Reparasyon: Deklarasyon Karakas la, 10 me 2018

Bill: Nèg Kwa Amerikkka a
April 28, 2018
Mèsi Papa Boukmann
June 22, 2018

Reparasyon: Deklarasyon Karakas la, 10 me 2018

WOUMBLE ENTÈNASYONAL SOU KESYON REPARASYON YO

Karakas, Venezyela 8 – 10  me 2018

DEKLARASYON

Noumenm, aktivis, fouyadò, reprezantan gouvènman ak mouvman sosyal ki te rasanble nan vil Karakas, Kapital Repiblik Bolivaryen Venezyela soti 8 rive 10 me 2018 la, ki se anivèsè gwo leve kanpe pou kase chenn lesklavaj potorik gason, Nègmawon, Jose Leonardo Chirino te fè nan Las Macanillas, eta Falcon, jou ki te 10 me 1795 la, nou deklare, alèkile, 10 me se Jounen Nasyonal Nèg ak Nègès nan Venezyela.

Delege ki soti toupatou sou latè te rasanble pou nou diskite sou dosye reparasyon an epi devlope estrateji tèt ansanm ki va pèmèt diskisyon nou yo tounen aksyon konkrè epi rezilta ki va rive prese-prese, nan yon ti tan osnon pi douvan toujou.

Nou bat bravo dèske Repiblik Bolivaryen Venezyela an òganize rankont sila a, e nou apresye anpil kout men Prezidan Nicolas Moros Maduro ansanm ak gouvènman Bolivaryen an vin bay kòz reparasyon an. Yo tabli kout men djanm sa a drèt dirèk nan estrateji politik k ap pote kokennchenn bourad pou aksyon mouvman sosyal yo, òganizasyon politik ak gouvènman nasyonal yo k ap lite anfavè reparasyon devan tribinal lajistis.

DAPRÈZAVWA

Rasis, diskriminasyon, zenofobi ak lòt fòm viris sosyal kontinye vale teren sètansi, paske se konsekans epi rezilta dirèk lesklavaj ak tout kalite dega li kontinye lakòz jiskaprezan.

Komès yo te fè ak moun yo mete nan chenn lesklavaj se yon krim kont limanite, jan yo te rekonèt sa nan 3zyèm Konferans Nasyonzini Kont Rasis ak konpayèl li yo, ki te fèt nan ane 2001 nan vil Diban, Afrikdisid.

Lè nou fin founi je gade, analize, diskite tout sa ki gen pou wè ak ekonomi, listwa, filozofi, sosyoloji, politik, aksyon miltilateral ak dosye legal nan kad chita pale sa a sou dosye reparasyon an, nou deklare e nou pran angajman pou :

  1. Nou mete men ansanm, nan kad aksyon lajistis ki va fòse tout Leta ki te, epi ki kontinye, genyen responsablite legal ak moral nan lesklavaj yo te fè Nèg Lafrik sibi (ikonpri komès esklav sou loseyan Atlantik la) kote Leta sa yo pral peye dedomajman pou tout dega yo lakòz nan mitan pèp Afriken yo ak desandan yo.
  2. Nou fòme yon ekip moun djanm ki gen divès talan ak ekspètiz pou yo dirije pwosesis reparasyon legal, ekonomik ak istorik yo kòm priyorite pwennfèpa anndan Deseni Entènasyonal Nasyonzini dekrte nan non tout Pitit Lafrik Ginen yo. Ekip travay sa a dwe genyen ladan li, gouvènman nan peyi pwogresis yo, Komisyon pou Reparasyon anndan peyi CARICOM yo, sant rechèch ki espesyalize nan reparasyon, inivèsite, Nasyonzini, ansanm ak tout yon latriye òganizasyon sosyal ak kominotè ki angaje nan lit pou nou jwenn reparasyon yo.
  3. Kreye yon Sant Rechèch sou Reparasyon nan peyi Venezyela ki espesyalize nan pwosesis reparasyon pou lesklavaj ak lit k ap mennen aktyèlman sou kontinan Lafrik, Lamerik epi Lewòp kont vòlò tè, rivyè, ak espas sakre pou relijyon ansanm ak tout lòt fòm neyokolonizasyon, lit ki ap fèt lòt kote tou, men ki genyen menm mak fabrik yo.
  4. Bati kolòn sou dosye reparasyon an ak Thabo Mbeki Foundation nan peyi Afrikdisid, ak lòt òganizasyon, kòm estrateji pataj eksperyans, fòmasyon epi pwomosyon kòz reparasyon an sou kontinan Lafrik, Lamerik yo epi Karayib la.
  5. Tabli yon metòd travay ki va pèmèt fanm ak gason pran responsablite san fòs kote, nan wòl ak pozisyon yo va jwe anndan mouvman ak kanpay anfavè reparasyon yo.
  6. Voye monte reyalizasyon yon Rankont Wodpòte Nasyonzini sou Reparasyon yo epi devlope yon estrateji sanpransouf ki va pèmèt nou kenbe presyon an byen wo onivo fowòm miltinasyonal yo.
  7. Fè reparasyon kwoke byen wo kòm sijè enpòtan k ap diskite an priyorite nan espas miltinasyonal tankou: CARICOM, ALBA, Inyon Afrikèn, Mouvman peyi ki pa aliyen yo, GRULAC, Nasyonzini epi BRICS, pami tandòt; epi souliyen nesesite pou nou byen marande zouti ak estrateji nou yo dekwa pou negosiyasyon règ chèch ka bannou reparasyon kare bare nan menm espas sa yo.
  8. Louvri pòt pou resevwa pèp endijèn yo nan batay la. Sekretarya Ekzekitif ALBA a gen tan prezante yon pwopozisyon ki va pèmèt lide sa a kanpe djanm.
  9. Tanmen yon kanpay piblik onivo entènasyonal ki vize responsab politik piblik yo an patikilye pou fè yo adopte epi priyorize kòz reparasyon an.
  10. Voye monte lide kòmkwa se yon dwa natirèl, etik, ak politik pou moun jwenn reparasyon akòz krim ki makonnen ak lesklavaj, komès esklavajis sou loseyan atlantik la, dappiyanp ak kolonizasyon pèp endijèn yo. Krim kont limanite sa yo lakòz gwo inegalite ekonomik ak sosyal nan mitan pèp nou yo, kidonk koupab yo dwe jwenn pinisyon.
  11. Rapousuiv kesyon reparasyon an sou baz jistis, respè ak diyite, olye nou chache chirepit ak pèkeseswa.
  12. Ankouraje mouvman sosyal yo ansanm ak òganizasyon sosyete sivil la ki konsène nan kesyon an tankou sendika yo, pou yo fè kolòn ak Leta epi enstitisyon osnon òganizasyon ki gen menm objektif ak yo nan kore pèp desandan Lafrik Ginen yo k ap defann dwa lejitim yo.
  13. Rekòmande Leta ki nan Lamerik yo ak nan Karayib la pou yo pran aksyon klè pou rekonèt prezans desandan Lafrik Ginen ki nan teritwa yo epi pwoteje dwa lejitim yo nan Konstitisyon peyi yo, epi pou yo pran angajman klè anfavè yo nan kad selebrasyon Deseni Nasyonzini deklare pou Pitit Lafrik Ginen yo.
  14. Rekonèt epi wete chapo devan kokennchenn bourad Repiblik Bolivaryen Venezyela bay pou tabli yon Ekip Legal ki Chaje ak Ekspè Nan Divès Disiplin ki pral travay sou dosye reparasyon yo.

Noumenm, patisipan nan Woumble Entènasyonal sou Dosye Reparasyon yo, nou bay dizon nou, nou kore deklarasyon sila a ki fèt jou 10 me 2018 la, nan vil Karakas, Repiblik Bolivaryen Venezyela.

223 zyèm ane apre yon mouvman anfavè endepandans Nègmawon, Nèg vanyan, Jose Leonardo Chirino te tanmen, alèkile: Jounen Nasyonal Nèg ak Nègès nan Venezyela!

Karakas, Me 2018

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *