Aristide Raoul Peck & Lumumba

Se pa kado blan te fe nou
January 16, 2018
Viv Castro ! Nanmèd pou Duvalier !
April 21, 2018

Aristide Raoul Peck & Lumumba

Alepòk mwen te fenk fin wè «Lumumba» epi mwen te santi ijans pou nou tanmen yon brase lide sou mesaj ki marinen nan kokenn chenn fim sa a, konpatriyòt nou Raoul Peck reyalize.

Tankou tit mesaj la trayi entansyon mwen alapapòt, mwen ta renmen mete fim nan nan kontèks sosyo-politik jounen jodi a.

Vwalatilpa, se nan menm peryòd la tou, mwen te fenk fin li liv Raoul Peck la «Monsieur le ministre…jusqu’au bout de la patience». Mwen kwè gen anpil leson noumenm ki enterese nan lavi pèp nou an, kapab tire apati pwodiksyon Raoul Peck yo epi  eksperyans  misye viv yo.

Mwen pa toujou dakò ak analiz Raoul Peck yo. Si kèk fwa mwen dakò ak analiz li yo, mwen pa dakò ak desizyon li pran yo. Men, anverite, mwen respekte kalite travay konpatriyòt sa a anpil e mwen kwè nan yon brase lide youn ak lòt nou kapab kontinye travay entwospeksyon misye tanmen nan zèv li yo.

Men kèk tèm diskisyon ki pase nan lespri mwen:

1) Ki diferans, ki smilarite ki genyen ant sa Patrice Lumumba te viv ak pouvwa sipremasi blan yo nan ane 1960 epi sa Jean Bertrand Aristide ap viv ak yo, sòti depi ane 1980 yo rive jouk jounen jodi a?

*** Ki erè chak nan nèg sa yo te fè? Ki bon desizyon yo te pran nan sitiyasyon yo viv yo? Ki konsekans sa genyen pou pèp yo? Kisa ki ka fèt pou repare sa ki kapab repare? Kisa ki ka fèt pou pèp Kongolè a, pèp Ayisyen an pote laviktwa alafendèfen?

*** Jiska kilè Mobutu te rekiperab? Jiska ki lè Aristide, Gérard Pierre Charles, Evans Paul, Manigat, Bazin te kapab rive fè fwon komen kont «sipremasi blan» an ki degize an «zanmi Ayiti» a?

2) Pou kisa se sèlman lè yon reyalizatè Nwa pran kouraj li pou li fè yon fim konsa, sijè sa a (sansinay Lumumba a) reyisi pran granri pou li? Èske se pa menm bagay la pou fim sou Revolisyon 1791-1804 la?

3) Kisa ki fè yon nèg tankou Raoul Peck ansanm ak tout ekip OPL 1997-98 la, Aristide, Préval elatriye… pat reyisi pran leson sou sa ki te pase nan peyi Kongo, nan zile Lagrenad…pou yo pat kite mouvman Lavalas la tonbe nan chire pit li ye jounen jodi a? Kisa ki fezab jiskaprezan pou pèp Ayisyen an pa fè zewo nètalkole?

4) Ki estrateji nou dwe pran dekwa pou noumenm nèg ak nègès sispann kite lapèrèz fè nou kite viris «sipremasi blan» an kontinye detwi lidè nou yo, sosyete nou yo, lavni timoun nou yo grenn pa grenn?  Kilè n ap aprann konprann fòk se noumenm menm ki defann kòz nou – nan konbit?

Mwen pa mande pèsonn pou yo abòde kesyon an menm jan ak mwen. Pa rete bèkèkè ap gade lavi nou k ap depatcha tankou se yon fim sinema.

M ap tann soukous ou kanmarad, oumenm ki enterese nan brase lide sa a…

Respè,

Jafrikayiti

Souple, alewè fowòm diskisyon Ann Pale, 29 septanm 2001, premye jou nou te lanse apèl piblik sa a. Mwen kwè li toujou valab, malgre tout san ki gen tan koule, malgre 2004, malgre tout tan ki pase…li ta, nou anreta anpil…men, anverite, li po ko twò ta !

Comments are closed.