Tag: Ayiti
-

Krim Gwo Trayizon Ekzije Gwo Pinisyon
Jistis, Respè ak Reparasyon pou tout viktim, tout masak rejim kidnapè Gwoup 184 – Kò Gwoup la k ap peze kou nasyon nou an, depi plis pase 18 tan! An verite, tèt blan malveyan yo cho! Apre gwo bat lestomak yo t ap fè nan kòmansman mwa Oktòb la pou anonse debakman bòt fere sou…
-

Dechoukay pa fèt vaykevay alevwa revolisyon
« Annou suiv bon ekzanp zansèt nou yo ki te marye entèlijans ak kouray pou fè yon bon operasyon koupe tèt boule kay ki reyisi kwape lesklavay » Konpatriyòt onè! Jodi a, Dimanch 28 Out 2022, nou rasanble ankò pou nou ede batay Pèp Ayisyen an kontinye pran fòs sou chimen Sali Piblik la. Se…
-

Kouraj ak sajès Pèp Ayisyen an pi fò pase ni konplo ni wanga
Konpatriyot, onè! Kèk semèn pase, nou te di : Koze a po ko fini. Blan Kidnapè 2004 yo fenk kòmanse konfese! Vwalatilpa, se tout bon vre, jodi a, nou rive nan kafou Sali Piblik la. Wi konpatriyòt! Jou delivrans n ap bouske depi dikdantan an, n ap wè li kanmenm! E, nou sou bon chimen pou nou rive,…
-

Men vrè gouvènman Madan Lalime vle ofisyalize a
Lè ou wè malfèktè sa yo fente agoch, se adwat y ap franchi ak tout boulin. Osito yon vrè gouvènman Ayisyen tabli, premye aksyon konsekan li dwe poze se nasyonalize tout pò ak waf peyi a. Kesyon pou kriminèl kapab rantre ak gwo kagezon zàm “made in USA” nan peyi a dwe kaba isiba. Nou…