Kanada Pral Pwouve Li Respekte Pèp Ayisyen an

Defile Manman Chimè
July 6, 2018
Pou ki sa Pèp Ayisyen nan goumen kont blan, depi dikdantan?
May 17, 2019

Kanada Pral Pwouve Li Respekte Pèp Ayisyen an

Ayisyen di Etazini/Kanada/Lewòp/OEA/LONI:

“Ou kidnape vrè lidè nou yo, epi ou jouke popetwèl pa ou, pa vre?”

“Fòk nou kwape Apateyd ann Ayiti!”

“Okipasyon etranjè a ansanm ak popetwèl li yo echwe: Fout remèt Ayisyen peyi yo !”

“Nou te swaf dlo, ou pote Kolera bannou!”

Otawa, 9 jiyè 2018

 

Onè Premyeminis Justin Trudeau,

Yon lòt fwa ankò, yon gwoup Kanadyen ak Ayisyen vin pote pou ou yon mesaj yo pat janm bouke pote douvan biwo ou la, depi plis pase 10 zan: « Wi! Fòk nou korije politik peyi Kanada ap aplike sou Ayiti epi pèp Ayisyen an ».

Jou lendi 9 jiyè 2018 la, midi tapan, nou pral devan Mòn Palman ki nan kapital peyi Kanada a pou nou deklare ak tout fòs nou, solidarite total kapital ak frè epi sè Ayisyen nou yo ki kanpe djanm pou yo defann dwa yo genyen pou peyi yo dirije sou lobidyans yon govènman ki Ayisyen tout bon vre. Yon gouvènman yomenm menm yo va chwazi. Sa vle di tou, okipasyon etranjè yo tanmen pou makiye koudeta 2004 la epi ki ap toupizi pèp Ayisyen an depi 14 lane an fèt pou li kaba, la pou la.

Frè ak sè Ayisyen nou yo ki kontinye ap soufri san nesesite, se kichòy ki twouble lòlòj nou lajounen kou lannuit. Menm oumenm, èske ou pa tande ti vwa fèb yon makòn tyovi, prèske toutouni, k ap fè nou repwòch sa a:  “Nou te swaf dlo, oumenm, ou pote Kolera bannou!”?

Osijè dènye evènman yo, fòk nou di ou, se pa Jodi a, pèp Ayisyen an ap plede rele ra gagann devan lemonn antye: “Vwalatipa, ou kidnape vrè lidè nou yo epi ou jouke popetwèl pa ou”, pandan 2 je yo kale drèt dirèk sou sila yo ki pran tout gwo desizyon pou Ayiti nan sa yo rele “Core Group” la, ki limenm ap mache opa sou lobidyans peyi Etazini.

Premyeminis Trudeau, son ou tande nan lèt sa a se eko rèl ki ap dechire zantray Pèp Ayisyen an, yon pèp ki doubout pou li defann libète ak diyite li. Nan lèt sa a, nou vin repete menm mesaj nou te pote isit la a menm, sou Mòn Palman Kanadyen an, sa gen 2 zan pase.

  1. Se pou Kanada sispann kore malsite ann Ayiti tankou koudeta osnon gouvènman popetwèl ki sou lòd etranje;
  2. Kore relasyon komèsyal nòmal ak Ayiti. Kote, konpayi kanadyen k ap fouye min yo va, alèkile, respekte tout prensip nòmal pou yo pwoteje anviwonman an epi siyen kontra ki legal tout bon vre ak otorite Ayisyen ki tabli demokratikman e ki la pou asire eksplwatasyon resous natirèl pèp Ayisyen an, nan bon kondisyon;
  3. Retire tout sòlda ak polisye Kanadyen ki aktyèman sou teritwa pèp Ayisyen an;
  4. Nan moman an, lajan taks pèp Kanadyen an ap mal sèvi nan ede yon kò gang, yon oligachi aryere ki geri bosko li ann Ayiti epi k ap fè represyon sou mas pèp la (pèp Nèg zòt rann pòv la). Fòk sa chanje pou lajan sa a ka envesti pito nan inisyativ serye k ap ede bati enfrastrikti ak enstitisyon ki chita sou baz konesans syantifik ak inovasyon – yon seri domèn kote Kanada genyen bon repitasyon epi kote Ayiti genyen gwo bezwen;
  5. Kore revandikasyon jis pèp Ayisyen an ki ekzije reparasyon nan men Nasyonzini daprèzavwa, nan kad debakman ilegal sòlda etranje gwo bòt fè pou yo vin kamoufle koudeta 2004 la, yo tou kontamine plis pase 1 milyon Ayisyen ak bakteri Kolera a;
  6. Wete Kanada nan bagay ki rele “Core Group” la, kote yon makòn òganizasyon etranje ap foure bouch yo, simen lòbèy nan lavi politik pèp Ayisyen an, depi plis pase yon deseni. Konsa, ou va voye yon mesaj klè kòmkwa Kanada rekonèt nesesite pou yon chanjman radikal epi pozitif fèt nan relasyon li ak Ayiti epi, se tout bon vre, Kanadyen yo respekte pèp Ayisyen an.

Premyeminis Trudeau, nou konte sou ou pou ou ka montre lemonn antye, anba lidèchip ou,  politik etranjè peyi Kanada se yon bagay modèn ki pare pou ane 2018 nou ap viv ladan l lan epi, li odyapazon ak valè fondamantal ki enpòtan pou pèp Kanadyen an, tankou jistis ak prensip “tout moun se moun”.

Dènyèman la a, gouvènman Kanadyen ou ap dirije a deklare li louvri 2 bra pou akeyi selebrasyon Deseni Pèp Desandan Pitit Lafrik yo. Annou asire nou se pa nan lib deklarasyon sa a fèt. Wi! Alèkilè, fòk Kanada nou an twouse nen li, san di pètèt, sou sistèm Apateyd sosyal ak ekonomik ki ap boloze ann Ayiti a.

Pèp Ayisyen an te toujou kwape dominasyon politik yon minorite Blan rasis ta vle enpoze sou majorite Nèg la, menm lè zòt ta esesye makiye Apateyd la ak “dirijan” popetwèl po nwa. Nan batay nòb sa a yo tanmen depi dikdantan an, pèp Ayisyen an merite sipò nou nètalkole, epi fòk sa fèt san twou nan manch.

Premyeminis Trudeau, nou salye ou ak respè epi senserite,

(Klike la a, pou ou wè lèt orijinal la (nan lang Angle) ki rive nan biwo Pemyeminis Trudeau).

Jean Saint-Vil, Gatineau, Québec
Darlène Lozis, Gatineau, Québec
Yves Engler, author, Montreal, Québec
Christian Legeais, Gatineau, Québec
Barry Weisleder, Socialist Action
Jooneed KHAN, retired journalist, Montreal, Québec
Marie-Cécile Cavé, Gatineau, Québec
Anthony Fenton, Vancouver, B.C.
Peter Elgin, Kitchener, Ontario
Emmanuel Dupont, Gatineau, Québec
Colin Stuart, Ottawa, Ontario
Marie-Josée Renard, Ottawa, Ontario
Phil Taylor, Toronto, Ontario
Marème Thiam, Ottawa, Ontario
Kevin Skerrett, Ottawa, Ontario
Larry Hannant, Victoria, BC
Francoise Roy, Gatineau, Québec
Anna Di Carlo, National Leader of the Marxist-Leninist Party of Canada
P. Soublière, Gatineau, Québec
Jordan Samolesky, Winnipeg, Manitoba
Louis Lang, Gatineau, Québec
Nick Lin, Ottawa, Ontario
Sabine Beaubrun, Ottawa, Ontario
Shaeed Kareem, Ottawa, Ontario
Elio Janvier, Ottawa, Ontario
Jean-Claude Bien-Aimé, Ottawa, Ontario
Jean Jolicoeur, Orleans, Ontario
Nouini Lozis Saint-Vil, Gatineau, Québec
Lanmoukaji Lozis Saint-Vil, Gatineau, Québec
Joel Kalonji, Seattle, Washington, U.S.A. (visiting Canada)
Isiah Brooks, DesMoines, Iowa, U.S.A. (visiting Canada)
Yvon Villarceau, Ottawa, Canada
Hegmann Germain, Ottawa, Canada
Mimi Beaubrun, Ottawa, Canada
Garito Clédanor, Ottawa, Canada
Norma Forte, Gatineau, Québec

Trevor Haché, Ottawa, Ontario

 

Comments are closed.