Temwanyaj Kout Kouto Perejil Oktob 1937 p3

Temwanyaj Kout Kouto Perejil Oktob 1937 p2
October 4, 2017
Robert Mugabe: ou se ewo pam
November 27, 2017
(Moso nan seri Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen © Jafrikayiti)

Lasosyete Onè,

Lafwadènyè nou te kanpe nan ane 1937, bò Larivyè Masak. Nou t ap koute temwanyaj moun ki te chape anba masak “kout kouto” diktatè Raphaël Trujillo te kòmande nan peyi Dominikani.

Annou kontinye koute:

“Se te konsa, yon 7 Oktòb, jou fèt patwonal Dayabonn, frè yo pran nou tout ti lezanj yo, janbe fwontyè a pou nou ale lamès. Pandan nou nan legliz la, mwen wè yon bann militè Dominiken ap mache monte desann andedan lakou legliz la. Se timoun nou ye, nou pa te konprann anyen. Poutan sa ki genyen, militè yo te vle tiye nou tout menm jou sa-a.

Yo te vle pran mounn depi nan legliz la tiye yo jouk sou fwontyè. Sa ki te vin rive, frè yo se te etranje yo te ye; Fransè yo te ye. Mwen sipoze se parapò a frè yo, militè yo pa fè sa; yo pa te touye nou. Men nan aswè, vè sizè konsa, militè yo koumanse pike moun, tiye moun. Depi sizè, yo koumanse masakre moun; m tande moun ap rele, moun ap kouri”.

Sa se te temwanyaj yon gason ki te viv eksperyans Kout kouto a. Kounye a, annou koute Irelia Pierre, yon jenn fanm.

«Kout Kouto te vin jwenn mwen, m te piti, m te gen tan pase lekòl. Yo te touye tout kò famni m: manman m, papa m, tout rès fanmiy lan. Nou te 28 nan fanmiy lan. Mwenmenm youn sèl ki te sove…Mwen te genyen 12 lane konsa.

Lè nou rive nan savann Dajabonn, nou gade yon bann “Guardia”. Lè an wè sa, mwen di “Manman nou pral mouri, wi! Nou pral mouri, wi!”.

Manman mwen di, – “pe bouch ou”. Oun lòt moman nou tande “Guardia” yo di: “esta preso! esta preso!”, epi yo “hare”. Nou tout, yo mete tout moun kanpe nan mitan yon solèy nan savann-lan.

Epi lè nou gade, nou di, “nou swaf,” ; yo di talè nou pral bwè dlo. Lè m’ gade, m’ wè yon “Guardia” ap pase sou yon cheval avèk yon kòd pou mare moun. Epi m wè li mare moun, y ap mare moun pou yo pa kouri. Epi li koumanse touye yo, lage yo anba nan yon trou. Li touye tout moun sa yo.

Genyen timoun Dominiken pran yo, yo voye yo anlè epi yo pare yo ak bayonèt. Apre yo mete yo kouche sou manman yo.

Se sèl mwen, yon sèl ki te sove. Dominiken yo te kwè m te mouri paske yo te banm anpil kout kouto».

Gason an rekòmanse pale….

«M wè ak degrenn ti zye inosan mwen yo, moun ki blese k ap travèse rivyè a. San yo koule chanje koulè dlo sal boulvèse a, fò di se lè vwazin lan ap lave trip kabrit nan moso kalbas seche. Gen moun ki rive janbe dlo-a. Yo vini tyake, tankou do bèf nan mitan arèn ak kout dag ki pa fin kaba. Militè yo tiye oun voum kantite moun. Timoun ke mye, m te pè konte. »

Irelia Pierre kontinye temwanye…

« Mwen fè 8 jou nan raje apre yo fin rache m, ak kout kouto. Apre 8 jou, se granmèsi yon moun ki te soti isit Ayiti ki wè m atè nan sab rivyè Masak. Li pran mwen, li vini ak mwen Ayiti. Yo voye m Wanament, yo pa resevwa m, yo di m yo pa te kapab okipe m. Yo voye m Okap, lè m rive Okap, yo okipe m. Yo benyen m, wete san, tout san nwè ki te chita sou kò m, m fè yon mwa kouche Lopital Jistiyen. Lè yo fini yo voye m tounen Wanament. Lè m rive la, m pa te genyen fanmi pou resevwa m, yo tounen ak mwen Okap ankò. M ale rete sou kont Leta»

Temwen gason an…

«Anpil ki te sove, vini isit nan Wanament. Lè sa-a, mwen te bò Koloni Domon an. Lè moun yo vini, gouvèlman Vensan voye ranmase moun yo nan Repiblik Dominikèn.

Gouvèlman Dominiken an vini lage yon kantite moun, tout Ayisyen po jòn kon po nwa, Ayisyen ki te fèt lòtbò fwontyè, Gouvèlman Dominiken an pran yo vini lage yo sou fwontyè-a. Apre yon semèn, yo ap tiye moun, Gouvèlman Vensan voye chache tout rès moun yo. Trujillo, prezidan peyi Dominiken lè sa a fè ranmase rès Ayisyen yo, bwote yo lage sou fwontyè Wanament.

Lari Wanament boure ak moun nèt, nèt, nèt, nèt, nèt, piske moun yo, anpil – pou mwen pa di laplipa – yo t ap viv lan Repiblik Dominikèn. Yo fèt la a menm. Donk yo pa genyen peyi Ayiti nan nanm yo. Lè yo vini nan Ayiti yo pa genyen kote pou yo te rete. Gouvèlman an sètoblije fè koloni sa a. Domon se te oun savann sa te ye. Pa te genyen kay la ditou, pa te genyen anyen la a menm. Kote dezè nèt».

Kidonk, onivo, sosyal gouvènman Ayisyen an ak popilasyon Ayisyen an te bay refijye yo ti laswenyaj preliminè. Daprè temwanyaj listwa, te gen anpil moun nan popilasyon Dominiken an ki te fè sa yo kapab tou pou yo te sove lavi inosan. Se konsa, nou aprann ki jan, José Francisco Pena Gomes, yon lidè politik nwa ki te popilè anpil nan Dominikani nan ane 90 yo, se te youn nan dividal ti òfelen fanmi Dominiken blan osnon milat te adopte apre masak la. Manman misye te Dominikèn, papa li te Dominiken ki gen san Ayisyen.

Pou Trujillo te kapab ede pèp Dominiken vin pi blan san pèdi tan, li te pare pou li masakre depi se Dominiken nwa ki nan peyi li epi ranplase yo ak imigran blan. Nenpòt ki blan, depi se blan.

Se konsa, nan ane 1938, Trujillo pwofite yon okazyon annò ke bon zanmi li Franklin Delano Roosevelt, Prezidan Etazini a, te ofri li. Li fè kado yon letandi tè ak 100,000 viza bay refijye Jwif blan idòl li, Adolf Hitler, t ap pèsekite sou kontinan Lewòp.

Epi yo di se zafè nèg ki mistè ? adye!

Èske ou konnen sa k te pase orezime?

Laplipa jwif ki te pran viza pou yo rantre an Dominikani yo te vin tabli nan lavil Sosua, men yo pa t vle rete an Dominikani ditou, yo mache ti bourik yo pou pi douvan, yo jete kò yo nan lòt peyi ki pi dous pou yo. Kidonk, malgre tout devouman misye deplwaye, plan blanchisman Trujillo a bwè dlo. Kidonk, “indios” yo sètoblije kontinye poudre!

Anvan nou fèmen chapit tris sa a nan listwa pèp zile Ayiti, annou souliyen dezoutwa enfòmason ke tout Ayisyen ta dwe konnen osijè atitid dezonè ni gouvènman Ayisyen, ni gouvènman Dominiken, ni gouvènman Etazini te adopte annapre kokennchenn krim rasis sa a yo te komèt kont moun nwa nan Repiblik Dominikèn, nan mwa Oktòb 1937.

Raphael Trujillo ak Elie Lescot: 2 malandren konplekse epi sanginè, youn sou chak bò zile Ayiti

1. Se jis de semenn apre masak la, gouvènman Sténio Vincent an te resi ekri gouvènman Dominiken an pou li senpman eksprime “enkyetid” li osijè evènman ansanglante sa a.

2. Gouvènman Etazini pwopoze Trujillo pou li peye yon dedomajman bay Ayiti, demannyè pou evite lòt dezagreman pete nan rejyon an.

3. Ofisyèlman, Raphaël Trujillo rekonèt sansinay 18 mil Ayisyen sou teritwa Dominiken epi li ofri pou li peye Ayiti $522 mil dola kòm dedomajman. Sa vle di $29 dola, pou chak grenn Ayisyen li rekonèt Dominiken touye.

4. Ozetizini, yo bat bravo lakontantman pou dezisyon Trujillo a. Poutèt sa, Sekretè Deta Etazini alepòk ki te rele Cordell Hull deklare kare bare Trujillo se youn nan pi gran ewo nan Lamerik Santral epi prèske tout Amerik di Sid la.

5. Non sèlman Prezidan Sténio Vincent, aksepte resevwa $29 dola Trujillo lonji ba li an kach pou chak kadav nèg li rekonèt li fè a, Sténio Vincent, ansakalite de Prezidan Ayisyen, deplase majeste li vin sou fwontyè pou li kole figi, fè gwo bobo lapè – lamitye ak Trujillo.

Vye fanmi m yo, se domaj, jouk jounen jodi a, jenn Ayisyen kontinye ap pase sou ban lekòl san pèsonn pa janm esplike yo paj listwa sa a. Pètèt se sa ki lakòz peyi nou an kontinye ap pwodui lidè politik k ap mache tèt bese devan etranje. Paske, lè ou pa konnen kote ou sòti, ou pa fouti konprann ni kote ou ye, ni kilès ou ye, alevwa pou ou ta pèsevwa kote ou prale.

***

Nou ofri remèsiman espesyal pou fouyapòt Lauren Derby ki te pibliye Temwayaj Kout Kouto yo nan Eyewitnesses to the Genocide by Lauren Derby, 1987. (Temwanyaj li ranmase nan ane 1987 anba bouch Ayisyen ki te chape anba masak Dominiken yo fè sou Ayisyen nan ane 1937 la). Mèsi tou pou tradiksyon Gary S. Daniel pibliye sou sit entènèt: AHAD. Respè!

***

Mwen dedikase seri pinga bliye sa a espesyalman pou Manzè Sonia Pierre, yon chelèn, pitit zantray zile Ayiti ki pap janm mouri. Ayibobo pou ou Nègès!

***

Lanmou pi fò pase lanmò!

***

Youth of African descent with the Dominican flag painted on their cheeks demonstrate in front of the Central Electoral Board to demand their Dominican citizenship in Santo Domingo on March 12, 2013. AFP PHOTO / Erika SANTELICES (Photo credit:  ERIKA SANTELICES/AFP/Getty Images)

1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    RastafarI love beloved Jafrikayiti. I am thankful for the research that you did to write this blog post. I loved reading the testimonies from the survivors of this bloody massacre. The Ayiti people who were slaughtered deserve justice. And, the survivors should be given some kind of reparations. Still, I am shocked and disturbed that Ayiti people continue to travel and migrate to the D.R. ! The time has come for folks of Ayiti descent to build their side of the island. I believe that # fanmilavalas is the most competent Party in Ayiti. They can provide developments schemes that will be cost effective and sustainable for Ayiti and her people. Lastly, we have to find ways to heal or deal with the various traumas that we continue to experience.Blessed love.#1804 # Ayiti