Robert Mugabe: ou se ewo pam

Temwanyaj Kout Kouto Perejil Oktob 1937 p3
October 6, 2017

Robert Mugabe: ou se ewo pam

Sa a, se tradiksyon Kreyòl (li pa ofisyèl) pou yon tèks orijinal otè Jean Gasho pibliye sou tit: “Dear Robert Mugabe, To The World You May Be A Dictator, But You Will Always Be My Hero“.

Onè Robert Mugabe,

Jodi a mwen suiv konsèy pitit fi mwen an, ki te fèt 18 avril 2004, jou anivèsè endepandans Zimbabwe. Nou toujou selebre li kòm yon ti bebe Endepandans. Siman, se poutèt sa, se limenm menm ki sous enpirasyon lèt sa a.

Jodi a, gen yon sèl bò nan dividal istwa y ap rakonte sou ou yo. Men, chak istwa toujou genyen de kote. Kidonk, ansyen Prezidan mwen an, mwen pa panse li jis pou se yon sèl bò nan istwa ou lan y ap klewonnen nan mond lan. Menmsi m ta va sèl moun nan mond lan k ap selebre ou jodi a,  m pa ta gen pwoblèm ak sa. Si gen kichòy mwen te aprann lè mwen t ap grandi nan Zimbabwe, mwen te aprann pou mwen pa janm swiv foul moun. Se poutèt sa, mwen toujou chita pou kont mwen ap panse, espesyalman nan moman lè tout moun te lage tout nanm yo nan kèk foli. Mwen te grandi nan yon kilti ak yon anviwònman ki chaje ak abi. Men nan menm kilti abizif sa a, se yon « bèl Zimbabwe » ki te fòme mwen, banm entèlijans ak anpil kokennchenn zouti ki te edem bati lavni mwen.

Fanm mwen ye jounen jodi a se granmesi « bèl Zimbabwe » sa a oumenm Robert Mugabe ou te kreye. Se ekriti ki sove lavi mwen. Konn li ak ekri chanje destine m nètalkole. Si mwen pa te yon ekriven, mwen pa t ap janm kapab moun mwen ye jounen jodi a, ekriven Jean Gasho.

Anpil fwa moun mande m : «ki jan ou te fè pou ou te aprann ekri ak anpil ladrès konsa a »? « Ki jan ou fè konn ekri byen konsa »? Onètman, pi bon repons mwen ka janm bay « se paske mwen te resevwa edikasyon m nan peyi Zimbabwe, ki te genyen youn nan pi bon sistèm edikasyon ki ekziste sou tout kontinan Afriken an. Ekriti mwen pa pafè ditou. Men, lè moun li sa mwen ekri yo, yo rive kapte emosyon mwen.

Nan lang Chona, gen yon pawòl ki di « kusatenda huroyi », sa vle di « engratitid se wanga, se movezè ». Mwen sonje lè m te lekòl, m te gen kondisip ki te sòti nan peyi Nijerya, Zanbi, Malawi, Ouganda ak lòt peyi Afriken yo. Yo tout te vini Zimbabwe pou yo ka resevwa pi bon nivo edikasyon yo te kapab jwenn sou kontinan Lafrik la. Jouk jodi jou, yo toujou konsidere Zimbabwe kòm peyi Afriken ki gen pi wo nivo edikasyon an. Mwenmenm mwen konnen se oumenm menm, Robert Mugabe, ki merite tout kredi pou sa.

Gen kèk moun ki bay mouche Ian Smith kredi pou bon sistèm edikasyon sa a ki ekziste alèkile nan peyi Zimbabwe. Men, mwen konnen se oumenm, Robert Mugabe, ki te jouke edikasyon byen wo kòm yon dwa fondamantal chak timoun nwa genyen nan Zimbabwe, se pa mouche Ian Smith ki te fè sa.

Ou va padonnen m paske dlo ap kouri nan je m pou ou ansyen Prezidan m nan. Padonnen m dèske, m santim emosyonèl anpil jodi a. Petèt pou tout rès Zimbabweyen yo, sa ou te fè yo pa t anpil, men pou mwenmenm li te anpil, paske li sove lavi m. Ou te ban mwen pi gwo kado a, plis pase sa lajan ta janm kapab achte. Lè ou te di ou vin jouke edikasyon byen wo kòm yon dwa fondamantal chak timoun nwa genyen nan Zimbabwe, petèt sete pou mwen yon sèl. Jodi a, tout rès moun nan Zimbabwe ka bliye sa, men pa mwenmenm.

Mwen pran kriye paske sèl fwa mwen te janm santi m vivan tout bon vre nan Zimbabwe, malgre tout doulè mwen te konn ap soufri, se te lè mwen te antre nan yon klas lang Chona, Angle, Franse oswa Atizay. Se sijè sa yo sèlman ki te ede lavi m pran bon lèz paske leson sa yo te pèmèt mwen eksprime tèt mwen lib-e-libè. Mwen te gen chans chita aprann anba bouch anpil bon pwofesè lang ak atizay.

Si gen yon bagay pozitif mwen te pran nan men Zimbabwe, se edikasyon mwen.

Lè m te vin nan peyi Angletè m te genyen  18 an. Mwen sonje kijan blan Angle nan travay mwen te konn vin mande m ede yo eple mo Angle. Se konsa, mwen sonje yon fanm blan ki te vin mande m ekri yon lèt pou li nan okazyon li t ap kite travay la,  paske li te wè kouman mwen te konn byen ekri rapò mwen yo. Men, sa ki pi enpòtan an, mwen pa t panse yon jou ta rive kote se dòz mwen te resevwa sou ban lekòl yo, konpetans mwen nan ekriti ki ta sèvi m zouti ki ede m jwenn chimen pou m chape anba mechanste lèzòm. Mwen pa t ko janm konnen enpòtans sa pwofesè Angle m nan, Misye Sharp, te anseye m osijè ekriti kreyatif. Li te montre m devlope yon nivo ekspresyon wodpòte nan domèn ekriti.

Sa gen 4 ane konsa, mwen te yon fanm bandone, yon refijye ki san kay. Mwen te rive nan “koridò nanpwen sòti”. Men, mwen sonje ki jan m te di tèt mwen “granmesi ekriti m, mwen pral bouske chimen pou m chape sòti paske, si gen yon sèl fòs ki rete nan mwenmenm se pouvwa ekriti”. Epi, se sa menm mwen te fè. Rezilta: gade lè m, gade ki jan mwen byen enganm jounen jodi a!

Se konsa, lè mwen pale ak tout kè m, pa gen okenn fason mwen kapab selebre jodi a san mwen pa ta di ou mèsi. Pa gen okenn fason mwen kapab suiv sila yo nan lemond antye k ap rele ou « tiran ».

Se pa sèlman pi bon nivo edikasyon ou te ban mwen. Mwen te fèt aprè endepandans Zimbabwe. Ou te goumen anpil pou ou libere Zimbabwe, wete li nan represyon rasis. Ou pran prizon, yo maspinen ou, teworis yo tòtire ou pou Zimbabwe te ka jwenn libète. Tout lòt pitit Zimbabwe ta mèt bliye, men pa mwenmenm! Ou se sèl lidè Afriken ki te janm brav ase pou li kanpe anfas sistèm rasis « sipremasi blan » an epi ki dirije peyi li kòmsadwa. Petèt nan je mond lan, oswa nan je sa yo rele Loksidan an, ou se yon tiran, paske ou te eseye bay moun nwa nan Zimbabwe tè sa a zansèt yo te mouri kite pou yo a.

Mwen pa konnen okenn tirani oswa diktati ki ta ka pi mal pase sa Zimbabwe te ye lè se minorite blan an ki t ap penpennen ladan l. Mwen pa konnen anyen ki pi mal pase lè yo te konn trete moun nwa pi mal pase chen nan pwòp peyi yo. Tout moun nan mond lan ka bliye sa, men pa mwenmenm!

Mwen sonje lè m te timoun, manman mwen te abitye di « Si gen yon sèl bagay Prezidan nou an fè pou Zimbabwe, se limenm ki te bay fanm dwa yo ». Te gen yon epòk si fanm te pèdi mari yo, lamenm yo te pèdi kay yo ak mèb yo tou. Vwalatilpa, oumenm, Misye Mugabe ou chanje sa. Etank aktivis dwa fanm, menmsi tout rès moun nan Zimbabwe ta bliye sa, se pa mwenmenm!

Alèkile, gen plizyè milyon Zimbabweyen ki gaye toupatou sou latè. Genyen ki te bay gwo manti deklare lavi yo te menase pou yo te ka jwenn papye nan tout peyi kote yo abite jounen jodi a. Poutan, menm kote yo resevwa papye sa a, genyen ki fofile kò yo retounen Zimbabwe paske lavi yo pa te janm menase vre nan peyi yo.

Mwen pap janm souzestime wotè soufrans ak konfli ki ekziste tout bon vre nan mitan frè ak sè m yo nan Zimbabwe, men mwen pa kwè se ou yon sèl ki responsab sa k ap pase Zimbabwe jodi a. Mwen pa bliye gen sanksyon yo mete sou Zimbabwe ki deklanche yon gwo kriz ekonomik. Epitou, nan moman sa a laj vin monte sou ou ki lakòz ou vin vilnerab kote yon pakèt moun ki ozalantou ou ap itilize ou pou benefis pwòp tèt pa yo. Mwen konnen yon epòk kote byennèt moun Zimbabwe te toujou nan kè ou, espesyalman lè ou te marye ak premye madanm ou : Amai Sally Mugabe. Ou te fè plis pou Zimbabwe pase nenpòt lidè Afriken te janm fè. Wi, se sa mwen di. Mwen kwè moun ki bò kote ou yo kontribye anpil nan mannigans ki fèt pou yo kraze Zimbabwe. Alèkile, se sou do ou yo ta vle lage tout defo tandiske yomenm ya parèt kòm sovè, gwo ewo.

Mwen gen kè sote pou lavni Zimbabwe sizoka Emmerson Mnangagwa ta vin Prezidan peyi nou an. Se pa pou granmesi yo rele mouche sa a « Kwokodil la ». Se limenm ki akòz yon nonm inosan paralize, m vle di Godfrey Majonga. Se youn nan istwa laterè mwen te abitye tande epòk mwen t ap grandi. Mnangagwa te fè Majonga sote soti nan yon fenèt tonbe wotè plizyè etaj jis paske li te kouche yon fanm ki pa t menm madanm Mnangagwa menm. Si se pa sa ki definisyon « krim » ak « malsite », mwen pa konnen kisa ki krim. Se menm mouche sa a tou ki te responsab magouy ki fèt nan eleksyon 2008 yo. Se limenm ki lotè masak Gukurahundi an. Si tout bon vre, ou ta gwo « mechan » zòt ap mache di ou ye an, se Emmerson Mnangagwa ki ta premye modèl sou postè rejim mechanste sa a.

Se yon bagay ki depase antandman m lè jounen jodi a mwen konstate Zimbabweyen ka p rele Mnangagwa yon ewo, yon liberatè epi k ap rele oumenm Robert Mugabe yon diktatè. Mwen pa ka konprann ki jan toudenkou, nan fen semèn sa a, dènye grenn Zimbabweyen dòmi leve epi yo transfòme patizan ZanuPF. Poutan, depi kèk ane yo t ap di ZanuPF se te swadizan pi move pati politik ki ekziste sou latè. Anverite, si gen yon bagay mwen pa ka dijere vre, se ipokrizi.

Mwen panse ou byen fèt demisyone, mwen te espere ou tap fè sa depi kèk ane pase. Ala remò, Prezidan, pou se konsa ou vin ale. Ou merite onè ak respè pou tout bagay ou te fè pou Zimbabwe ak tout rès Lafrik. Men, malerezman, difèt ou te mize twòp sou pouvwa a, sa vin retire bon kou nan onè ak respè sa a. Mwen espere nan non tout sa ki jis, yon jou Zimbabwe ak Lafrik va onore eritaj ou tout bon vre kòm yon liberatè, moun sila a ki te fè Zimbabwe tounen peyi Afriken ki genyen pi wo nivo edikasyon an.

Mwen pankò janm wè yon lidè pafè. Mwen pa konnen si Zimbabwe ap janm jwenn youn. Natirèlman, tout moun gen kè kontan pou chanjman sa a. Li rive anreta menm. Mèzalò, mwen pa panse pwoblèm Zimbabwe a prèt pou li jwenn solisyon.  Petèt se pa kounye an, men gen yon bagay ki di m Zimbabwe pral manke ou anpil anpil.

Bondye te beni ou, li ba ou lavi long ak bon sante. Mwen swete pandan retrèt ou an, ou pral byen jwi rès tan sa a ou genyen an.

Nan yon moman kote Black British Entertainment Awards ap pran lèz kò li, se sèten mwen pral kanpe devan tout planèt la pou mwen onore ou. Wi, menmsi pa gen pyès lòt moun ki pral fè sa, mwenmenm mwen pral bay temwanyaj paske « fanm djanm » mwen ye jounen jodi a se granmesi edikasyon saa oumenm, Robert Mugabe, ou te ban mwen.

Kidonk, yo va eskize m paske, nan moman an, se pa mwenmenm ki va rantre nan okenn wonn sote ponpe ak zòt k ap joure ou « tiran », « diktatè » elatriye.

Pou mwenmenm ou pa t yon tiran. Pou mwenmenm ou pa t yon diktatè. Se pa paske lemond antye ap rele ou konsa, pou se sa ki ta va di ki lès ou ye tout bon vre. Non! Se verite ki dwe pote laviktwa. Pou mwenmenm, ou se nonm sa a ki te montre men m ki jan pou li fè lagè. Se oumenm ki ban m « plim mwen an ». Pou sa, ou merite rekonesans mwen pou tout tan gen tan. Mwen chwazi pou mwen selebre tout bon bagay ou te pèmèt briye nan mwenmenm. Dezòmè, se sa menm ki trase chimen lavni mwen.

Mwen di viv ansyen Prezidan mwen  an! Viv yon nouvo Zimbabwe k ap monte pi wo!

Pitit fi tè a, ki se kinan peyi Gana alèkile:  Jean Gasho

YON DÈNYE TI PAWÒL: Jiskaprezan, se oumenm ki lidè ki pi edike kontinan Lafrik te janm genyen. Lemond antye mèt bliye sa, men pa mwenmenm! Sa vo sa sa vo, men kite m di yon dènye mo. Mwen te soufri anpil abi, anpil mechanste epouvantab ki te prèske pati ak lavi m. Adye! Se pa t nan men ou mwen te sibi abi sa yo, okontrè sete nan men bann Zimbabweyen, fidèl legliz yo, k ap plede pale ou mal jounen jodi a.

***


Dear Jean,

What a powerful and timely piece! Please forgive my inability to properly express my heartfelt thanks to you in Shona, as I would so much prefer. I am a native of Haiti, where our founding father, Jean-Jacques Dessalines, who defeated Napoleon’s slave-making army to liberate millions of kidnapped and displaced Africans, was tragically betrayed and assassinated shortly thereafter.

Dr. Mugabe’s valiant struggle against white supremacist tyranny is truly awe-inspiring and deserving of admiration, praise and due respect.

My 13 year old daughter has been asking me to also explain to her what happened in Haiti when, in February 2004, white soldiers illegally entered the house of President Aristide, kidnapped him and his wife, and forced them to exile before imposing a disastrous foreign occupation of the country.

Given the fact that imperialist vultures are circling our lands, endangering the lives of our peoples, murdering our leaders, installing puppets to ravage our mineral resources all over Africa and the Americas, your powerful message needs to be heard and read in Xhosa, Fongbe, Ewe, Lingala, Kiswahili, Shona, Kreyòl, Zulu…

Please share my heartfelt thanks with your own precious 13 year old Kaina. So touched by your words was I that I took the liberty to draft an unofficial translation of your letter into Haitian Kreyòl. So many of our people thirst for and need to hear your wise words in their own native language.

Stay blessed! ndotenda kwazvo ! Mèsi anpil !

Jafrikayiti

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *