Ayiti vivan paske rasin libète toujou djanm

Se sèvo lan ki kòz kap 7 Fevriye nou te fè bèk atè
February 13, 2023
Kòd nwa 1685 ak lis nwa 2023 se makiyaj pou kache peche blan malveyan
April 24, 2023

«Ou te mèt koupe l jouk ou elas, pye bwa libète a ap toujou jwenn jwen pou li donnen!».

Konpatriyòt, onè! 

Jodi a, alapapòt, nou voye yon lo konpliman ak salitasyon espesyal pou 230 Gouvènè Lawouze ki resevwa diplòm yo maten Dimanch 26 Mas 2023 a, nan Université de la Fondation Dr. Aristide (UNIFA). Tout patriyòt konsekan wete chapo, louvri jip pou di : respè ak konpliman pou etidyan, dirijan, pwofesè, pèsonèl ak travayè nan tout depatman ki ede rèv diyite sa a kontinye fè bèl mèvèy nan mitan yon gwo sezon doulè. Doktè Aristide, mèsi! Mèsi daprèzavwa, malgre tout pikan kwenna malveyan yo mete sou chimen ou, ni ou menm, ni kavalye pòlka ou, Mildred, nègès vanyan, nou pa janm kite zòt irite nou jouk pou yo ta dewoute nou. An verite! Nèg ak nègès vanyan Bèlè, Kafoufèy, Site Solèy, Fò Nasyonal, Leyogàn, Okap, Pòsali, Jeremi, Pòdpe, Akayè, Gonayiv… toupatou sou zile a, tankou aletranje, te gen rezon kanpe pou yo di Jèvilen Jèvilis GBNis yo: « Imite l, pa irite l. Imite l, pa irite l! ».

Mèsi Titid ak Mildred pou bèl leson diyite sa a nou kontinye pataje ak tout sila yo ki gen syans ak konsyans pou yo imite sa ki byen, sa ki bèl, sa ki bon.

Kòmalòdinè, anvan nou founi je gade aktyalite semèn sa a, nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, nèg ak nègès Ayisyen abitye goumen ak anpil entèlijans, kouraj epi pèsistans epi pote laviktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup yo, yon makòn malveyan ki te toujou kanpe an mòd gang «Fanmi e alye Ajimal».

Jodi a, n ap kanpe ti bourik listwa nou nan premye estasyon mwa Mas 1802, kote Jeneral Jean Jacques Dessalines t ap mennen yon konba fawouch kont lame kolon esklavajis yo nan Fò Krètapyewo. Jal Dessalines reyalize sa espesyalis nan zafè lagè konsidere yon kokennchenn «sòti» ekstraòdinè nan Fò Krètapyewo. Se nan menm konba Krètapyewo sa a, yon fanm vanyan ki te rele Marijann, madanm Jal Lamartinière, te fè gason tranble devan kouraj li. Nepe sou kote l, karabin alamen, Marijann te franchi ak sòlda Afriken yo nan mitan lame Franse. Daprè sa listwa rapòte, se pa ni de, ni twa kolon blan esklavajis Marijann Lamartinière te blayi atè.

Tablo sou mi Retoran Épices Kay, Montreal

Kèk semèn annapre…

19 Avril 1802 : Leclerc ekri Jal Henri Christophe, li di l: “M ap kenbe tout pwomès yo te fè ou yo. Epi, si ou gen lentansyon soumèt ou devan Larepiblik Fransèz, pa bliye : youn nan pi gran sèvis ou kapab rann nou, se pou ou ta ede nou poze lapat sou Jeneral Toussaint”  

Lè sa a Henri Christophe te deja pran desizyon kite koze lagè a. Mèzalò, pran san ou, koute ki jan grandèt Christophe te reponn blan malveyan an:  

Sitwayen Jeneral, ou fè m pwopozisyon pou mwen ba ou mwayen pou ou poze lapat sou Jeneral Toussaint Louverture.  Men, sa se ta yon pèvèsite, yon trayizon; epitou, difèt menm ou fè m yon pwopozisyon dezonè konsa montre m ou kwè mwen se kèk malpwòp ki pa gen ankenn sans lonè osnon lizay. Ou konnen trè byen se chèf mwen epi zanmi mwen Toussaint ye; Sitwayen Jeneral, èske ou pase yon lèdè tankou zak lachte sa ou pwopoze m la a kapab mache kole ak santiman zanmitay?

Konpatriyòt, an verite, ki kote Ayiti ta ye jounen jodi a, si ekip Konze GNBis 2004 yo te gen ase lizay pou yo bay Jacques Chirac, Georges Bush ak Paul Martin, menm kalite repons alevouzan, «jerenons blan malveyan!» sa a?

Leclerc ou tande la a, se te yon sanwont, san limit! 

24 Avril 1802, li ekri Christophe yon dezyèm fwa pou li flate l. Orezime, Leclerc kontante l dèske Christophe sispann goumen. Kanta pou kesyon vann Toussaint an, Leclerc di repons kategorik li fè l la ogmante lonè Christophe devan je l. Wè papa! Ale kwè bonjou blan malveyan ta laverite!

Konpatriyòt annou kite ti bourik listwa nou bwè ti dlo, pandan n ap founi je gade aktyalite semèn sa a.

***

Bonè maten an, Dimanch 26 Mas 2023, se 230 etidyan ki resevwa diplòm yo, nan men Prezidan UNIFA a, Doktè Jean-Bertrand Aristide. Kòmdabitid, seremoni gradiyasyon wololoy sa a te an dirèk sou plizyè medya ak rezo entènèt. Se yon randevou tout Ayisyen konsekan, tout vrè zanmi Ayiti akeyi ak anpil emosyon epi enpasyans chak mwa Mas, depi ane 2018, lè UNIFA te reyalize premye seri gradiyasyon sa yo, ekzakteman, 7 ane apre inivèsite a te relouvri pòt li, nan mwa Oktòb 2011. N ap raple ou se jou 18 Mas 2011 Prezidan Aristide ak fanmi li te reyisi tounen lakay yo, apre 7 ane ekzil an Afrikdisid.

Pwomosyon 2023 UNIFA a bay yon rekòt 95 doktè, 22 enfimyè, 14 dantis, 30 fizyoterapet, espesyalis nan reyabilitasyon moun ki domaje, 24 avoka, 18 enjenyè, 16 achitèk epi 11 espesyalis syans ekonomik ak administrasyon. Ototal : 230 pwofesyonèl pou sèvi Ayiti.

Pami bèl nouvèl UNIFA anonse maten an: Hôpital Universitaire Dr. Aristide kòmanse bay sèvis tankou laboratwa, konsiltasyon espesyalis tankou doktè timoun, oftamològ (doktè zye), kèk operasyon senp, epi demach ap fèt pou, nan semèn k ap vini yo, lopital la resevwa ekipman enpòtan tankou eskanè CT. 

An verite, pandan zòt ap simen lanmò ak zam fann fwa, gen anpil bon Ayisyen k ap travay pou lavi ak lavni ka pi bèl. Chapo ba UNIFA!

Tchadensky Jean Baptiste (Tchad ak pitit li nan bra li)

Jedi 23 Mas 2023 : Plizyè dizèn etidyan nan inivèsite Leta Ayiti bloke twazyèm riyèl rivyè, kanapevè, pou montre kòlè yo kont gouvènman bandi PHTK 4yèm vèsyon an ki, Madi 21 Mas ki sot pase a, asasinen Tchadensky Jean-Baptiste, yon etidyan 3 zyèm ane Ekòl Nòmal Siperyè. 

Jedi 23 Mas 2023 : Lajistis nan peyi Etazini anonse rezilta pwosè sivil kont ansyen Majistra komin Leziwa, mouche Jean Morose Viliena ki fèt nan vil Boston. Malfèktè a kondane pou li peye plis pase $15 Milyon dola dedomajman bay viktim zak maspinay li yo. Plizyè viktim te temwanye nan pwosè sa a. Yo te trennen ansyen majistra Lèziwa a devan tribinal pou krim li te fè nan ane 2007 ak 2009. Genyen ki di ansyen Majistra a ak patizan li yo te fè gwo zak tankou sasinay, pete je moun, epi boule kay opozan politik yo. Pou pi piti, bandi Viliena riske pase 10 ane nan prizon. Se yon mesaj klè kont enpinite pou tout otorite malfèktè ki, nan moman an, kontinye ap fè krim kont pèp Ayisyen an. N ap raple ou, ansyen Majistra Jean Morose Viliena se patizan zele ansyen Prezidan ilegal Michel Joseph Martelly, chèf bandi swadizan legal PHTK yo. 

Mèkredi 15 Mas 2023 ki sot pase a, nan yon konferans pou laprès Òganizasyon sitwayen pou yon Nouvèl Ayiti fè konnen: 40% paspò Sèvis Imigrasyon enprime nan dènye mwa sa yo gen erè. Òganizasyon dwa moun lan denonse koripsyon ak move trètman moun k ap mande paspò yo kontinye sibi. OCNH denonse zak maspinay polisye yo ap fè sou moun ki vin fè paspò. Anplis plizyè dizèn milye goud yo oblije peye, fanm pa sispann viktim zak tizonnay ak agresyon seksyèl nan men ajan Imigrasyon yo.

Bò kote pa li, Federasyon Entènasyonal Foutbòl Amatè (FIFA) ekri prezidan komite nòmalizasyon Federasyon Foutbòl Ayisyen an (FHF) Luiz Hernández, pou di l: li pa rekonèt doktè Yves Dadou Jean-Bart nan tèt FHF. Doktè Yves Jean-Bart ak avoka li te ekri FIFA nan dat 24 Fevriye 2023, pou anonse l ap retounen nan tèt FHF apre FIFA te fin revoke l nan ane 2020 sou baz akizasyon kadejak li ta fè sou jwè fanm ak tifi. 

N ap raple ou, 14 Fevriye 2023, Tribinal Abitral Espò (TAS) te blanchi Dadou Jean-Bart konsènan akizasyon sa yo. Mèzalò, FIFA anpeche Yves Dadou Jean-Bart retounen alatèt FHF la. 

E Lajistis Ayisyen menm, ki sa li wè nan gwo liv pa li?

Manif, Ottawa, 23 Mas 2023

Nan kad yon rankont piblik li te fè nan yon katye Ayisyen ki nan vil Montrèal, Lendi 13 Mas 2023, Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau te deklare: “se 10 fanmi mafya ki gen kontwòl gang yo ak tout ekonomi Ayiti“. Pawòl sa a te fè kèk ipokrit pran pòz yo sezi. Poutan, se yon gwo « moso verite ». Pawòl Trudeau a manke moso paske, jan mouche a di koze a, si ou pa sou men ou, ou ta kwè Kanada pa te janm nan konfyolo ak fanmi mafyozo sa yo. Mèzalò, sa ki pi enpòtan toujou pou nou menm, fòk nou raple se depi plizyè ane Pèp Ayisyen an leve kanpe li deklare “fòk sistèm Apated ekonomik vyolan sa a kaba”, lè a rive pou “chavire chodyè a”. 

Kèk jou avan deklarasyon Trudeau a, Jeneral Eyre ki alatèt Lame peyi Kanada te deklare, nan moman an, Kanada pa gen mwayen pran tèt yon fòs Misyon Lapè an Ayiti. Koze sa a te fè anpil moun sezi. Gen lòt ki di se yon mal pou yon byen. 

Ou mande tèt ou ki sa ki fè blan Kanada pè bandi Ayiti konsa a?

Nan yon seri atik li pataje sou Facebook, Pwofesè Serge Madhere raple nou kèk detay enpòtan osijè eskonbrit ki te pete nan peyi Somali sa gen 30 ane pase. Li ekri:

« Ensekirite te blayi nan peyi sa a, sitou apre yo fin voye prezidan l, Siad Barre, ale an 1991. Gang ame avèk gwo zam fann-fwa manch long t ap simen laterè nan vil la. Nasyonzini epi Etazini deside yo pral mete lòd nan dezòd epi tabli sekirite. Se rezon imanitè yo te mete devan. Men, nan bon mamit jeyopolitik, Ameriken te gen tan wè yon bèl opòtinite: Si yo pran kontwòl Somali, y ap otomatikman gen kontwòl Gòlf Adèn lan ak tout Kannal Swèz la, kidonk youn nan koulwa ki pi enpòtan pou komès petwòl la nan lemonn. Men, nan kòmansman Oktòb 1993, gwo inite espesyalize lame Amerikèn pral pran yon michan kal nan men “ti nèg pye sal” nan geto Mogadichou: Jenn ti Somali rive desann 2 elikoptè militè Black Hawk, 73 sòlda Yanki blese anba kout zam, 19 nan yo mouri, san konte sa yo pran prizonye. Evènman sa a te anbarase Etazini. Se te yon imilyasyon chen pa ta fè kochon anba pye zaboka Lagonav. Etazini tire leson an tousuit e li pa bliye l: Pa al foure tèt ou nenpòt kòman anndan koridò yon geto, pou w al konbat gang ki byen ame menmsi yo di ki pa gen eksperyans. ». 

Malgre Kanada bati repitasyon li nan misyon pou lapè mondyal, gen anpil moun ki sonje ki jan Eskonbrit Somali a te ekspoze youn nan krim ki pi atwòs limanite okouran Kanada komèt nan listwa misyon lapè. Alepòk 1992, Somali te kwense nan mitan 2 malsite: grangou ak lagè sivil. Bò kote pa li, se apeprè 1400 twoup Kanadyen ki te debake nan Somali. 

16 Mas 1993, Sòlda Kanadyen yo te kidnape Shidane Arone, yon ti Somalyen ki te gen 16 zan. Shidane te kache nan yon latrin mobil sou yon baz militè Ameriken abandone. Blan Kanadyen yo rape Shidane, yo mare l, yo bande je l, epi yo ba li anpil kout pwen, yo bat li ak yon ba fè, yo foure l nan dèyè li, apre sa yo boule li ak sigarèt pandan plizyè èdtan. Pi douvan, yo vin dekouvri mak boule sou sèks ti gason an. Apre li fin sibi plizyè èdtan tòti, dènye mo Shidane se te: “Kanada, Kanada, Kanada.” Sòlda ki patisipe nan tòtire Shidane Arone yo te pran foto zak la kòm “twofe”, fè wè, dyòlè.

Manif, Ottawa, 16 Mas 2023. Militan ki ekzije “Jistis pou Shidane Arone” plake afich sou moniman “Rekonsilyasyon” k ap fè pwopagann pou patisipasyon Kanada nan misyon Nasyozini.

Se jis apre eleksyon Premyeminis Jean Chrétien vin genyen yon ankèt ofisyèl ki tanmen nan ane 1994. Mèzalò, ankèt sa a te kanpe an 1997 epi li pa t janm egzamine evènman ki te pase Somali yo tout bon vre. Non plis, li pa t mete loup sou desizyon gouvènman an te pran nan wo nivo ki te mennen nan asasina Shidane Arone.

Pa fè erè imajine se gang PHTK blan malveyan yo t ap vin konbat an Ayiti!

Pwofesè Madhere di : « Se nan peyi d Ayiti lelit la sanble li mal pou l aprann de eksperyans li viv oswa li bliye vit. Mogadichou se Kapital peyi Somali. Si w konn Pòtoprens, ou pa bezwen konnen l. Pa konprann sa ki te pase 30 lanne de sa nan Mogadichou a pa peze omwens an pati sou desizyon Blan an pou li pa voye twoup vin fè fas kare ak gang yo nan Pòtoprens ».

Jisteman, ayè Jedi 23 Mas 2023 a, nan vil Ottawa, Prezidan Meriken Joe Biden ak Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau anonse yo antann yo pou fèmen Chimen Roxfam, sou fwontyè Etazini ak Kanada, kote anpil refijye Ayisyen te abitye pase pandan dènye ane yo. Sou menm boulin nan, Trudeau anonse yon swadizan don 100 Milyon dola pou Polis Nasyonal Ayiti. Kòmsi, ipokrit yo pa okouran, se menm gang PHTK- G9 an fanmi e alye Ariel Henry, Michel Martelly, Frantz Elbé, Mirlande Manigat, André Michel la k ap simen latèrè nan peyi a?

Daprèzavwa Pèp Ayisyen an pa pitimi san gadò, e daprèzavwa fanmi lwen se lajan sere, yon ekip militan k ap viv nan peyi Kanada bay tèt yo misyon sèvi pòtvwa revandikasyon nèg ak nègès vanyan k ap goumen pou liberasyon Ayiti tout vre. Se konsa, yo fenk pibliye yon Kominike an 3 lang (Kreyòl, Angle, Franse) ki deklare, alapapòt : «Rejim ilegal Kanada ak Etazini enstale an Ayiti a se alye paramilitè kriminèl yo. Zam yo soti nan peyi Joe Biden nan». 

Nan kominike sa a ki pran lari menm semèn Prezidan Etazini, Joe Biden, te fè premye vizit ofisyèl li nan Ottawa, 23 & 24 Mas 2023, militan Solidarité Québec-Haiti (SQH) ak Canadian Foreign Policy Institute (CFPI) yo «raple tout moun alawonnbadè: Parti Haïtien Tèt Kale (PHTK), zafè ansyen prezidan ilegal la, Michel Martelly, ak asosye li Ariel Henry, se yon òganizasyon teworis fòs etranje jouke epi kenbe sou pouvwa an Ayiti. Kidonk, katastwòf PHTK nou wè la a se bilan otè prensipal koudeta Fevriye 2004 la: Etazini, Lafrans ak Kanada».

Pi douvan, nou va retounen ak lekti Kominike SQH la. Antouka, sanble menm jan pawòl dous Leclerc te voye pou flate Jeneral Christophe yo pat rive twonpe vijilans li, sanble pawòl dous nan bouch Premye Minis Justin Trudeau ki pa janm rate okazyon rele Ayiti «la perle des Antilles», po ko prèt pou detounen kanmarad SQH ak CFPI yo.

***

Konpatriyòt, annou fè yon dezyèm kanpe ak ti bourik listwa nou. 

26 Avril 1802 : Christophe rankontre Leclerc Okap. De jou apre sa, li ale jwenn Toussaint pou li eksplike l rankont li fè ak Leclerc epi li di enpresyon l, se tout bon vre zafè lesklavaj la pa nan pwojè Leclerc. Kidonk, li pa nesesè pou yo kontinye fè lagè. Kèk jou apre, Toussaint bay legen. Selon Madiou, Dessalines te tante konvenk Toussaint pou yo kontinye goumen kont Leclerc tèt kale. Men, Toussaint te deside li preferab pou yo sispann goumen. Jeneral Toussaint Louverture negosye ak Leclerc pou tout jeneral Afriken yo konsève pòs yo nan lame a. Toussaint fè sèman fidelite devan Lafrans, Leclerc fè sèman libète tout nèg garanti. Apre sa, Toussaint rantre sou bitasyon Dènri, swadizan pou pran retrèt li. 

La a, premye etap misyon Leclerc a, te sanse akonpli. Zile a, sòti anba kontwòl Toussaint, se Jeneral Leclerc ki sèl towo gwonde. Men, Leclerc pa sòt. Premyèman: li sonje gen 2 lòt etap pou li franchi nan misyon Bonaparte te konfye l la. Dezyèmman: li sispèk Toussaint gen dwa fè sanblan li kraze kite sa, jis pou li kapab òganize l pi byen pou goumen. Epi, twazyèmman, gen plizyè nèg mawon ki kenbe rèd yo pa vle rekonèt otorite Leclerc. Pami yo te gen yon chèf nèg mawon ki te rele Sila ki t ap fè lapli-e-lebotan nan mòn Plezans. Leclerc mande Toussaint pou li pase Sila lòd rann tèt li. Toussaint di blan an : «Adye mon blan! mwen pa gen otorite pou sa. Dezòmè, se yon senp kiltivatè mwen ye!».

Konsa moun sa yo te toujou ye! Y ap fè konplo sou do w, y ap vin mande w sèvis! N’est-ce pas Manzè Lalime? 

Toufè! Li resi ale vre, move zè madichon twadegout sa a

***

Annou rapousuiv lekti Kominike militan Kanada yo… 

«SQH ak CFPI denonse malveyan ki fin mete dife an Ayiti yo epi ki, jodi a, vle pran pòz ponpye, atravè yon lòt envazyon enperyalis. Veritab objektif debakman sa a se ta vin pwoteje kriminèl ki mare sosis yo ak PHTK, bare yon popilasyon nwa yo rann pòv, yo teworize epi k ap chèche refij an Amerik di Nò, pandan y ap ranfòse okipasyon etranje sou teritwa Ayisyen an, ak yon rejim Apated sosyo-ekonomik pouri nèt, ki gen plis pase 100 tan depi l ap feraye nan avantaj kèk fanmi oligak kòwonpi, ki se alye istorik fòs neokolonyal yo.

Gouvènman Kanada chwazi fè laloz ak yon lis moun ki swadizan anba sanksyon envizib, pami yo: Abdallah, Deeb, Bigio, Martelly, Lamothe, Célestin, Latortue, Lambert, Fourcand ak lòt baron ki asosye ak rejim teworis PHTK a. 

Nou menm nan SQH ak CFPI, nou mande arete, jije epi pimpe nan prizon tout oligak ak politisyen kòwonpi enperyalis Meriken te jouke alatèt Ayiti».

An verite, militan Kanada yo klè sou pozisyon yo! Anvan nou li 4 rekòmandasyon yo layite nan kominike sa a, annou fè yon lòt koudèy nan fèy papye listwa:

****

6 Me 1802: Leclerc ekri Minis Lamarin lan: «Sitwayen-Minis, si sikonstans fè l parèt tankou mwen devye kase tèt bandone objektif mwen, selon enstriksyon mwen te resevwa yo, pinga ou kwè mwen vegle osnon pèdi direksyon vre. Senpleman, mwen bay fil mòl, mwen kite sikonstans yo pran kichòy nan men m, dekwa pou mwen byen metrize l epi, apre sa, m ap fè li sèvi m nan plan m ap ekzekite a». 

Daprè yon dokiman istorik ki pote tit “notes pour servir aux instructions à donner au Capitaine-Général Leclerc“, Napoléon te pase Leclerc lòd arete Toussaint la pou la, menm kote li vin rann tèt li a epi, mete l nan yon batiman voye li kanpe lwen nan peyi Lafrans.  Men, lè Leclerc te rive devan reyalite a, rapid vit, li remake sa pa t ap nan avantaj li si li te aji aklè. Toussaint te gen twòp fanatik!  

7 Me 1802 : Leclerc ekri Napeléon, li di l: «Tout lidè rebèl yo soumèt, yo bat ba. Si mwen poko ekzekite enstriksyon ou yo, se paske moman an poko rive». 

Leclerc kòmanse santi anpil presyon. Depi an Frans, li resevwa lòd fòmèl pou li retabli lesklavaj kare bare. San konte presyon kolon blan sou zile a ki gen ladapdap pou sa ta reyalize rapido presto; Men, Leclerc pa t vle plan elimine Jeneral Afriken yo ni koze retabli lesklavaj la tonbe nan zòrèy nèg. 

Thomas Madiou rapòte yon evènman ki montre aklè ki jan Leclerc te sètoblije kenbe yon atitid woule m de bò pou manje a pa gate nan men l.

Yon jou, nan epòk sa a, gen yon kolon blan nan katye Granbwa ki vin rankontre bab pou bab ak yon ofisye Afriken ki te nan 10zyèm divizyon Mibalè. Vwalatilpa, ofisye Afriken sa a se ansyen esklav kolon an. Kidonk frekansite kolon monte nan tèt li, li azade l rache epolèt ofisye Afriken an epi li di: “gade non, saltenbank, kouman fè ou kite travay mwen pou ou okipe sou bitasyon m epi ou ap frite? Rete! Yo pa di w kounye a se yon lòt tan” – sa vle di: tout bagay retounen nan lòd, se pa Toussaint ki opouvwa ankò.

La pou la, yon lòt blan Franse, chèf eskadron Leclerc ki konnen fen-e-byen sou ki bit Leclerc kanpe, foure bouch nan koze a. “Kisa! Ou pèmèt ou rache epolèt ofisye konsekan sa a!? Ou gen lè malad! Ou pa konnen se Larepiblik Fransèz ki kwape lesklavaj toupatou kote l pase?

Chèf blan an arete kolon an epi li akonpaye ofisye Afriken an nan palè, al rankontre Gouvènè Jeneral Leclerc.  Pandanstan, radyodyòl gen tan simaye aktyalite sa a byen lwen. Natirèlman, plim te gen tan kanpe sou do yon valè Afriken sou koloni an. Leclerc pa fè ni de ni twa li bay kolon blan an tò epi, kòm pinisyon, li fè yo fè 2 gwo pankat ki ekri “partisan de l’esclavage“. Leclerc òdone pou yo mare yon pankat sou fal kolon an, youn sou do li. Epi, yo fè kolon an pase tout jounen Samdi, jou mache a, ap pwomennen sou plas piblik pandan tout moun k ap pase t ap di l betiz.  Konsa, Leclerc te vle asire l, popilasyon Afriken an fè l konfyans nètalkole, kòmkwa, se tout bon vre koze esklavaj la kaba atoujamè. E se pa jeneral Leclerc ki pral remete sa sou moun ankò! Wè papa! Ale kwè bonjou blan malveyan se laverite!

***

Bò kote pa yo, militan Solidarité Québec-Haiti yo di, si tout bon vre gouvènman Kanadyen an vle devlope relasyon nòmal ak pèp Ayisyen an, fòk Kanada:

  1. Sispann voye zam lagè bay rejim ilegal Ariel Henry an, ki se alye paramilitè kriminèl yo (PHTK, G9 an fanmi e alye…)
  2. Kore jefò Pèp Ayisyen an ap fè pou li jwenn reparasyon nan men tout peyi ki te patisipe nan ranvèsman brital Leta Ayisyen an (29 Fevriye 2004), yon gwo dezas ki kaselezo pou li bay yon dezyèm dezas, kote popilasyon an sibi maladi ak lanmò kolera (Oktòb 2010).
  3. Wete Kanada nan klib neo-kolonyal yo rele Kò Gwoup la. Konsa, bay siyal yon volonte sensè pou politik etranjè Kanada jwenn granmounite l, apre twòp ane ap aji an restavèk ki mare nan pye tab elit gwojemonik Meriken yo.
  4. Montre respè, san twou nan manch, pou pwosesis ak inisyativ ki an favè jistis ak lapè, kote se sosyete Ayisyen an ki antreprann yo, an granmoun”

« Jistis, diyite ak reparasyon pou Ayiti! », se konsa militan SQH ak CFPI yo fèmen kominike pou laprès sa a! 

***

Annou fè yon dènye kanpe sou chimen listwa ak ti bourik nou an.

Orezime, Leclerc te rete tann yon mwa anvan li jwenn rezilta yon pèlen li te bay Jeneral Brunet tann pou Toussaint. Brunet te fè plizyè jou ap flate Toussaint pandan l ap suiv tout mouvman antouraj li. 

Reyèlteman, 10 Jen 1802 Jeneral Brunet pran Toussaint an trèt sou bitasyon Jòj pandan li te sou wout pral Gonayiv nan yon randevou Brunet te kase ak li. Rapid vit, sòlda Brunet yo dezame Toussaint yo mennen li Gonayiv epi yo anbake li sou yon bato ki rele “Le Créole”. 

12 Jen 1802 : nan pasaj pò Okap, yo transfere Toussaint sou yon lòt bato ki rele “le Héros”. Se la li jwenn ak madanm li, twa pitit gason li, nyès li epi domestik li. 

Leclerc pibliye yon dokiman kote li deklare : « Sitwayen, Toussaint t ap fè konplo: nou va jije sa daprè yon lèt li te voye bay Sitwayen Fontaine. Mwen pa dwe konpwomèt trankilite koloni an. Kidonk, mwen fè arete li, li kondane e m ap voye li an Frans kote l ap pral esplike konpòtman li bay Gouvènman Lafrans… »

Se konsa Leclerc t ap tante mete dòmi nan je popilasyon an osijè degèpisman Toussaint. Se kòmkwa dokiman an ta pwouve Leclerc gen bòn volonte, men se Toussaint ki trayi pwòp tèt li.

Èske nou sonje ki sa George Bush, Roger Noriega ak lòt bandi blan malveyan ki patisipe nan kidnapin 29 Fevriye 2004 yo te di? Jenerasyon apre jenerasyon, se menm gwoup sangwen yo k ap frape n!

Apre 32 jou sou lamè, Toussaint Louverture ak tout fanmi li debake nan pò Brès nan peyi Lafrans. Daprè lòd fòmèl Napoléon te pase, li klè mouche a te pè Toussaint tankou rat ki pè chat.  Nan yon arete ofisyèl ki sòti espesyalman sou ki jan yo dwe trete l, nou li : Atik 1: «Yo pral transfere Toussaint Louverture epi kenbe l nan Fort de Joux. Se yon sekrèdeta. Li pa dwe jwenn mwayen pou li ni ekri ni kominike ak pèkeseswa lòt moun anwetan sèvitè ki ak li a». 

Èske sa pa raple ou konpòtman blan malveyan tan modèn yo ki fin kidnape Prezidan Aristide, yo sekestre li nan Repiblik Santafrik, epi yo tanmen bouyi chodyè manti pou makiye krim yo komèt lan? Sonje byen, se granmesi vwa plizyè nèg ak nègès vanyan tankou Randall Robinson, Barbara Lee, Maxine Waters…Prezidan Aristide, ki te jwenn yon telefòn an kachèt, te reyisi demanti kidnapè lach epi ipokrit yo, kare bare. Evènman sa yo te rive 1 Mas 2004. Pa neglije tyeke achiv istorik ki disponib jiskaprezan sou entènèt la.

Nou pwofite bese byen ba pou nou salye memwa Potorik Gason Vanyan Randall Robinson ki travèse lòt bò lantouray lavi a, ayè Vandredi 24 Mas 2023 a. Gran frè Randall: se pou Anperè Jean-Jacques Dessalines resevwa ou ak onè ou merite nan mitan zansèt vanyan nou yo!

***

23 Out 1802 :  prizonye Toussaint pati kite Brès. Li pap janm gen chans wè ni pitit li yo, ni madanm li ankò, jouk li trepase. 

7 Avril 1803 : Toussaint, pitit pitit Wa Gaou Ginou, Toussaint Louverture, Gouvènè Jeneral koloni Saint Domingue mouri grangou, an ranyon, nan fredite kacho Fòdejou anba pat Napoléon Bonaparte.

Lè nou konsidere kokennchenn travay nèg Afriken sa a reyalize, epi konpòtman li devan pisans ki te pi fò militèman sou planèt la alepòk, nou konprann pou rezon yon blan Meriken byenveyan ki te rele Wendell Phillips te di Toussaint te kale je li nan je kolon Franse ki t ap mennen l ale an ekzil la pou li di l: “Gade non mouche, ti bato ou la pa gran ase pou li pote m!.   

Poutan, Toussaint mouri, li mouri nèt. Men, èske se la listwa peyi nou rete kanpe? A non! Fòk ou pa konfonn twòkèt pou chay!

***

Blan malveyan yo te kidnape paran Christine ak Michaelle Aristide 29 Fevriye 2004

Konpatriyòt, sa gen 12 ane pase, 18 Mas 2011, yon Ansyen vrè Prezidan Ayisyen, yon bon lidè ki te envesti 16% bidjè nasyonal la nan lasante, t ap retounen lakay li apre 7 ane ekzil fòse. Alepòk, se pa tout moun ki te konprann, alevwa apresye, lanmou ki t ap pataje ant mas popilè yo epi fanmi Aristide-Trouillot ki te brave Blan Malveyan yo, brave anpil danje, pou yo retounen lakay yo, granmesi kouraj ak solidarite sensè Prezidan Afrikdisid yo: Thabo Mbeki ak Jacob Zuma ki te trete konpatriyòt Aristide ak fanmi li ak respè epi diyite pandan tan yo te pase lakay yo, epi ki te reziste presyon blan malveyan yo ki pat janm vle Titid retounen lakay li.

Depi kèk ane, chak mwa Mas se gradiyasyon plizyè santèn etidyan nan Université de la Fondation Dr. Aristide (UNIFA). Yon lòt fwa, mwen swete chak jèn fanm vanyan, jenn gason vanyan, ti frè ak ti sè m ki gradye nan pwomosyon Mas 2023 a: kouraj epi anpil konsyans ki dwe toujou makònen ak syans nou mete nan sèvo nou pandan ane ki sot pase yo. Konpatriyòt UNIFAristes, se lizay dèske Ayisyen toupatou ap wete chapo, louvri jip pou salye nou epi di : «Felisitasyon, onè-respè», paske  nou chak se Mannwèl, nou chak se Annayiz. Nou se Gouvènè Lawouze, Marijann, Sanite Bélair, Dessalines, Toussaint Louverture ki redonnen nan rasin libète Ayiti.

Menmsi Toussaint pa t divinò, sou menm bato ekzil la, li te di kichòy listwa sètoblije rekonèt kòm pawòl konsekan, pwofesi ki akonpli:

Depeyize m jan nou vle. Men, an verite, se lave men siye atè.  Pye bwa yo bay pou libète a, ou mèt koupe l jouk ou elas, l ap toujou jwenn jwen pou li donnen. Ou kwè se anpil, ou kwè se djanm sa djanm: rasin libète!” 

«Ou te mèt koupe l jouk ou elas, pye bwa libète a ap toujou jwenn jwen pou li donnen!»

Comments are closed.