapab, jouk li lolo nèg ak nègès nayif ki konfonn kaka poul ak jòn ze.
Trajikomedi k ap jwe Ayiti nan ane 2026 la depase kad maryonèt politik yo. Lè nou suiv diskisyon ki fenk fèt nan vil Davos, peyi Lasuis, kote Jared Kushner, bofis Prezidan Trump, ki sou menm “Gaza Peace Board” ak li epi ansyen Premye Minis Britanik Tony Blair, kote Kushner ak Trump prezante pwojè katafal bilding konpayi prive milyadè atoufè vle bati nan peyi defen Palestinyen yo kontinye ap masakre yo, li pa pridan pou Ayisyen kontinye fè sanblan nou pa remake se menm senaryo Gaza a k ap vale teren anba lavil Pòtoprens.
Konpatriyòt pa mete nan lespri ou se gang kidnapè Viv Ansanm-PHTK, kolon blan rasi Erik Prince ak Mèsenè Blackwater vin ede Ayiti konbat!
Èske ou te konnen…menm jou 5 Desanm 2022 lè Gouvènman Kanadyen reziyen l, li mete non 3 oligak blan malveyan lokal sou lis bandi ki nan konfyolo ak gang kidnapè an Ayiti yo, kidonk : Sherif Abdallah, Gilbert Bigio ak Reynold Deeb, nan jounal Miami Herald, yo pibliye yon atik kote nou li… (koute sa byen wi!):
«An atandan sanksyon yo sispèk ki ka nan wout, kèk manm sektè prive Ayisyen an rankontre nan Miami ak Ayiti, anba yon parapli tou nèf ki rele Gwoup Macaya. Pami yo nou jwenn : Reuven Bigio, prezidan GB Group ki se byen papa l (Gilbert Bigio, yon gwo milyadè sou zile Ayiti). Diskisyon te tanmen sou yon plan envestisman 10 ane pou Ayiti, epi sitiyasyon politik la ki mangonmen anpil. Dènyèman, manm Gwoup Macaya sa a te rankontre ansyen diplomat Britanik Jonathan Powell, ki te vwayaje vin Pòtoprens pou li rankontre plizyè manm klas politik la, ikonpri Michel Martelly».

Bò kote pa li, OEA anonse byen chèlbè sou paj Twitè li, ki jan 26 Janvye 2023 «Se bèl diskisyon wololoy ki fèt ant ekip Cristo Dupouy ki se Reprezantan Sekretè Jeneral OEA an Ayiti epi lidè Gwoup Macaya yo sou sitiyasyon ekonomik ak politik Ayiti». Mesye yo deklare yo fè bèl plan pou fason yo pral vanse pi douvan, bradsi bradsou. N ap raple ou Gwoup Macaya sa a bandi Bigio alatèt li an, se menm yo menm nan ki swadizan sou lis sanksyon peyi Kanada a. Menm Kanada ki nan Kò Gwoup ansanm ak OEA a!
Ou po ko konprann pou ki rezon se sou timoun 4tran dwòn mèsenè rasis Erik Prince yo tonbe, yo toujou fè flay sou Babekyou, Izo, Lanmò 100 Jou, Jeff Gwo Lwa, Tilapli…?
PNH-CIA, KPT-CIA, PM-CIA, TÈWORIS VIV NAN SAN CIA, Mèsenè Erik Prince CIA…yo tout ap travay pou ede blan malveyan yo masakre nèg ak nègès Ayiti, espesyalman moundebyen inofansif. Pandanstan pouvwa Bigio, Apaid, Acra, Deeb, Trump ap monte pi wo! Se yon alyans Blan Malveyan Lokal ak Entènasyonal k ap frape.
233 ane pase, yon blan malveyan ki te rele SONTHONAX te itilize menm strateji Trump, Macron ak Carney ap aplike kont Ayiti nan moman an. Depi dikdantan, chak fwa enterè blan malveyan yo menase, yo fè pwomès libète ak dantèl pou tout ti chèf souflantchou ki kolabore ak yo. Jodi a, Laurent Saint-Cyr, Alix Didier Fils-Aimé ak Blan Malveyan Lokal yo reprezante yo santi yo ozanj. Men se chen gran ke k ap janbe dife. Pou lizay, sonje se menm jou 29 Out 1793 Sonthonax pibliye dekrè Libète Sentaniz li an, Toussaint Louverture fè deklarasyon sila a:
“Frè mwen yo, zanmi mwen yo. Se mwen menm Toussaint Louverture. Siman, non mwen pa enkoni pou nou paske mwen deja nan batay pou vanje nou. Mwen vle pou libète ak egalite tanmen nan Saint-Domingue. Se pou sa m ap travay. Mete tèt nou ansanm frè m yo epi ede nou goumen pou menm kòz sa a….“.
Nèg ak nègès souf kout, ki espantan lè yo wè blan, te fè Sonthonax plis konfyans pase Toussaint Louverture. Menm jan, alèkile, genyen konpatriyòt ki pito vire do bay Gouvènman Sali Piblik Fanmi Lavalas pwopoze ak tout plan, depi ane 2018 lan…se solisyon blan malveyan Kò Gwoup ki anvayi lòlòj yo. Kidonk, nou kontinye ap gaspiye tan, resous ak enèji nasyon an, ak bandi tout koulè ki anbreye Ayiti sou bak, nan kalfou tenten.
Pou nou menm, sitwayen moundebyen, ki ta renmen gen yon vrè peyi kote se jistis ak verite ki pote viktwa sou enjistis ak manti…solisyon an senp: se dechouke pou nou dechouke rejim trèt tyoul blan malveyan PHTK, neyo-Duvalieris, jideyo-siwo-libanè kidnapè sa a ki fè kadejak sou peyi nou an. E, pou nou pa lave men siye atè, fòk dechoukay la degrife papa tout bandi yo ki gen baz li Wachintonndisi. Si zansèt nou yo te aksepte libète Ti Sentaniz Sonthonax te ofri a, lesklavaj ta ka pa janm kaba sou zile nou an. Se pa kado blan te fè nou, se san zansèt nou yo ki te koule.
Ak Fanmi Lavalas, kòtakòt ak moundebyen tout plimay: “ansanm nou jire pou peyi a rejwenn sekirite a e, ansanm ansanm fòk sa fèt kanmenm!”.
« Blan Malveyan Entènasyonal se alye natirèl malfèktè lokal tout koulè – Konsa tou, moundebyen tout plimay se bon jan alye Pèp Ayisyen an »
