Defile Manman Chimè

Mèsi Papa Boukmann
June 22, 2018
Kanada Pral Pwouve Li Respekte Pèp Ayisyen an
July 11, 2018

Defile Manman Chimè

Adye Bondye!
Nèg yo touye Dessalines.
Yo touye papa libète nou

yo wete inifòm Lanperè sou li
yo depatcha zepolèt li

yo rache dwèt men li
pou yo vòlò bag li.

Yo voye kout manchèt adwat,
kout manchèt agòch.

O graslamizèrikòd!

Men y ap trennen kadav Papa Nanchon an,
tankou yon vye sak ranyon,
yo lage li nan mitan lari Pòtoprens
pou moun anraje voye wòch sou li,
krache sou li, dezonore li.

O mezanmi gade yon krim san parèy!

Men kadav Lanperè blayi,
tankou kakas bèt ki mouri mò aksidan machin
sou gran chimen.

Depi gwo solèy midi,
kò li la l ap deperi.

Men solèy pral kouche
li la toujou,
nan mitan lari a.

Anfen !
Men yon Ayisyen ki sonje ki kalite san k ap koule nan venn li.

Men yon Ayisyen ki nan nòmal li.

Men yon fanm,
ansasen yo, dechoukè yo, anraje yo
pral konsidere kòm yon fanm fòl nan listwa.

Yon fanm ki gen fyèl
parèt demendepye
devan kadav Lanperè.

Li bese,
li ranmase sa ki ka ranmase

li benyen kò Papa Dessalines,
li beni li,
li kriye sou li.

Wi! mezanmi,
jou 17 oktòb 1806 sa a,
yon sèl Ayisyen ki pat pèdi bonnanj li,
yon fanm vanyan ki rele Defile
te monte nan tèt Mònatif
al antere Lanperè
Jean-Jacques Dessalines,
papa libète nou.

Mèsi Défilé,
daprèzavwa,
lè lamajorite te fin pèdi lòlòj yo,
oumenm sèl, ou te tèm
pou ou sove lonè Lanperè.

***
Jafrikayiti, 
Oktòb 2004

***

Pou ou li ochan yon lòt pitit peyi a, Doktè Patrick Délices, ekri osijè fanm vanyan nan listwa n, souple ale nan paj sa a: http://www.karibik-news.com/insel/biografien/636-manman-peyi-nou-die-gruendungsmuetter-von-haiti.html

Nan lang blan Alman, Doktè Délices raple nou ki jan “nan konferans li yo, Doktè Edward Scobie, otè yon liv ki rele “a Global Afrikan Presence”, site non Marie Sainte Dédée Bazile (zòt te pèmèt rele li Défilée-la-folle), kòm youn nan pèsonaj ki pi enpòtan nan Revolisyon Ayisyen an”.

1 Comment

  1. Dessalines Aristide says:

    Mèsi ampil frè m pou sit sa ayibobo