Se pa kado blan te fe nou

Robert Mugabe: ou se ewo pam
November 27, 2017

Se pa kado blan te fe nou

Pandan fèt Martin Luther King bay okazyon pou patizan lanmou, verite ak jistis selebre lavi yon Nèg vanyan, jodi a, annou asire n, nou kenbe je nou byen kale sou kote nou vle rive ak lit nou an.

  1. Jenn gason sa a mouri sasinen, li te apenn viv 40 lane (15 janvye 1929 – 4 avril 1968)
    • Objektif Dr. King sete pou li viv epi amelyore limanite, se pat pou li te mouri sakrifye
    • Se anpil goumen moun nwa mennen anvan Etazini oblije aksepte bay jou konje sa a. Vanyan sòlda tankou Stevie Wonder ka di nou anpil sou sijè sa a
  2. Alèkile chak 15 janvye menm kriminèl ki sasinen jenn gason vanyan sa a, se yomenm menm k ap fè gwo diskou ipokrit nan objektif pou yo kontinye zonbifye limanite.
    • Defen fanm vanyan Coretta Scott-King te pote laviktwa lajistis kont gouvènman Meriken, osijè enplikasyon ajans leta yo (CIA, FBI), nan kò sansinay yo te fè sou mari li nan vil Memphis, jou 4 avril 1968 la.
    • Medya atravè lemond, fè silans sou dènye diskou Dr.King nan kote li t ap denonse krim leta Meriken t ap komèt epi kote li pwopoze aksyon rebelyon kare bare kont sistèm peze souse a.
    • Dr. King pat janm preche satirans pou malfèktè. Kontrèman ak pwopagann ki vin popilè alèkile Dr. King pa te janm preche pou moun nwa aji tankou enbesil, nayif, k ap kolabore ak kriminèl, ni tolere yo nan aksyon yo, swadizan pou « achte lapè ». Youn nan sitasyon jenn lidè sa a mwen pi renmen se sila a kote li di: “nan jenerasyon sa a, n ap genyen pou nou repanti, non sèlman pou vye pawòl ak zak mechan yo poze. Men tou, pou silans anraje swadizan moundebyen yo” (In this generation we will have to account not only for the bad words and actions of the bad people but for the appalling silence of the so-called good people).
  3. Nan menm peryòd malfèktè yo sansinen Martin Luther King nan, yo blayi plizyè lòt jenn fanm ak jenn gason ki t ap goumen pou byennèt limanite. Malcom X te gen 39 ane sou tè a (19 me 1925 – 21 fevriye 1965); Fred Hampton pa te gen tan fete 22èm anivèsè li (30 out 1948 – 4 desanm 1969); Nan ane 1978, Debbie Africa te apenn gen 22 ane sou tè sa a, lè fòs tenèb yo fè desantdelye sou tout fanmi li, yo rache yon ti bebe 23 mwa nan bra li. Jouk jounen Jodi a, 9 prizonye politik Move yo ap deperi nan prizon paske yo te kanpe pou defann dwa pitit Lafrik pou yo viv ak diyite nan peyi san ak swè zansèt yo anrichi a.

Pou tout rezon sa yo, noumenm, nou kanpe ak tout Nèg, tout Nègès ki rekonèt nesesite pou se noumenm Nèg, noumenm Nègès ki mennen lit nou, selon eksperyans pa nou, selon teknik pa nou, selon bezwen pa nou. Swadizan “alye” ki pa Nèg epi ki vle patisipe nan lit la, nou dakò ofri yo opòtinite kanpe dèyè nou, lè yo fè prèv yo epi aksepte rete nan wòl nou ba yo jwe a. Sinon, fòk yo òltègèt – pa gen plas pou negosiyasyon sou pwen sa a!

Gen yon lòt zansèt nou, menm ekip kriminèl J. Edgard Hoover yo t ap pèsekite nan koumansman dènye syèk la kit te avèti nou aklè sou kesyon sa a. Marcus Mosiah Garvey te deklare: “Lè ou pran desizyon mande yon moun pou li fè pou ou, sa oumenm ou ta genyen pou ou fè pou pwòp tèt ou, pito ou rasire ou moun sa a se pi bon zanmi osnon fanmi ou te ka genyen sou latè. Paske, si bagay sa a ou te mande li fè pou ou a gen valè, se konsa ou ka rete ou wè se limenm ki ranmase tout valè bagay sa a pou pwòp tèt li. Epi, annapre kisa oumenm ou jwenn kòm rezilta, daprèzavwa ou te mande konkou zòt: DESEPSYON !”.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *