Qui finance commande se franse. Poutan se pa mantò – Bourik Chaje Pamela White pale pawòl la ankò!

Apre 20 ane pèseverans nan rans, èske twò ta bare nou?
January 8, 2024
Kobalt an Ayiti fè zizye blan malveyan bat
February 19, 2024

Qui finance commande se franse. Poutan se pa mantò – Bourik Chaje Pamela White pale pawòl la ankò!

Revolisyon bò katedral, mèsenè kadejakè tout se kinan PHTK-CIA, zouti blan malveyan an fanmi e alye. An verite, Bourik chaje Pamela White pale pawòl la, again-ankò!

Nou mande tout pitit Lafrik, espesyalman militè yo, keseswa lame nasyonal kote yo anwole aktyèlman, pou yo refize lòd atake Ayiti, Nijè, Mali, Boukina Faso, Palestin…tout peyi nou k ap reziste atak nouvo kolon esklavajis, latèrèyis, vòlò resous minyè ki gen titalbè, ki pa janm rasazye yo. Non, nou pap obeyi! Nan lang Swahili ki pale nan peyi Kenya: Hapana! hatutatii! Non! nou pa p obeyi!


Konpatriyòt onè!

Jodi a, Dimanch 21 Janvye 2024, nou voye yon salitasyon espesyal pou fanmi ak zanmi konpatriyòt Bernard Éthéard ki travèse lòt bò lantouray lavi a, apre 87 rekòt. Konpatriyòt Bernard Éthéard se ansyen pwofesè fakilte Syans Imèn. Pandan anpil ane, Bernard Éthéard te dirije INARA (Institut National de la Réforme Agraire). Nou voye kondoleyans pou fanmi Bernard, zanmi li ak tout òganizasyon li te feraye ak yo. Nou di respè pou chak pitit Ayiti ki kontinye reziste pandan y ap bouske bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile Ayiti tankou aletranje. 

Kòmalòdinè, anvan nou founi je gade aktyalite semèn sa a, nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, nèg ak nègès Ayisyen abitye goumen ak anpil entèlijans, kouraj e pèsistans epi pote viktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup yo, yon makòn malveyan ki te toujou kanpe an mòd gang «Fanmi e alye Ajimal».

Jodi a, n ap kanpe ti bourik listwa nou nan kafou 1994:

15 Oktòb 1994 : Pèp Ayisyen an t ap viv yon fenomèn ekstraòdinè ki pot ko janm rive nan listwa li. Jean-Bertrand Aristide, yon prezidan sivil lame restavèk oligachi a ak CIA bay koudeta retounen opouvwa. Jou sa a tout je te brake sou ekran televizyon nan moman yon elikoptè Meriken t ap depoze prezidan Aristide nan lakou Palè Nasyonal. 

Gen sòlda FAdH ki te di bagay konsa pap janm rive fèt.  «Kote ou janm wè ze ponn retounen nan vant poul?».  Kidonk, se yon mirak politik ki te akonpli jou sa a. Gen moun ki di mirak sa a kite yon gou anmè nan bouch yo paske se ak patisipasyon sòlda Meriken li te fèt.  Gen lòt ki di yo menm yo trè satilfè puiske se menm blan Meriken ki fè koudeta 1991 lan ki te sètoblije depanse gwo lajan pou yo vin defèt yon zak malfezans yo te fè kont peyi nou an. 

An verite, kolon ak Konze kidnapè ki te fè koudeta 29 Septanm 1991 yo te sètoblije retounen ak Prezidan Titid nan peyi l (ze a tounen nan vant poul la) paske twòp refijye nwa k ap kouri pou masak CIA/Cédras/Michel François (Sweet Micky) t ap debake sou plaj Florida.

Daprè temwanyaj sòlda Meriken Stan Goff ki te patisipe nan debakman 1994 la, Etazini te pran pòz misyon yo se te “ede demokrasi ak Prezidan Aristide retounen Ayiti”. Men, an reyalite, yo te plis enterese vin pwoteje kriminèl FRAPH yo pandan y ap defann enterè ekonomik ak politik elit peyi blan malveyan yo.

“Yo wete m nan pòs mwen, pimpe m deyò Ayiti nan mwa Desanm 1994. Pwoblèm mwen kòmanse apre m te fin arete kèk sòlda, manm FRAPH, Makout, ak mouche Neal Calixte ki se ansyen Anbasadè sou Francois Duvalier (ki te repite kòm moun ki finanse aktivite FRAPH yo). Pratikman, tout prizonye sa yo te jwenn liberasyon lapoula, epi yo retounen nan sektè mwen an, menmsi yon kantite temwen te vle temwaye kont yo pou yon dividal krim atwòs. Yo te pase lòd pou mwen konsidere rezo eskadwon lanmò FRAPH kòm yon opozisyon politik lejitim. Yo te refize m pèmisyon debouske zam nan sektè m nan ke m te gen entansyon konfiske. Gen yon latriye sòlda nou fin byen ekzaminen epi nou rekòmande ak tout fòs pou anpeche yo entegre Fòs Polis Enterimè a, yo tout te resevwa amnisti & admisyon pou fòmasyon.

Yo mande m plizyè fwa pandan ankèt ki mennen lòd revokasyon pòs kòmandman m nan “èske mwen pa t vin twò pro-Ayisyen”. Stan Goff nan The racist underbelly of the U.S. occupation of Haiti, Haiti Progres, 1999.

Stan Goff, otè Hideous Dream: A Soldier’s Memoir of the U.S. Invasion of Haiti

I was relieved of my command and removed from Haiti in December 1994. My troubles began after I had arrested soldiers, FRAPH members, Macoutes, and the former ambassador under Francois Duvalier, Neal Calixte (who was reputed to have financed FRAPH activity). Virtually all of these detainees were freed and returned to my sector, even though a massive number of witnesses wanted to testify against them for a range of atrocities. I was told to regard the FRAPH death-squad network as the legitimate political opposition. I was *refused permission* to sweep my sector for weapons, which I intended to confiscate. Soldiers whom we thoroughly vetted and energetically recommended be barred from the interim police force were all given amnesty and admitted for training.

I was asked repeatedly during the investigation that relieved me of my command if I hadn’t become too pro-Haitian. The racist underbelly of the U.S. occupation of Haiti By Stan Goff, Haiti Progres, 1999

Stan Goff di: “Prèske tout rapò lame Meriken mwen te wè sou Ayiti, anvan osnon pandan envazyon an, te mete anpil aksan sou yon istwa kout poud, Vodou epi vye lide rasis kòmkwa moun nwa sa yo malfèktè nan nanm, depi Lafrik se kanibal yo ye. Nenpòt moun ki te sou teren an (Ayiti), oswa ki te gen ti kras bonsans, reyalize tout sa se te ranstay. Men, pwopagann rasis sa a te itil pou asire sòlda Ameriken yo pa senpatize ditou ak mas pèp Ayisyen an”.

Se nan anbyans sa a, yo te kouri bri kòmkwa Prezidan Aristide li menm menm te enplike nan zak malfezans mistik. Nou sonje jan grafiti rasis sa yo te popilè pami GNBis ki patisipe nan koudeta rasis 29 Fevriye 2004 lan.

Kesyon nou dwe poze tèt nou, alèkile, èske 20 ane apre, chèf kidnapè Wachintonndisi yo ak mesyedam GNBis Konze yo chanje metye?

Anvan nou rapousuiv refleksyon sa a, annou fè yon koudèy sou aktyalite semèn nan, apati rapò nou jwenn sou sit Radyo Rezistans:

Vandredi 19 Janvye 2024, nan ri Capois, Pòtoprens, bandi ak zam kidnape yon bis ak yon dizèn moun, pami yo 6 sè relijye kongregasyon Sentàn. Biwo CHR (Conférence haïtienne des religieux et religieuses) denonse kidnapin lan nan yon nòt yo voye bay laprès konsènan zak kriminèl sa a. Sonje: yo kidnape doktè Douglas Pape depi 28 Novanm 2023. Li nan men bandi yo jis kounye a. Kidnapè fè sa yo pi pito ak konplisite gouvènman Ariel Henry ak alye yo.

Yon lòt kote, soti Lendi 15 pou rive Vandredi 19 Janvye, bandi ak zam ki soti Bèlè, kote chèf gang Kenmpès ap dirije, anvayi Solino, yo touye moun, mete dife nan kay ak nan mache zòn lan. Bandi yo, simen laterè nan Nazon, Dèlma 24 ak nan sant Vil Pòtoprens. Popilasyon an kontinye lanse apèl bay lapolis. Gouvènman Ariel Henry a ak alye l sou pouvwa a, bouche zòrèy, yo fè kòmsi yo pa tande rèl anmwey popilasyon an. Radyo Rezistans ak Ajans Près Popilè Ayisyen (APPA) pale ak plizyè moun ki di popilasyon an dwe pran dispozisyon pou fè yon gwo mouvman dechoukaj, pou fini ak gouvènman gang PHTK ak alye li yo: INITE, Fizyon Sosyal Demokrat, Sektè Demokratik Popilè (SDP) ak HCT madan Manigat a.

Yon lòt kote, BSAP (Brigade de Sécurité des Aires Protégées) gouvènman Jovenel Moïse la te kreye nan ane 2018 swadizan pou pwoteksyon anviwonman, tounen yon gwoup paramilitè, yon milis anba kontwòl Guy Philippe, manm PHTK (Parti Haitien Tèt Kale). Vwalatilpa, yon ansyen minis anviwonman defakto deklare: “BSAP te gen 121 manm ki anrejistre ofisyèlman nan ane 2021. Alèkile, gen 4 mil ajan BSAP k ap pwomennen ak zam ak inifòm nan tout peyi a. Pèsonn nan gouvènman Ariel Henry a pa ka di popilasyon an konbyen moun ki anndan BSAP”. Kipizè, moun ki pa etoudi sonje kominike minis anviwonman defakto James Cadet ki te anonse 22 Fevriye 2022 li anile badj tout ajan BSAP. Yon desizyon li ta pran, akoz plizyè akizasyon aktivite kriminèl gwoup sa ap regle. Kidonk, BSAP Jeantel Joseph ap dirije depi kreyasyon l, nan ane 2018, tounen yon gwoup paramilitè, yon milis osèvis machann dwòg”.

Misyon Guy Philippe se: ede sove Gwoup 184-PHTK-CIA. Menm jan lame Etazini te vin sove FRAPH an 1994 pandan yo te pran pòz ap konbat li.

Sonje: Guy Philippe, se yon ansyen chèf gang osèvis oligak kriminèl gwoup 184, ki te mare sosis yo ak blan malveyan Ameriken, Fransè ak Kanadyen ki debake Ayiti epi fè koudeta 29 Fevriye 2004 la kont gouvènman lejitim peyi a ki te gen Prezidan Aristide epi 7000 eli alatèt li. Bandi Guy Philippe sot pase 6 ane nan prizon Etazini kote li plede koupab pou “blanchiman lajan sal ak trafik dwòg”. Kidonk, yon machann dwòg pran kontwòl BSAP pou mannèv gang politik li.

***

Nan moman an, bri ap kouri osijè debakman yon lòt gwoup mèsenè etranje po fonse sou zile Ayiti. Nou tande se Lakou Siprèm nan peyi Kenya ki swadizan pral deside Vandredi 26 Janvye k ap vini an, wi ou non si peyi Kenya ap pran tèt yon koze zòt batize “Mission multinationale de soutien à la sécurité en Haiti“. An reyalite, obsèvatè avize raple nou Etazini anonse li mete 100 milyon dola vèt apa pou misyon an. Apre sa, nou tande bri se 200 milyon. Daprè minis Kithure Kindiki, bidjè pou yo mobilize polisye yo pandan 1 ane aksyon pou retabli lapè an Ayiti, se 600 milyon dola vèt. Kidonk, mesyedam yo ap fè machandaj depi plizyè mwa, pandan zam fann fwa kontinye soti Etazini pou ateri nan asnal asasen PHTK, G9 an fanmi e alye ki sèvi pretèks pou debakman fòs etranjè sa a an Ayiti.

Qui finance commande” se franse. Men, sa pa vle di se mantò! Kidonk, li enpòtan pou nou suiv ki lès ki plase kòmand lan. Lojik di nou, sila yo ki peye polisye, militè mèsenè etranje yo, se li menm ki pral resevwa pwoteksyon ak sèvis yo.

Èske nou sonje Pamela White, yon ansyen Anbasadè Meriken ki te gen abitid pwomennen men nan ren ak Michel Martelly adwat, Laurent Lamothe agòch? E byen, manzè Pamela White pale pawòl la ankò! Li deklare, se pou sektè prive Ayisyen an “finanse moun ak zam, kit se polisye, militè, mèsenè etranje…pou vin ede yo sove peyi sa a ki fè yo vin rich anpil la – sa se esans deklarasyon l ap fè toupatou, depi mwa Out 2022.

Pamela White di fòk oligak BAMBAM yo sispann fè jwèt tè ak ti gang a sapat epi mete bèl lamama deyò, mobilize yon lame mèsenè ki ta dwe debake Ayiti rapid vit. Pou vin fè kisa, daprè ou menm?

Kèk jou apre Bourik Chaje Pamela White te fè deklarasyon sila a toupatou nan medya Etazini ak nan Karayib la, yon koze Rwanda ak Paul Kagame te kòmanse vonvonnen nan medya yo; Apre sa, pawòl la vire sou Kenya, Senegal, CARICOM…Kèk tan pase, Etazini voye dilè dwòg/mèsenè Guy Philippe retounen Ayiti. Osito dilè ki sèmante li se lidè a debake, nou remake bèl akolad retwouvay pami tout bandi Gwoup 184-PHTK-CIA an fanmi e alye.

Misyon mèsenè k ap soti Kenya yo – ede sove Gwoup 184-PHTK-CIA. Menm jan lame Etazini te vin sove FRAPH an 1994 pandan yo te pran pòz ap konbat li.

N ap raple ou, 12 Mas 2021 Bourik Chaje Pamela White te konseye Prezidan Joe Biden pou li “flòch Jovenel Moïse”, “mete li akote epi bay yon Premye Minis dirije Ayiti” se sa Pamela White te di, 4 mwa avan mèsenè ak ajan FBI k ap rele “DEA” nan pòtvwa te rantre kay Jovenel Moïse epi sasinen li.

https://theintercept.com/2022/01/13/haiti-president-jovenel-moise-ambassador/

Konpatriyòt, nou pa gen dwa kite sitiyasyon latèrè malfèktè tout koulè kreye nan peyi a fè nou aji tankou moun fou, moun nayif ki ka rive kwè lajan sal Bigio, Apaid, Mevs, Brandt, Acra, Madsen, Boulos, Ariel, Martelly (BAMBAMBAM) ka pote lapè pou Ayiti. Ou pa ka atann menm sila yo ki kreye, ame, epi pwoteje Izo yo pral fè mirak ba ou lapè ak Izo.

Sila yo ki te finanse Guy Philippe pandan koudeta 2004 lan, se yo menm menm ki ap klewonnen yon fo revolisyon nan ane 2024. N ap raple ou se menm mafya sa yo ki te finanse prezidans Jovenel Moïse lan. Ki moun ki gen tan bliye ki jan sa te fini?

«Viktwa Pèp Ayisyen an se nesesèman defèt blan malveyan yo – pa gen wout pa bwa, lè kè nou kontan yo fache! Ekzanp: 16 Desanm 1990!»

Revolisyon bò katedral ak mèsenè kadejakè se kinan PHTK-CIA, zouti blan malveyan an fanmi e alye – Bourik chaje Pamela White pale pawòl la ankò! Men, wè pa wè, dènye mo a se pou Pèp Ayisyen!

***

Nou mande tout pitit Lafrik, espesyalman militè yo, keseswa lame nasyonal kote yo anwole aktyèlman, pou yo refize lòd atake Ayiti, Nijè, Mali, Boukina Faso, Palestin…tout peyi nou k ap reziste atak nouvo kolon esklavajis, latèrèyis, vòlò resous minyè ki gen titalbè, ki pa janm rasazye yo. Non, nou pap obeyi! Nan lang Swahili ki pale nan peyi Kenya: Hapana! hatutatii! Non! nou pa p obeyi!

Comments are closed.