Krim Gwo Trayizon Ekzije Gwo Pinisyon

La Dessalinienne & “la Marguerite”
October 1, 2022
Pou Ayiti chanpyon, sispann jwe ak bagay serye, arete epi pini malfèktè tout koulè!
December 19, 2022

Jistis, Respè ak Reparasyon pou tout viktim, tout masak rejim kidnapè Gwoup 184 – Kò Gwoup la k ap peze kou nasyon nou an, depi plis pase 18 tan! 

An verite, tèt blan malveyan yo cho! Apre gwo bat lestomak yo t ap fè nan kòmansman mwa Oktòb la pou anonse debakman bòt fere sou tè Dessalines nan, malveyan yo pase Rezolisyon 2653 nan Konsèy Sekirite Nasyonzini, 21 Oktòb 2022, kote yo fè sanblan y ap pran sanksyon kont sipòte gang asasen an fanmi e alye k ap ansanglante Ayiti yo. Sèl non ki site nan rezolisyon sa a se yon Jimmy Babekyou Chérizier Toupisan ki ta bloke tèminal gaz Varreux. Lè move komedyen yo remake pèsonn pa ri move blag yo an, mèt ke Babekyou konpoze nimewo l. Epi, bridsoukou, jounal anonse Tèminal Varreux debloke.

Mwa pase a, nou te di : « twa ka moun ki pa ni avèg, ni sòt, ni fou, ni etoudi te gen tan konprann lè gang G9 bloke tèminal Varreux, se yon mannèv sinik gouvènman bandi PHTK-CIA a itilize pou gaz la pa rive nan ponp yo ». Mechan yo ap fè “mache nwa” pandan yo kontinye sèvi tèt yo ak kinan yo – zafè pèp k ap deperi!

Vin koute ki jan DGPNH-Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik /Tèminal Vare rakonte listwakont ekstraòdinè sa a. Yo di: 

« Lapolis ap rapousiv operasyon pou pèmèt aktivite reprann nan “Terminal Varreux”. Lapolis mennen operasyon Mèkredi 2 ak Jedi 3 Novanm 2022 an nan lide pou pèmèt aktivite reprann nan ” Terminal Varreux”, ki se pi gwo espas estokaj gaz ki alimante peyi an, nèg ak gwo zam te pran otaj. Nan kad operasyon sa yo, anpil inite espesyalize nan Polis lan ki deplwaye epi gen blennde ki antre Site Solèy, nan katye Belekou pou kwape bandi. Operatè Anjen Lou yo, ki se yon antite anndan lapolis la, kraze rapyetè yon traktè bandi yo te konn itilize pou fouye twou oubyen transpòte gwo kakask pou bloke aksè a Tèminal lan ». 

Responsab Kominikasyon PNH yo rapousuiv : 

« Anpil katouch tire ant bandi ak polisye yo ki montre tout detèminasyon yo pou debloke Varreux … »

Pou fini, chèf yo presize :

« nan kad operasyon sa yo Lapolis mennen pou debloke “Varreux”, gen yon anplwaye enstitisyon an ki blese nan moman lapolis tap echanje kout zam avèk bandi yo.*CPRP* » (sous: Alo Lapolis, Facebook).

Adyewidan! Nou menm n ap mande tèt nou, nan batay ant PNH ak Babekyou, èske se zonbi yo itilize kòm sòlda? Nou remake se toujou match nil zewo-zewo ant 2 kan malfèktè PHTK-CIA yo. Epi, se inosan, malere ki pa annafè, ki toujou viktim!

Vwalatilpa, lidè pati politik Konstwi Lavi, doktè Ernest Harrison ki se ansyen Direktè Jeneral Annapre Radyo Nasyonal sou Prezidans Michel Martelly, deklare nan CNN: «se chèf gang Babekyou ak tout akolit li yo ki abandone Varreux volontèman. Se pa ni kout zam ni anyen ki fè mesye yo ale. Selon doktè a, sa gen 2 semèn depi G9 t ap negosye ak Premyeminis Twitè Ariel Henry pou deblokaj Varreux. Doktè Harrison di li te jwe wòl medyatè ant 2 pati yo».

Antouka, operasyon libere Tèminal Varreux pa ka sèvi eskiz pou bòt fere debake Ayiti ankò. Alòs, kèskonfe?

Obsèvatè fouyapòt te kòmanse fè move blag sou rezolisyon yon sèl grenn dan Konsèy Sekirite Nasyonzini an. Alòs, puiske se pa Premyeminis Twitè Ariel Henry sèlman k ap travay, Jedi 4 Novanm 2022, gouvènman Etazini ak Kanada anonse sanksyon marasa kont 2 lòt bandi ki vin akonpanye Babekyou sou ban akizasyon an. Les nouveaux choisis se nomment : Joseph Lambert, Prezidan Tirès Sena a, ainsi connu, et ex-Sénateur GNBis Koudetayis Youri Latortue.  Kòmkidire, daprè Etazini ak Kanada: “Baton ki bat chen nwa a dwe bat lòt chen nwa yo”. 

Konpatriyòt, kòmalòdinè, anvan nou gade ki strateji ki pral ede nou kwape fèzè 2022 yo, annou fè yon premye koudèy rapid nan retwovizè listwa. Nan moman an, ti bourik listwa nou kanpe nan kafou 10 Oktòb 1885.

Anne Marie-Claire Emmanuel

Se yon jou 10 Oktòb 1885 nègès vant beni Anne Marie Claire Emmanuel te fè mari li, Jeneral Masséna Péralte, kontan epi fyè anpil lè li kaselezo epi, tyovi a pete premye rèl ki anonse Charlemagne Masséna Péralte rive nan mitan limanite.

Sa pa fè lontan te gen konfizyon sou dat nesans youn nan gran ewo nasyon nou an. Men, alèkile, nou ka jwenn akdenesans Charlemagne Massena Péralte ki konfime se 10 Oktòb 1885 manman ewo nasyonal la te kaselezo.

Lè blan malveyan anvayisè, vòlò tè, kolonizatè sanginè yo te debake Ayiti ak bòt fere yo 28 Jiyè 1915, Charlemagne te gen 29 lane. Yanki sovaj yo te fè Anne Marie-Claire Emmanuel travay nan kòve, menm jan yo te trennen plizyè santèn frè ak sè nou nan raje epi fòse yo bourike pou enterè yo.

34 REKÒT KAFE!

Tankou anpil nèg vanyan ki kanpe pou diyite nèg ak nègès sou latè, Charlemagne Masséna Péralte pa te viv anpil ane. Ojis, li mouri pi jèn pase Patrice Lumumba (35), Thomas Sankara (37), Malcom X ak Martin Luther King (39).

Se nan nuit 31 Oktòb 1919, ak konplisite yon nèg san lonè ki te rele Jean-Baptiste Conzé, yon vye blan Yanki lach, vòlò tè, malfèktè ki te rele Hanneken tire chèf Kako a, li touye li. Apresa, tout jounen 1 Novanm 1919 lan, kriminèl Hanneken mare kadav vanyan an sou yon pòt kay, yo ekspoze li sou plas piblik, tire pòtre li, epi yo distribye foto kadav la toupatou pou panike vanyan Kako ki te kontinye reziste kont malfèktè yo. Kòmsi popilasyon nèg ak nègès lan ta pral kite lapèrèz zonbifye l devan fewosite blan malveyan yo – kòmsi nou pot ko konnen se bèt sovaj salopri yo ye. Kòmsi Rochambeau pa t pase la deja.

Jounen jodi a, se menm pwogram jenosid ak derasinman sovaj sa a, malfèktè etranje ak lokal yo ap rapousuiv kont nasyon nou an. Se lizay pou tout nèg ak nègès ki lib nan nanm yo ak nan kò yo poze yon jès remèsiman pou nou onore Charlemagne Péralte.

Pandan n ap kontinye bati bèl moniman pou zansèt vanyan nou yo, tankou Péralte, fòk nou pa neglije ranmase vye pòtre ak lòt idòl blan malveyan yo te envante pou twouble lespri nou (Jezi, Mari, Jozèf – fo Papa Loko)…chavire tout tèt anba nan latrin.

Charlemagne Péralte te ekziste tout bon vre. Li te goumen tout bon vre. Kontrèman, ak fo bondye je vèt imajinè kolonizatè malfèktè yo envante pou mete dòmi nan je nèg ak nègès yo kontinye ap eksplwate toupatou sou latè. Charlemagne Péralte toujou vivan nan venn kò nou jouk jodi jou. Li pase lòd: koupe tèt kolon! Boule kay Konze! Vanje Anne Marie-Claire Emmanuel!

***

Sanba a chante “simityè plen mò se pa bondye ki twe yo“. An verite, Pèp Ayisyen, ayè k on jodi, se malfèktè ki toujou ap mete kè nou an dèy. Gade ki jan, jiskaprezan, nasyon nou an ak dlo nan je akòz lanmò sibit yon jèn atis 41 rekòt kafe, Michael Benjamin (Mikaben), ki tonbe sou sèn vil Paris, 15 Oktòb 2022 ki sot pase a, ak drapo Ayiti sou do li. Detay ki vin disponib annapre pèmèt nou aprann Mikaben te monte sou sèn ak gwo soufrans nan kè li, akòz yon kouzen pwòch li, Fréderick Dupoux, ki te nan men kidnapè sanginè, asosye blan malveyan yo, k ap rann lavi nou tout Ayisyen enposib depi plizyè ane. 

Wi, nou aksepte, lavi ka kout. Wi, se yon defi li ye pou nou chak kite bon tras nan tout sa n ap fè jouk nou rann dènye souf la, yon jou nou youn pa konnen alavans. An verite, Mikaben kite anpil bèl tras e li merite onè-respè li resevwa nan sosyete a. Mèzalò, nou ta patisipe nan ipokrizi ak koripsyon si nou ta pase sou silans, anpil jès rekiperasyon politik, defile mòd mativi ki fèt ak kadav Mikaben, san okenn demach serye po ko janm fèt pou rezoud doulè tèrib sa a ki ta bloke kè Mika jou 15 Oktòb 2022 an.

Pa gen wout pa bwa. Nou tout nèt deja viktim. E, toutotan nou pa mete enèji ki nesesè pou chavire rejim kidnapè Gang Galil PHTK k ap depafini ak peyi a nan deseni ki sot pase a, nou tout riske mouri avan lè n. Ipokrizi a dwe kaba isiba! Diskou ak lapriyè ipokrit p ap janm sifi pou libere n!

Li lè pou atis yo pran konsyans tou epi sispann kase fèy kouvri sa pou chèf gang Michel Martelly ki se yon veritab kansè, yon pouriti ki kontamine tout sa ki pase pre l. E se toujou inosan tankou Mika k ap viktim an premye.

***

Annou fè yon dezyèm kanpe ak ti bourik listwa nou. Fwa sa a, nou pral estannbay nan kalfou ane 1904, lavèy selebrasyon santyèm anivèsè Ayiti.

Daprè Haiti-Références, se nan okazyon selebrasyon Santenè Endepandans lan, nan ane 1904, nasyon nou an te adopte La Dessalinienne ofisyèlman kòm Im Nasyonal li. Se atis Auguste de Pradines, alyas Kandyo, ki te bay premye pèfòmans piblik zèv sa a, nan kad yon espektak Association du Petit Théâtre te òganize nan mwa Oktòb 1903 pou selebre Lame Endijèn k ap rantre an gran jan nan vil Pòtoprens.

Avan adopsyon La Dessalinienne, se Quand nos Aïeux brisèrent leurs entraves ki te sèvi Im Nasyonal.

Vèsyon orijinal “La Dessalinienne” konpoze nan lang Franse anba plim avoka, jounalis ak gran lodyansè Justin Lhérisson. Mizik la se zèv Nicolas Fenelon Geffrard (1871–1930), neve ansyen Prezidan Fabre Nicolas Geffrard (1806-1878).

Daprè Haiti-Référence, nan ane 1980 istoryen Raymond. A. Moise, fè yon tradiksyon Kreyòl pou La Dessalinienne nan ki vin popilè rapid vit, apati yon entèpretasyon chantè Ansy Dérose ki te kòmanse jwe nan radyo peyi a. 

An verite, san fè dyòlè, pami tout peyi, Ayiti genyen youn nan pi bèl Im Nasyonal ki ekziste sou latè. Gen yon kichòy espesyal nan senfoni an ak nan jan son tanbou ak batri yo reponn nan zantray ou. 

Annou voye yon koudèy rapid sou tradiksyon Kreyòl premye kouplè a.

I
Pou Ayiti peyi Zansèt yo
Se pou n mache men nan lamen
Nan mitan n pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou.
Annou mache men nan lamen
Pou Ayiti ka vin pi bèl
Annou, annou, met tèt ansanm
Pou Ayiti onon tout Zansèt yo.

Wi, pou nou di zansèt vanyan nou yo yon mèsi ki valab, jodi a, non sèlman fòk nou ede fanm ki gen dlo nan je yo, nan Bèlè, jwenn jistis, fòk nou gen kouraj pini tout trèt ki vann peyi a bay blan malveyan yo tou. Pi douvan, nou va estannbay yon ti kal pi plis sou zafè trayizon sa a.

Wi! Pou nou onore zansèt yo, tout bon vre, fòk nou ede fanmi Evelyne Sincère ak tout lòt viktim gang PHTK-G9-G184-BINUH yo jwenn jistis.  

Paske lanmò ak lapèrèz pa gen dwa pote laviktwa sou lavi ak lanmou, 1 Novanm, kidonk, semèn pase a, yon lòt jèn atis, Sanba Chango Bastia, pataje ak limanite yon mizik ak videyo tou nèf li batize «Kite l souri». Se ak mizik sa a Sanba Bastia onore zansèt nou yo, pandan l ap onore Evelyne Sincère. Atis la di : « Se pou ede fanmiy yo fè dèy ak plis lapè paske mizik rann lavi a pi lejè. Nou pa dwe bliye Eveline Sincère paske li se yon viktim pami anpil lòt nou merite sonje ». Mèsi Mikaben pou bèl tras ou kite. Mèsi Chango Bastia pou bèl mizik sa a ou fè pou Evelyne Sincère!  Se vre Gang Babekyou G9 ak BINUH po ko janm peye pou krim yo fè sou ti sè nou an jou madichon sa a ki te 1 Novanm 2020. 

Chapo ba Sanba Chango Bastia! Ou rive fè memwa nou travay ansanm ak konsyans nou pou nou sonje Evelyne Sincère po ko janm jwenn jistis, Evelyne merite jistis. E, toutotan Evelyne pa jwenn jistis nou youn pap janm gen lapè tout bon vre.

Olye Evelyne jwenn jistis, vwalatilpa se sinema yon ekip malfra ap monte ak gwo lajan sal, lajan laboratwa, pou bati imaj “revolisyonè bò katredal” pou gang Jimmy Babekyou Chérizier, tchoul Martelly, PHTK ak mafyozo etranje ki asosye ak yo.

Èske nou sonje teyat Babekyou te fè apre yo te fin jwenn kadav Evelyne sou pil fatra a? Èske nou sonje ki jan se bandi Babekyou ki te deja gen manda arestasyon sou non l nan moman an, ki te mache arete yon jenn gason ki rele Obed Kiki Joseph li idantifye kòm koupab? Kidonk, Evelyne mouri nan baz Babekyou. E se menm Babekyou sa a ki akizatè, polisye, jij, ekzekisyonè nan repiblik bandi legal yo.

Sonje byen, nan mwa Oktòb la, se nan mitan gwo leve kanpe pou kwape rijim PHTK a, gang G9, Jimmy Cherisier alyas Babekyou te bloke wout ki mennen nan santral Varreux. Ak anpil je chèch, Chèf gang G9 la te sèmante se sou zantray li pou gouvènman defakto an ta pase pou li rantre Varreux. Tout je k ap suiv abitye konstate zak maspinay Lapolis abitye fè sou popilasyon an lè l ap manifeste kont pouvwa anplas la. Poutan, menm Lapolis sa a pa te janm aji kont Babekyou pou pèmèt distribisyon gaz la rive fèt!  N ap raple ou, mouche Babekyou sa a gen yon manda arestasyon sou non li, depi 31 Janvye 2020. 

Pou lizay ak verite, Vandredi 18 Novanm 2022, soti 3zè rive 6zè nan aswè, nèg ak nègès vanyan nan vil New-York pral reponn prezan sou konvokasyon KOMOKODA ki kase randevou devan lokal jounal Haiti Liberté, 1583 Albany Avenue, pou n al denonse kanpay kèk blan malveyan ap mennen depi plizyè lannen pou fè asasen kriminèl chèf gang PHTK Jimmy Cherizier alyas Babekyou pase pou revolisyonè k ap goumen anfavè pèp – vèkèlè!? 

N ap raple ou sa yon lòt fwa: fòmil izin kreyasyon, itilizasyon, eliminasyon & resiklaj Konze a pa konplike ditou pyès. 

Men 4 etap yo:
1) blan malveyan kreye konze

2) blan malveyan sèvi ak konze – parekzanp pou vòlè 8600 ekta tè peyizan Savàn Dyann, pou vote kont Venezyela nan OEA, pou sasinen militan konsekan nan katye popilè, elatriye…

San di pètèt, diskou Babekyou revolisyonè, Jovenel « martyr » lan se manti blan malveyan CIA mete nan bouch asosye li ki gen misyon simen konfizyon nan mitan moun ki refize fè efò chèche enfòmasyon reyèl sou peyi a ak lènmi nou yo. Manti pa ka envante « martyr ».

3) lè konze pa tèlman gen anyen li ka itil blan malveyan, reyinyon fèt, lajan distribye epi se operasyon «mete sa sou kote!» Flòch!

4) si kadav la ka itil pou netralize pèp revòlte, laboratwa a ka envante lejann sou non defen konze a, ak konplisite menm asasen ki touye l yo…Kidonk, yo bay aryennafè okipasyon. Fè yo obsève Saba pou Sen Jojo «le Martyr incompris».

Daprè ou menm, apre laboratwa a ta fin dezaktive Jimmy Cherizier, jou antèman, ki lès ki ta pral bay vèv Babekyou lebra: Bigio, Deeb, Baussan, Kiko osnon Martelly?

An verite, menm si ou tande se yon gang malfèktè an fanmi e alye, lè bwa a mare tout bon vre, alye sikonstansyèl pa fanmi. Zafè kabrit pa zafè mouton.

“Papa Dessalines te pale nou, depi 1 Janvye 1804, lè li te deklare: “nenpòt ti fenèt nou kite pou yo fofile nan mitan nou, y ap vin simen: chagren, malè ak divizyon!“. Ki vwa n ap koute, alèkile? Vwa Kim Ives ak Dan Cohen, vwa Joseph Lambert, vwa Washington osnon vwa Papa Dessalines?”.

***

Kouman nou fè panse se pitit gason kolon blan yo ki pou ta erite bitasyon yo? E sila yo ki gen papa yo ann Afrik yo, yo menm, yo pap jwenn anyen!?.

(AP Photo/Dieu Nalio Chery)

Lè trèt Ayisyen yo te tenyen souf Papa Dessalines, jou 17 Oktòb 1806 la, pwomès Revolisyon Ayisyen an pot ko janm reyalize. Depi jou madichon sa a, trèt yo kontinye mare sosis yo ak lènmi nou yo pou pwojè “jistis pou tout moun alawonnbadè” a ka rete antere epi bandone menm kote ak kòd lonbrit nasyon nou an.

Kidonk, jounen jodi a…

Fete papa Dessalines, onore Charlemagne Péralte = dechouke Kò Gwoup

Fete papa Dessalines, onore Charlemagne Péralte = dechouke mafya G184-PHTK ki jouke pri gaz la, ki nan konfyolo ak bandi pou bloke distribisyon gaz la.

Fete papa Dessalines, onore Charlemagne Péralte = mare Michel Martelly epi fòse kriminèl la remèt kòb Petro Caribe a. Pou nou onore zansèt yo an espri e an verite, fòk nou rekipere byen peyi a pou nou bati enfrastrikti yon Ayiti ki dous pou tout Ayisyen.

Èske ou okouran, depi plizyè mwa, gen yon lèt ki pote dat 5 Avril 2021, ki adrese bay ansyen “prezidan” Jovenel Moïse epi ki pote siyati 2 gwo ofisyèl rejim Parti Haitien Tèt Kale (PHTK) a, kote genyen non 14 fanmi ak endividi yo idantifye etank pi gwo dilè zàm ilegal nan Repiblik la?

Osi biza sa ka parèt, otank nou konnen, jiskaprezan, ni swadizan otorite ilegal ki di y ap dirije Ayiti yo, ni moun ki gen non yo site nan lèt sa a, pa janm pran lapawòl pou konfime, denonse oswa demanti otantisite lèt la, osnon akizsyon grav ki ladan li yo. 

Men kisa ki ekri nan lèt la : 

Sijè: 14 fanmi kap fè trafik zam ak minisyon an Ayiti depi mwa Out 2009. 

Ekselans, 

Se ak anpil onè Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo (MICT) nan kole zepòl ak sèvis entèlijans, Polis Nasyonal Ayiti, direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) ak komisyon nasyonal pou dezameman, demantèlman ak reentegrasyon (CNDDR) remèt ou yon lis konfidansyèl 14 fanmi ki gen men yo tranpe nan trafik dividal zam ak minisyon ilegal, granmesi enfliyans politik ak ekonomik yo genyen sou teritwa nasyonal la, soti 2010 rive jiska dat :

1. BAUSSAN : Madame Elsa Baussan
2. HANDALL: Monsieur Stanley Handall
3. BIGIO: Monsieur Robert E. Bigio
4. ACRA: Monsieur Marc-Antoine Acra
5. ABDALHA: Monsieur Sheriff Abdalha
6. ZUREICK: Monsieur Allan Zureick
7. TUNISS: Eliande Tunis
8. BONNEFIL: Monsieur Reynold Bonnefil
9. AL RAYES: Monsieur Nihad Al Rayes
10. CELESTIN: Monsieur Rony Celestin
11. FOUCAND: Monsieur Hervé Foucand
12. LAMOTHE: Monsieur Laurent Lamothe
13. LARCO: Madame Suzette F. Larco
14. APAID: Monsieur Andy Junior Apaid

Atansyon: majorite zam ak minisyon yo te rive Ayiti sou lanmè anndan "konntenè" ki chaje machandiz pou makèt ak gwo konpayi distribisyon manje; oswa materyèl/ekipman pou konstriksyon gwo kay prive.
Ministè Enteryè ak Otorite Lokal yo (MICT) mande w, Ekselans, pou ou resevwa lis konfidansyèl sa a pou suivi legal.

Fidèlman...
Amos Zéphirin, Direktè Jeneral

Ak konfimasyon Minis lan wè l epi apwouve l: Louis Gonzague E, Day, Minis

Nan yon moman kote Nasyonzini, Etazini, Kanada fenk idantifye kèk bandi «choisis sur le volet» tankou vwazen an ta di, akòz konfyolo yo ta genyen ak gang epi trafikan zàm, li enpòtan pou nou remake non endividi ki site nan lis 5 Avril 2021 an pa ko janm parèt nan dosye blan yo. Èske se paske yo inosan oudimwens paske se pa tout bandi ki gen menm nivo koneksyon/pwoteksyon nan Washington ak Ottawa?

An verite, tout reyinyon ou tande zòt ap fèt pasi pa la sou do Ayiti, depi plizyè mwa, gen yon sèl objektif : kore sistèm nan, dezòd etabli a, ranfòse gwo gwo bandi ki fè kadejak sou Leta ak Ekonomi Ayisyen an, metrize nèg ak nègès sou zile a pou yo pa reyisi chavire sistèm Apated ekonomik la. Mèzalò, detanzantan, si sa nesesè, yo ka sakrifye kèk bandi – ikonpri ansyen gwo bandi – pou yo sove sistèm nan.

Moun ki toujou etoudi ka sezi wè premye non ki parèt sou lis sanksyon Washington ak Ottawa yo se PHTK po fonse tankou Jimmy Chérizier, Joseph Lambert ak Youri Latortue tandiske gwo bawon bandi PHTK po woz pal yo kòmkidire envizib jiskaprezan, soti nan Apaid rive sou Zuraik, an pasan pa Bigio, Martelly, Lamothe ak Kiko Koka Saint-Rémy.

Menmsi diskriminasyon rasis sa a klè k on dlo kòk, nou pa fouti fè sanblan nou etone. Ni non plis, nou pa dwe kite endiyasyon vegle nou devan krim gwo trayizon Joseph Lambert admèt li komèt ansanm ak defen Prezidan René Préval, ansyen Direktè Jeneral Konsèy Elektoral Pierre-Louis Opont, epi plizyè lòt ofisyèl Leta Ayisyen ki te aksepte chanje rezilta eleksyon 2010-2011 yo, sou dikta blan malveyan Hillary Clinton ak Edmond Mulet. Konstitisyon peyi a klè sou kesyon “Krim Gwo Trayizon” tankou sila a ki lakòz yon kriminèl, vòlè, tèt krak ki rele Michael Joseph Martelly te fè kadejak sou chèz Prezidansyèl peyi nou an, granmesi vyolans, magouy peyi lènmi ki detounen pwosesis elektoral peyi a. Kidonk, osito Pèp Souvren va reyisi fese atè blan malveyan Kò Gwoup yo ak gang PHTK ki mare sosis ak yo, pou kenbe zago yo sou kou aparèy leta a, se yon jijman popilè ki va asire trèt tankou Joseph Lambert resevwa pinisyon yo merite, kòmsadwa.

Vwalatilpa, nan mitan tout katchouboumbe ki anvayi peyi a, Eric Jean-Baptiste, Prezidan pati politik RDNP, PDG Pè Letènèl Bòlèt, tonbe anba bal asasen ansanm ak Gaddikò li Peterson Vernouis, 29 Oktòb 2022 nan mòn Laboul 12. Ki men sal ki fè krim sa a?  Ki sektè ki pwofite elimine ra milyonè Ayisyen nwa sa a, nan yon moman kote blan malveyan entènasyonal ap bouske eskiz pou yo rantre sou tè Papa Dessalines nan? 

Annatandan, n ap remake, jiskaprezan, g on kategori kriminèl ki pa ko janm mourab an Ayiti. Sanbletil, se pa lajan ak zàm sèlman ki ba yo pwoteksyon. Ki sekrè pwopriyetè Pò Lafito yo : Bigio ak Martelly ki lakòz yo envizib nan gwo lis sanksyon Washigton ak Ottawa?

Nou sonje ki jan, kèk semèn pase, plizyè abolotcho SDP te resevwa move pataswèl nan men ansyen alye yo? Se konsa, lè dife pran nan forè, mèt forè a konn mete dife ekspre nan yon pati pou ralanti vitès gwo dife ki pa sou kontwòl li an. Si ou pa etoudi, fòk ou ta gen tan konprann, lè a rive pou Babekyou, Lambert ak Latortue sèvi fizib zòt menase eklate sizoka sa ta nesesè pou dezamòse yon dechoukay total kapital.

Noumenm, Pèp Ayisyen, nou pap pran nan distrasyon. Se pou liberasyon peyi nou n ap goumen. Sa fè lontan depi nou reyalize manman TOUT gang ki anvayi peyi a se PHTK. Kidonk, blan malveyan yo te mèt kontinye fè mannigèt sou mannigèt, wè pa wè, antèman pou katrè, puiske fòk Pèp Ayisyen an dechouke tout gang yo! E, se pa pou dan griyen, toupatou y ap fredone: Tout Se Martelly!

Aba TOUT kolon! Aba tout kolabo! Viv Ayiti Lib!

Blan Malveyan di: fòk baton ki bat chen nwa a bat yon lòt chen nwa. Pèp Ayisyen reponn: ou fè fot malveyan! Jistis ekzije nou dechouke malfèktè tout koulè! Krim Gwo Trayizon Ekzije Gwo Pinisyon!

Comments are closed.