Pandan Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire retounen soti Kolonbi kote li te rankontre plizyè chèfdeta, nouvèl tonbe kòmkwa sòlda k ap soti nan peyi Salvador ap prepare pou yo vini Ayiti. Vwalatilpa, nou fenk aprann yon ventèn militè FAd’H kite peyi a Dimanch 3 Novanm 2024, an direksyon Matinik, yon zile Karayib peyi Lafrans vòlè, se la 25 militè FAdH pral suiv yon “fòmasyon espesyal” yo di ki rantre nan kad kowoperasyon bilateral leta Ayisyen genyen ak Lafrans. Mezanmi, pou di se sa nouvèl la ye tout bon vre? Aksyon ki bay toudisman sa yo ap rive nan moman kote gwo konfizyon, machwè gonfle, tabli ant 2 branch pouvwa ekzekitif neyokolonyal la, kidonk KPT, sou yon bò, epi Premye Minis Garry Conille ak gouvènman l lan, sou yon lòt bò.
Sekirite piblik alabaz lèt konvokasyon KPT a te voye bay mouche Garry Conille daprèzavwa se menm jan ak tout senp sitwayen, Konseye Prezidansyèl yo ta espantan sou prezans plizyè douzèn mèsènè blan Meriken epi Sidafriken sou teritwa nasyonal la.
Daprè yon atik Boukan News pibliye 30 Oktòb 2024, ta gen 4 oligak ki kotize $20 milyon pou finanse aktivite mèsenè sa yo k ap travay pou konpayi Studebaker. Èske tout bon vre Garry Conille ta oze fè yon tranzaksyon sansib konsa dèyè do swadizan siperyè yerachik li (KPT a)? Èske tout bon vre, se tout moun ki rele tèt yo “dirijan Ayisyen” nan moman an ki pèdi lòlòj yo?
Ansyen Bourik chaje a pale pawòl la depi dikdantan.
Moun ki pa etoudi sonje se depi mwa Out 2022, menm Pamela White ki te rekòmande elimine Jovenel Moise 3 mwa avan yo sasinen l lan, te pwopoze blan malveyan lokal yo, oligak kòwonpi yo (BAMBAM, Macaya Group) mete lamama deyò pou rekrite mèsenè k ap vin mete peyi a dous pou yo ankò. Jounen jodi a, anplis mèsenè po mawon fonse ki soti Kenya, Beliz, Jamayik ak Baamas, ou wè mèsenè po wòz pal debake nan peyi a san KPT pa menm okouran, epi ou fè seziman? (Souple, tyeke “Qui finance commande“).
Kit se ak sasinay Jovenel Moise 7 Jiyè 2021; kit se jenn manifestan ki tonbe yon bal nan tèt pandan ane 2019, avan Anbasad Etazini te eskòte 7 mèsenè blan l yo ayewopò, kèpòpòz; kit se kadejakè MINUSTAH ki fè plizyè masak pami popilasyon nèg ak nègès ki pi vilnerab nan peyi a, soti 2004 rive 2017; kit se mèsenè blan malveyan Afrikdisid ki te kanpe dèyè do oligak André Saliba (Apaid) ak ekip GNBis Groupe 184 yo lè, nan mwa Jiyè 2003, yo te deside pwovoke nèg ak nègès ki abite nan Site Solèy…an verite, Pèp Ayisyen ane 2000 yo gen dividal move souvni ak mèsenè etranje.
Sila yo ki fè listwa sonje ki jan, avan li te kite peyi a, nan finisman ane 2003, Anbasadè peyi Lafrans, Yves Gaudeul te fè yon diskou pwovokatè kote li te anonse “pral gen gwo tanpèt an Ayiti“. Gaudeul te estomake akoz Prezidan Aristide te gen kouraj fè demand restitisyon ranson Charles X la, devan tout limanite, yon jou 4 Avril 2003.
Laprès ta pral dekouvri pi ta, twò ta, se mouche Yves Gaudeul, Anbasadè Lafrans, ki te voye mèsenè blan Boer Afrikdisid yo bay ekip Konze Groupe 184 yo ki te deside pwovoke abitan Site Solèy tout moun konnen kòm baz Lavalas ak Prezidan Aristide. Motivasyon Gaudeul te klè kon dlo kòk.
Epi, gwo Dimanch 3 Novanm 2024, apèn 2 semèn avan selebrasyon Vertières, ki kote militè FAdH pral pran fòmasyon espesyal? An verite se sa ka la ka wèl!
Sa ki dwe klè, an lagan, se modèl “fòmasyon” bouwo nèg abitye resevwa kay kolon. Pa gen sezisman posib pou sila yo ki konnen eksperyans nou fè ak School of Americas – yon lekòl ki te drese sòlda FAdH pou yo spesyalize nan masakre nèg ak nègès parèy yo pandan y ap fè eksèdzèl nan pwoteksyon ak sèvis blan malveyan ki sou zile a. Tyeke atik sa a “FAdH: Ki lame pou ki moun” osnon vèsyon orijinal li ki pibliye an Angle nan Multinational Monitor – yon dokiman referans tout Ayisyen ta dwe konsilte detanzantan!
Se pa yon aza, si mèsenè blan 2019 yo te resevwa tretman VIP lè yo t ap pase nan ayewopò Toussaint Louverture, malgre PNH te bare yo nan zak ilegal sou teritwa nasyonal la. Tandiske PNH abitye maltrete, tòtire, imilye, sasinen… jenn Ayisyen tankou Grégory Saint-Hilaire, se ak gan nan men, yo t ap eflere ti po sansib mèsenè blan “une balle à la tête” PHTK te mennen nan peyi a pou defann pouvwa yo. Alèkile, ki kalte fòmasyon 25 militè pral ranmase sou zile Matinik nan men lènmi istorik Pèp Ayisyen an?
Nan ane 2015, Yves Gaudeul rakonte eksperyans chita pale li te fè ak Prezidan Aristide kote li te toujou konsyan li pa anfas “n’importe qui”, e li admèt Prezidan Aristide te raple li sa tou, san di pètèt.
***
Lè kouzen blan malveyan yo (Meriken, Franse & Kanadyen) te vin kidnape Prezidan Aristide jou 29 Fevriye 2004 la, tout mèsenè blan Meriken ki te angaje nan sekirite rapwoche l ak konpayi Steele Foundation, te fonn tankou bè. Responsab konpayi sa a, ki rele Kenneth Kurtz, te esplike nan mikwo jounalis Amy Goodman, emisyon Democracy Now, ki jan se gouvènman Etazini ki te bloke tout efò yo t ap deplwaye pou ranfòse sekirite prezidan an, pandan tewòris Guy Phillipe yo t ap miltipliye masak toupatou nan peyi a.
An verite, eksperyans tan modèn, leson listwa, bon sans ak lojik, yo tout di nou se pa pou ede Ti Mamoun ale lekòl, ni pou ede abitan Solino, Kafoufèy, Bèlè…retounen lakay yo mouvman militè etranje ap fèt sou zile Papa Dessalines nan.
Nan konferans pou laprès li reyalize Jedi 31 Oktòb 2024, Sèvis Près ak Relasyon Piblik Polis Nasyonal la prezante plizyè endividi lapolis entèpele, pami yo polisye Jean Renel Pierre, manm Inite Sekirite Prezidansyèl CAT TEAM, ki ta gen men li tranpe nan move zak trafik ilegal bal pou zàm fann fwa. Yon sitwayen septik ekri sou kont Facebook PNH la “Pou kisa popilasyon an pa tande pale de stope machann minisyon an pito?“. Sitwayen an rapousuiv pou li mande èske “Se paske se pou Anbasad Etazini l ap travay ki fè polisye ki arete l yo pat tou voye l al jwenn bawon pou 1 Novanm nan?“. Kòmantè sa a raple nou nivo mefyans ki ekziste ant popilasyon an, dirijan politik peyi a epi etranje ki pa ezite foure bouch yo tout longè nan tout biznis peyi a, skandal apre skandal, semèn apre semèn.
Onivo istorik, se apati 5 Desanm 1492 mèsenè blan kòmanse debake sou zile nou an. Depi dat sila a, misyon yo pa janm chanje: “pwoteje e sèvi yon ponyen kriminèl blan ak konplis yo ki santi pouvwa yo menase nan mitan gwo mas endijèn Arawak osnon nèg ak nègès ki sou zile a“.
Pandan peryòd koloni esklavajis yo, se apeprè 30 mil malfèktè blan esklavajis ki, detanzantan, t ap rele “anmwey osekou” pou lame Lafrans, Lespay, Angletè, Etazini vin sove yo chak fwa 450 mil nèg ak nègès te limen dife revolisyon abolisyonis lan. Apre viktwa 18 Novanm 1803 a, nan Vertières, Dessalines te prèske elimine tout kominote blan kriminèl ki te sou zile a. Mèzalò, tankou listwa rapòte n evènman Fevriye-Mas 1805 yo, se yon veritab konplo blan Etazini, Angletè, Lafrans ak Lespay te fè, an mòd Kò Gwoup an fanmi e alye, pou yo fòse Dessalines ak lame endijèn bandone sènay vil Santo Domingo, sa ki lakòz yon ti ponyen blan malveyan rete sou zile a jouk yo rekòmanse bati plizyè kominote kriminèl ni sou bò lès, ni sou bò lwès zile a, sitou apre sasinay Dessalines 17 Oktòb 1806. Mwen ankouraje nou tyeke plis referans istorik osijè “siège de Santo Domingo” epi “Jean-Pierre Boyer ki sasinen Felix Darfour, yon Afriken ki pa t vle trèt yo likide Ayiti bay blan malveyan tankou Polidor Martelly“.
Twa (3) espyon franse debake Ayiti nan ane 1814. Jean-François Dauxion-Lavaysse, Agoustine Franco dit Medina & Herman Dravermann te reseva lòd klè nan men Baron de Malouet, reprezantan Wa Louis XVIII pou yo kòwonp Pétion, Borgella ak Christophe, konvenk yo aksepte remèt Lafrans kontwòl zile Ayiti, menmsi se ta an soudin. Espyon yo fè bèl resèt nan patiray Prezidan Pétion ak Jeneral Borgella. Men yo jwenn gwo resif kay Wa Christophe. Si nou vin jwenn dokiman istorik sa yo, se granmesi Wa Henri 1e (Christophe) ki te poze lapat sou youn nan espyon yo (Agoustino Franco dit Medina) epi fòse li pale, avan yo kondane l epi pase sa alenfinitif. Wa Henri 1e te pibliye entèwogatwa espyon franse a nan jounal ofisyèl La Gazette Royale.
Kit se mesènè 2002 James White Glenn ki te debake Gonayiv ak pil zàm fann fwa li sere anba kagezon bib li te pote pou asayan GNBis, nan menm moman ajan CIA Janice Elmore t ap maniganse asasina Amyot “Cubain” Métayer pou aktive koudeta 2004 la; kit se mèsenè sidafriken Yves Gaudeul te prete Apaid nan pwovokasyon abitan Site Soleil yo, nan mwa Jiyè 2003; kit se mesenè “une balle à la tête” , “our boss will call your boss” Jovenel t ap dòlote an 2019 yo, kit se sila yo ki ede sasinen li 2 zan pi ta yo, kit se mèsenè tout koulè Pamela White konseye zanmi PHTK-CIA li yo peye pou ede yo kenbe pouvwa jiskobou, sou zile a, kit se pastè blan malveyan k ap lapriyè sou tèt tewòris Jimmy “Babekyou” Chérizier pandan operasyon masakre pèp Solino… yo te dwe resevwa menm tretman ak Agostino Franco dit Médina, espyon Lafrans te voye andyoze Wa Henri Christophe nan ane 1814 la.
Paltan nou rive nan debakman kolon Yanki nan ane 1915, pratik brake boulèt kanno sou palè nasyonal te tounen ti jwèt prefere blan malveyan yo ki te batize sa “Gun boat diplomacy“.
1825: Ak konkou lòt pouvwa blan esklavajis epòk sa a, Lafrans mobilize 15 bato lagè ki vin aplike “diplomasi bato boulèt kanno” sou Ayiti. Orezime, yo peze kou Ayiti yo kolekte 90 milyon Fran Lò, nan yon ranson yo te tabli odepa pou 150 milyon Fran Lò.
1853 bato Franse tounen. Se Amiral Duquesne ki vin fè presyon sou Anperè Faustin Soulouque pou li kontinye peye Ranson 1825 la. Anperè Soulouque di non li pap peye anyen! Orezime, lè yo remake Soulouque pap brennen, Duquesne ak blan zenglendo li yo sètoblije plwaye ke yo retounen an Frans de men vid.
Jiyè 1861: Blan Panyòl vin ransone Ayiti – Rezon: Blan yo deklare Ayisyen ap ede Jeneral Dominiken Cabral ak Sanchez ki t ap reziste kont blan Panyòl ki te vle foure Repiblik Dominikèn anba zèsèl yo. Amiral Panyòl la ki te rele Rubalcava peze kou Ayiti, li pran $200,000 plis salitasyon 21 kout kanno sou lòd Prezidan Ayisyen alepòk sa a, Fabre Nicholas Géffrard.
1870: Blan Meriken fè yon atak “diplomasi bato boulèt kanno” sou Ayiti ak bato U.S.S. Dictator
1872: Blan Alman fè yon atak “diplomasi bato boulèt kanno” sou Ayiti. Kaptenn Basch kolekte 3000 Liv Estèlin epi li badijonnen drapo Ayisyen an ak kaka bounda blan Alman.
1877: Mwa mas – Blan Franse fè yon atak “diplomasi bato boulèt kanno” sou Ayiti. Rezon: yo vin fòse Ayiti rekòmanse peye Ranson 1825 lan ki te rete yon balans 20 milyon Fran-Lò.
Desanm 1877: bato blan Panyòl retounen vin panike Ayiti. Blan yo brake kanno yo sou Palè Nasyonal la paske yo di yo sispèk Ayiti ap sipòte nèg revòlte sou zile Kiba.
Sept. 1883: Nan mitan revòlt popilè ki anvayi Pòtoprens, kapital la, reprezantan diplomatik peyi Lafrans, Angletè, Almay, Bèljik, Espay, Oland, Nòvèj ak Syèd siyen yon iltimatòm kote yo menase Prezidan Lysius Félicité Salomon pou yo bonbade Palè Nasyonal la.
Nan menm ane 1883 sa a, peyi Angletè te menase poze sele sou zile Latòti toutotan Ayiti pa bay komèsan Angle 628 mil Dola yo deklare nou dwe yo.
Ojis, se yon veritab masuife Prezidan Salomon t ap monte ak kò zenglendo blan sa yo, pandan li t ap demele li jan li konnen pou li mete Ayiti sou ray devlopman. Tou pandan l ap peye Ranson 1825 lan ak dividal dèt ekstòsyon sa yo, Prezidan Salomon tabli bon jan sèvis lapòs, bati lekòl, kore agrikilti modèn, epi fè yon kab pase anba lanmè a pou pèmèt kominikasyon pa telegram. Prezidan Salomon mete kanpe yon sistèm bank modèn nan peyi a ak bon jan kontwòl pou kwape koripsyon, jiskaske, nan ane 1887, 1 Goud vin egal 1 Dola Meriken.
Men, se nan menm ane 1887 sa a, blan Angle retounen ak menas pou yo poze sele sou zile Latòti. Ojis, se depi nan ane 1870 yo, blan Angle devlope obsesyon sa a. Yo di se yon sèten Madanm Maunder ki te genyen zile a. Men, daprèzavwa madanm nan pa ta peye lwaye (taks?), Leta Ayisyen repran zile a epi anile kontra Madanm Maunder te genyen an. Vwalatilpa, nan mwa mas 1887, peyi Angletè voye yon delege Pòtoprens ak yon iltimatòm pou Leta Ayisyen oswa remèt zile a bay Angletè, oswa peye yo 1 milyon Dola. Si se pa sa, Angletè sèmante l ap bonbade tout pò ki pi enpòtan nan peyi a.
Pandanstan, yon jou 10 Oktòb 1885, nègès vant beni Anne Marie Claire Emmanuel te fè mari li, Jeneral Masséna Péralte, kontan anpil lè li kaselezo epi, tyovi a pete premye rèl ki anonse Charlemagne Masséna Péralte rive nan mitan limanite.
Lè blan malveyan anvayisè, vòlò tè, kolonizatè, sanginè debake Ayiti ak bòt fere yo 28 Jiyè 1915, Charlemagne te gen 29 lane. Yanki sovaj yo te fè Anne Marie-Claire Emmanuel travay nan kòve, menm jan yo te trennen plizyè santèn peyizan nan raje epi fòse yo bourike pou enterè yo.
Tankou anpil nèg vanyan ki kanpe pou defann diyite nèg ak nègès sou latè, Charlemagne Masséna Péralte pa te viv anpil ane. Ojis, li mouri a 34 rekòlt kafe, kidonk, pi jèn pase Patrice Lumumba (35), Thomas Sankara (37), Malcom X ak Martin Luther King (39).
Se nan nuit 31 Oktòb 1919, ak konplisite yon nèg san lonè ki te rele Jean-Baptiste Conzé, yon vye blan Yanki lach, vòlò tè, malfèktè, ki te rele Hanneken tire chèf Kako a, li touye li. Apre sa, tout jounen 1 Novanm 1919 lan, kriminèl Hanneken mare kadav vanyan an sou yon pòt kay, yo ekspoze li sou plas piblik, tire pòtre li, epi yo distribye foto kadav la toupatou pou yo ka panike vanyan Kako ki te kontinye reziste kont malfèktè yo. Kòmsi popilasyon nèg ak nègès lan ta pral kite lapèrèz zonbifye l devan fewosite blan malveyan yo – kòmsi nou pot ko konnen se bèt sovaj sanginè yo ye. Kòmsi Rochambeau ak Leclerc pa t pase la deja.
Pou chak e pou tout patriyòt vanyan ki kanpe doubout, an Konbatan Ayisyen Kont Okipasyon (KAKO), nou fredone ak konviksyon: Charlemagne Péralte vivan! Hanneken w a yan!
Jounen jodi a, se menm pwogram jenosid ak derasinman sovaj sa a, malfèktè etranje ak lokal yo ap rapousuiv kont nasyon nou an. Se lizay pou tout nèg ak nègès ki lib nan nanm yo ak nan kò yo poze yon jès remèsiman pou nou onore Charlemagne Péralte.
Nou salye jès patriyotik plis pase trant (30) òganizasyon pwogresis anndan peyi a ki te dekrete jou dèy nasyonal Jedi 31 Oktòb 2024 la kote yo salye memwa Charlemagne Péralte ansanm ak plizyè milye viktim gang tewòris PHTK-CIA, espesyalman sila yo ki fenk tonbe nan Pon Sonde, Akayè ak Solino.
Ayisyen toupatou espantan 24 Oktòb ki sot pase a, lè mouche Denis Hankins, Anbasadè Etazini an Ayiti, admèt nan emisyon Le Point, sou Tele Metrople ak Wendell Théodore, li kenbe kontak detanzantan ak tewòris yo, swadizan, pou li reyisi asire sekirite anbasad la ak pèsonèl ki travay ladan l.
Konpatriyòt, fòk ou sonje se pa pou dat tewòris Jimmy “Babekyou” Chérizier ap klewonnen li se moun moun yo. Pou ki rezon se jis 28 Oktòb 2024 nou jwenn yon twit anbasad Etazini ki deklare foto Anbasadè Denis Hankins ki chita ap dyaloge ak teworis Babekyou a se malatchong “fake news”? Se dat li te gen tan klè pou tout gran timoun pa gen ni PHTK, G9, VIV NAN SAN N, 400 Mawozo, Izo…san CIA!
Kesyon: Pou ki rezon Etazini pa enterese dezame tewòris 2024 yo?
Repons: pou menm rezon li pa t enterese dezame tewòris 1994 yo!
Wi! Se sa ki leson eksperyans dilere pèp Ayisyen an te viv nan ane 1994. Tankou sòlda Meriken Stan Goff esplike sa ak voum detay e tankou nou ka verifye li nan achiv epòk la; nan diskou ofisyèl, blan malveyan yo te di se Prezidan Aristide ak demokrasi yo vin kore. Poutan, sòlda Yanki yo te resevwa lòd pwoteje tewòris FRAPH-FAdH yo epi maltrete LAVALAS.
Nan yon diskou ou kapab jwenn sou Youtube ak tit “je veux et je peux” (Vidéo), ou ka konstate ki jan Prezidan Aristide te fache paske, plizyè mwa apre retou li nan peyi a, tewòris FRAPH-CIA yo te kontinye masakre jenn fanm ak jenn gason nan katye popilè yo. An bon sinik, Blan Malveyan yo ki te pwomèt “dezameman” te fenk kare ap pase nou nan betiz puiske veritab misyon yo pa te janm gen anyen pou wè ak kore demokrasi, ni ede Ayiti.
Èske n ap kite yo fè l ankò? Seswajamè!
Lè Anbasadè Meriken chita pale ak Babekyou, se moun fou sèlman ki sezi!
Konpatriyòt, reyinyon mache prese pou monte KEP ki manke moso, fo konsiltasyon pou chanje Konstitisyon peyi a gwo ponyètman, Minis ak Premye Minis ki refize respekte lòd yerachik leta peyi a, anbasadè Meriken ki admèt li kenbe kontak ak tewòris k ap sasinen pèp Ayisyen an…tout se move siy ki avèti n malveyan yo pap bay piyay.
Granmoun yo aprann nou “lè avèg pwomèt ou kout wòch, si l pa anba men l, li anba pye l“. Kidonk, se pare pou nou pare n pou nou bloke kou, daprèzavwa Ayiti se eritaj nèg ak nègès konbatan e nou pa p likide li bay blan malveyan!