Tag: Ayiti
-

Se sèvo lan ki kòz kap 7 Fevriye nou te fè bèk atè
Konpatriyòt, onè! 7 Fevriye 2023 ki sot pase a make 37 ane depi diktati Duvalier-CIA a te fè bèk atè, 7 Fevriye 1986. Granmesi anpil batay, 16 Desanm 1990, gwo majorite pèp Ayisyen an te reyisi kreye pasaj jouk li chwazi dirijan peyi li pou premye fwa. Se eleksyon sa a ki ponn bèl fèt…
-

Fout tout bandi Kò Gwoup deyò nan zafè Ayiti, atoujamè!
Jodi a, Dimanch 1 Janvye 2023, nou wete chapo pou nou salye chak pitit Ayiti k ap bouske bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile a tankou aletranje. Kòmalòdinè, jodi a, nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, sa gen plis pase 219 ane pase, nèg ak nègès Ayisyen…
-

Pou Ayiti chanpyon, sispann jwe ak bagay serye, arete epi pini malfèktè tout koulè!
Jodi a, Dimanch 18 Desanm 2022, pandan tout je brake sou final Koupdimond Foutbòl nan peyi Kata, mwen genyen yon panse espesyal pou atlèt Ayisyen, Grenadye ak Grenadyè nou yo, ki kontinye ap fè mèvèy onivo pèfòmans pwofesyonèl yo. Nou di ochan espesyalman pou Nérilia Mondésir ki fenk jwe 100tyèm match li nan premye divizyon…
