Konpatriyòt onè!
Nou wete chapo pou salye memwa Patrice Lumumba ki tonbe anba grif blan malveyan yo nan peyi Kongo yon jou 17 Janvye 1961.
Kòmalòdinè, nou pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan.
Ala bèl sa bèl lè se pwojè lavi miyò ki nan lespri grandèt tankou tilezanj k ap respire nan yon kominote! Se kouran kè kontan sila a ki te anvayi nanm mwen, pandan mwen t ap suiv seremoni inogirasyon pò Senlwidisid ki fèt ayè Vandredi 17 Janvye 2025 lan! Bravo pèp Ayisyen pou bèl reyalizasyon sila a! Klèman, gen konpetans anndan peyi nou an, tankou aletranje. Nou pwodui sitwayen moundebyen ki devwe pou bati yon lòt peyi ki bèl & dous pou tout moun, tout bon vre.
Konpatriyòt Leslie Voltaire, etank Prezidan KPT a, ou fè yon diskou solid kote ou raple enpòtans Pò Senlwidisid la pou tout peyi a, espesyalman apre nou va reyisi mete tewòris yo awoutsayd de pozisyon nan lavi nasyon nou an epi louvri pasaj Matisan pou moun ak byen materyèl kapab sikile lib e libè. San flatri, konpatriyòt Prezidan Leslie Voltaire, mwen felisite ou, espesyalman paske se ak zouti wololoy nou an, lang Kreyòl natif natal, ou te pale pandan bèl seremoni inogirasyon sa a. Chapo ba pou tout ekip solid ki bay nasyon an yon sewòm li te swaf anpil, nan yon moman kote feblès te vle akapare n epi bravo pou Mèt Seremoni an ki te fè yon travay wodpòte, zewo fot!
Pò Senlwidisid ki inogire, se restitisyon! Yon premye pa enpòtan sou chimen retounen lespwa ak granmounite ki dwe rele chak sitwayen vanyan k ap viv nan tout rejyon Sid la, chè mèt, chè mètrès. Restitisyon entèn, tankou inogirasyon Pò Entènasyonal Senlwidisid la, se kle pou nou louvri pòt gerizon ak reparasyon Ayiti cheri nou an.
Konpatriyòt, an verite, gen Reparasyon Ekstèn ki jis epi nesesè pou eritye blan malveyan yo peye daprèzavwa yo te mete plizyè milyon zansèt pèp Ayisyen an nan chenn lesklavaj, vòlè fòs kouray yo ak eritaj natirèl yo. Gen Res-ti-ti-syon Ekstèn ki jis epi nesesè tou paske blan malveyan yo te vòlè plis pase 90 milyon fran lò ki reprezante lèt tete Ayiti, soti 1825 rive 1947.
Mèzalò, gen yon lòt kategori reparasyon ak restitisyon ENTÈN ki lojik e nesesè anndan nasyon nou an. Sonje byen, depi Papa Dessalines te poze kesyon demeplè a: “E sila yo ki gen papa yo an Afrik yo, èske yo pap jwenn anyen?” li po ko janm resevwa yon repons ki akseptab. Kidonk, se lizay pou nou dekrete 2025 ane Restitisyon ak reparasyon pou tout pitit Ayiti toupatou.
Ayisyen anndan peyi a, tankou sila yo k ap viv aletranje dwe kontinye deplwaye strateji efikas pandan ane 2025 lan, jouk restitisyon ak reparasyon tounen yon reyalite pozitif nan lavi nou tout. Nou menm ki nan peyi Lafrans, Etazini, Kanada, nou gen obligasyon feraye jouk li jou pou nou fòse desandan Wa Zenglendo Charles X remèt Ayiti kòb ranson an. Jisteman, annou fè yon koudèy rapid nan retwovizè listwa.
Jodi a, Maten, ti bourik listwa nou pral fè yon preme kanpe nan kalfou 1 Janvye 2004.
Konpatriyòt : èske ou sonje ki jan, pandan prèske yon milyon nèg ak nègès te reyini nan lakou Palè Nasyonal ak lari Chanmas pou nou selebre bisantnè endepandans Ayiti, jounal New-York Times te pibliye yon atik kote otè yo te deklare san bat je : «Prezidan Aristide rele Ayiti Manman Libète, devan «yon ti gwoup» ki tap fè anpil bri…». Lè foto plizyè santèn milye moun ki te patisipe nan selebrasyon 1 Janvye 2004 yo te kòmanse pran lari, Jounal New-York Times te jennen anpil anpil. Rapid vit, yo te sètoblije korije atik la. Tank yo gamèz!
Konpatriyòt, alèkile, annou fè yon gwo bak ak ti bourik listwa nou pou n mare kòd la nan ane 1825.
«Venteyennan apre nèg vanyan revolisyon Ayiti yo fin deklare endepandans peyi yo, etan y ap sèmante yo pito mouri pase pou yo tounen anba chenn oswa tounen anba dominasyon fransè, yon eskwad bato lagè fransè ki te gen apeprè 500 kanno abò yo, t ap vire tounen alantou Ayiti.
3 Jiyè 1825, yon bato lagè fransè ak 2 lòt bato, rive nan pò Pòtoprens, kapital Ayiti. Pa twò lwen sou bò lanmè a, 11 lòt bato lagè fransè t ap tann.
Bawon Mackau, reprezantan wa a te voye a, bay yon iltimatòm: Bay yon pakèt lajan kòm reparasyon pou peye ansyen mèt esklav yo, oubyen fè lagè ankò.
Ayisyen te gen anpil rezon pou sa te enkyete yo. Ayiti pa te ka espere okenn lòt peyi ta vin ede l defann tèt li. Tout lòt gran peyi yo te vire do bay Ayiti, yo te refize rekonèt endepandans li…Poutèt sa, Prezidan Ayiti a, ki te vle fè komès ak lòt peyi epi pou l asire rekonesans lòt peyi anvè Ayiti, te asepte demann peyi Lafrans yo. Ak sa, Ayiti vin tabli yon lòt presedan: Li tounen premye peyi epi sèl peyi kote desandan esklav peye desandan mèt yo reparasyon — pandan plizyè jenerasyon.Souvan yo rele sa “dèt endepandans lan.” Men se yon pawòl kwochi. Se te yon ranson. Montan an te depase ti mwayen Ayiti te genyen. Menm premye pèman an te sis fwa lavalè sa gouvènman an te rantre nan kès li ane a, dapre resi ofisyèl Beaubrun Ardouin, yon istoryen ayisyen 19yèm syèk rasanble. Men se te lide a sa, yon pati nan plan an. Wa fransè a te bay Bawon an yon dezyèm misyon: asire li ansyen koloni a prete lajan nan men kèk nouvo bank fransè pou l fè pèman yo. Yo te vin konn sa kòm “doub dèt” Ayiti a — ranson an ak lajan prete pou peye li — Epi sa se te twokèt la.
Doub dèt sa a te pouse Ayiti antre nan yon seri dèt ki fè peyi a mache bwete pandan plis pase 100 lane, nan souse tout lajan Ayiti rantre nan anpeche l devlope enstitisyon ak baz òganizasyon ki esansyèl nan yon nasyon endepandan. Nan lekòl an Frans yo pa menm anseye afè reparasyon ayisyen te oblije peye ansyen mèt esklav yo pandan plizyè jenerasyon, dapre kèk chèchè. Epi lè yon prezidan Ayisyen te kòmanse soulve kesyon an byen fò, gouvènman fransè a pase l nan rizib epi yo eseye kase fèy kouvri sa…».
Paragraf nou sot li la yo se kout plim jounalis Lazaro Gamio, Constant Méheut, Catherine Porter, Selam Gebrekidan, Allison McCann ak Matt Apuzzo ki parèt vandredi 20 Me 2022, nan jounal Meriken New York Times. Se yon seri atik ki pibliye nan 3 lang : angle, franse ak kreyòl. Otè yo layite rezilta plizyè mwa travay kote jounalis anketè New-York Times yo fouye plizyè mil paj dokiman, fè rechèch nan plizyè bibliyotèk ak achiv an Ayiti, an Frans, ak Etazini pou yo analize kesyon doub dèt la ak enpak li sou Ayiti, jouk jodi jou, nan domèn finans ak politik.
Annou kite ti bourik Listwa nou bwè dlo pandan n ap fè yon koudèy sou aktyalite semèn pase a, daprè repòtaj Radyo Rezistans…
Jedi 9 Janvye 2025 ajan DCPJ mete menòt nan bra ansyen direktris SMCRS la Magalie Habitant nan komin Petyonvil. Nan ane 2019 non l te site nan dosye 17 mèsenè ki te rantre nan Peyi a ak Gwo zàm fann fwa. Non manzè Habitant te site tou kom moun ki ta negosye ak kidnapè pou lage dominiken bandi te kidnape.
Dimanch 12 Janvye: Ajan DCPJ arete ansyen depite Victor PROPHANE lakay li nan Petyonvil. Daprè tout enfòmasyon k ap sikile nan medya yo, se youn nan non moun DCPJ ta jwenn nan telefòn Magalie Habitant. Non Victor PROPHANE t ap site lontan nan dosye konfyolo ak tewòris. Depi 2021, Odma, chèf gang savyen nan epòk la te akize ansyen depite a kòm moun ki te ba l zam pou li te touye yon seri moun pou li nan Tirivyè Latibonit, nan peryòd eleksyon 2016 yo. Ansyen depite a nan lis non moun gouvènman Etazini, Kanada ak nasyonzini sanksyone pou enplikasyon yo nan bay tewòris zam ak minisyon. Pami kèk moun ki sanksyone pou koripsyon epi konfyolo ak tewòris, nou ka site: Michel Marttelly, Charles Kiko Saint-Remy, Arnel Belizaire, Youri Latortue, Gary Bordeau, André APAID, Joseph Lambert, Laurent Lamothe, Jean Henry CEANT, Sheriff Abdalah, Gilbert Bigio, Reynold Deeb. PROPHANE Victor, se premye nan moun sa yo lapolis arete.
Pandan leta ak lajistis resi ap leve pye l pou li mare kèk malfèktè, se nan menm moman sa a, reprezantan Pati Politik PHTK ak EDE, Liné Balthazar ak Claude Joseph ekri yon lèt bay CARICOM kote yon site non rezo tewòris Viv Ansanm pami sektè k ap pwopoze solisyon pou kriz politik la. Apre yo fin konstate reyaksyon popilasyon ki pa dijere frekansite sa a, mesye yo ajinse ap fè lakilbit nan tout medya. E poutan, se yon senp konfimasyon PHTK reprezante yon asosiyasyon malfèktè, yon baz tewòris miltikolò.
Viv yon leta ki mobilize pou li kwape tewòris ki t ap viv nan san nou depi twò lontan! Viv maryaj Lapolis ak popilasyon kap feraye bradsi bradsou pou lapèrèz resi janbe lari, pou tewòris yo tonbe anba kòd oswa anba tè – sa fè pati pwojè Restitisyon Entèn 2025 lan paske li lè li tan pou moundebyen retounen nan vil yo, sou katye yo, nan jaden yo, nan kay yo. Remèt sitwayen yo kinan yo!
Restitisyon entèn! Se sa n ap ekzije ekip gouvènman trazisyon an!
Konpatriyòt Prezidan Leslie Voltaire anonse ki jan, apre arestasyon li, Magalie Habitant koumanse chante, l ap denonse move lawon ki te enplike ak li nan move zafè. Anverite kantik “non jamais tout seul” sa a pa dwe ni solo, ni duo. Maestwo Leslie Voltaire, souple fè tout sa ou konnen pou Premyeminis Didier Fils-Aimé, Sekretèdeta Sekirite Piblik Mario Andresol, chef Lapolis Normil Rameau, Minis Enteryè ak tout lòt manm gouvènman an sa konsène mobilize resous ki nesesè pou, anvan lontan, se yon veritab koral malfèktè k ap chante nan penitansye nasyonal.
Gen alto, fòk gen yon liy bas solid tou – yès aya!
Madi 14 janvye 2025: Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) lanse ofisyèlman pwogram “les mardis de la nation”, yon espas kote otorite yo pral enfòme popilasyon an sou pwojè yo genyen ki lanse deja ak sa ki reyalize deja. Nan premye sòti a, prezidan Leslie Voltaire anonse 2 aktivite:
1 ) inogirasyon ofisyèl pò Senlwidisid la ki fèt 17 Janvye ki sot pase a.
2 ) vizit prezidan kolonbyen Gustavo Petro an Ayiti, Mèkredi 22 Janvye 2025 nan vil Jakmèl
Menm Madi 14 Janvye a, devan konsèy prezidansyèl la, premye minis, minis Jistis ak plizyè lòt responsab nan Leta a, Mario ANDRESOL enstale kòm sekretèdeta sekirite piblik. Misyon li se retabli lòd, garanti sekirite piblik ak prepare teren pou referandòm konstitisyonèl ak eleksyon jeneral.
Kounye a, gen Pò Senlwidisid, nou espere bon vwazinay ak komès ant Ayiti ak Kolonbi kote sa yo fè yo va pote bannou, epi jan plizyè patisipan nan inogirasyon an te di: nou menm tou nou va fè pote ba yo. Men, se pa ni kokayin, ni kalachnikòv. Se sa Sekretèdeta Sekirite Piblik la ta dwe ede n reyalize.
Konpatriyòt, 3 zan pase, New-York Times te raple ki jan:
«Nan ane 2003, Jean-Bertrand Aristide, yon ansyen pè ki vin premye prezidan yo eli demokratikman apre plizyè dizèn ane diktati, lanse yon kanpay pou mande pou Lafrans remèt lajan li te pran an, li fè reklam nan televizyon, li mete pankad nan lari epi li pran yon ekip avoka pou prepare yon pwosè entènasyonal. Kòm repons, gouvènman fransè a mete yon komisyon sou pye pou analize relasyon ant 2 peyi yo, men anba anba li di komisyon an “pa di anyen ki ta an favè renmèt lajan,” daprè sa Thierry Burkard, anbasadè fransè ann Ayiti epòk la, di New York Times nan yon entèvyou sa pa gen lontan.
… gouvènman fransè a ede dechouke Mesye Aristide sou pouvwa a, gouvènman fransè a di li t ap eseye epaye Ayiti, ki t ap toufe ak boulvès politik, pou l pa vin gen yon gè sivil. Men pandan ofisyèl fransè yo te toujou ap di se pa afè restitisyon ki te lakòz yo met Mesye Aristide atè, Mesye Burkard admèt “pwobableman se te pou sa tou.” Li di: “Sa t ap tabli yon presedan pou anpil lòt peyi.”
Mesye Burkard, anbasadè fransè a, di jounal New York Times…Lafrans ak Etazini te monte yon “kou d eta” kont Mesye Aristide lè yo fòse l al ann egzil la.
Atik New-York Times yo raple ki jan…
Avèk lajan Ayiti te voye bay Lafrans pou swadizan dèt endepandans la nan men li, Prezidan Aristide di peyi li te ka envesti nan tout bagay yo pa t an mezi genyen: lekòl, lopital, wout, traktè ak dlo pou peyizan.
Bòdwo li prezante se te: $21.685.135.571,48 dola.
New-York Times deklare: «Si lajan sa a te rete Ayiti, nou kalkile sa te ka ajoute $21 milya dola nan ekonomi Ayiti pandan apeprè 200 zan ki sot pase la yo.
Lòt moun di si yo pa t fòse Ayiti peye doub dèt la nèt, peyi a te ka suiv menm modèl nivo devlopman peyi vwazen li yo nan tout Amerik Latin nan…».
Kidonk, blan New-York Times yo deklare menm sa Prezidan Aristide te mete devan je limanite 7 Avril 2003 a.
Wi! Apre tout ane sa yo valè restitisyon an pi pre $115 milya (dola vèt) pase $21 milya. E plis Lafrans ap kite tan pase se plis valè dèt lan ap kontinye ogmante.
Osito atik sa yo pran lari, kòmantè te fè mikalaw nan medya Ayisyen tankou etranje.
Kounye a, nou rive nan 200 èm anivèsè ranson Wa Zenglendo Charles X la. Inivèsite deta Ayiti rantre nan won, se byen! Mèzalò, annou klè! Alèkile, se pa kalkil chif ni analiz nou bezwen, se JISTIS. Kidonk, nou bare vòlè yo. Nanpwen kwèdèk! Fòk pèp Ayisyen an, kidonk mèt kòb la, resevwa restitisyon li kalanmplanm.
Tankou nou di sa souvan, e n ap repete l : «anplis Reparasyon ak Restitisyon ekstèn nan, gen yon pwosesis Reparasyon ak Restitisyon Entèn ki inevitab pou pataj la resi fèt san fòs kote, ant tout pitit peyi a, san demagoji, epi sou yon baz syantifik».
Konpatriyòt, an verite, se lizay pou nou deklare 2025 ane restitisyon ak reparasyon pou tout pitit Ayiti toupatou!
Ainsi soit-il! Ayibobo!