Akèy / Machandiz / Tablo

Tablo

Tablo

Si ou enterese achte dwa repwodiksyon yon desen osnon tablo Jafrikayiti, souple ekri jafrikayiti@gmail.com ak detay osijè jan ou pral itilize li. Prensip jeneral la se pataj benefis 50/50. Bon règleman pa gate zanmi!
Kategori:

Deskripsyon

DÈNYE SOUPE – PREMYE TABLO

Premye zèv Jafrikayiti mete sou twal se kopi yon “Dènye Soupe” ki fèt nan ane 1982. Prèske tout kay Ayisyen nan Pòtoprens alepòk te gen yon pòtre Jezi (blan) ak 12 disip li yo. Pòtre sa a te dekore kamyonèt Kafoufèy ki pase sou Route des Dalles, devan kay  Pè Saint-Vil lan tou. Ojis, premye tablo sa a se yon zèv resiklaj paske se twal anba kabann ki sèvis baz premye avanti sila a.
Atis lan siyen anba zèv la “Jacqueville De Vinci”
***

1′ INNOCENT

Yon jou, pandan mwen nan Inivèsite Waterloo mwen resevwa yon lèt ki soti Ayiti. Alepòk se 2 bagay ki te pla prensipal mwen: 1) Craft diner – macaroni & cheese epi 2) lèt bon fanmi ak zanmi ki an Ayiti voye pou mwen, detanzantan. An verite si mwen gradye nan inivèsite a se gran mesi pla espesyal #2 sa a.
Mwen pa sonje dat ekzak la, men lèt sa a te vrèman spesyal. Lepè m te voye yon kokennchenn kado san parèy pou mwen. Se pa biyè $100 a ki te byen vini tou. Men, se yon lòt gwo sipriz ki te nan lèt la. Vwalatilpa, Pè Christian Saint-Vil te voye di m li te renmen premye efò mwen te fè kòm atis pent sou yon ti bout twal bèj ki pat fèt pou sa ke m te kole sou yon swadizan ankadreman akayik 4 moso bwa ki pa t janm gen anbisyon tounen sipò yon zèv atizay. Lepè voye di m kòb la se sitou pou mwen achte materyèl epi fè yon lòt kout penso tankou sa mwen te fè anvan m kite Ayiti a – yon tantativ repwodiksyon ekzak tablo dènye soupe Leonardo da Vinci a – sou baz foto yon foto yon tablo blan yo te popilarize nan peyi m, alepok mwen te ti katkat.
Mwen te sezi anpil paske, non sèlman mwen pa t janm pran tèt mwen oserye kòm atis pent. Men, mwen pat okouran lepè m te janm remake ti majigridi akwarèl sou bout twal sal mwen te chire anba kabann lamè an. Alepòk mwen resevwa lèt Pè Christian an mwen te kòmanse fouye ak anpil temerite nan zafè relijyon. Mesye “La pure vérité” yo, «The world Tomorrow » ak Pastè Herbert W. Armstrong… te atire atansyon m. Konsa tou mwen te abitye resevwa vizit Temwen Jova ki pase sou katye a. Men se te sitou pou pete diskisyon ak yo sou pozisyon yo pa janm pran anfas malsite k ap pase sou planèt la, espesyalman krim rejim Apated la nan Azania (Afrikdisid).

Orezime, lè mwen te mete penti akrilik sou kannvas la, lide ki te pase nan tèt mwen se ki jan, plis m ap grandi, plis m ap dekouvri, nou tout kolboso, kit se paran m yo ki te ewo mwen, ki se mwen menm ki te vle fè sa ki byen men ki te toujou santi limit bon volonte sa a devan defi ak tribilasyon. Kidonk, pèsonaj Jezi a te vin enteresan pou mwen – yon moun ki ta reprezante 1 sèl inosan, pami yon loseyan move ganeman. Tit tablo a se “1 inosan”.


DÈYÈ MÒN !
Lè m te lanse blog mwen an, *Koze Nèf Tankou Ze Fre*, ansanm ak Henry Deschamps Jr. an 1999, mwen pa t janm imajine ke yon lide espontane — pami yon seri aksyon revolisyonè mwen te sijere bay konpatriyòt ayisyen m yo — t ap janm remake, e mwen pa t ap janm kwè ke yon jou, yon Prezidan ayisyen t ap pran l oserye.
https://jafrikayiti.com/e-si-prezidan-aristide-te-fe…/Mwen sèten Prezidan René Préval ak Minis Afè Etranjè li a te resevwa apèl piblik mwen te lanse a, kote m te mande pou Ayiti egzije Lafrans ranbouse lajan “rason” (ekzòbitan) Charles X te egzije a. Sa te dwe fèt nan somè Frankofoni an, nan mwa out 1999, nan Moncton, Kanada. Préval, menm jan ak pifò konpatriyòt yo, te inyore apèl mwen an, malgre kalkil pridan mwen te fè ki montre ke yon ranbousman 2 milya dola ameriken t ap yon trè bon afè pou Leta fransè a.

Apre sa, ane 2000 la te rive, avèk eleksyon yo, epi nan dat 7 fevriye 2001, pouvwa a te pase soti nan men Préval pou ale nan men Aristide.
Nan epòk sa a, jounal *Haitian Times* (ki baze nan Miami) te kouvri lansman liv mwen an, *Viv Bondye! Aba Relijyon!*, nan mwa avril 2000. Se lè sa a mwen te rankontre Brian Stevens pou premye fwa; li te parèt pou mwen tankou yon jounalis ki gen kiryozite e ki bon nan travay li. Li te eseye amelyore konesans li nan lang Kreyòl la, epi li te montre yon enterè sensè pou sijè mwen te trete nan liv la — yon sijè ki, nan ane 2000 la, pa t gen anpil chans pou l te byen resevwa.

Nan yon lòt entèvyou apre sa, nou te devlope kesyon Reparasyon an, ki te vin tounen yon sijè santral pandan ete 2001 an, anvan konferans Durban an (gade foto atik Stevens la ki tache la a — an pasan: tablo mwen te fè ki rele “Dèyè Mòn”, ki parèt nan atik *Haitian Times* la, se yon travay ki date depi 1993; mwen te kreye l an repons a koudeta “Papa Bush” te òganize an 1991 kont Prezidan Aristide. Li montre kijan mechanste ki soti nan laterè blan yo gen rasin byen fon, men rezistans Afriken an gen rasin byen fon tou, depi sou tè manman an (Afrik) rive jis sou zile Karayib nou renmen anpil la).

Alèkilè si m ta bay youn nan tyovi m yo menm kado papa m te ofri m nan, ki tit yo ta chwazi? Ki kalte zèv yo ta pwodui?
Èske lepè m te kontan travay mwen an? Mwen pa te janm panse poze li kesyon an. Jès li te fè a te sifi. An verite, mwen se yon endividi ki resevwa yon chay benediksyon nan men Gran Nèg ki te fè linivè ak tout sa ki ladan l nan. Mèsi anpil Pè Christian!

Nan epòk sa a, byenke te gen rimè ki t ap sikile ke gouvènman Aristide la — ki te deja nan gwo difikilte — te voye yon delegasyon an Afrik disid, pa t gen okenn diskisyon piblik sou kesyon reparasyon, restitisyon, oswa pozisyon Ayiti sou dosye sa a. Nan yon entèvyou detaye avèk jounalis ki gen anpil eksperyans, Marcus Garcia (Mélodie FM), pandan m te an Ayiti nan kòmansman mwa septanm 2001 — nan moman Konferans Durban an t ap dewoule — mwen te fè yon apèl toupre pou mande pou Ayiti pran pozisyon kòm lidè natirèl mouvman mondyal pou reparasyon an (gade CD *Lafimen* #1).
Nan dat 17 desanm 2001, Guy Philippe — yon pyon CIA — te lanse yon atak mòtèl kont gouvènman Prezidan Aristide la. Tansyon an te kontinye monte… Prezidan Aristide te rive travèse ane 2002 la anba yon seri atak ki soti nan men “kouzen blan” Ewopeyen ak Ameriken yo, ki te detèmine pou detwi gouvènman pwogresis li a nèt.

Apre sa, nan dat 7 avril 2003, yon nouvèl te tonbe tankou yon bonm. Prezidan Aristide, avèk aktè e militan pou jistis sosyal Danny Glover bò kote l, te fè premye demann ofisyèl pou mande restitisyon “Ranson Charles X” la. Ekspè Prezidan Aristide te mobilize yo pa t prezante yon chif ki sanble ak estimasyon 2 milya dola mwen te bay 4 an anvan sa. Estimasyon pa yo te depase 21 milya dola — byenke yo te kalkile l avèk yon to enterè ki te trè ba, an favè peyi ki dwe peye a.

Menm jan yo te fè nan Konferans Durban an nan mwa septanm 2001, gwoup blan yo te mete tèt ansanm pou refize konsidere demann Prezidan Aristide la — yon demann ki te trè rezonab pou yon restitisyon ki jis e ki te dwe fèt depi lontan. Olye de sa, yo te depanse plizyè milyon dola epi lakòz pèt yon pakèt lavi inosan pou fè yon koudeta epi kidnape Prezidan Aristide ansanm ak madanm li, Mildred, nan dat 29 fevriye 2004.

Jiska prezan, okenn nan kriminèl ki te patisipe nan “koudeta Papa Bush la an 1991” oswa “koudeta Baby Bush la an 2004” kont pèp ayisyen an ak Prezidan li a, pa janm parèt devan Tribinal Entènasyonal pou Krim yo. Èske sa vle di yo reyisi chape anba jistis pou toutan apre krim lach sa a?

Èske gen yon lòt jenerasyon Ayisyen nwa ki nan mizè y ap sakrifye pou satisfè kapris sistèm sipremasi blan mondyal la? Mwen pa gen repons, sèlman kesyon ak yon konsyans trankil.

Plis enfòmasyon

product-format

Painting

Kòmantè

Poko gen kòmantè.

Se ou ki premye pou bay kòmantè sou “Tablo”

Nou p ap pibliye adrès imèl ou. Chan ki make * yo obligatwa