Mèsi Papa Boukmann

Reparasyon: Deklarasyon Karakas la, 10 me 2018
May 20, 2018
Defile Manman Chimè
July 6, 2018

Mèsi Papa Boukmann

Mèsi Papa Boukmann !
(Jafrikayiti – 14 Dawou 2005).

Ala yon bèl fèt !

Sitwayen ki soti toupatou nan peyi d Ayiti, tout gwo otorite nèt alawonnbadè, zannana kou pengwen, reyini yon sèl kote. Yo ranje plizyè milye chèz an wonn. Nan mitan nèt, wonn ki pi piti a gen 21 gwo chèz ki gen 21 grandèt ki gen plis laj nan peyi a, ki chita sou yo. Mwen tande yon ti vwa ki di m: “He Jafrik, èske ou konnen kisa 21 chèz sa yo senbolize?” Mwen reponn: “Non, kisa yo reprezante!?”: li di m: “se 21 nasyon ki te reyini, mete fòs yo ansanm, nan kokennchenn goumen kote zansèt nou yo te pran libète mwenmenm ak ou n ap jui jouk jounen jodi a !

Chèz sila a se Dawome, sila a se Kongo, sila a se Kaplawou, sila a se Ibo….”

O O, Mezanmi ! Ala bèl, fèt sa a bèl! Gade granmoun! Gade timoun!

Ti vwa a di m: “èske ou remake chak timoun ki la a, fi tankou gason, gen yon mouchwa ble-e-wouj ki mare cheve yo? Èske ou remake woumble sa a te tanmen ak yon kout lanbi ki sonnen egzakteman nan moman solèy t ap kouche dèyè mòn yo?” Pandan mwen pare pou mwen mande kisa tout senbòl sa yo reprezante ojis, se konsa, mwen espandan epi zorèy mwen koumanse anrejistre vonvon Radio-canada k ap bay reyaksyon ki kontinye ap tonbe osijè nominasyon yon Gouvènè Jeneral tou nèf pou peyi Kanada.

Vye fanmi m yo, anverite, se pa ti regrèt mwen te regrèt kite bèl rèv mwen an. Men fòk ou ta di, se soti nan youn tonbe nan yon lòt!? Vwalatilpa, selon vonvon, nan ane 2005 lan, se yon Pitit Lafrik Ginen, ki wè douvanjou nan zantray Ayiti, ki pral Gouvènè Jeneral, reprezantan Larèn Elizabeth, ofisyèlman Chèfdeta, Kòmandan an chèf Lame peyi Kanada. Anveritedye, Michaelle Jean fè listwa!

Oudimwens, Kanada ki fè listwa!?

Detoutfason, toupatou, se yon sèl koze k ap pale: Paul Martin, Premyeminis peyi Kanada a, chwazi yon chelèn nan kominote Ayisyèn nan, li nonmen l Gouvènè Jeneral. Sa ki kontan ozanj, sa ki pa kontan ap wounouwounou. Men, tout moun nèt alawonnbadè pran nan sapatann – yo espantan. Save yo rele sa kou siprann!

Vle pa vle, zotobre pasi pala sètoblije ap voye mesaj felisitasyon pou “Madame la Gouverneure Générale Michaelle Jean!” Se lizay, respekte don!

Mèzalò, solèy kouche, solèy leve!

Lasi nan je pa linèt!

Ayisyen poko menm fin bat bravo lakontantman pou Michaelle Jean, nou aprann blan Franse (blan Franse wi !) deklare, nègès sa a se pa l li ye; daprèzavwa, depi kèk ane, manmzèl ap vwayaje ak sitwayènte La Repiblik Fransèz ansanm ak yon pitit otantik Napoléon Bonaparte anba bra l.

O! rete ! – Se poko sezi ou sa non !

Dayè, dènye aktyalite ki fenk tonbe fè konnen, ni “Madame la Gouverneure Générale”, ni mari li, zòt sispèk yo kòm moun, sa pa gen lontan, ki t ap rele “Vive le Québec libre!”.

Aa a ! Save yo rele sa “Reyal politik” ! Annatandan, reyal osnon wayal, sa se politik pa yo. 27 septanm 2005, Kanada pral konfime makònnaj trese sere nasyon modèn yo di ki miltikiltirèl sa a ak Lamonachi Britanik. Kidonk, Paul Martin elatriye pral onore tradisyon pirik-kayik ak pouvwa zansèt blan ewopeyen parèy li sou kontinan Lamerik lan. Anmenmtan, misye ap woule yon gwo pyon politik nan lespwa li pral ranmase tout vòt pati liberal la te fin twaka pèdi nan pwovens Kebèk. Rele sa: “reyal politik wayal – las blan fè dekabès!”.

Paul Martin byen konte, men èske li byen kalkile? Kòmkwa, sa yo rele kominote etnik yo tankou Ayisyen pral bliye koudeta bisantnè a? Arab pral bliye toupizman konpatriyòt yo Maher Arar te sibi akòz lenjistis otorite pa bò isit? Italyen pral bliye jan pati Liberal la te tante sakrifye ansyen Minis Alfonso Gagliano fè l tounen bourik do laj nan eskandal dwètlongsiperyè yo rele “kòmandit” lan? Kòmsi, tout kominote sa yo, kote imigran te sètoblije fè je yo byen chèch, al jire alejyans douvan reprezantan larèn- pou yo te ka jui privilèj dyòl loulouz nan peyi premye nasyon yo ki, alèkilè, vle pa vle, anba jip sa majeste Elizabeth gran jipon …. – Wi, Paul Martin espere dezòmè, tout moun sa yo pral mache 2 pa 2, al vote 2 je fèmen pou Pettigrew, Coderre, Paradis ak lòt kandida pati Liberal, kòmsi sete pou Michaelle yo t ap fèl?

A ! Ptèt ben k wi ! p’tèt ben k non!

Bò kote pa l, Michaelle Jean limenm, pitit Lafrik Ginen ki fèt sou zile d Ayiti, sitwayèn fransèz, madanm mouche Lafond, ki grandi nan “la nouvelle France”, pral demele l jwe patisyon pa li, menmsi se an chat pent, pou li wè ki “louverture” l ap rive kreye nan meli melo – batèm rat – sa a.

Pa gen kado isiba ! Tout moun ap veye mayi yo sou glasi. Se ou ki pou konnen kisa ou ap defann !

Nan mitan tout lakilbit politik sa yo, mwen espere tout Ayisyen remake kijan yon pwèlyèm pa sòti ni sou do Konstitisyon peyi Kanada a, ni sou do venerasyon lelit k ap dirije peyi a genyen pou zansèt ewopeyen
yo ki te fè dappiyanp sou teritwa peyi Kanada.

Pandanstan, nan peyi pa nou Ayiti, ki prezidan, ki palman, konstitisyonèl ou pa, ki pral dekrete 14-15 Dawou jounen sakre pou tout Ayisyen vin tire lareverans douvan zansèt Afriken pa nou yo? Ki lè nou va sispann tande nèg kolonize, ki kwè yo pi katolik, pi blan, pase Pap Alman an, k ap vin anonse fèt “Lasompsyon ak lòt Sen-denden”, gwo jou 15 Dawou fèt Boukman, fèt Cecile Fatiman, fèt Nèg Mawon yo.

Jiskaprezan, nèg poko ka santi kouraj yo pou yo selebre kòmsadwa sakrifis ak lanmou zansèt Afriken sa yo ki te mouri pou yo bannou libète sou latè beni ?

Kòmsi nou se yon bann engra, san kolòn vètebral, san listwa, san memwa, ki kondane pou nou viv lavi n atravè lavi, teritwa, ak sivilizasyon lòt pèp?

Yon nuit 14 dawou 1791, men kijan nou te reyini pou nou lapriyè :
“Bondye ki fè solèy ki klere anwo tèt nou an, Bondye ki soulve
lanmè a, limenm ki fè loray gwonde, Bondye sa a, nou tande m? Bondye
sa a ki kache nan yon nyaj, li la l ap gade nou. Bondye nou an wè tout
sa blan yo fè n sibi. Blan yo gen yon bondye ki mande krim. Men Bondye
pa nou an, se sa ki byen li vle….Se Bondye ki va kondui bra nou, se
li ki va bannou asistans. Jete vye pòtre bondye blan yo ki swaf dlo
nan je nou. Koute kijan libète ap pale nan kè nou tout. Koute libète
k ap pale nan kè nou tout!”

Se konsa lespri te enspire papa Boukmann pou li te pale ak fanmi nou yo. Jounen jodi a, granmesi jèfò yo, nou pa gen chenn nan pye. Men, si nou pa ta ka selebre pwòp viktwa pa nou sou lanmò; Si nou pa ta ka depase mechanste manipilasyon sikolojik dyab krabinay ki te vle disparèt nou sou latè sa a; Si nou pa ta ka rekonèt tèt nou kòm pitit lejitim Bondye Kreyatè a; Si nou pa ta ka sèvi ak lang pa nou, senbòl pa nou, pou nou di Bondye mèsi pou zansèt nou yo…Sa ta vle di, 200 zan apre Papa Dessalines, bra dwat pè Letènèl, te fin kase chenn lesklavaj ki te makònen nan pye nou an, nanm nou ta rete kwense nan boutèy. Sèvèl nou ta antòtye nan chenn.

Jounen jodi 14 dawou 2005 lan, mwen fenk aprann ki jan plizyè santèn moun te vle desann nan lari Okap pou yo al bay zansèt Afriken nou yo ochan yo merite, daprèzavwa yo te fè gwo leve kanpe, konbit libète Bwa kay Iman an. Pou lapenn, otorite ki opouvwa yo kanpe sou bit gwo zouti dezagreman yo lage nan men yo pou yo touye selebrasyon sa a nan ze. Pandanstan, nan palè prezidansyèl, nan primati, tankou nan anbasad, demen Lendi 15 Dawou a, se va konje nasyonal, paske yon leta, ki di l Ayisyen, ap fete “Notre-dame de l’Assumption”. Adye, douvan pòt tounen dèyè kay! Vagabon di li se leta; vwalatilpa, se menm leta sa a ki di, okontrè, se limenm k ap kouri dèyè vagabon.

Madichon m tande ou wi! Ou di, si depi 200 zan se konsa sa ye, se pa ni ou ni mwen ki pral fè sa chanje, ni jodi, ni demen?

Men, apa mwen wè drapo ble-e-wouj ou mare byen sere nan tèt ou, epi ou ap chante “se pa kado blan te fè nou, se san zansèt nou yo ki te koule”?

Di m non Kebindayiti, pitit gason m, kisa, jodi dimanch 14 Dawou a, ou vin di papa Boukman!?

Kebindayiti: “Mèsi pou libète ou fè chante nan kè nou tout !”

Anverite, pitit mwen, li jis epi li onorab pou nou di zansèt nou yo mèsi ! Mèsi ! 2005 fwa mèsi !

Jafrikayiti
“Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg !”

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *