Nan finisman yon tèks ki batize: Pou ki sa Pèp Ayisyen nan goumen kont blan, depi dikdantan?, nou wè foto paj liv Douglas Gibler “International conflicts 1816-2010: Militarized Interstate Dispute Narratives“, ki esplike rezondèt yon chire pit ki te genyen ant Ayiti epi peyi Angletè, sou Prezidans Lysius Salomon, nan ane 1883.
Ojis, Prezidan Salomon te anvayi ak pwoblèm akòz lenmi li ki te anndan peyi a, tankou lòt bò dlo. Yon bò, depi kèk ane, Angletè deklare l ap poze sele sou zile Latòti toutotan Leta Ayisyen pa remèt komèsan Angle byen yo di Ayiti dwe yo. Yon lòt bò, nan mwa septanm 1883, gwo soulèvman pete kont Salomon plizyè kote nan peyi a. Nan vil Jeremi menm, bagay la te magonmen nèt! Yon michan kriz diplomatik pete paske lame tire sou yon bato Angle ki t ap pote moun yo idantifye kòm “refijye Ayisyen”.
Malgre tout jefò li t ap fè pou defann repitasyon li devan Ayisyen ak etranje, se atò Prezidan Salomon te mele tankou krab.
Nan Achiv Ministè Afè Etranjè Leta Britanik, nou ka wè lèt Prezidan Salomon te ekri Palmantè Ayisyen yo 7 oktòb 1884, kote li esplike kantite lajan dedomajman (mwatye 1 milyon Goud) li pase lòd pou Leta Ayisyen peye komèsan Anglè, Alman, Bèlj, Danwa, Franse ak Panyòl ki di yo te viktim soulèvman popilè ki te genyen nan mwa septanm 1883, nan peyi a.
Sou teren nasyonal la, dedomajman sa yo te konplike koze a pi rèd pou Salomon. Ojis, opozan misye yo di tout sa se prèv yo genyen rezon akize Salomon kòm yon trèt ki lonji peyi a bay etranje.
Gen etranje ki te di Salomon gen rayisab kont blan ak milat, se sa ki lakòz li pat pwoteje biznis yo pandan soulèvman an. Pou Salomon defann tèt li, misye reponn akizasyon sa yo pa kanpe sou anyen, se koze tèt anba. Pou dayè, madanm li se yon fanm blanch ki soti nan peyi Lafrans. Epi tou, valè konesans l ap goumen pou li ede pèp Ayisyen an benefisye yo, se kay etranje sa chita! Fo pa plis pou opozan yo tou itilize pawòl sa yo pou yo kondane misye nètalkole!
Pami moun ki te pran defans Salomon, alepòk, nou jwenn Doktè Louis Joseph Janvye, yon gran entèlektyèl Ayisyen ki t ap viv nan peyi Lafrans. Janvier pibliye yon liv ki enteresan anpil sou peryòd sa a. Li rele Les Affaires d’Haiti (1883-1884). Alèkile, ou ka jwenn liv sa a gratis sou entènèt la.
Annatandan ou pran tan ou pou ou siwote liv Doktè Janvier a, depi nan premye paj rive nan bout li, men foto 2 paj ki te atire atansyon mwen, pandan m ap li liv la, epi ap sekwe tèt mwen mande: “èske Louis Joseph Janvier ap suiv evènman k ap dewoule Ayiti, nan mitan ane 2019 sa a”?