25 & 26 Jiyè se Jou Fidelite: Manman m, Papa Dessalines & Kiba

Koupdimond se jwèt men lavi pa jwèt
June 27, 2026

25 & 26 Jiyè se Jou Fidelite: Manman m, Papa Dessalines & Kiba

25 JIYÈ SE FÈT ANPERÈ JACQUES PREMYE – VIV PAPA DESSALINES!

Dessalines, se ou ki ban n solèy

Ki ban n lalin

Ou ki ban n sè, frè n

Manman, papa n, pitit nou
(Felix Morisseau-Leroy, Mèsi Papa Dessalines!, Djakout, 1953)

Se sou non Jacques Premye, Dessalines resevwa tit Anperè, 8 Oktòb 1804. Atik 27, Dispozisyon Jeneral, Konstitisyon 20 Me 1805 la deklare : “Ap genyen fèt nasyonal pou fete Endepandans peyi a, fèt Anperè a ak madanm li, fèt Agrikilti, epi fèt Konstitisyon an“.

Gazette politique et commerciale d’Haiti, edisyon 1 Out 1805, esplike ak voum detay ki jan 25 Jiyè 1805 te genyen gwo fèt nan peyi a pou selebre Anperè Jacques Premye. Dokiman an konfime patisipasyon Jeneral Henri Christophe ak lòt otorite nan fèt sila a. Kidonk, pa gen dout sou pwen sila a: depi nan premye ane Anpi Ayiti, nasyon an te selebre fèt Jacques Premye, 25 Jiyè. Èske sa konfime 25 Jiyè, jou fèt Sen Jak, se nesesèman jou manman Dessalines te kaselezo? 

Non! Nou pa ka konfime sa, san nou pa jwenn plis endis osnon dokimantasyon paske chaje moun ki rele Jacques poutan yo pa fèt 25 Jiyè. Kidonk, Dessalines gen dwa pa t janm konnen ki dat li te fèt, menm si nou konstate Anperè a te chwazi selebre fèt li 25 Jiyè 1805 ak tout nasyon an e li te chwazi non Jacques Premye – Se sa klè kon dlo kòk! 

Yon lòt kichòy ki klè kon dlo kòk : gen yon jou, yon nègès vant beni te kaselezo pou li pouse yon potorik gason limanite vin konnen sou non DESSALINES. 

Pa bliye, nan koloni esklavajis Saint-Domingue, se gwo toumant ak latwoublay ki te toujou ap boloze nan lespri chak nèg, chak nègès ki riske aprann «kolon blan malveyan an gen je sou manman l», kidonk: «le colon guette ta maman»! Kolon esklavajis yo te abitye separe manman ak pitit, madanm ak mouche, papa ak pitit – lè yo vann yo separeman bay lòt kolon ki byen lwen. Sovajri kolon Kretyen Ewopeyen yo te tèlman san limit, pandan plizyè syèk, laplipa Afriken grandi san yo pa janm kapab di ki moun ki manman yo, alevwa pou yo ta konnen ki lès ki papa yo osnon ki dat yo te fèt. Sa se yon reyalite Papa Dessalines te te pataje ak majorite nèg ak nègès ki fonde nasyon nou an. Kidonk, fouyadò yo prezante divès teyori osijè sikonstans nesans Dessalines. Men, ojis, pèsonn pa ko pwodui konfimasyon Dessalines te fèt ann Ayiti oubyen si li te fèt nan Ginen, alewè pou yo ta konfime ki dat manman vanyan an te kaselezo.  

Konpatriyòt, jodi a, pandan n ap kontinye bouske limyè, chak jou ki jou, se lizay pou nou fete lavi Dessalines epi pou nou di manman Lanperè mèsi! 

25 JIYÈ SE SOUS LAVI M K AP FETE – VIV MANMI ANNE, NÈGÈS FIDÈL!

Manmi Anne, chak jou anivèsè ou osnon jou Fètdèmè se mo sa a ki vini nan lespri mwen “fidelite”. Depi mwen louvri je mwen pou premye fwa se yon souri jantiyès ki sou bèl ti figi won ou lan, mwen te remake – yon souri ki toujou fidèl, ak 2 twou bote ki se mak fabrik “moun kè sansib”, eritaj Grann Aneliz pase ba ou. Lè mwen t ap kite Ayiti pou premye fwa, se sou zepòl ou mwen te apiye pou m te konsole. Lè ou t ap aprann pare so nan nèj pou premye fwa, se sou zepòl mwen ou te apiye. Kontrèman ak Anne Sanwont blan malveyan esklavajis yo te batize “Anne Fidèle”, daprèzavwa li te trayi Kebinda pou fè malfèktè yo plezi, ou menm nègès Pòdpe, jouk nan moman fòs ou diminye, kote ou oblije koube do w pou ou mache ak baton, ou toujou rete fidèl nan mitan tout revolisyonè, tout patizan ideyal Papa Dessalines nan: “tout moun se moun”. Ayibobo pou ou Manmi Anne! Layite twou bote w, fete fèt a w nègès Pòdpe!

26 JIYÈ SE JOU FÈT PI RÈD – VIVA FIDEL! VIVA CHE! VIVA CUBA!

Ayiti ak Kiba se tè sakre kote nèg ak nègès goumen pou jistis ak libète. Nou fete endepandans peyi nou menm jou: 1 Janvye. Men, nan peyi Kiba, yo fete viktwa Revolisyon 1959 lan, chak 26 Jiyè, jou atak sou Kazèn Moncada a.

Depi epòk koloni esklavajis yo jouk jodi jou, destine nou mele. Afriken ak kolon esklavajis k ap kouri pou operasyon koupe tèt boule kay sou zile Ayiti, abitye pare move tan sou zile Kiba, pandan yo sou chimen Nouvèl Oleyan, Baltimò, elatriye…

Pandan peryòd diktati tchoul CIA ki te rele François Duvalier ak pitit gason sòt pase panyen pèse l la, Jean-Claude Duvalier, gouvènman Ayiti te mare fache ak gouvènman Kiba – se sa papa bondye ki Washington yo te mande tchoul li yo. Rezilta: tout malere ki nan zòn Santyago, Oriente elatriye te pèdi kontak ak fanmi yo ki sou zile Ayiti.

Nan ane 1995 Prezidan Aristide renouvle relasyon diplomatik ak Kiba. Lè malè te rive n anba Goudougoudou, se vwazen Kiben ki te premye pote n sekou; Menmman parèyman, apre blan MINUSTHA ki kaka nan dlo a te fin bann Kolera.

Nan mwa Jiyè 2016, mwen t ap mache nan lari Kiba ak manman mwen ki gen bèl laj alèkile, nou te nan lari nenpòt 11è diswa, san kè sote. Mwen te rankontre jenn Kiben ki di yo vle kontinye fè plis eksperyans biznis, etid ak vwayaj entènasyonal, men ideyal yo se rete viv Kiba pou yo devlope peyi yo.

Sou boulva «Malekonn», toulede, nou t ap fè “ponponm”, menm jan ou te renmen fè ale vini devan ti jaden flè ou yo sou Route des Dalles la…je nou te toupatou ap chèche foto Fidel. Yo di grandèt nou toulede admire a te pral fete 90 rekòt kafe. Nou te espere wè moundebyen sa a pou nou di li mèsi pou doktè Kiben yo . Jouk nou te pran avyon kite Kiba, ou te gen espwa wè Fidel anvan nou ale, anvan li ale. Kèk ane apre, lè ou pran nouvèl inevitab la, ou te kriye pou li. Men, ou te di ou satisfè dèske ou te pile tè sa a kote tonton ou te ale travay la, anvan revolisyon an, kote, siman, ou gen kèk kouzen\kouzin ou pa p gen tan konnen. Manmi cheri, pandan plizyè jou, ou te mache nan menm vil ak Fidel.

Manman m te kontan wè mèvèy Fidel reyalize yo, dotanplis, nan vil natal li, Pòdpe, nan ane 2004, nou toulede te obsève gwo travay doktè Kiben yo ap fè nan mitan pèp Ayisyen an depi apre Prezidan Jean-Bertrand Aristide ak Prezidan Fidel Castro te retabli relasyon diplomatik ant 2 peyi yo. Se nòmal pou gran frè Titid k ap simen bon semans lasante nan peyi nou te rekòlte moso lasante kay zanmi Fidèl nou yo, pandan yon sezon malè, mwa Jiyè 2021.

Mwen okouran genyen anpil lyen san ant fanmi Kiben yo epi fanmi Ayisyen yo, ikonpri, fanmi pa m. Mwen espere kapab aprann plis enfòmasyon sou aspè sa a, pi douvan.

An verite, ni manman m, ni mwen menm, nou te gen kè lou an 2016. Manman m te sonje eleksyon 1957 la, lè li te jenn nègès chaje ak espwa pou peyi li, lespwa ti Doktè a ta pral ede geri maladi Ayiti. Mwen menm, mwen grandi anba diktati 2 salopri yo bay pou Duvalier yo, e, jiskaprezan, mwen wè se lòt peyi k ap pwofite kouraj, konpetans ak lanmou Ayisyen, ikonpri mwen menm.

Tankou jenn gason ak jenn fanm Kiben yo, an 2016 mwen te anvi viv nan peyi m, pou peyi m, ak peyi m. Mwen te rele: Viv Castro! Gèt Manman Duvalier!

10 sezon pi ta, Fidel ale jwenn Dessalines, olye sitiyasyon an amelyore pou Ayiti tankou Kiba, se toulede k ap degringole ak tout boulin. Jodi a, 26 Jiyè 2026, Manmi Anne avè m fenk kare anvi viv nan peyi n. Men Ayisyen pa ka viv Ayiti, Kiben pa ka viv Kiba. 

Aba tout kolon Yanki, ikonpri Donald Trump! Aba tout Konze, tout chèf gang Viv Nan San! M anvi viv nan peyi m! Kolangyèt manman Duvalier! Kolangyèt manman Martelly!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *