
« Migné raple Ayisyen kado lènmi se pwazon ».
Mwen dedye editoryal sila a pou Prezidan Ibrahim Traore ki fenk koupe relasyon diplomatik ak blan malveyan peyi Lafrans daprèzavwa yo kontinye konplote kont nèg ak nègès Boukina Faso, peyi moun entèg yo.
Kòmalòdinè, mwen pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang tèwòris Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan.
Jodi a, Maten, ti bourik listwa nou, pral fè yon premye kanpe nan kalfou ane 1960.
1960 se yon ane enpòtan anpil nan listwa rejim François Duvalier a. Paske se nan ane sila a Duvalier reyisi kanpe baz pouvwa li tout bon vre. Estrateji Dòk la se itilize prezans rejim kominis Fidel Castro a tou pre l la, nan avantaj pèsonèl li. Kidonk, Duvalier te mete anpil presyon sou blan Meriken pou yo kontinye ede li konsolide diktati l lan epi ogmante kantite kòb yo ba li chak ane pou li feraye.
25 Jen 1960: Duvalier fè yon diskou istorik nan vil Jakmèl. Istoryen yo rele sa «le cri de Jacmel». Nan diskou sila a, Duvalier di blan Meriken si yo pa vin ede li kòmilfo, l ap sètoblije geri bosko li nan yon lòt patiray. Alepòk, se oswa ou te ak Meriken oswa ou te ak Larisi kominis.
14 Jiyè 1960: yon mouche abiye byen banda ap rantre lakay li ak madanm li apre yo fenk sot selebre «Prise de la Bastille», fèt nasyonal blan franse, nan anbasad Lafrans. Bridsoukou, yon kò militè Gad Prezidansyèl mete tout moun ogadavou. Poutan, depi sou kantite Tonton Makout ki te akonpaye mouche a ak madanm li, tout moun te kapab remake se te yon gwo zotobre. Ojis, se Clément Barbot, chèf & fondatè milis Tonton Makout yo, Gad Prezidansyèl Duvalier te mete olèmen! Clément Barbot te tèlman bon zanmi Duvalier, se li menm ki te dirije Konsèy Ministeryèl, se li ki t ap kwape kominis epi dirije peyi a an kachèt pandan Duvalier te manke mouri kriz kadyak nan mwa Me-Jen 1959. Vwalatilpa, se Clément Barbot rejim Tonton Makout lan mete anba kòd epi k ap manje kokomakak nan Fò Dimanch. Se pa pou granmesi pawòl selèb defen malfèktè a se te «La reconaissance est une lâcheté».
Antouka, pa t gen konfizyon posib ankò. Se Duvalier ki chèf siprèm Ayiti. Lame, Lachanm, Tonton Makout… tout avozòd François Duvalier «grand architecte de la nouvelle Haiti». Sèl ti fikilte ki rete se kesyon lajan an ki pot ko kapab sòti nan kòf Mesye Leblan. Malgre diskou Jakmèl la, blan Meriken te kontinye ap fè wondonmon – yo pa t vle bay Duvalier twòp kòb.
Nan mwa Septanm 1960, Duvalier ekzije Sena Repiblik la pou li rekonèt pouvwa Prezidan an pou li pase nenpòt dekrè ki nan lide l. Kòm gen 6 Senatè ki t ap fè wòklò, Duvalier pibliye yon dekrè espesyal nan jounal le Moniteur kote li deklare li revoke 6 Senatè sa yo paske yo t ap fè konplo “kominis” sou do li. 5 nan Senatè yo kouri pran chimen ekzil. Senatè Yvan Emmanuel Moreau, yon pè Legliz Episkopal, sizyèm Senatè ki pat vle bat ba devan diktatè a rete konsa nan mwa Novanm 1960 yo vin arete li. Depi jou sa a pèsonn pa konnen kisa pè Moreau devni.
22 Oktòb 1961: Duvalier pase yon vitès siperyè pou konsolide pouvwa l. Eleksyon fèt pou chanm lejislativ. Men se Duvalieris sèlman ki te gen dwa patisipe nan eleksyon sa a. Poudayè, chak bilten vòt te make «Docteur François Duvalier Président». Bagay ki ta dwe pase pou blag tounen verite istorik. Vwalatilpa, nan yon eleksyon lejislativ, lè yo konte vòt yo, kòm chak bilten te gen non Duvalier make sou li, towo gwonde yo deklare kareman: “Tout Chanm Lejislativ la deside eli Duvalier pou yon dezyèm manda Prezidansyèl”. Kidonk, zafè manda k ap ekspire 15 Me 1963 a, bliye sa! Duvalier bay tèt li yon lòt manda 6 zan epi, pèsonn pa di krik!

Konpatriyòt, èske menm jan avèk mwen, ou remake gwo resanblans ant konpòtman diktatè alye blan malveyan ane 1960 yo ak konpòtman popetwèl Fils-Aimé, pitit gason prefere Blan Malveyan Kò Gwoup yo k ap dirije yon pyès teyat trajikomik an Ayiti semèn sa a?
Jisteman, annou kite Maten, Ti Bourik Listwa nou bwè ti tak dlo pandan n ap founi je pi fon nan aktyalite k ap boulvèse nanm pèp Ayisyen an gwo jodi Dimanch 28 Jen 2026 lan…
Pandan boul ap woule nan Mondyal 2026, nèg ak nègès malveyan ap konte milyon dola sal. Ekzanp: eskandal kontra « Access Haiti », yon konpayi prive ki ta achte dwa retransmisyon match Mondyal 2026 yo pou 1 milyon dola vèt epi ki ta revann Leta Ayisyen menm pwodui sa a pou 4 milyon dola vèt. Daprè sa ki rapòte nan laprès, PDG Access Haiti a, se yon pwòch premye minis defakto Alix Didier FILS-AIME. Nan tan nòmal, se Leta Ayisyen ki abitye achte dwa retransmisyon koupdimond. Mèzalò, daprè repòtaj Radyo Rezistans, Alix Didier FILS-AIME, ta youn nan manm fondatè konpayi « Access Haiti ». Kidonk, mouche a ta sèvi ak pouvwa premye minis defakto blan malveyan yo ba li a pou li menm ak bizawèl li fè voum lajan sou do Leta. Mezanmi, kote ULCC!? Èske ap janm gen ase kòd pou mare vòlò nan peyi isit!?
1 Kontra, 2 kontra, 3 kontra…
“Premye minis defakto toutotan blan malveyan vle” Alix Didier FILS-AIME ta siyen yon kontra anbachal ak konpayi sekirite prive «BLACKWATER», yon biznis mafyozo mèsenè blan malveyan Erik Prince rebatize “Vectus Global”. Kontra ilegal sa a koute Leta Ayisyen 52 milyon dola vèt. Daprè repòtaj Radyo Rezistans, Erik Prince te pran angajman pou li “libere wout Kwadèboukè ak Malpas; Mete anba kòd chèf gang Jeff Kanaran, Chen Mechan ak Lanmò 100 jou nan anviwon 2 semèn; Libere wout nasyonal #1 an, avan 18 me 2025; Louvri wout Mibalè a epi sekirize Baraj Pelig; Louvri wout sid la rive Leyogàn apre 5 semèn, puiske gen plizyè gwo bandi nan zòn sa a tankou Tilapli, Izo, Krisla ak Boutba; Louvri pò yo ak zòn sou kote yo; Elimine gang tèwòris k ap bay pwoblèm nan zòn Kenskòf, elatriye…”
Daprè FJKL (Fondasyon Je Klere) Leta Ayisyen deja peye mèsenè blan malveyan Erik Prince yo 50 milyon dola vèt san yo pa reyalize yon sèl nan angajman yo te pran lè yo t ap siyen kontra sila a.
Gen yon sèl konklizyon lojik: “Kit li batize MICIVIH, MINUSTAH, BINUH, BLACKWATER, VECTUS GLOBAL…keseswa non yo bay mèsenè tout koulè zòt mobilize an Ayiti, se pwojè kadejak, kolera ak masak yo genyen nan dyakout yo pou nèg ak nègès Ayisyen. Babekyou, Izo ak Erik Prince ap jwe nan menm ekip. Yo tout se kado anpwazonnen.
***
Konpatriyòt, annou fè yon dènye koudèy nan retwovizè listwa pou nou ka wè pi klè.
Nan ane 1961, pandan blan Meriken t ap ede diktatè François Duvalier pete fyèl Ayisyen, se gwo pwogrè ki t ap fèt sou kontinan Lafrik kote Premye Minis Patrice Lumumba te pran pouvwa alatèt peyi Kongo, yon ansyen koloni blan malveyan peyi Bèljik te vòlò. Plizyè dizèn pwofesyonèl Ayisyen Duvalier te fòse kite Ayiti, se nan peyi Kongo yo te ale travay epi elve pitit yo.
Siman ou deja wè ‘Lumumba Vea‘, yon selèb fanatik ekip foutbòl peyi Kongo ki ap fè aktyalite nan Mondyal 2026 lan. Michel Kuka Mboladinga, se konsa sitwayen an rele. Li gen abitid kanpe rèd k on pikèt pandan match yo. Se konsa li salye memwa vanyan gason, Premye Minis Patrice Lumumba ki mouri sasinen an 1961, anba konplo yon makòn blan malveyan enperyalis.
Ekriven/Aktivis Kanadyen Yves Engler ekri plizyè liv kote li bay voum detay osijè patisipasyon Kanada nan konplo blan malveyan yo te fè pou yo sasinen Patrice Lumumba nan ane 1961 epi lage peyi Kongo nan yon katastwòf san bout ki tounen yon veritab jenosid alèkile.
Daprè Yves Engler, konplisite Kanada nan krim rasis entènasyonal sa a konekte dirèkteman ak vorasite plizyè konpayi minye Kanadyen k ap bouyi konfli nan rejyon Gran Lak yo, an Afrik. Kidonk, pinga nou etone wè se menm alyans malefik k ap aji sou kontinan Lafrik yo k ap fè dlo koule nan je pèp Ayisyen nan moman an.
Pandan fanatik bon boul ap aplodi bèl gòl ak bèl drib pinga nou bliye kò nou, jouk nou ta rate yon mesaj enpòtan Michel Kuka Mboladinga “Lumumba Vea” pote pou nou: Lavi pa jwèt!
Pandan n ap gade boul, tyovi yo kontinye mouri san rezon nan peyi Kongo, yon peyi ki rich ak resous natirèl.
Pandan n ap gade boul, tyovi yo kontinye mouri san rezon an Ayiti, yon peyi ki rich ak resous natirèl.
Pandan n ap gade boul, tyovi yo kontinye mouri san rezon nan peyi Venezyela, yon peyi ki rich ak resous natirèl.
Nou voye kondoleyans pou frè ak sè nou nan peyi Venezyela ki fenk sibi 2 gwo tranblemantè ki tiye plizyè milye moun.
Pandan nou wete chapo pou nou aplodi pèfòmans Lenny “Dessalines” Joseph ki make premye gòl Ayiti nan Mondyal 2026 la. Nou di Ayibobo pou Wilson “Kapwa Lamò” Isidor ki li menm tou, te toup pou yo. Nou voye madichon dèyè Sebastien “Rochambeau” Migné daprèzavwa tout moun ki gen je te kapab wè aklè, lè Grenadye yo te alaso yo t ap fè nou kontan, Migné te fache.

“Se pa kado blan te fout fè nou! Se san zansèt yo ki te koule” – Èske Im Nasyonal nou an bay manti ?
Se talan jwè ewoyik nou yo ki sove lonè pèp Ayisyen an. E, tankou Papa Dessalines te avèti n, depi 1 Janvye 1804: “Nou oze lib, nou fè l pou kont nou, nou fè l pou tèt nou!”
#RevokeMigné
An verite, li lè li tan pou nou aprann yon leson listwa ki klè k on dlo kòk: Kado lènmi se pwazon.
Men yon lòt ekzanp istorik pou nou fèmen ti kozman jodi a!
Nan mwa Janvye 1962, dènye bagay Duvalier t ap chèche nan men blan malveyan yo, li te reyisi jwenn li. Reyinyon OEA nan peyi Uruguay se la lavni politik Ayiti tou degringole. Etazini te prezante yon pwopozisyon devan OEA pou li pimpe Kiba deyò epi mete sanksyon sou gouvènman Fidel Castro a. Kòm nou te wè sa deja, depi kèk ane Duvalier t ap machande ak blan Ameriken gras a kesyon kominis sa a. Nan kafou koze a te rive la a, Duvalier te resi jwenn opòtinite fè blan Meriken louvri bous li byen laj pou li achte alye move je. Brezil, Ajantin, Chili, Meksik…yo tout te kanpe an kwa kont kesyon mete Kiba deyò nan OEA a. Daprè jan kalkil la te ye nan moman an, vòt Ayiti a te gen yon valè total kapital. Kidonk, Minis Afè Eksteryè Duvalier alepòk, mouche René Chalmers, te òganize yon ti dejene ak alatèt delegasyon Meriken an, mouche Dean Rusk. Se konsa, apre dejene istorik sa a, Ayiti vote an favè pwopozisyon Meriken an. Yo mete Kiba deyò nan OEA epi Duvalier resevwa yon voum lajan. Pwovèb la di: “pami diri ti wòch goute grès” – se nan lajan Chango sa a pèp Ayisyen tou benefisye yon Ayewopò Entènasyonal nan vil Pòtoprens. Diktatè a batize l “Aéroport International François Duvalier”. Malgre, kèk deseni annapre nou rebatize l, “Aéroport International Toussaint Louverture”, nan moman an, se gwoponyètman, menm blan malveyan Meriken ki te peye Duvalier kòb trayizon Kiba nan OEA yo rive poze sele sou sèl èpòt entènasyonal ki nan kapital peyi nou an. Mèsenè Erik Prince yo fin awoyo. Pò, ayewopò, polis nasyonal…tout sou kontwòl malfèktè.
« Koupdimond se jwèt men lavi pa jwèt – Migné raple Ayisyen kado lènmi se pwazon »