Depi nan Ginen…

Orijin Fèt Drapo Ayiti Osnon Drapo Bigiokistan?
May 18, 2024

Daprè sa mwen tande, anpil mesaj rasis ap sikile sou rezo entènèt Ayisyen yo kote y ap mande fanm peyi a pou yo refize relasyon seksyèl ak mèsenè Afriken yo sou baz pitit yo riske “lèd”.

Natirèlman, se ak tristès melanje ak kòlè mwen aprann sa. Men, alaverite, mwen pa sezi. Puiske, depi plizyè jenerasyon vye lide rasis anti-nèg ap boloze lib e libè nan sosyete nou an san yon efò sistematik pou denonse epi kwape lide rasis sa yo kòm refleksyon kokorat, radòt ki pa ta dwe soti nan bouch moun ki gen sèvo nòmal.

Se paske mwen konsyan dega yon edikasyon pachiman fè nan sèvo plizyè jenerasyon Ayisyen, ikonpri pa m nan, mwen te kreye fraz sila a, depi ane 1991-92 “Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg“. Ak plizyè kanmarad, mwen te popilarize li nan tout aktivite òganizasyon Ayiti-Rasin ki t ap feraye nan Ottawa epi sou rezo entènèt. Mwen pa p janm bliye reyaksyon kè kontan Sanba Beethova Obas, lè je li te tonbe sou bannyè Ayiti-Rasin nan ak slogan sa a yon jou ete 1995 li te vin ofri yon spektak wololoy nan vil Gatineau-Ottawa. Kèk ane pi ta, se nan lakou Biwo Etnoloji, Pòtoprens, Pwofesè Suze Mathieu te fè kè m kontan anpil ak kopi yon liv li batize “Depi nan Ginen nèg renmen nèg!”. Tan fè tan kite tan, granmesi kòmantè moun ki ap suiv travay mwen depi kèk ane, mwen fè yon koreksyon ki te nesesè nan fraz la: “Depi nan Ginen bon nèg ak nègès ap kore youn lòt”.

Depi 1992, mwen abitye resevwa kritik kòmkwa pawoli sa a pa reflete reyalite. Se lekontrè, sa yo abitye tande depi yo tikatkat la “Depi nan Ginen nèg ap trayi nèg”, ki verite. Kidonk, li previzib depi kounye a, fraz pwopagann rasis anti-nèg sa a riske vin pi popilè nan mwa k ap vini yo, sitou lè mèsenè ki soti sou kontinan Lafrik ak nan Karayib la pral tanmen masakre Afriken parèy yo ki fèt sou zile Ayiti.

Osijè idantite Afriken ki fèt andeyò kontinan ansestral la, gen kèk dokiman enteresan mwen ankouraje nou konsilte. Pami sila yo, tès ADN pa m, raple n pi gwo “melanj” ki ekziste nan kwomozom Ayisyen (menm sila yo ki swadizan gen po “wòz pal” ou “po klè”) se yon melanj Afriken ak Afriken. Sa vle di: Pèp Ibo, Yowouba, Kap Lawou, Ewe, Fongbe, Mayi, Pel, Banmbara ki vin rankontre, pa fòs, nan espas kolonyal lan. Kidonk, an jeneral, se san di pètèt, Ayisyen se pitit Manman Lafrik. Sila yo ki gen po “wòz pal” ka genyen ant 70%-90% ADN Afriken. Sila yo ki gen po mawon fonse (gwo majorite a) rive genyen jouk 99% ADN yo ki Afriken. Kidonk, pou prèske nou tout, ti rès ADN ki pa ta Afriken an se tras (kontaminasyon) kadejakè Ewopeyen yo te kite sou zile a. Distribisyon ADN sa a yon ti kal diferan pou moun ki abite lòt zile nan Karayib la. Men, lè ou tande Ayisyen ap di nou se yon pèp san mele, gen anpil mit k ap boloze an soudin nan fraz sa a. Parekzanp, osijè prezans defen Arawak yo nan ADN moun Leyogàn. Nan rezilta pa m, kòm pitit moun Leyogàn, se 0.8% ADN Natif Lamerik yo mete. Mezanmi, kisa 0.8% reprezante pou se sou li diskisyon tanmen? Wi, nou gen san melanje. Pi gwo melanj lan se Afriken ak Afriken ak Afriken ak Afriken ak Afriken.

Ojis, moun ki pa renmen fraz mwen an se pa entèlijans yo manke pou yo konprann 2 reyalite kapab ekziste an menm tan. Sa vle di: Depi nan Ginen, nou te gen pami nou trèt epi nou te gen bon nèg ak nègès ki t ap kore youn lòt. Se kichòy ki klè kon dlo kòk! Kidonk, lè mwen tanmen efò pou popilarize eleman pozitif la, se pa foli nye ekzistans eleman negatif la ki motive m. Men, yon volonte pou nou pa kite lènmi nasyon nou an fè plis dega nan sèvo plizyè jenerasyon nèg ak nègès. Dotanplis, lènmi an konnen byen pwòp ki sa ki objektif li. Lafrans te gen Marechal Philippe Pétain ki te trayi peyi li pou li kolabore ak Hitler, men ou pap tande medya Franse ap repete sa maten midi swa, ni envante fraz ridikil tankou: “Tout Franse se Pétain”. Ni non plis ou pa wè Jwif ki te kolabore ak ni Tzar Larisi, ni Hitler yo sèvi yon fòmil pou demoralize pèp Jwif lan pou tout tan gen tan.

Pou fèmen refleksyon sa a, mwen envite nou voye koudèy sou kèk dokiman Kalala Omotounde te popilarize osijè atak (Razzia) blan malveyan yo te fè kont zansèt nou yo sou kontinan Alkeboulann (Lafrik). Natirèlman, nivo konesans Afriken toupatou genyen osijè listwa rezistans ewoyik nèg ak nègès toupatou, se kichòy ki wòwòt anpil. Rete anpil travay pou fouyadò serye fè epi pataje. Se nan konbit REMANBRE sa a mwen anwole depi plizyè deseni. Mwen bat bravo lakontantman pou tout konbatan ki chwazi anwole nan menm konbit sa a!

Respè!

Jafrikayiti
28 Me 2024

Pa kite zòt andyoze ou ak listwakont. Etidye listwa se youn nan pi bon strateji ki ka ede ou aprann pare move kou yon lènmi ki sinik, mantè epi odasye.

L’auteur de ce documentaire, tiré du livre de Bryan Mark Rigg (La Tragédie des soldats juifs d’Hitler, éditions de Fallois, 2003), a retrouvé et fait parler Werner Goldberg, vieux monsieur à l’humour féroce, et met en lumière les destins étonnants de ceux que les nazis surnommaient du terme péjoratif de Mischling (métis ou sang-mêlé). Les historiens estiment à 150 000 le nombre de ces hommes d’origine juive ayant servi dans l’armée allemande”.

1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    Lanmou Jah ak Jahes fre m. M byen kontan ke w pataje ADN ou avek nou. Eske rezulta ke w montre nou an se ancestry.com ousman 23andMe? M kwe ke se 23andMe paske m fe ancestry.com deja. yo pa bannou tout detay sa yo ditou. Antouka, mwen etone we konbyen pousantak Kenya, Somali, Massai ke w gen nan san w!!! M ta renmen konen kiyes nan fanmi w ki te soti nan peyi sa yo? Petet moun sa a te nan mache na ouest Afrik le malveyan yo vin vole moun? Antouka, ADN mwen montre ke m preske 30% Beninwaz anplis 25-27% Nijeriyen e lot pousantaj yo pi piti. Men kom ou remake nan blog pos la, ADN mwen majorite Afriken, o mwen 75%! Men mwen jwen blan tou, moun ki soti potugal, Ekoss, Ireland, Lafrans, ak lot peyi . E sa fem etone anpil! Ou sel bagay ke m ta vle di moun ki ap simenyen pwopagand sou entenet yo, se Afriken pa vle di led ditou. Si w gade jounen jodi ya, se ou paket ti fanm Sudanez ki Top Model! Foto yo sou tout fas bon magazin yo. E yap fe lajan! Malerezman, anpil ladan yo, se ak neg blan yo remen.
    Mesi anpil fre m pou bon pawol ou pataje avek nou nan blog sa a. Lanmou beni. #1804#Ayiti#ToutMounseMoun#AbolishCPS#AbolishPoverty#DefundFosterCare#ProChoice#HRES40NOW#220YearsFREE#FreeAyiti#HandsOffAyiti#NoNewOccupationofAyiti#BwaKale!