Semèn sa a, Raul Castro pase mayòl la bay yon jèn lidè ki pwomèt pou li kontinye defann Revolisyon Kiben an. Si Dessalines te gen chans fè sa, ki kote Ayiti ta ye jodi a?
Ki sa ki fè Dessalines pa te gen mwayen fè sa?
Nan ane 1957, 2 zan anvan viktwa Revolisyon Kiben an, yon doktè Ayisyen te pran pouvwa nan yon “eleksyon” dirèk. François Duvalier dirije yon diktati sanginè san opozisyon ki te ka siviv ni sovajri li, ni sovajri alye li, bouwo Etazini yo.
CIA ede Duvalier touye opozan depi nan vant manman yo.
CIA ede diktatè a travay ak Vatikan pou li zonbifye yon bon pati nan popilasyon an, jiskaske li te alèz pou li nonmen tèt li “prezidan avi” nan ane 1964 epi li transfere pouvwa bay pitit gason sòt, san desen l lan, Jean-Claude, nan moman li pral mouri, nan ane 1971.
Lè nou founi je gade kisa Kiba bati ak ane estabilite politik li viv sou lidèchip frè Castro yo – malgre anbago;
Lè nou founi je gade kisa Ayiti genyen kòm eritaj estabilite politik li viv sou lidèchip 2 Duvalier yo – malgre sipò CIA; konklizyon an klè kon dlo kòk:
Enfliyans blan Meriken sou ekzistans ni pèp Ayisyen an ni pèp Kiben an se yon enfliyans negatif.
Sa ki fè diferans lan, alafen, se kalite lidè ki genyen anndan peyi a, epi kapasite yo pou yo defann yon ideyal pou – epi avèk – pèp yo.
Nan mwa jiyè 2016, mwen t ap mache nan lari Kiba ak manman mwen ki gen bèl laj alèkile, nou te nan lari nenpòt 11è diswa, san kè sote. Mwen rankontre jenn Kiben ki di yo vle kontinye fè plis eksperyans biznis, etid ak vwayaj entènasyonal, men ideyal yo se rete viv Kiba pou yo devlope peyi yo.
Manman m te kontan wè mèvèy Fidel reyalize yo, dotanplis, nan vil natal li, Pòdpe, nan ane 2004, nou toulede te obsève gwo travay doktè Kiben yo ap fè nan mitan pèp Ayisyen an depi apre Prezidan Jean-Bertrand Aristide ak Prezidan Fidel Castro te retabli relasyon diplomatik ant 2 peyi yo, nan ane 1996. Nou konnen tou genyen anpil lyen san ant fanmi Kiben yo epi fanmi Ayisyen yo, ikonpri, fanmi pa nou. Mwen espere kapab aprann epi pataje plis enfòmasyon sou aspè sa a, pi douvan.
Men, anverite, ni manmanm, ni mwen menm, nou te gen kè lou. Manman m sonje eleksyon 1957 la, lè li te jenn nègès chaje ak espwa pou peyi li. Mwen menm, mwen grandi anba diktati 2 salopri yo bay pou Duvalier yo, e, jiskaprezan, mwen wè se lòt peyi k ap pwofite kouraj, konpetans ak lanmou Ayisyen, ikonpri mwen menm.
Tankou jenn gason ak jenn fanm Kiben yo, mwen anvi viv nan peyi m, pou peyi m, ak peyi m.
Viv Castro! Gèt Manman Duvalier!