Konpatriyòt, onè!
7 Fevriye 2023 ki sot pase a make 37 ane depi diktati Duvalier-CIA a te fè bèk atè, 7 Fevriye 1986. Granmesi anpil batay, 16 Desanm 1990, gwo majorite pèp Ayisyen an te reyisi kreye pasaj jouk li chwazi dirijan peyi li pou premye fwa.
Se eleksyon sa a ki ponn bèl fèt inogirasyon premye Prezidan ki eli sou baz demokratik tout bon vre, 7 Fevriye 1991. Malgre pikan kwenna koudeta CIA fè nan konkòday ak FAdH epi Vatikan, 5 ane apre, pou premye fwa nan listwa peyi nou, yon prezidan eli sou baz demokratik, Jean Bertrand Aristide, te pase echap Prezidansyèl la nan kou yon lòt Prezidan ki eli sou baz demokratik, René Garcia Préval.
Vwalatilpa, 7 Fevriye 2001, kidonk 22 zan pase, menm prezidan Ayisyen sa yo poze menm jès enpòtan sa a, pou yon dezyèm fwa, apre eleksyon 26 Novanm 2000 yo.
Sila yo ki, alepòk, te fache kont rezilta eleksyon sa yo dwe admèt, granmesi retwovizè listwa, se yo menm ki te nan erè, puiske Ayiti te suiv bon jan pwosesis demokratik pou li reyalize eleksyon ane 2000 yo. Anwetan prejije ak konplèks enferyorite ki ka mete lasi nan je l, yon moun onèt ta dwe admèt eleksyon Ayiti yo te pi bon lontan pase eleksyon blan Meriken te fenk fè lakay pa li menm ane 2000 sa a.
Èske nou sonje ki jan Gouvènè Eta Florida, Jeb Bush, te fè gwo magouy pou ede frè li, George W. Bush, dappiyanp Prezidans Etazini epi chita sou menm chèz boure ak papa li, ansyen Direktè CIA, Herbert George Walker Bush? Wi, «Papa Bush»! Sila a ki te Prezidan Etazini nan ane 1991 lan, epòk premye koudeta FAdH-CIA te fè kont jenn demokrasi Ayisyen an. Orezime, Ayiti sibi move kout zepon zwazo mechan an sou lobidyans ni «Papa Bush» ni «Baby Bush».
Klè kon dlo kòk, majorite popilasyon Ayisyen an toujou mete devwa li opwòp. Se trayizon kèk Afranchi modèn ki kreve rèv li, chak fwa.
Malerezman, jiskaprezan, nan mitan nou genyen yon seri nèg ak nègès kannannan, ki gen sèvo lan. Yo refize fè jijman nèg ak nègès parèy yo konfyans. Sizoka blan malveyan yo ta pase echap nan kou yon zannimo 4 pat, yo pare pou yo ba li ochan rele li, «monsieur le Preyidan», «madame la Preyidant». Epa, semèn sa a dikdal flatè ap ranpe devan yon pè popetwèl: Ariel & Manigat. Podyab! Jiskaprezan «Sèvo lan» yo refize respekte chwa plizyè milyon Ayisyen pitit Lafrik menm jan ak yo.
«Sèvo lan» pa kap. Sa pa janm ka monte pi wo!
Kòmalòdinè, jodi a, anvan nou founi je gade aktyalite semèn nan epi pwopoze kèk aksyon pou nou dechalbore chodyè malveyan tout koulè yo, nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, sa gen plis pase 219 ane pase, nèg ak nègès Ayisyen te goumen ak anpil entèlijans, kouraj epi pèsistans e yo te pote viktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup yo, yon makòn blan malveyan ki te toujou kanpe an gang «Fanmi e alye Ajimal».
Si nou pral founi je nan retwovizè listwa se pa paske nou pa okouran gang PHTK kontinye kidnape epi masakre pèp inosan, rezidan Lopital Jeneral pran lari y ap rele anmwey sekou kont kadejakè ki kraze enstitisyon sanitè kapital la atè plat. Okontrè, se pou nou kapab pi byen konprann aktyalite demeplè sa yo ki fè n ap rale retwovizè listwa.
Youn nan avantaj nèg ak nègès Ayiti genyen nan lit n ap mennen an, se parès lènmi an ki lakòz li toujou resikle menm vye kout zepon yo. Kidonk, si nou byen etidye tras yo kite nan listwa, li posib pou nou detekte move kou yo pare pou nou, lontan alavans.
Parekzanp : ou ka remake, depi kèk tan, se yon «blan po nwa» ki rele Brian Nichols kolon Meriken voye an misyon Ayiti. Bò kote pa li, Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau tounen zwazo vwayajè k ap monte desann kay nèg Jamayik ak nèg Baamas y ap planifye debakman sou zile Ayiti. Se pa pou dat, nou te gen tan prevwa osito bwa a mare pou blan malveyan yo, se nèg ak nègès restavèk yo pral mache rekrite bay pote lakwa, tankou Simon Sirineyen, pou Acra, Bigio, Clinton ak tout eskòt fanmi e alye bandi Kò Gwoup Ajimal yo.
Siman, nou sonje zak malveyans nèg Colin Powell ak nègès Condoleezza Rice te fè epòk preparasyon koudeta 2004 la? Alèkile, blan malveyan ajinse y ap rekrite sòlda jis sou kontinan Lafrik, pou vin ede yo sove sistèm Apated ki alagoni an. Pi douvan mwen pral pataje ak nou listwa yon vanyan gason ki te rele Frederick Douglass, blan malveyan yo te vle itilize menm man parèyman, nan ane 1891, kont nèg ak nègès Ayiti.
Mèzalò, jodi a, annou derape ti bourik listwa nou ak yon premye estasyon ane 1946 nan vil Pòtoprens kote Elie Lescot, youn nan dikdal prezidan milat popetwèl blan Meriken te sele sou do Ayiti, apati envazyon 1915 lan, te pran yon so kabrit nan men jenn etidyan ki te leve kanpe kont li. Lapoula, «Forces armées d’ Haiti» (FAdH) pase men li ranmase yon pouvwa ki t ap trennen nan lari Pòtoprens.
FAdH se yon fo lame, yon krizokal 100% pèpè, kolon blan Meriken te kolepyese, presizeman, pou kore diktati milat rasis li sele sou pouvwa a, depi debakman 1915 lan.
Rezilta: Triyo militè ki rekipere pouvwa a: Lavaud, Levelt ak Magloire òganize elekson pou Sena ak Cham Bas, jou ki te 15 Me 1946 la.
Pami Senatè ki eli yo nou jwenn Louis Déjoie ak Joseph Nemours Pierre Louis. Nan Chanm Bas la nou jwenn nèg tankou Dumarsais Estimé, Edgard Nere Numa ak Thomas Desulmé. O total yo te eli 52 Palmantè ki yo menm te sipoze ekri yon konstitisyon epi nonmen yon Prezidan tou nèf pou Larepiblik.
Palmantè yo pase tout ete 1946 la ap fè gwo diskou osijè “la promotion sociale des masses haïtiennes” nan mitan yon dividal negosiyasyon ki konn kite limyè lachanm pou yo al rapousuiv nan fènwa dèyè pòt kay gwo mouche nan lakou Pòtoprens. Boutanfen, yon jou 16 Out 1946 eleksyon prezidansyèl fèt nan lachanm. Lè rezilta pran lari se te rèl anmwey!
Vwalatilpa, Kolonèl Demosthènes Calixte ki te kandida MOP, pati nwaris Daniel Fignolé a, pati Woulo Konpresè a, pati mas pèp la …pa prèske ranmase okenn vòt ditou ditou. Edgard Nere Numa, yon nèg nwa milat rich Louis Dejoie te voye devan ansakalite de Prezidan “de doublure” pa asiste tiraj non plis. Se menm rezilta a pou Bignon Pierre Louis, yon kandida “de doublure“, kidonk yon popetwèl, ki te sou bidjè O.J. Brandt, yon blan Angle ki fèt sou zile Jamayik men ki te fin rich granmesi tout kalite rakèt li t ap fè ak leta Ayisyen, depi kèk ane.
Ototal te gen 8 kandida, pami yo tout, se yon palmantè nwa, Dumarsais Estimé, ansyen Minis Levasyon Nasyonal, ki pote laviktwa nan dezyèm tou eleksyon prezidansyèl la. Sa ou tande a, daprèzavwa Daniel Fignolé sispèk se vòlè mesye yo vòlè eleksyon an nan men MOP ak mas popilè yo, Woulo Konpresè desann nan lari Pòtoprens, Pèp Vanyan mache pete depi se limyè elektrik ki tonbe anba men yo.
Prezidan Dumarsais Estimé pa fè ni de ni twa, li eseye fòme yon gouvènman inyon nasyonal. Yon gouvènman kole pyese kote li bay Fignolé pòs Minis Levasyon Nasyonal, li bay George Rigaud, yon milat ki pat pase nan eleksyon Prezidansyèl la pòs Minis Komès e, menm François Duvalier ki te nan MOP ak Fignolé, li bay misye pòs Direktè nan Depatman Sante Piblik.
Apre 65 jou, Fignolé fè yon kraze kite sa. Lapoula, Prezidan Estimé dekrete Pati Kominis Ayisyen òlalwa. Èske se mannèy li t ap fè pou blan Meriken kolabore ak li? Antouka, François Duvalier li menm deside trayi Fignolé ak tout ekip MOP la, li chita chita l nan gouvènman Estimé a, jouk li rive pran grad Minis Sante Piblik nan ane 1949.
Souple, fè on kanpe ti bourik listwa a, pou nou salye André Michel, Avoka Pèp la. Salut wi cher maitre!
Men kijan Istoryen Lyonèl Paquin kategorize pi gwo batayè ki t ap voye zepon nan gagè politik Ayiti alepòk.
Anplis, te gen 2 Pati Kominis. Youn, sete Parti Communiste Haitien ki sou kontwòl milat yo, epi lòt la se te Parti unifié des communistes haïtiens (PUCH) nèg nwa kontwole. Se yon pè Legliz Episkopal, Dorléans Juste-Constant, ki te alatèt PUCH. Kidonk pè nan yon legliz ki sou lobidyans blan Meriken ki alatèt yon pati Kominis Ayisyen! W ap savwa!
Ki jan Prezidan Dumarsais Estimé te kanpe nan gagè sa a?
Nou va tante reponn kesyon sa a pi douvan, apre ti bourik listwa n fin bwè ti tak dlo.
***
Nan aktyalite jodi jou, Mèkredi 1 Fevriye 2023, faktori fyèl pete nan sektè tekstil la revoke plizyè milye ouvriye akòz patwon tankou mouche Apaid ki di yo pa gen ase kòmand. Daprè kèk ouvriye, tout sa se mannigans patwon pou revoke ouvriye san avètisman.
Yon lòt kote, malgre pwogram gouvènman Ameriken mete kanpe, pou resevwa 30 mil migran Ayisyen, Kiben, Venezyelyen ak Nikaragweyen, plizyè dizèn konpatriyòt Ayisyen kontinye riske vi yo sou lanmè pou rantre nan peyi Etazini. Lendi 30 ak Madi 31 Janvye a, gadkòt Ameriken mennen retounen an Ayiti, 309 konpatriyòt ki t ap tante rantre Etazini sou ti bato Vwalye. Pou finisman ane 2022 a, pou pi piti, se 2513 frè ak sè nou gadkòt Ameriken pimpe retounen Ayiti. Pami yo, anpil ti moun piti ak fanm.
Madi 31 Janvye 2023, lajistis Etazini rantre Ayiti bridsoukou yo ranmase 4 moun lajistis Ayisyen enkilpe nan sasinay Jovenel Moise. Enkilpe sa yo se, Ayisyano-Ameriken James Solage, Joseph Vincent, Christian Emmanuel Sanon ak ansyen kolonèl lame Kolonbyen German Riveira Garcia.
Daprè jounal Miami Herald, Solages, Vincent ak Garcia riske pran prizon avi, epi Sanon riske pran 20 tan prizon. 4 akize yo pase devan tribinal federal Meriken Mèkredi 1 Fevriye 2023, nan vil Miami. Pèp Ayisyen pa janm gen pyès esplikasyon sou sa. Se tande popilasyon an tande Meriken vin pran enkilpe yo pou li jije sou teritwa pa li. Kipizè, Jij Enstriktè Walter Wesser Voltaire ki sipoze gen kontwòl ankèt la admèt li menm non plis, li pa t okouran operasyon blan Meriken yo. Menm jan ak tout Ayisyen, se wè li wè prizonye ap monte avyon blan yo.
Vwalatilpa, ayè Samdi 10 Fevriye a, bri kouri Dimitri Hérard, ansyen Enspektè Polis, Chèf Sekirite Palè Nasyonal sou Jovenel Moise, ta mouri sasinen nan Penitansye Nasyonal. Rapid vit, yon lòt bri kouri, kòmkwa tout sa se mannigèt bandi PHTK ki vle pran menm chimen ak lòt enkilpe ki te rantre nan dyakout mèt “chat ak chen sou kòmand” yo. Komisè Gouvènman defakto rejim bandi a, Jacques Lafontant, deklare menm ayè Samdi an, li pale ak yon responsab prizon sivil Pòtoprens ki konfime tout bri kouri se manti – Dimitri Hérard pa fè wonn pòt – jiskaprezan!
Fouyapòt temerè kontinye poze kesyon demeplè: Genyen ki mande Kote Samir Handal? Kote Martelly? Kote Arcangel Pretel? Mèt chat la, ki se mèt chen yo tou, reponn an bon Angle: Jovenel yo te pou yo, asasina yo pou yo, asasen yo pou yo, ankèt ak jijman pou yo tou. Kidonk, kite sa la, pou l pa fè zen!
Mezanmi, pito nou remonte ti bourik listwa nou epi kanpe nan yon lòt estasyon epòk ane 1946-1950.
***
Aksyon Prezidan Dumarsais Estimé ta pral koresponn ak orijin epi fòmasyon li. Dumarsais Estimé te pitit peyizan Latibonit. Li te ale lekòl menm kote ak majorite klas mwayèn peyi a, ki pat gen ase lajan pou voye pitit yo lekòl kay frè, men ki te gen yon bon altènativ pou bay pitit yo yon edikasyon solid. Li fè klas li Lise Pétion. Kidonk, nou pa etone tande kijan Prezidan Estimé ranmase pouvwa a ak yon detèminasyon fèm pou pitit peyizan yo jwenn lavi miyò.
Onivo politik, gouvènman l lan te reyisi vire bagay yo tèt anba. Tandiske, depi lokipasyon, se milat ki t ap vòlè lajan nan administrasyon leta, sou Prezidan Estimé se nèg nwa ki t ap penpennen. Pou premye fwa, Anbasadè Ayisyen nan vil Washington sete yon nèg nwa. Onivo sosyal menm, tandiske Vincent ak Lescot t ap pèsekite Vodouyizan, sou Prezidan Estimé tout gran atis pent Ayisyen tankou Hector Hyppolite, Philomé Obin tounen vedèt entènasyonal k ap ekzibe imaj vèvè, tanbou ak kwi toupatou sou latè – menm anndan kè Katedral Ste-Trinité. Troupe Nationale Folklorique ap bay payèt. Nègès Katherine Dunham tonbe damou. Etnològ an ran y ap debake vin dekouvri yon Ayiti kote gen yon Kilti Nwa k ap boloze tèt kale bobis.
Onivo ekonomik, te gen gwo pwogrè tou paske Leta Ayisyen te reyisi achte tout aksyon CITIBANK an Ayiti. Kidonk, pou premye fwa depi lokipasyon, Ayiti jwenn liberasyon finansyè total kapital. Epi, se la tou banbòch nwaris la te pral fè bèk atè.
Malgre tout lakilbit Estimé t ap fè pou li bay nèg nwa plis plas nan leta e, an menm tan, bay milat yo tout kalite avantaj nan domèn komès peyi a, gen anpil moun ki te konsidere misye kòm yon eleman jenan, yon gate pati ki merite elimine.
Konpatriyòt, m ap kite ti bourik listwa nou bwè dlo, pou nou fè yon lòt koudèy sou aktyalite jodi jou.
***
Nou tout sonje ki jan, nan mwa Oktòb 2022 ki fenk pase a, bandi Ariel Henry te ajenou nan pye blan malveyan yo li mande yo anvayi Ayiti, kouri vin ede l sove sistèm nan. Apre sa, Kanada voye 2 seri cha blennde pandan Anbasadè li nan Nasyonzini, Bob Rae, te debake nan Pòtoprens vin evalye sitiyasyon an. Lè li tounen Kanada mouche Bob Rae deklare nan laprès: “nou pa anvi repete erè nou te fè nan lepase”. Malerèzteman, blan an pa bay kenn detay sou “erè” li pran pòz l ap konfese yo. Èske reyinyon konplotay 31 Janvye – 1 Fevriye 2003 “Inisyativ Ottawa sou Ayiti” ki vin ponn koudeta 2004 la, kote 7000 reprezantan lejitim Pèp Ayisyen an sibi vyolans koudeta, kote MINUSTAH-Kolera fè plis pas 50 mil kadav, kote se asasen, dilè dwòg GNBis, PHTK ki anvayi leta, defilfare kòb rekonstriksyon apre Goudougoudou a, kòb Petwo Karibe, kòb transfè dyaspora, nan mitan yon lanfè gang G9 k ap fè kidnapin ak masak, kraze tout enstitisyon peyi a atè plat…èske se sa Bob Rae rele “erè” Kanada pa ta vle refè yo?
Antouka, nou pran nòt, menm Bob Rae sa a fenk deklare chètout li genyen pou pwojè remobilize defen lame krizokal FAdH la. Zouti blan Meriken te kreye pou kraze zo mas pèp nwa a. Tankou istoryen Michel-Rolph Trouillot raple nou sa, swadizan lame 100% krizokal blan yo te batize FAdH la pa janm goumen kont pèkeseswa ki pa Ayisyen. Parekzanp, nan ane 1957, pandan koudeta militè kont Prezidan Daniel Fignolé, FAdH sasinen plis pase 500 moun Bèlè ak Lasalin. Kidonk, pwojè rezireksyon defen FAdH nan moman an pa yon mistè. Rezondèt li klè epi senp. Blan malveyan enperyalis yo, aletranje tankou sila yo ki sou zile a, toujou bezwen yon fòs maspinay yo ka mobilize sizokapaka kont mas pèp la, pou kore dezòd etabli a, sistèm peze souse a, Apated sosyal ak ekonomik lan.
Pa mete nan lespri ou se gang kidnapè G9-PHTK, blan Kanadyen vle ede Ayiti konbat!
Èske ou te konnen…menm jou 5 Desanm 2022 lè Gouvènman Kanadyen reziyen l, li mete non 3 oligak blan malveyan lokal sou lis bandi ki nan konfyolo ak gang kidnapè an Ayiti yo, kidonk : Sherif Abdallah, Gilbert Bigio ak Reynold Deeb, nan jounal Miami Herald, yo pibliye yon atik kote nou li… (koute sa byen wi!):
«An atandan sanksyon yo sispèk ki ka nan wout, kèk manm sektè prive Ayisyen an rankontre nan Miami ak Ayiti, anba yon parapli tou nèf ki rele Gwoup Macaya. Pami yo nou jwenn : Reuven Bigio, prezidan GB Group ki se byen papa l (Gilbert Bigio, yon gwo milyadè sou zile Ayiti). Diskisyon te tanmen sou yon plan envestisman 10 ane pou Ayiti, epi sitiyasyon politik la ki mangonmen anpil. Dènyèman, manm Gwoup Macaya sa a te rankontre ansyen diplomat Britanik Jonathan Powell, ki te vwayaje vin Pòtoprens pou li rankontre plizyè manm klas politik la, ikonpri Michel Martelly».
Bò kote pa li, OEA anonse byen chèlbè sou paj Twitè li, ki jan 26 Janvye 2023 «Se bèl diskisyon wololoy ki fèt ant ekip Cristo Dupouy ki se Reprezantan Sekretè Jeneral OEA an Ayiti epi lidè Gwoup Macaya yo sou sitiyasyon ekonomik ak politik Ayiti». Mesye yo deklare yo fè bèl plan pou fason yo pral vanse pi douvan, bradsi bradsou. N ap raple ou Gwoup Macaya sa a bandi Bigio alatèt li an, se menm yo menm nan ki swadizan sou lis sanksyon peyi Kanada a. Menm Kanada ki nan Kò Gwoup ansanm ak OEA a!
E vre?
Moun sa yo!? Good Morning yo pa laverite!
Lè yo fente agoch, konnen, sanzatann, se adwat y ap franchi sou ou!
Kidonk, jodi a, si ou tande bri avyon k ap fè laviwonndede sou tèt baz bandi pandan pèp Ayisyen an kontinye sibi tout kalte zak vyolans, san di pètèt, se Kò Gwoup, PHTK an fanmi e alye k ap detire jiskobou pou yo “sove sistèm nan“. An verite kaka je pa linèt!
***
Konpatriyòt, annou fè yon twazyèm kanpe ak ti bourik listwa nou nan kafou 1946-1950.
Malgre anpil anpil bon bagay li reyalize, lè nou gade bilan Prezidan Dumarsais Estimé ak gwo loup, nou ka wè li pat reyisi fè yon pwèlyèm nan kalte revolisyon nwaris Daniel Fignolé t ap pale a. Ni non plis, li pat deranje yon yota nan manman chapant sosyete Ayisyen an. Parekzanp, tout bèl travay Prezidan Estimé reyalize nan kad Ekspozisyon Bisantnè vil Pòtoprens, kote gwo traktè te vin pouse lanmè a, bay granri ak Bisantnè plas pou yo layite, se bèl pwogrè. Men se te pou kilès? Èske sete pou peyizan Latibonit, peyizan nan Nò, nan Sid, nan Grandans, nan tout fon kè peyi a? Non! Sete menm ti gwoup nwa ak milat privilejye vil Pòtoprens yo ki te kontinye ap bwè lajan yo nan yon epòk kote lagè fini an Ewòp. Kidonk, touris t ap debake pil sou pil vin degoudi ren yo nan yon anbyans ekzotik.
Pou li te ka konsole milat Pòtoprens yo ki te pèdi pye nan aparèy leta a, Prezidan Estimé te bay ekip voras sa yo yon dividal avantaj bab e moustach nan endistri touristik la. Poudayè, nan tout Karayib la, se sèl Ayiti ki te genyen yon latriye otèl ki te rele natif natal yo chèmèt chèmètrès. Twa ka, si se pa tout otèl sa yo, se milat ki bati yo ak lajan gouvènman Estimé a te ba yo. Istoryen Lyonel Paquin di nou, se sou woulib sa a, Louis Déjoie tou pwofite vin miltimilyonè.
Malgre sa, anpil milat pat vle wè Estimé e yo pat janm sispann konplote pou yo ba li yon so kabrit. Plis Estimé tap eseye tanporize milat sa yo, se plis yo t ap vin awogan.
Pandanstan, boujwazi nwa Pòtoprens lan li menm, kisa li t ap regle? Ekip pa itil sa a pa t ap regle anyen ki serye ni pou pèp, ni pou konsolide pouvwa ekonomik sou baz solid tankou komès osnon endistri. Okontrè, vin genyen yon latriye jwisè k ap depatcha kès leta a nan non “La promotion sociale des masses haïtiennes“. Èske gen tan pou nou kanpe epi voye salitasyon pou PHTK, Inite, Ede, SDP, Fusion, OPL ak Pati Pitit Dessalines?
Ok, annou vanse…
Okenn gwo pwojè pa t reyalize an favè vil yo, alevwa pou manman popilasyon an k ap vejete anndan fon kè peyi a – kote zòt batize «andeyò» a. Orezime «La Promotion sociale des masses haïtiennes» se franse nèg nwa ak nèg milat Pòtoprens t ap rablabla lè dòz tafya sele lespri yo osnon, tankou granmoun yo konn di : “lè dan radòt yo ap grate yo“.
Konsa tou, moun nan fon kè peyi a pat okouran lè 6 Jiyè 1948 eskandal te pete nan Pòtoprens paske yon milat ki te rele Gérard Viaud te pete sèvèl yon patizan Estimé ki te rele Jean Remy, epi pèp Pòtoprens te mache rachonnen Viaud jouk li trepase. Bagay konsa se jwèt brital ant nèg lavil, sa pa regade peyizan!
Non plis, pa t gen moun ki te vin esplike peyizan yo kwakseswa osijè eskandal plizyè milyon dola benefis lavant fig bannann ki te disparèt nan kòfrefò leta, nan vil Pòtoprens. Sa pa regade peyizan!
Konpatriyòt, yon lòt fwa, m ap kite ti bourik listwa nou bwè dlo nan kafou ane 1946-1950, pou nou ka fè yon lòt koudèy sou aktyalite jodi jou.
***
Vandredi 3 Fevriye 2023 a, plizyè bandi ak zam ki sou moto, touye 5 moun epi blese plizyè lòt nan mache Salomon. Sitiyasyon sa a, te lage yon gwo panik nan zòn ri Monseyè Guilloux, touprè estad Sylvio Cator. Daprè deklarasyon kèk machann nan mikwo Radyo Rezistans, se 2 gwoup gang k ap goumen pou gen kontwòl mache Salomon.
Machann yo di se gouvènman PHTK 3zyèm vèsyon INITE, Fizyon Sosyal Demokrat yo, Sektè Demokratik Popilè (SDP) a ki mare sosis li ak gang yo, ki fè gang yo vle gen kontwòl mache yo.
Pa gen wout pa bwa! Se yon gwo leve kanpe dechoukay pwennfèpa popilasyon an dwe fè kont pichon rejim bandi legal sa a.
Vandredi 3 Fevriye, bandi ak zam kidnape Jean Thony Lorthe ak 2 lòt moun pwòch li, nan zòn Laboul 12. Lorthe, se jounalis radyo Vizyon 2000, ki prezante emisyon nouvèl “Rafrechi memwa” chak swa. Daprè enfòmasyon Radyo Rezistans jwenn sou rezo sosyal yo, Lorthe ak 2 lòt moun ki pwòch li ta prale nan antèman yon bèlsè li, nan komin Kafou. Daprè menm sous yo, te gen plizyè lòt machin ki gen moun ki ta prale nan antèman an, yo te deside pase Laboul 12. Pwovèb la di “kouri pou lapli, tonbe nan basen”. Sa vle di, moun yo t ap evite pase Matisan pou gang Vilajdedye ak gang Granravin pa kidnape yo. Malerezman, yon lòt gang kidnape yo Laboul. Se tout peyi a nèt gouvènman kriminèl PHTK a lage bay gang yo, pandan l ap sipliye fòs militè etranje debake vin okipe Ayiti – dekwa pou kriminèl an fanmi e alye pa janm fè fas ak lajistis!
Nan nuit Mèkredi 8 Fevriye 2023, gang Tisavyen sasinen 8 moun, yo kidnape 6 lòt, nan komin Vèrèt. Daprè Radyo Rezistans, gang Tisavyen an atake komin Vèrèt nan yon machin polis yo te vòlè depi sasinay 7 polisye Mèkredi 25 Janvye a, nan komin Lyankou. N ap raple ou, depi apre zak sa a, plizyè komisarya pa gen polisye nan depatman Latibonit lan.
***
Konpatriyòt, annou fè yon dènye kanpe ak ti bourik listwa nou nan kafou 1946-1950.
Kidonk, nou di : si 1946 te gen pou li ponn yon revolisyon radikal, koze sa a te mouri depi nan vant. Nan koumansman ane 1950 lòd te pase pou yo fè dènye kout bistouri ki pou remete bagay yo nan lòd tradisyonèl yo. Bri koumanse kouri Kolonèl Magloire, nèg nwa ki nan lasent trinite koudetayis la t ap file zepon li kont Prezidan Estimé. Pèp Pòtoprens pran lari. Anplwaye leta fin dechennen, nèg ap sonnen klaksonn machin yo, y ap leve ponyèt yo byen wo pou di : kou sa a pap pase! Epi, toudenkou, radyo anonse “Prezidan Estimé bay demisyon li, dezòmè se yon jent militè ki opouvwa“. O o ! epa ou sezi? Se lasent trinite k ap feraye monnami – 2 milat, 1 nwa: Lavaud, Levelt epi vwala Magloire!
Istoryen Lionel Paquin di, menmsi li pa ka konfime se konsa sa te pase egzakteman, li kwè Estimé te gen tan okouran Magloire ap konplote kont li ak mesye milat ki te nan opozisyon yo jouk li ofri Magloire yon pòs Anbasadè (kanpe lwen) nan peyi Venezyela. Sanbletil, Magloire te dakò epi li te fin ap mare pakèt li lè yon makòn jenn ofisye milat sènen Magloire, yo di misye, wè pa wè, li pap ka bat zèl li kite yo konsa anba men Estimé, san sekou san pwotekson. Kidonk, fòk li bay Estimé so kabrit la kanmenm. Orezime, Estimé gen lè te souzestime apeti Magloire. Se pa lajan sèlman ki te enterese kolonèl la, li te renmen ti moso pouvwa li tou.
Odepa, Kolonèl Paul Eugène Magloire te pran grad Sekretèdelenteryè nan gouvènman pwovizwa a. Kidonk, misye tanmen yon pelerinaj nan pwovens yo, kòmansan nan Nò, kote kòd lonbrit li antere. Lè Magloire rive Gonayiv, se Monseyè Robert ki ansanse misye epi mete bon jan van nan vwèl li.
Monseyè Robert sa a ou tande a, se yon ansyen rat nan Legliz Katolik. Misye te Pè nan pawas Pòtoprens men, menm elit reyaksyonè vil Pòtoprens lan te twouve misye cho pase dife lanfè, twò cho devan bann nan, nan kanpay anti-sipèstisyon an, Kanpay REJETE a. Kidonk, mesye gwo machwè Pòtoprens yo te bay Pè Robert pwomosyon Monseyè pou yo te ka retire li nan kòsaj yo voye l pèsekite malere nan vil Gonayiv pito. Kidonk, nan Gonayiv, se Monseyè Robert ki resevwa Sekretèdelenteryè Paul Eugène Magloire.
Nan mitan Te Deum nan, Monseyè enpwovize yon litani lwanj pou Magloire. Li deklare kare bare se bondye menm nan sajès li ki te chwazi Magloire kòm “sovè pèsonèl Ayiti”. Monseyè rapousib sou menm boulin nan li di: daprèzavwa tout pouvwa se bonde ki bay sa, lepèp sètoblije, lapoula, koube devan volonte bondye. Se konsa, Magloire sòti nan katedral la gonfle tankou konpè pan, antoure ak sòlda, an pozisyon degè. Paltan li rive Okap, se an chèfdeta yo resevwa Paul Eugène Magloire, menmsi eleksyon pot ko menm fèt.
A eleksyon!? Sa se ti fòmalite deryen ditou! Trapde, “Assemblée Constituante” te gen tan fòme e, fwa sa a, li dekrete se eleksyon dirèk ki pral eli prezidan an. Sa vle di : lepèp (oudimwens gason ki gen laj majè) pral pran lari pou yo eli yon Prezidan pou Larepiblik. Natirèlmman, lame pran sa an men monnami epi, 8 Oktòb 1950, «tel que convenu en hauts lieux», Jeneral Paul Eugene Magloire pran pouvwa, ansakalite de “Président de doublure” ki dirije nan entèrè oligachi tradisyonèl la, ant 1950 epi 1956.
Bon! Kite priyè pran kantik, e mesye ki t ap defann “la promotion sociale des masses haitiennes” yo?
Adye ti bourik mwen! Nèg Pòtoprens wi yo di w! Ann kite sa la pou li pa fè zen.
Mèzalò, pwomès se dèt. An lagan, mwen te site non grandèt Frederick Douglass, yon nèg vanyan abolisyonis ki fèt sou bitasyon esklavajis Etazini.
Frederick pat konn ki lès ki papa l. Kanta pou manman l, ki te esklav anndan kay blan malveyan yo, Frederick pa te janm gen chans wè li nan limyè lajounen puiske se byen ta nan aswè, apre li fin bourike kay gwo mouche, li te reyisi, kèk fwa pa semèn, mache gwo distans fè yon ti vizit rapid pou li pase men nan tèt pitit gason li. Boutanfen, lè nègès la mouri anba maladi, Frederick Douglass te apèn gen 7 tan sou tè sa a. Sikonstans lavi pèmèt Frederick Douglass aprann li ak ekri, li vin lib jouk li tounen yon militan k ap feraye toupatou an favè abolisyon lesklavaj Ozetazini epi toupatou sou latè.
Tan fè tan kite tan… 1 Jiyè 1889, pandan y ap mare konplo, fè wanga pou vòlè Mòl Sen Nikola nan men Ayisyen, Gouvènman Ameriken nonmen Frederick Douglass Minis Ameriken Rezidan, Konsil Jeneral an Ayiti.
Pa di m ou pa okouran, BINUH, misyon ilegal Nasyonzini ki nan peyi nou an, fenk anonse se mouche Papa Samba Mbodj, yon Senegalè, ki pral dirije fòs polis Nasyonzini ki Ayiti a, alèkile?
Chak fwa blan malveyan yo sispèk nou ka wè anba yo kòm enperyalis rasis ki soufri maladi kolonyaviris se, rapid vit, yo kouri rekrite kèk aktè figi nwa pou vin fè djòb ki pi sal la pou yo.
Frederick Douglass te nan yon sitiyasyon konplike lè li te aksepte misyon gouvènman Yanki a. Fòk nou di tou nèg vanyan Anténor Firmin, minis gouvènman Florvil Hyppolite la, te kanpe kin l ap defann dwa grandèt Pèp Ayisyen an sou tout teritwa li. Men, daprè pwòp temwayaj li ekri nan testaman l, pi gwo pikan kwenna Frederick Douglass te rankontre lè li te rive Pòtoprens se te blan Meriken, ki te nan pòs la avan l lan, ki t ap fè tout sa ki posib pou kwape otorite l kòm moun pi wo grade ki reprezante Etazini an Ayiti. Plizyè blan malveyan deklare kare bare nan jounal peyi yo, Frederick Douglass, kòm nèg nwa, te gen twòp chètout pou Ayiti. Boutanfen, fristrasyon ak degoutans te anvayi Frederick Douglass, li remèt blan malveyan yo demisyon li nan mwa Jiyè 1891 epi li mache klewonnen toupatou, li fenk kare renmen Ayiti epi defann sa ki dwat epi jis sou latè beni.
Fanmi m yo, limanite pwodui yon sèl John Brown kòm blan byenveyan Ameriken, yon sèl Frederick Douglass kòm nèg byenveyan Ameriken. Men, pou Ayiti chape anba grif malfèktè tout koulè tout plimay, se chak jenerasyon ki sètoblije pwodui Anténor Firmin pa l, Jean Bertrand Aristide pa l, epi ou menm tou k ap li osnon tande editoryal sa a, nan moman an. Nou chak dwe mete devwa nou opwòp, pou Ayiti, nan non zansèt yo!
Wi! Li lè, li tan, pou Pèp Ayisyen an reprann kontwòl Ayiti tout bon vre. Kidonk, nou deside lage koukouwouj jouk kòd lajistis pase nan kou tout bandi kidnapè – tout koulè.
Pou lapè ka layite sou tout teritwa peyi nou, Leta va nasyonalize tout pò yo, ikonpri: Pò Lafito ak Pò Varreux. Sa vle di : nou dekrete lapèmanans jiskaske nou rekipere tout milya dola Abdalah, Apaid, Bigio, Claude Joseph, Deeb, Lamothe, Martelly,…Zuraik vòlè pou Leta Ayisyen, keseswa kote yo ta sere sa nan paradi fiskal aletranje.
Dènye mo se pou Papa Nasyon an ki avèti n, depi 1 Janvye 1804 ak fraz sa yo :
«Pandan 14 zan yo fè dekabès sou nou paske nou penyen lage epi nou pran nan tout kalite blòf; Se pa menm lame peyi Lafrans ki t ap kale nou, se pawòl anlè, pawòl van nan pwoklamasyon ajan peyi Lafrans yo; Ki lè n ap sispann respire menm lè ak bèt sovaj yo?
Gade jan yo atoufè ak jan nou menm nou gen bon kè;
Gade koulè yo ak koulè pa nou;
Gade gwo distans lanmè ki separe nou ak yo.
Tout bagay sa yo di nou klè, yo pa frè nou, yo pa p janm frè nou. Epi, nenpòt ti fenèt nou ta ba yo pou fofile nan mitan nou y ap vin simen chagren, malè ak divizyon».
Wi, Papa Dessalines, n ap mete devwa nou opwòp paske, boutanfen, nou reyalize se sèvo lan ki kòz bèl kap 7 Fevriye nou an te fè bèk atè. An verite, kit konplo konlonyaviris, kit wanga, se Pèp Ayisyen an ki va pote laviktwa, to ou ta, kiksaswa kòman!