Fout tout bandi Kò Gwoup deyò nan zafè Ayiti, atoujamè!

Pou Ayiti chanpyon, sispann jwe ak bagay serye, arete epi pini malfèktè tout koulè!
December 19, 2022

Jodi a, Dimanch 1 Janvye 2023, nou wete chapo pou nou salye chak pitit Ayiti k ap bouske bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile a tankou aletranje. 

Kòmalòdinè, jodi a, nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, sa gen plis pase 219 ane pase, nèg ak nègès Ayisyen te goumen ak anpil entèlijans, kouraj epi pèsistans e yo te pote viktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup yo, yon makòn blan malveyan ki te toujou kanpe an fanmi e alye pou yo aji mal sou zile nou an.

Jodi a, avan nou fè premye kanpe nou ak ti bourik listwa a, ak lizay, nou wete chapo pou n salye gran foutbolè Edson Arantes do Nascimento «Pelé» ki travèse ale jwenn Manno Sanon ak zansèt yo lòt bò lantouray lavi a. Respè pou yo!                                                                                      

30 Novanm 1803: Boutanfen, Jeneral Franse atoufè kriminèl fini Donatien Rochambeau mete van nan vwèl li, li kouri kite zile Ayiti ak ke l nan fant janm li. Se ak dans lakontantman pitit Lafrik yo te selebre evenman sa a toupatou sou kontinan Lamerik. Nèg nan chenn sou zile Jamayik, nèg zile Kiba, nèg sou bitasyon kolon esklavajis Ozetazini, yo tout t ap pouse gwo kout souf esperans «jou va jou vyen!». Pandanstan, an Ayiti, nèg ki fenk pote viktwa sou dyab krabinay yo t ap sote ponpe, bay bondye glwa ak yon je fèmen, yon je louvri. Yo t ap fete jodi men yo konnen demen pa garanti paske kolon esklavajis yo riske tounen vin toumante yo nenpòt ki lè.

Daprè sa nou li nan liv “Histoire d’Haiti” Tome 3 (1803-1807), anba plim istoryen Thomas Madiou, Pwoklamasyon Endepandans Ayiti pibliye depi 29 Novanm 1803. Dokiman sa a batize «Pwoklamasyon Fòdofen», paske se nan vil sa a li ta wè douvanjou. Istoryen Thomas Madiou di «Pwoklamasyon Fòdofen» an plis sanble yon malatchong ki ponn nan lespri kèk etranje. Li fè n remake otè yo idantifye Dessalines kòm youn nan 3 siyatè dokiman sa a, poutan, daprè Madiou, li pa t nan vil Fòdofen, se Okap Dessalines te ye 29 Novanm 1803. 

Pandan istoryen yo kontinye ap fouye zo nan kalalou pou tante separe verite ak lejann, mwen envite ou louvri zòrèy koute, founi je gade, sa ki ekri nan dokiman Fòdofen an apati tradiksyon orijinal konpatriyòt Dahoud André te fè sa gen kèk ane pase.

Pwoklamasyon Fòdofen : «Jodi a, nou pwoklame endepandans Sen Domeng. Nou rejwenn diyite nou, nou repran tout dwa nou epi nou sèmante pou okenn fòs sou latè pa janmen pran bagay sa yo nan men nou ankò. Pou tout tan, nou efase mechanste ki rele prejije a epi nou lanse yon pinga bay nenpòt moun ki ta gen malè retounen ak bagay sila a nan figi nou.

N ap di tout moun ki gen tè nan Sen Domeng ki, jodi a, ap drive nan peyi etranje, malgre n ap pwoklame endepandans nou, nou pa p anpeche yo vin jwi byen yo; move lide konsa pa pase bò tèt nou. Nou konnen gen anpil nan nou ki renonse tout malfezans nou te konn fè nèg nwè, nou vag sou tout foli grandè epi nou aksepte batay sa a k ap fè san koule nan Sen Domeng depi 12 lane se yon batay ki jis

Tout moun ki renmen nou, n ap boule ak yo tankou frè; yo te mèt retounen viv nan mitan nou san kè kase. Bondye nou sèvi a epi k ap voye je sou nou an ekzije n ouvè 2 bra n ba yo. Men fout, pou tout gwo kòlèt ki konprann se yon afè yo ye epi ki konprann se Granmèt la menm ki te ba yo pouvwa fè nèg tounen esklav, n ap tou di yo « gade Sen Domeng epi koupe l kout je! »; depi yo pwoche seswa nou mete yo anba kòd oubyen nou anbake yo. Yo te mèt rete kote yo ye a ap manje mizè epi pou tout moun ki respekte moun koupe yo kout je

Nou sèmante pou nou kraze nenpòt moun ki ta pèmèt li menm pale nou de lesklavaj

Nenpòt militè ki ta konprann l ap pote lanmò ak chenn lesklavaj nan peyi nou, sa l pran se pa l. Pa gen okenn pri nou pa pare pou nou peye pou defann libète n.

Menm si yon moun ta fè rigòl san koule, oswa ta limen dife nan 4 pwen kadino depi se pou defann libète ou, Bondye gen pou li padone ou kanmenm paske li pa t fè pyès moun pou rete ak moun.

Nou regrèt sa anpil si nan mitan leve kanpe ki te fèt pou nou jwenn libète n nan gen kèk blan inosan, ki pa t chocho nan fè mechanste ki pèdi lavi yo epi nou vle fè lemond antye konnen si nou te ka anpeche bagay sa a nou t ap fè l. 

Devan kalite mechanste ki te gen nan Sen Domeng, li enposib pou nou ta anpeche moun tire revanj. Nenpòt moun ki gen ti konesans nan listwa konnen ke nenpòt pèp, menm sa k pi byenelve yo dechennen lè genyen boulvès nan sosyete a epi chèf yo menm pa fouti pini tout koupab yo si tout sosyete a pa ba yo lebra. Men, jodi a, pandan nou kè poze epi n ap gade yon avni san tèt chaje apre lagè brital nou sot viv la, Sen Domeng ta dwe pran yon lòt vizaj epi gouvènman li ta dwe chita sou lajistis.

Deklarasyon ki fèt nan vil Fòdofen, 29 Novanm 1803, ak siyati: Dessalines, Christophe, Clervaux.“ 

Tankou nou di sa an lagan, istoryen Thomas Madiou idantifye deklarasyon sila a kòm yon dokiman malatchong, alèkile zòt ta di se: «fake news».  Mèzalò, lè nou pran tan analize nannan tèks sa a epi mete l nan kontèks evènman grav ki ta pral rive blan ki te rete Ayiti apre degèpisman Rochambeau sou zile a, nou mande èske se pa t yon mannèv dezespere kèk kolon blan osnon pwotektè yo te antreprann pou yo tante rekipere sitiyasyon an – kòmkidire : yon mouvman mastèbrenn abolotcho ki t ap laloz dekwa pou blan malveyan yo pa ta pèdi tout avantaj nètalkole! Gen plizyè kote nan tèks lan, otè yo pale tankou yo vle konvenk nèg ak nègès pou yo ta kontinye viv kòtakòt ak blan malveyan yo sou zile a, epi, pou blan yo ta kenbe gwo patiray tè yo vòlè yo, ak sèl diferans pa t ap gen esklav ankò. Kidonk : sa ta vle di, yo reyisi “sove sistèm nan”!

***

Konpatriyòt, tankou nou remake sa plizyè fwa, bandi PHTK ak bandi Kò Gwoup vèsyon 2023 yo pa janm bouke resikle menm vye estrateji zansèt malfèktè yo te abitye itilize nan epòk koloni esklavajis lan. Se pou rezon sa a, nou dwe pran san nou pou nou aprann leson listwa kite pou nou. 

Alèkile, nou remake kèk blan malveyan entènasyonal antchoutchout y ap anonse sanksyon kont kèk bandi PHTK, ikonpri blan malveyan lokal tankou Abdalah, Bigio epi Deeb. Pinga kouri bat bravo lakontantman! Lè ou annafè ak malfèktè sinik ki abitye fredone kantik, bib anba zèsèl, pandan y ap peze jenou yo sou kou nèg ak nègès, se rezilta e rezilta sèl ki konte. 

Pa bliye : kriminèl Nasyonzini ki fin kontamine plis pase yon milyon inosan ak bakteri Kolera a, ki touye plis pase 50 mil Ayisyen ak bakteri pèpè sa a, san konte plizyè santèn inosan ki tonbe anba bal sòlda kadejakè Jòdanyen, Brezilyen, Ajanten elatriye soti 2004 rive 2017;

Menm Nasyonzini sa a ki refize dedomaje viktim li yo jiskaprezan an; Se magouy l ap fè nan chanje non yon misyon pichon, detanzantan. An verite, soti nan MINUSTAH, pase nan MINIJUST ateri nan BINUH, se toujou menm malfèktè yo kap fè malfezans. 

Jan kolon esklavajis yo te konn aji, se konsa kòmandè bitasyon esklavajis yo te aji tou. Kidonk, nou pa dwe etone non plis, lè nou wè bandi PHTK ap envante nouvo non asosiyasyon malfèktè pou makiye tèt yo. Vwalatilpa, bandi Claude Joseph deklare, alèkile, li se lidè yon pati politik ki rele EDE. Kòmsi tout Ayisyen nèt egare! Kòmsi nou gen tan bliye vrè vizaj malfèktè PHTK yo malgre kantite masak yo fè sou pèp Ayisyen an!

Kidonk, jodi a, pandan pèp Ayisyen an ap sibi tout kalte zak vyolans, Kò Gwoup, PHTK an fanmi e alye ap detire jiskobou pou yo “sove sistèm nan“.

***

Konpatriyòt, annou fè yon dezyèm kanpe ak ti bourik listwa nou. Fwa sa a, nou estannbay nan kafou 31 Desanm 1803.

Daprè istoryen Thomas Madiou, se Dessalines ki te mande sekretè li Chareron ekri tèks deklarasyon endepandans lan. 

31 Desanm 1803 : lè Chareron li tèks lan pou Dessalines ak lòt chèf yo, Boisrond Tonnerre voup li leve kanpe, li di : 

«Ki kalite koze molas sa yo Chareron ponn la a? Pawòl sa yo pa koresponn ak sa ki nan kè nou tout bon vre! 

Non! Pou nou ekri deklarasyon endepandans nou an, nou ta bezwen po yon blan pou nou ekri sou li, zo kokolo bwa tèt li pou nou mete lank plim nou epi se bayonnèt li nou pral itilize kòm plim pou nou ekri
»!

Dessalines reponn : «Palemwadsa konpè Boisrond! – dezòmè se sou ou mwen konte pou ekri deklarasyon endepandans lan»!

1 Janvye 1804 : Li gen tan 7è dimaten, tout chèche y ap chèche Boisrond Tonnerre yo pat ka jwenn li.  Finalman, yo jwenn misye k ap kabicha sou chèz ak biwo kote li te pase tout nwuit 31 Desanm nan ap reflechi epi ekri.  

Kòtèj militè lame liberasyon an rive sou plas Gonayiv. Nan mitan Jeneral Pétion, Christophe, Géffrard, Capoix, Clervaux, Vernet elatriye, nou wè limyè Jeneral Jean-Jacques Dessalines ki kenbe yon dokiman nan men li.  Jeneral Dessalines monte sou Lotèl Nanchon an. Fyète ak kontantman prèt pou pete lestomak chak pitit Lafrik k ap viv moman istorik san parèy sa a. Jeneral Dessalines pran pale an Kreyòl, li raple tout mati kolon blan malveyan t ap fè nou sibi sou zile a depi 1499. 

Vibrasyon pozitif, emosyon, chalè …se tout bon vre jou delivrans lan rive!

Jeneral Dessalines pase Boisrond Tonnerre lòd epi Sekretè a li ni pwoklamasyon an, ni ak endepandans lan nan lang Franse. Tradiksyon Kreyòl nou pral tande la a se emisyon Lakou New York ki pwodui li nan mwa Janvye 2008, apati liv Boisrond Tonnerre ki pote tit “Mémoires pour servir à l’histoire d’Haiti”. 

Annou koute diskou Jeneral Alatèt la Nan Okazyon Deklarasyon Endepandans Ayiti, Premye Janvye 1804. Gonayiv, Ayiti…

Sitwayen,

Li pa ase ke n te flanke kriminèl yo ki te benyen peyi a nan san depi 200 lannen deyò nan peyi a; li pa ase ke n te fini ak zafè ti klik ti klik k ap pase n nan betiz ak jimay libète Lafrans ap plede fwote nan je nou; fòk nou poze yon dènye zak ak tout fòs nasyon an pou n asire libète ap djayi pou tout tan nan peyi sila a kote nou te fèt la; fòk nou retire nan men gouvènman sanfwa ni lwa a ki te kenbe lespri nou nan boutèy depi tout tan sa yo, tout lespwa ke l ap janm kapab remete n nan lesklavaj ankò; fòk nou klè : seswa nou viv lib oswa nou mouri.

Endepandans oswa lanmò … Pawòl sakre sa yo dwe rasanble nou epi se yo ki pou modòd batay nou ak reyinyon nou.

Sitwayen, konpatriyòt mwen yo, nan kokennchenn jounen sila a, mwen rasanble militè vanyan sa yo ki pa t ezite bay san yo pou n te genyen batay pou libète a lè rezilta batay la pa t klè ditou; jeneral sa yo ki te alatèt batay nou pou n te konbat malfèktè yo panko fè ase pou nou rive viv nan kè kontan … non franse a la toujou toupatou kote n pase l ap menase nou.

Tras bèt sovaj sa yo la tout kote n pase: lwa nou yo, jan n ap viv, vil nou yo, yo tout gen mak dwèt franse; ki jan m ta ka di sa? Gen blan Franse la a toujou pami nou nan zile a epi nou konprann nou lib endepandan!?

Yo konbat tout nasyon, se vre, men yo pa janm gen laviktwa sou pèp ki te gen volonte pou yo viv lib.

Pandan 14 lannen yo fè dekabès sou nou paske nou penyen lage epi nou pran nan tout kalite blòf; se pa menm lame peyi Lafrans ki t ap kale nou, se pawòl anlè, pawòl van nan pwoklamasyon ajan peyi Lafrans yo; ki lè n ap sispann respire menm lè ak bèt sovaj yo? Gade jan yo atoufè ak jan nou menm nou gen bon kè; gade koulè yo ak koulè pa nou; gade gwo distans lanmè ki separe nou ak yo. Tout bagay sa yo di nou klè yo pa frè nou, yo pa p janm frè nou epi nenpòt ti fenèt nou ta ba yo pou fofile nan mitan nou y ap simen chagren, malè ak divizyon.

Fanmi m yo, gason, fanm, jèn ti fi kou ti lezanj, pwonmennen je nou nan tout rakwen zile a; chèche mari nou, chèche madanm nou, chèche frè nou, sè nou; pwonmennen je nou chèche pitit nou, ti bebe ki nan tete! Kote yo? Koze sa a fè tout san m tresayi … Yo tout disparèt anba grif bèt sovaj yo bay pou kolon blan an! 

Lè nou founi je n gade toupatou nan zile a, olye nou jwenn fanmi nou yo, se asasen sanginè yo nou jwenn; se atò san fanmi nou yo ap degoute nan arebò djòl yo, epi je nou nan je yo!?

Ki sa ou ap tann pou tire revanj? Ki sa ou ap tann pou pèmèt lespri fanmi nou yo repoze nan lapè? Sonje, lè nou t ap konbat blan yo, nou te vle pou lè nou mouri pou nou te ka repoze akote papa nou; Pou di n ap desann anba tè a san nou pa vanje yo? NON, seswa jamè! Zòsman yo t ap pouse pa ou sot deyò.

E ou menm, gason kanson, jeneral vanyan, gen lè ou pa wè malè ki pandye sou pwòp tèt pa ou, ou menm san ou koule pou rebay libète souf pou l respire; ou panko fè anyen toutotan ou pa trase yon ekzanp vanjans tèrib men ki se sa lajistis mande pou tout peyi sou latè wè klè sa sa vle di lè yon pèp pran libète l epi li sèmante li pa p pèdi l; an nou mete latèrè nan kè tout sila yo ki konprann yo ka vin pran libète nou nan men nou: n ap koumanse ak blan Franse … se pou san yo bouyi lè yo pèdi wout yo ap pase arebò peyi nou an, si malfezans yo te konn fè sou tè sa a pa fè yo pantan (fòk sa rive fèt ak) rezolisyon n ap pran la a pou n fann fwa nenpòt blan Franse ki ta vin sal peyi libète a ak pye madichon li.

Nou pran responsabilite pou n vin lib, n ap fè l pou kont nou, n ap fè l pou nou; an nou fè tankou ti bebe k ap grandi a: afòs l ap vin gran, pou kont li, li kraze lizyè ki te la pou anpeche l travèse a. Ki pèp ki te batay pou nou? Ki pèp ki ta vle jwi fwi travay nou? Ala lawont pou n ta fin genyen laviktwa pou n ta rete esklav. Esklav! Se blan Franse ki pou pote tit: moun ki te genyen laviktwa pou yo ka sispann lib.

Annou fè yon lòt chimen; annou fè tankou pèp k ap mache dwat devan yo, sila yo ki kite lachte dèyè, sila yo ki pito sispann ekziste olye pou yo ta kite yo sispann konte yo pami pèp ki lib.

An menm tan, nou pa p kite lespri pou n ap mache preche levanjil pa nou an kraze travay nou fin reyalize a; nou pa anmède vwazen nou yo, se dwa yo pou yo viv nan lapè selon lwa, yo menm, yo deside pou tèt yo. Nou pa p drese n tankou gwo revolisyonè pou n al mache fè lalwa bay tout zile vwazen n yo, pou sa nou fin reyalize a anpeche vwazen nou yo dòmi byen lannuit; Yo pa t sibi menm mati ak nou, tè lakay yo pa wouze ak san inosan menm jan ak nou; yo pa gen menm vanjans la pou yo tire sou fòs k ap gouvène yo a.

Kòm etan yo pa t janm sibi menm ravaj ak nou, se bèl ak bon bagay pou yo ta swete nou pou jou ki devan nou yo. Nou swete lapè pou tout vwazen nou! Men, madichon pou Lafrans! 

Modòd nou se rayisman pou tout tan pou Lafrans!

Pèp peyi d Ayiti, se te chans pa m pou se mwen ki te gen pou kanpe tankou yon santinèl, zam alamen ap voye je sou kokenn trezò sila a nou tout nou sakrifye n pou li a, mwen te fè travay la ak lafwa, mwen veye, mwen lite, gen de lè pou kont mwen. Epi, si jodi a se chans mwen pou m renmèt nou li nan men, pa janm bliye, kounye a, se responsabilite pa nou pou nou pwoteje l, konsève l. Pandan tout tan mwen t ap batay pou libète nou se pou bonè pa m mwen t ap travay. Anvan nou rive soude libète sa a ak yon seri lwa pou asire libète chak grenn nan nou, mwen menm ak chèf nou yo ke mwen rasanble la a, jodi a, dwe nou tout yon dènye prèv ki pou demontre klèman devouman nou.

Jeneral yo ak chèf yo ki la isit la, ki kanpe ansanm la a pou byenèt peyi nou, jou a rive, jou sa a ki pral enskri laglwa nou ak endepandans nou pou tout tan.

Si ta gen youn nan nou la a ki pa ta fin klè sou kesyon an oswa ki ta manke kran, ke l bay talon li imedyatman olye pou li ta bat dyòl li mamote sèman sila a ki pral simante nou tout ansanm nan.

Nou sèmante bay lemond antye, bay tout sa k ap vini apre yo, bay tèt nou, pou nou bay Lafrans do pou tout tan, pou nou mouri olye nou aksepte viv anba lobedyans li. Nou sèmante pou nou lite jouk dènye souf nou pou endepandans peyi nou!

Ou menm pèp sila a, ki si tèlman sibi, ki la jodi a, temwen sèman sila a, pinga ou janm bliye se sou fòs ak kouraj ou mwen te toujou mize lè mwen te anbake nan batay pou libète a pou nou te fini ak abi ak mechanste. Pa bliye mwen te sakrifye tout sa m te posede pou m te pran defans ou: manman m ak papa m, pitit mwen, tout byen m. Jodi a, sèl richès mwen se libète ou.

Non m sèlman teworize tout pèp ki patizan lesklavaj. Esklavajis ak tiran pa pran chans repete non sa a san yo pa madichonnen jou manman m te fè m nan. Si jamè ou ta refize oswa bougonnen kont lwa sa yo lespri k ap voye je sou desten ou yo ta dikte m pou byenèt ou, ou ta merite sò ki rezève pou pèp ki engra.

Mwen konnen sa pa p janm pase konsa. Mwen konnen ou ap toujou lite pou kenbe libète sa a ki nan men ou jodi a epi ou ap kore chèf k ap dirije ou la.

Sèmante pou ou viv lib endepandan, pou ou toujou pare pou ou koupe souf nenpòt sa ki ta konprann pou yo retounen nou nan restavèk.

Finalman sèmante pou ou boule san pitye ak trèt senkyèm kolòn ak tout lennmi endepandans ou.

Siyati:

Dessalines, Jeneral alatèt

Diskou piman bouk sa a te reveye lespri solidarite lakay tout Pitit Lafrik ki te reyini nan okazyon istorik sa a. Lapoula, militè tankou sivil, fanm tankou gason te repete sèman an : «Pou endepandans peyi nou, nou pare pou nou goumen jouk nou mouri», « Pou endepandans peyi nou, nou pare pou nou goumen jouk nou mouri», « Pou endepandans peyi nou, nou pare pou nou goumen jouk nou mouri»!

Konpatriyòt, jodi a, pandan n ap selebre zansèt nou yo, fòk nou sonje, anwetan Boisrond Tonnerre ki te gen mwayen ekri osijè revolisyon an, pandan aksyon yo t ap pase, pa gen anpil pami zansèt nou yo ki te gen opòtinite ekri liv. Kidonk, lenmi nou yo gen tan ekri yon dividal manti osijè revolisyon Ayisyen an ki pwazonnen lespri anpil jenerasyon.

Se konsa, krim kolon yo t ap fè, pandan plizyè syèk sou tilenzanj nou yo, yo vle fè sa pase tankou se pa t anyen.  Pa bliye : ata lèt nan tete manman zansèt nou yo, blan malveyan yo te abitye vòlè sa! 

Kidonk : pandan anpil ane, ekriven, reyalizatè fim sinema, pwofesè istwa nan inivèsite, yon dividal pwopagandis te mobilize toupatou, yo pwodui yon voum dokiman ki boure ak manti kote se viktim yo ki pase pou bouwo. Kanta pou Papa Dessalines, liberatè nou an, yo fè li pase pou yon gwo michan sovaj. 

Fòk nou admèt tou, zansèt nou yo te fè yon erè grav, lè yo kite pè blan yo vivan sou zile a, kòm “pwofesè lekòl“. Se sa ki lakòz bandi a soutàn sa yo te kontinye fè anpil dega nan sèvo plizyè jenerasyon fanm ak gason ki grandi ap vale pwopagann kolon an, ki se yon pwopagann anti-Nèg, anti-noumenm, anti-Ayisyen, yon veritab PWAZON ideyoljik ki kontinye ap fè gwo dega nan sosyete nou an, jiskaprezan.

Lè nou pran tan analize fenomèn trajik ki rive nan peyi nou pandan 20 ane ki sot pase yo, nou wè se pwazon ideyolojik kolon yo, ki kontinye ap fè dega. Otank malveyan ap anvayi nou ak kolonyaviris, se otank n ap asire n vaksen liberasyon Papa Dessalines nan koule byen koule nan venn nou. 

Konpatriyòt, daprèzavwa lavi miyò Pèp Ayisyen an ap bouske a pap janm posib si nou ta kontinye sitire kriminèl;

Daprèzavwa, li lè, li tan, pou Pèp Ayisyen an reprann kontwòl Ayiti tout bon vre;

Nou deklare, kare bare, apati ane 2023: Pèp Ayisyen deside nasyonalize tout pò peyi a, ikonpri: Pò Lafito ak Pò Varreux. 

Sa vle di : nou dekrete lapèmanans jiskaske nou rekipere tout milya dola Abdalah, Apaid, Bigio, Deeb…Zuraik vòlè pou Leta Ayisyen epi sere nan paradi fiskal aletranje. 

Vwalatilpa, Anbasadè Kanadyen Sébastien Carriere pa wont, kareman, jechèchman, li deklare se peyi Kanada ki pral poze sele sou byen bandi PHTK yo vòlè epi sere nan peyi li. Alòs, se yon jwèt «vòlè vòlè vòlè» ki t ap jwe la a? 

Ala derespektan! Ala rizèz! Ala sinik! Kòmsi la a, tyovi nou yo pa merite genyen vrè lise ak vrè inivèsite nan pwòp peyi yo, pou yo devlope kapasite entèlektyèl yo, pou yo itil peyi yo?

Pa bliye, apre koudeta 1991 lan, gwo rizèz yo ye, blan malveyan Meriken te fè je yo chèch yo mete non Acra, Bigio ak plizyè lòt blan malveyan lokal sou lis oligak yo swadizan t ap sanksyone. An reyalite se teyat ki t ap jwe, se nan betiz yo t ap pase Pèp Ayisyen an. Olye bandi koudetayis yo te sibi konsekans ekonomik, se atò yo te fenk kare dechèpiye Ayiti pandan y ap anrichi fanmi yo, ak konplisite blan Meriken.

***

Konpatriyòt, annou fè yon dènye kanpe ak ti bourik listwa nou. Fwa sa a, n ap estannbay nan kafou 1987 pou nou founi je gade Konstitisyon an ki deklare nan Nimewo 275-1: 

« Jou fèt nasyonal yo se: Premye Janvye: Fèt endepandans peyi d Ayiti. 2 Janvye: Se Jou zansèt yo. Premye Me: Fèt kiltivatè ak travayè. 18 Me: Fèt drapo ak inivèsite. 18 Novanm: Fèt batay Vètyè. Fèt lame ». 

Remake : premye Konstitisyon Nasyon an, Konstitisyon Enperyal 1805 lan, pa idantifye okenn dat spesifik pou fèt nasyonal yo. Senpleman, nan Atik 27, li di: “Ap genyen fèt nasyonal pou fete Endepandans peyi a, fèt Anperè a ak madanm li, fèt Agrikilti, epi fèt Konstitisyon an”.

Nan ane 1849, 2 Janvye vin konje lè Anperè Faustin Soulouque chwazi jou sa a pou fete Papa Nasyon an Jean Jacques Dessalines! – Avan sa, se Alexandre Pétion sèlman ki te gen jou 2 Avril yo te mete apa pou fete li. 

Nan ane 1867, lè Prezidan Sylvain Salnave pran pouvwa a, se 1 Janvye sèlman li kenbe pou fete ni Endepandans, ni Ewo yo. Nan ane 1957 François Duvalier resisite “Ewo” yo ak tout jou fèt 2 Janvye a. Kidonk, atravè ane yo, 2 Janvye, jou pou onore Papa Nasyon an, Jean-Jacques Dessalines, vin tounen jou yo mete apa pou onore zansèt yo. 

Jodi a, onore zansèt yo vle di : «pa obeyi okenn bandi!», daprèzavwa se yon nasyon rebèl, je klere, zansèt nou yo te mete doubout 1 Janvye 1804. 

Nou di zansèt yo mèsi pou bon jan disèl yo mete nan bouch nèg ak nègès zòt te vle fè tounen zonbi. 

Jodi a, zansèt yo ap repoze yo paske yo merite sa. Se nou menm ki dwe mete devwa nou opwòp. Batay kont malfèktè ki pote kolera yo pa batay Dessalines!

Batay kont malfèktè k ap eksplwate malere nan faktori $2 pa jou yo pa batay Papa Dessalines!

Batay kont pedofil ki di yo se “misyonè” k ap pote yon levanjil reziyasyon pou tyovi yo…pa batay Papa Dessalines, se batay pa n!

Batay kont kidnapè PHTK-CIA an fnmi e alye se batay pa n!

Konpatriyòt, annou suiv tras zansèt nou yo ki te konprann pa gen mwayen negosye lapè ak bandi ki te kidnape yo sou kontinan Lafrik epi fòse yo bourike sou zile Ayiti pandan plizyè syèk. 

Onore zansèt yo, an espri e an verite, vle di : nou pap okipe okenn ipokrit tankou Anbasadè Kanada nan Nasyonzini, mouche Bob Rae, ki rekòmande rezireksyon defen FAdH.

Kòmsi la a Bob Rae kwè nou twò egare pou nou reyalize, menm jan ak PNH la, menm jan ak Gang G9 la, swadizan FAdH-PHTK ki la a se yon gang kriminèl ki osèvis menm oligak sanginè Kanada pran pòz l ap sanksyone yo; kidonk, osèvis menm gang blan malveyan lokal ak entènasyonal yo. Menm yo menm k ap souse san Arawak, san nèg ak nègès sou tou 2 bò zile sa a, depi 1492. Wi, Pèp Ayisyen, nou bezwen yon vrè lame. Kidonk, n ap gonfle venn nou bati yon vrè lame k ap feraye sou lobidyans Ayisyen epi k ap resevwa zouti ak fòmasyon pou yo defann nèg ak nègès Ayiti kont lènmi istorik nou yo. 

Konpatriyòt, pinga okipe malfèktè Helen Lalime ak Ariel Henry ki pap janm bouke reyini abolotcho pou yo siyen fo akò akwòkò pandan nou menm, Pèp Souvren, de bra balan, se kadav inosan nou kontinye ap ranmase sou chak katye. Abolotcho-abolotcha, souf kout, 2 pa 2, 3 pa 3, y ap ranpe. Sila yo ki pa ka mache fè mannigèt, yo trennen jan yo konnen pou vin tete manmwèl nan fo tranzisyon bandi PHTK apre bandi PHTK, sou lobidyans blan malveyan yo. 

Non! Fwa sa a fòk sa kaba! Pou sa kaba ane sila a, se depi anlè pou nou klete vàn vyolans PHTK-G184-CoreGroup-G9-SDP abolotcho-abolatcha, trèt, kolabo, an fanmi e alye a. 

Konpatriyòt, annou klè: keseswa Ayisyen nayif osnon opòtinis ki ta aksepte dirije yon tranzisyon malatchong apre rejim PHTK-CIA sila a: kit blan malveyan yo ta batize abolotcho/abolatcha sa yo “gwo ti chèf” ak tit: Prezidan, Minis, Direktè KEP, Jij Kou Kasasyon… yo tout nèt se yon makòn bèf k ap mache kat pye gaye sou chimen labatwa – menm jan ak defen Apredye – toutotan nou pa pran kontwòl pò prive yo, fwontyè yo, ladwann…ak tout kote gang kriminèl Martelly-Celestin-Apaid-Bigio-Deeb-Handal-Zuraik la ap enpòte zàm fann fwa yo.

Daprèzavwa, pa gen Izo san Bigio, keseswa sa Izolan ak Tonymix ap chante semèn sa a, se radòt! Daprèzavwa, pa gen ni 100 ni 400 Mawozo san yon Martelly;

Se dilè zàm yo pou nou bloke, prese prese! 

Se jenou bandi yo pou nou kraze, san pitye! 

Se asnal zàm kriminèl yo pou nou eksploze, san ezite, dekwa pou Ayisyen ka respire, anfen, nan peyi Papa Dessalines te mouri kite pou nou TOUT lan. 

Kidonk, jodi premye Janvye 2023 sa a, pa gen wout pa bwa! Pa okipe espektak non bandi k ap monte sou lis sanksyon malatchong blan malveyan entènasyonal yo. Se pa sa ki bousòl nou. Se Papa Dessalines!

Kidonk, modòd nou klè kon dlo kòk : «Pou Ayiti libere, se yon sèl dechoukay pou li ye (de A à Z): Ariel, Abdalah, Acra, Apaid, Al Rayes, Babekyou, Bigio, Boulos, Brandt, Célestin, Deeb, Evans Paul, Foucand, Gracia Delva, Izo, Kiko Koka Saint-Rémy, Lambert, Latortue, Lalime, Lamothe, Madsen, Martelly, Mevs…Zuraik ». Wi, fout tonnè! Yon sèl dechoukay, soti nan A rive sou Z!

Pou nou onore zansèt yo, tout bon vre, nou dwe mete tout bandi kidnapè-kadejakè nan prizon.

An verite, pou Ayiti, nan non zansèt yo, fòk nou mete tout bandi Kò Gwoup deyò nan zafè Ayiti, atoujamè!

Comments are closed.