Ayiti merite reparasyon ni anndan, ni deyò

Yon bon dechoukay nesesè pou Ayiti netralize tout malfèktè
March 13, 2022

Ane pase, 1 Avril 2021, Ayisyen toupatou t ap fwote je yo, nou te vle kwè ak tout fòs nou se te yon move blag pwasondavril, lè nou t ap gade videyo bandi ki te atake pastè Audalus Estimé ak 3 fidèl, anndan Legliz Advantis Galaad nan Dikini. Nan moman zak kidnapin an dirèk sa a, koral la t ap chante kantik #19 Chandesperans ki di “Jezi se pi gwo ranson an”. Orezime, ki moun ki te peye gwo lajan pou libere 4 otaj sa yo? Ki moun k ap peye plizyè milyon dola Meriken pou libere plizyè santèn otaj pandan 11 ane ki pase yo? 

Alepòk, yon atis vedèt t ap eseye rantre nan konsyans kidnapè kriminèl yo lè li deklare ak gwo emosyon epi fòs:

Anpil Ayisyen ap travay di, y ap netwaye twalèt nan otèl New-York… Epi, paske nou gen yon zàm nan men nou, nou deside n ap manje kòb moun sa yo!? Kòb sa a pa p fè nou byen mesye!…Se nou ki gen zàm nan men nou, se pou nou ale dèyè patwon nou yo!Beethova Obas

Jodi a, mwen gen yon panse espesyal pou tout frè ak sè nou yo ki ap viv aletranje. An verite, menm si se nan 11zyèm Depatman an kò nou ye, chak segond, se ak batman kè pèp Ayisyen an, anpil nan nou ap respire. 

20 Avril 2022 make 32 zyèm anivèsè gwo leve kanpe 20 Avril 1990 lan, yon dat istorik pou Pèp Ayisyen an. Jou sa a, pitit peyi a te pran lari nan plizyè vil sou latè pou yo manifeste kont Lakwa Wouj ak FDA, ajans Meriken ki okipe zafè bay san ak medikaman, paske yo te pèmèt yo mete Ayisyen kòm youn pami 4 kategori moun ki riske gen SIDA epi ki pa gen dwa bay san. Nan vil New-York menm, se plis pase 100 mil Ayisyen ki te sekwe pon Brooklyn pou yo di: «Blan malveyan : koupe m derespektan sa a, sèk!». 

Ak lizay, nou wete chapo, nou salye tout fanm ak gason vanyan ki te patisipe nan gwo leve kanpe 20 Avril 1990 lan epi ki te fòse Lakwa Wouj ak FDA ranje chita yo sou dosye SIDA a. Alèkile, annou bouske taktik, metòd ak strateji ki va ede pitit peyi a fè yon lòt gwo leve kanpe anndan teritwa nasyonal la, tankou aletranje, pou nou kwape tout malfèktè, lokal kou entènasyonal, ki gen jenou yo sou kou pèp Ayisyen an, jouk jodi jou. 

Vizyon pèp Ayisyen an klè kon dlo kòk e li pa janm varye, depi gwo leve kanpe 14-15 Out 1791 lan. 

“Tout moun se moun”! Vizyon sa a parèt aklè nan Premye Konstitisyon Nasyon an ki pibliye 20 Me 1805. Se yon vizyon ki depaman nètalkole ak foli k ap boloze nan tèt bandi Kò Gwoup, PHTK an fanmi e alye yo. 

Akò Pèp la se koupe fache ak tout bandi pou sove Ayiti – egal : Sali PiblikAkò bandi yo (lokal & entènasyonal) se seleksyon bouyi vide, rapid vit, pou asire kontinyite PHTK jiskobou. Kidonk, li nòmal epi lojik pou gen gwo dezakò ant pèp la epi bouwo l yo.

San di pètèt, deviz malfèktè PHTK yo se: “le pouvoir aux plus coupables”. Siman, fraz franse sa a sonnen yon jan sispèk nan zòrèy ou!? Se nòmal, paske, ojis, gen yon lòt ekip reyaksyonè ki te adopte yon slogan ki sanble avè l, nan finisman 19vyèm syèk la : «Le pouvoir aux plus capables», sa se te slogan yon ekip pretansye t ap klewonnen nan peyi Papa Dessalines nan pou yo tante makiye anpil vye prejije rasis ki te bloke sèvo yo. 

Anvan nou gade ki strateji ki va ede nou kwape abolotcho 2022 nou yo, annou fè yon koudèy rapid nan retwovizè listwa. Ti bourik nou pral kanpe ak nou nan kalfou ane 1883. Dokiman nou pral konsilte a rele “Testaman Liberal yo”. 

N ap li dezoutwa paragraf ladan l, apre sa, nou va fè kèk ti remak osijè orijin dokiman sila a:

Patizan Liberal yo, annou fè kolòn, frè ak frè. Konsa, nou va fè dènye fen bann gwo zòtèy sa yo, lenmi nou pou tout tan gen tan, bann anbisye sa yo ki abitye travay latè ak anpil ladrès, sou lobidyans Code Noir Toussaint Louverture lan epi, kounye a, men yo kwè se moun yo ye atò, jouk yo gen foli pran pòz mèt yo, nan matematik, nan fè diskou moun save…Ala yo kwè se Cicéron yo ye! Adye wi dan!

Nou ta pito disparèt! Seswajamè! Nou pap janm aksepte, jan y ap eseye fè n vale l la, pou nèg sa yo pase kòm vizavi nou osnon entèlokitè valab pou nou menm. 

Devwa nou, se pou nou kenbe tradisyon zansèt nou yo epi pou nou pa janm danse kole ak bèt sovaj sa yo. Fè afè ak yo, se ta voye jete konviksyon nou ak santiman nou. 

Tan pou nou ta sipòte viv anba pouvwa bann nèg sal sa yo, nou ta pito mare sosis nou ak frè ki gen menm san ak nou, ki sou bò Lès zile a. Nou ta pote kole ak yo pou defann dwa nou. Sinon, nou ta pito fout peyi a sou lobidyans lòt peyi epi, lè sa a, se vre, nou t ap oblije jui dwa nou yo kòm sitwayen dezyèm klas. Men, yo menm nèg yo t ap toujou rete anba nou.  

Ki te mèl nou ak koze memwa bagay ki te pase nan ane 1802 osnon 1804! 

N ap kontinye bloke tout jefò y ap fè pou yo devlope nivo kiltirèl ak entèlektyèl yo.

Ala kontan nou va kontan jou tiran sa yo va disparèt sou latè menm jan ak popilasyon orijinal yon zile yo rele zile Sandwich… 

Ayiti se teritwa zansèt nou yo, se peyi papa nou! Yo fout bliye sa!? Tiran ki gen menm koulè po ak nou yo, ki pa bay libète valè sa merite, konprann yo kapab trete nou tankou abitan yon koloni. Yo ta renmen wè nou desann nechèl la epi bandone dwa ak privilèj nou yo.  Ala engra! Ayiti se kinan nou li ye, se pa tè pa yo!  

Men kisa nèg sa yo dwe konnen, yon fwa pou tout: Ayiti, se pa «Lafrik aryere a», kote yo te trennen yo soti a, kote bizawèl yo ye jouk jounen jodi a.

Tèks sa a se nou menm, yon gwoup milat, ki ekri li, jou 16 Avril 1883, pandan lame Prezidan Salomon an te sènen nou nan vil Miragwàn».

***

An lagan, fòk mwen di gen anpil kesyon ki merite debat osijè dokiman «Le testament des Libéraux» sa a. Premye koze a se ki kote li soti tout bon vre?

Daprè sa ki ekri nan dokiman an, se ta deklarasyon yon gwoup «milat» sou lobidyans Jean Pierre Boyer Bazelais pandan Prezidan Lysius Salomon ta prèske fè fen yo nan vil Miragwàn nan ane 1883. Se vre Boyer-Bazelais mouri nan ane 1883 kote te gen gwo eskonbrit ki, dayè, ta pral lakòz Ayiti peye dikdal lajan «fo reparasyon» bay peyi enperyalis sansi yo. Daprè ekriven Leslie Péan, tèks anti-nèg yo batize «Le testament des Libéraux» a ta yon pwopagann yon ekip nwaris mete nan lari a, anpil ane apre evènman l ap dekri yo. Péan di se yon malatchong ki te sikile an kachèt pandan yon syèk, avan li te resi pibliye nan jounal Le Petit Samedi Soir, n° 694, edisyon 26 desanm 1987- 1e janvye 1988. Gen lòt otè tankou Pierre Josué Agénor Cadet, aktyèl Minis Defakto rejim PHTK a ki te deklare nan ane 2011 «Testaman Liberal yo» se yon dokiman otantik. 

Pou kounye a, mwen pa jwenn enfòmasyon solid ki ta fè mwen panche sou yon bò osnon yon lòt nètalkole. Mèzalò, kit alorijin li ta otantik osnon yon trak malatchong, ekzistans «Testaman Liberal yo» ta dwe pote gwo tristès nan lespri chak Ayisyen ki vivan jodi a, daprèzavwa, jiskaprezan, viris «rasis» lan kontinye ap fè anpil dega nan Repiblik Apated nou an. Sa ki pi grav atò, sanble se 2 atitid ki pi popilè jiskaprezan nan sosyete nou an: 1) fè otrich k ap foure tèt nan sab – pran pòz viris rasis lan pa ekziste vre osnon 2) fè rekiperasyon nwaris opòtinis osnon milatris opòtinitis ak yon michan java, yon kansè nasyonal. Antouka, se nan ane 2013 mwen tradui tèks «Testaman Liberal yo» okonplè nan lang Kreyòl.  Alèkile, ou kapab konsilte li ni an Kreyòl, ni an Franse sou blòg: Jafrikayiti.com kote mwen ajoute kòmantè ak referans ki makonnen ak li.

***

San di pètèt, alèkile se pa «les plus capables» k ap dirije Ayiti. Okontrè, gang blan malveyan yo asire yo se «les plus coupables» ki opouvwa ak PHTK. Misyon bandi sa yo se rann lavi 14 milyon Ayisyen mizerab, anndan peyi a, tankou lòt bò dlo. 

12 milyon nèg ak nègès ki ap viv nan malsite sou yon zile plizyè milyon zansèt yo te batay, swe, travay, mouri kite pou yo tandiske, pandan plis pase 300 zan, yon ponyen parese esklavajis sanginè t ap pwelase sou fyèl fanm, gason, tyovi yo mare nan chenn.

2 milyon ekèk nèg ak nègès k ap viv lwen zile Libète Papa Dessalines te mouri kite pou yo a, gen yon sèl zouti ki kapab ede nou reprann granmounite nou, se: RE-VO-LI-SYON!

Misyon bandi PHTK yo se rann lavi 14 milyon Ayisyen mizerab, anndan peyi a, tankou lòt bò dlo.

Parekzanp : 

Mèkredi 13 Avril 2022, devan biwo Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH), plizyè gwoup oblije fè sitin pou denonse menas lanmò responsab dwa moun, Pierre Espérance, ap resevwa anba men Michel Martelly ak rejim PHTK a. «Sèl chwa popilasyon an genyen se mobilize kont pouvwa PHTK a ki mare sosis li ak gang yo pou teworize yo» – sa se deklarasyon Jozye Merilyen, responsab Konbit la. MOLEGHAF, Lit Pèp Yo ak plizyè lòt òganizasyon pote solidarite bay Pierre Espérance tou, daprèzavwa gang ak pouvwa PHTK a ta vle sasinen l.

Pandanstan, Léon Charles, yon Ansyen DG Lapolis ki gen non l ap site nan sasinay Ansyen fo Prezidan Jovenel Moïse, alyas fiyèl parenn, se li menm k ap monte desann ak tit Anbasadè Ayiti nan OEA – yon rekonpans li rekòmanse jwi depi 21 Oktòb 2021.

Nou pwofite raple ou, Joseph Felix Badio envizib jiskaprezan, menm jan ak videyo kamera kay Pèlerin 5 lan. Swadizan ankèt Kongrè Meriken mande pou yo fè sou enplikasyon sitwayen peyi yo nan sasinay Jovenel Moïse lan ta sipoze bout alèkile. Pa bliye gen yon “pati” rapò ankèt trè espesyal sa a ki sipoze piblik epi gen yon pati k ap rete sekrè! Wè papa! Afè blan se mistè! 

Se menm blan sa a ki sèmante sila a k ap bati lopital ak inivèsite yo pa bon pou Ayiti. Nan je li, se nonm kilòt tanga a, asasen ki ede l touye lòt la, vòlè Kòb Petwo a ki “bon chèf” touskilfo pou nou. Mèsi, “thank you”, blan!

Jedi 7 Avril 2022 a, yon ouvriye ki t ap pale nan Radyo Rezistans denonse anpil gwo voksal k ap pase anndan «Premium Appareil S.A», yon faktori ki chita nan zòn Simon Pele, tou pre Vilaj Solidarite. Daprè temwanyaj konpatriyòt la, responsab izin lan fè zak kadejak sou yo, lè yo vle. Pa gen okenn mwayen pou yo jwenn jistis. Lè fanm yo gen règ anndan izin lan, se retay twal yo oblije itilize paske, pa gen sèvyèt ijyenik. Epi, lè yo malad, yo pa gen mwayen pou wè yon jinekològ. Yo di sitiyasyon lamizè ouvriye yo vin pi grav, depi aprè gouvènman PHTK 3yèm vèzyon Fizyon, INITE, SDP ak alye yo monte pri gaz la. 

Daprè Dominique St Éloi, kòdonatè CNOAH, divès responsab sendika te chita pale ak Arriel Henry. PM defakto avi a te pwomèt ouvriye yo akonpayman sosyal. Nad marinad!  Antouka, sendika yo deja sou brenzeng yo, y ap prepare mobilizasyon nan jou ki pral vini yo, pou kontinye ekzije 1500 goud salè minimòm nan.

Kidonk, kidnapè fè dappiyanp sou peyi nou, epi y ap kolekte ranson sou Ayisyen toupatou, ni anndan peyi a, ni aletranje. Kidonk, defi ki devan nou la a klè kon dlo kòk : Ki  jan n ap fè yon sèl leve kanpe pou nou chavire chodyè a, dekwa pou Pèp Ayisyen an ka reprann kontwòl peyi li, tout bon vre?

Menm jan fòk koloni esklavajis Saint-Domingue lan te disparèt pou Ayiti Manman Libète te kapab parèt…Pou Ayiti “Tout Moun Se Moun” nan reyisi wè douvanjou, fòk Repiblik Apated la boule rapyetè!  Kidonk pa gen wout pa bwa, yon mobilizasyon total kapital ijan e nesesè pou dechouke tout malfèktè alawonnbadè.

Annatandan, jou dechoukay òdone sa a rive, men kèk konpòtman konpatriyòt Réginald Châtelain, yon pitit Ayiti k ap viv Kanada, rekòmande chak bon Ayisyen adopte anfas bandi rejim sanginè PHTK yo : « Pa reponn lè yo salye ou kote ki gen moun. Refize ba yo lamen. Bloke yo sou kous yo sizoka yo louvri bra yo kòmkwa yo ta vle kwoke ak ou, ba ou akolad. Leve rapid vit si yo fè jès kòm si yo ta vle vin chita kote ou nan restoran»…. Se yon veritab kanpay «Kanpe Lwen Malandren» otè a pwopoze nan «La République des « Malandren » et ses multiples dérivés». 

Ekip konze laboratwa a ap mobilize semèn sa a pou preche moundebyen yon levanjil “rekonsilyon konplis” ak kriminèl PHTK yo, se tan ak enèji y ap gaspiye pou gran mesi. Pèp vanyan dekrete yon karantèn sosyal pwennfèpa kont tout bandi PHTK. Konze yo ta fè mye si yo ta konseye mèt yo Joe Biden ak Justin Trudeau rekonsilye ak Vladimir Putin pito!

Anvan nou fèmen refleksyon jodi a, annou founi je gade yon tablo k ap dekri yon sèn tipik sou koloni esklavajis yo:

Nan tablo sila a gen 3 pèsonaj. Yon ti bebe Afriken ki kouche byen lwen atè, toutouni, epi l ap gade manman li k ap bay yon ti bebe blan tete. 

Èske ou imajine fristrasyon, kòlè, lawont, san konte grangou ki anvayi nanm tyovi a ki swaf lèt manman li? Jan l ap gade manman an, san di pètèt, ti bebe Afriken an konsyan se li menm ki pwopriyetè lejitim lèt sa a. Si nou ta mete mo nan bouch tilezanj lan, nou ta tande l k ap vonvonnen: «Manmi, manmi: pou ki rezon ou bandone m?». Èske ou ka imajine repons manman sila a ta bay pitit li?

Anpil fwa se konsa nou voye je gade manman Ayiti, epi nou akize l, nou repwoche l dèske tete li seche, li faya, li pa ka ofri sa nou bezwen alevwa sa nou ta vle.

Frè m, sè m, lè a rive pou nou tout sispann dirije fristrasyon nou kont manman nou, ojis, kont pwòp tèt nou. Kit n ap viv sou zile a osnon aletranje, fòk nou demele n gonfle venn nou epi atake bouwo kadejakè esklavajis yo – veritab ènmi an.

Non! Se pa Ayiti manman nou ki pa bon! Se pa fondasyon nasyon 1804 la ki pa t bon. Se baz Repiblik Apated 1806 la ki pwazon. Se pou sa nou di aba trayizon!  Nou pap janm trayi san nou! 

Atansyon : si, nan mitan gwo ane 2022 sa a, travayè faktori ap sibi kadejak ak maspinay bouwo an infòm k ap travay pou patwon malveyan, li klè, se pa kolon esklavajis ki nan peyi Lewòp ak kontinan Lamerik yo sèlman ki gen yon dèt pwennfèpa pou yo peye nèg ak nègès Ayisyen. 

Wi gen yon Reparasyon Ekstèn ki jis epi nesesè pou eritye blan malveyan yo peye paske yo te mete plizyè milyon zansèt pèp Ayisyen an nan chenn lesklavaj, vòlè fòs kouray yo, eritaj natirèl yo epi ata lèt ki te nan tete manman yo. Mèzalò, gen yon lòt kategori reparasyon lojik ki nesesè tou anndan nasyon nou an. Depi Papa Dessalines te poze kesyon demeplè a: “E sila yo ki gen papa yo an Afrik yo, yo pap jwenn anyen?” li po ko janm resevwa yon repons ki akseptab. 

Apre plis pase 200 ane, èske se pa menm sila yo ki te gen papa yo an Afrik, 1 Janvye 1804 yo k ap mouri lè lapli tonbe alevwa pou lè gen siklòn ak tranblemantè ak kolera? Èske se pa yo menm ki mouri anba bal yon fòs polis ki anti-Ayisyen? Èske se pa yo menm ki ap viv sou pwent Mòl Sen Nikola, san dispansè alevwa lopital, san batistè alevwa papye tè. Kidonk, osito, nou va mobilize, goumen kont malfèktè yo ak detèminasyon ki nesesè pou nou reprann kontwòl peyi nou an, fòk nou tanmen yon pwosesis Reparasyon Entèn pou pataj la resi fèt san fòs kote, san demagoji, sou yon baz syantifik. 

Parekzanp, ki sa ki ka anpeche yon vrè Leta Ayisyen devlope pwogram espesyal pou favorize sila yo ki te defavorize depi plizyè syèk anndan peyi a? Parekzanp: sila yo ki pa ka prezante batistè manman ak papa yo, alevwa pou gran paran ki te bandone nan fon kè peyi a, san okenn enfrastrikti, ni sèvis? 

Pou ki pa ta ka gen pwogram espesyal ki ede pitit sitwayen ki te sibi diskriminasyon tout vi yo, nan yon Repiblik Nèg Anti-Nèg, jwenn bousdetid ki pèmèt yo valorize tè zansèt yo te travay pandan plizyè deseni ak bout zong yo nan yon peyi ki anti-Ayisyen, depi dikdantan? 

Tou natirèlman, yon vrè Leta Ayisyen ap bay Ayisyen priyorite sou teritwa peyi li. 

Wi! Pou Leta Ayisyen rekonsilye ak Pèp Ayisyen an fòk leta pèpè krizokal k ap deperi la a kraze atè plat. Nou pa bezwen ni fo lame, ni fo lapolis, ni fo sistèm jidisyè, ni fo prezidan, ni fo palman…ki pase nan fo eleksyon. Leta restavèk blan malveyan an dwe KRAZE, BOULE, DISPARÈT NÈT! 

Aba Leta Pèpè Krizokal! Viv Yon Leta ki Ayisyen Tout Bon Vre!


1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    Jah & Jahes love beloved Jafrikayiti. I enjoyed reading this blog post. I feel that you made a good argument for the revolution that you feel is necessary to help Ayiti and her people free themselves from neo-colonizers like the PHTK! I found a couple of quotes from your blog post that captures this idea well “San di pètèt, alèkile se pa «Les plus capable» k ap dirije Ayiti. Okontrè, gang blan malveyan yo asire yo se «les plus coupables» ki opouvwa ak PHTK”. And “Misyon bandi sa yo se rann lavi 14 milyon Ayisyen mizerab, anndan peyi a, tankou lòt bò dlo. Pa bliye gen yon “pati” rapò ankèt trè espesyal sa a ki sipoze piblik epi gen yon pati k ap rete sekrè! Wè papa! Afè blan se mistè! ” . And, so we cannot ignore the fact that the “blan malveyan” from abroad, the U.S., Canada, and France, are the ones who control Ayiti affairs. The PHTK is a puppet regime in power because the “blan malveyah” cannot directly rule Ayiti! I agree wholeheartedly with our brother, Reginald Chatelain: « Pa reponn lè yo salye ou kote ki gen moun. Refize ba yo lamen. Bloke yo sou kous yo sizoka yo louvri bra yo kòmkwa yo ta vle kwoke ak ou, ba ou akolad. Leve rapid vit si yo fè jès kòm si yo ta vle vin chita kote ou nan restoran»…. Se yon veritab kanpay «Kanpe Lwen Malandren» otè a pwopoze nan «La République des « Malandren » et ses multiples dérivés». We have to isolate them and let them know that we disagree with their activities, and we will fight them back by any means! The PHTK cannot be allowed to regain power in Ayiti; they should be rendered ineligible for public office because they have committed crimes against the Nation-State of Ayiti, such as the theft of the “Petro Caribe” #kotekobpetrokaribea? Rampant drug trafficking, corruption, murder, and mayhem. And Michel Martelly is a suspect in Jovenel Moise’s murder! Blessed love.#1804 #Ayiti #toutmouncmoun

Leave a Reply

Your email address will not be published.