Bill: Nèg Kwa Amerikkka a

Viv Castro ! Nanmèd pou Duvalier !
April 21, 2018
Reparasyon: Deklarasyon Karakas la, 10 me 2018
May 20, 2018

Men jan sa te pase
Jezi kri te gen pou l mouri
Tout sa w ta fè
Se pou l ta mouri

Pilat te bo di
Nonm Kayif la pèsiste si tèlman
Yo kondane nonm lan.

Li pa t manje denpi de jou
Feblès fin anpare l
Pou l monte Mòn Olivye a
Ak de branch bwa sou do l

Li tonbe l leve
Pilat t ap gade sa ak lapenn
Tout sòlda women la yo ap gade
Se lè sa yon nèg vin pase

Simon Sireneyen
Yon gwo nèg
Kou Paul Robeson
Vin ap pase

Li gade sa kou nèg konn gade
Pilat santi sa ki nan kè nèg sa a
Li fè sòlda yo yon siy
Yo tout tonbe sou Simon
Yo bat li byen bat
Epi yo di l: pran kwa w pote l.

Simon pran kwa a ak yon men
Li pran l nan men blan an
Li kouri ak li
Li tonbe chante
Li tonbe danse
Li danse li chante
Li kouri monte pi wo
Li kite tout moun lwen dèyè
Li retounen, li danse, li chante
Li fè kwa a vire sou tèt li
Li voye kwa anlè. Li atrap kwa a
Li pase l nan janm li
Li voye l anlè
Kwa rete danse anlè pou kò l
Tout moun rele mirak
Kwa a redesann
Simon pran l
Li danse kont li
Anvan l remèt Jezi l

Depi lè a kou yon kwa twò rèd
Kou yon chay twò lou pou blan yo
Yo rele nèg vin pote l
Epi nou danse, nou chante
Bat tanbou, jwe vaksin: do n laj
Nou pran kwa, pran fizi
Pran kannon ride blan pote
Pran krim, pran peche
Ride tout moun pote

Félix Morisseau-Leroy (Men jan sa te pase)
Dyakout, pp. 22-23

Comments are closed.