René Préval & Restitisyon Ranson 1825-1947 Lafrans lan

Aristide attempts to divert 2nd CIA Coup against him – with words
January 5, 2019
Why a Haitian flag at Ottawa’s pro-Maduro March?
February 5, 2019

René Préval & Restitisyon Ranson 1825-1947 Lafrans lan

Lendi Premye janvye 1999, nan vil Gonayiv, Prezidan Ayiti, René Préval fè yon diskou istorik kote li deklare:

«Èske rezon diplomatik ka anpeche nou di: yon bon pati richès Lafrans makònen ak povrete Ayiti? ».

Prezidan Préval te konsyan anpil zòrèy pa te vle tande verite sa a li t ap klewonen an. Malgre sa, li te rapousuiv:

«Lafrans kolonyal eksplwate peyi sa a pandan plis lane ke peyi a endepandan. Pandan tout lane sa yo se pran Sendomeng pote an Frans.  Apre 1804, lè Sendomeng vin Ayiti, se menm kout baton an, menm afè a. Lafrans enpoze Ayiti pou yo rekonèt endepandans li yon dèt 150 milyon fran lò. Lè nou di sa… nou mande yo senpleman pou yo rekonèt responsabilite istorik Lafrans nan malsite istorik Ayiti epi, ansanm, nou ka chita pou ede yo korije enjistis istorik sa a. » 

Reprezantan ansyen peyi esklavajis yo, tankou Anbasadè Lafrans lan, Patrick Roussel, ki te prezan nan seremoni sa a, pat pèdi tan anvan yo voye rapò bay chèf yo. Gen nan yo ki fè gwo deklarasyon nan laprès pou montre ki jan yo pa kontan ak diskou Prezidan Préval la. Nan yon atik ajans nouvèl Reuters pibliye, e CNN reprann li 5 janvye 1999, yo di Gouvènman Lafrans lan (Élizée) voye lèt konvokasyon bay Anbasadè Ayiti nan vil Paris pou li mache vin bay esplikasyon devan Minis Afè Etranjè peyi Lafrans.

Alepòk, mwenmenm ki te toujou enterese nan dosye sa a, mwen te ekri Gouvènman Ayisyen an pou ankouraje yo pouse dosye a pi lwen. Nan kad Koze Nèf Tankou Ze Fre, yon blòg entènèt mwen te fenk lanse an kolaborasyon ak Henri Deschamps, mwen te tanmen yon kanpay lèt ki ale jwenn plizyè lidè, pmi yo: Minis Afè Etranjè Ayiti, Fritz Longchamps epi alatèt Frankofoni Entènasyonal la, Boutros Boutros Ghali.

Mwen te pwopoze, kòm aksyon konkrè, pou delegasyon Ayiti ki ta pral patisipe nan ‘Sommet de la Francophonie‘ nan vil Moncton (Nouveau Brunswick, Kanada) ta deklare nan asanble a:

« Lafrans dwe Ayiti 35 milya goud, pou pi piti. Nou derefize rantre nan twazyèm milenè a, san koze sila-a pa regle. Ayiti pa ka fè pati ‘la fraternité francofonique’ si peyi Lafrans refize peye reparasyon li dwe pèp Ayisyen an!»

Kidonk, mwen te pwopoze Prezidan Preval pou li depase nivo «voye pwent» tankou li te fè nan diskou 1 janvye 1999 la, epi fè yon demand Restitisyon kare bare, devan limanite. Sommet Francophonie an te fèt 3-5 septanm 1999. Tankou, nou ka konstate nan dokiman Moncton yo, Preval pa te okipe m.

Lè li te kwaze ak Jacques Chirac, nan vil Moncton, se pa koze 150 Milyon Fran Lò Lafrans te vòlè epi ki dwe remèt ki t ap pale. Okontrè, Prezidan René Préval, pase nan mitan foul chèf Afriken ki te mouri poul yo tou dousman (adwaz alamen) ap pran leson “demokrasi” nan men desandan Grèk ak Golwa yo.

Mwen te desi anpil, lè mwen te konstate pa genyen amoni nan sa Prezidan Préval di epi sa li fè. Men, menm jan mwen te eksplike sa sou Koze Nèf Tankou Ze Fre (6èm lòsyè, 25 septanm 1999), mwen te reyalize kontèks jewopolitik la te trè frajil, ni pou Préval, ni pou Ayiti.

Préval ta pale wi podyab. Men, li pito toufe.

Jiskaske Prezidan Préval mouri (3 mas 2017) si li te janm di anyen piblikman ankò sou dosye restitisyon-reparasyon an, mwen pa okouran. Poutan, apre 1999, se atò kesyon sa a ta pral pran fòs. Ojis, aza listwa lakòz, jou istorik 17 fevriye 2010 la, lè pou premye fwa nan listwa, Prezidan peyi Lafrans debake Ayiti, se René Préval, Prezidan Ayiti, ki te resevwa Nicolas Sarkozy. Lè sa a, malgre tout kritik li te resevwa, Sarkozy te fè je l byen chèch li debake Ayiti, de men, de pye, san lajan restitisyon an.

Atitid rizèz, odasye, san wont sa a, se pa Sarkozy ki envante li. Ojis, pandan tout peryòd 20tyèm syèk la, lè bato Lafrans t ap vin fè menas pou kolekte ranson an, se menm odas sa a ki te sèvi yo. Parekzanp Amiral Duquesne debake nan ane 1853 li menase pou li eklate Palè Anperè Faustin Soulouque la, si li pa jwenn lajan an. Anperè Soulouque pa t pran nan presyon li te refize peye, e blan frekan an te oblije bay legen. Mèzalò Soulouque pa te rete anpil tan sou pouvwa a, apre sa. E, nèg ki te suiv li sou pouvwa a te rekòmanse peye ranson an, rive jouk nan ane 1947. Ojis, Lafrans peze kou Ayiti, li pran 90 milyon Fran Lò. Se ekivalan lèt tete jenn Repiblik la, yo t ap souse, depi ane 1825.

Jou ki te 10 mas 2000 la, ennan kèk mwa apre diskou Prezidan Préval la, se te tou pa Prezidan Franse Jacques Chirac pou li bay yon ekzibisyon odas ekstraòdinè. Chirac te nan vil Pointe-à-Pitre, sou zile Gwadloup, lè yon jounalis dominiken pwoche, li di:

 «Kisa Lafrans, etank peyi rich , prevwa fè pou Ayiti, yon ansyen koloni li ki bò isit la ? »  

Jacques Chirac reponn:

« Ojis, Ayiti pa te janm yon koloni Lafrans!»

Jan ou tande a!

Se pa ti sezisman anpil moun fè lè Chirac te lage son sa a sou zile Gwadloup la. Pou evite dezagreman ak akizasyon demeplè, m ap bay sitasyon an nan lang orjinal la, ak tout referans. Blan an reponn jounalis la kareman:

« Haïti n’a pas été, à proprement parler, une colonie française, mais nous avons depuis longtemps des relations amicales avec Haïti, dans la mesure où nous partageons l’usage de la même langue. Et la France a eu une coopération et a toujours une coopération importante avec Haïti et elle continuera à l’avoir. ».

Kidonk, nou kapab remake se pa yon sèl manti Chirac kapab mete nan yon ti bout fraz!

Si Chirac te panse lè li fèmen bouch Préval nan ane 1999, lè li kase koub sou jounalis Dominiken an 10 mas 2000, sa te rete la, li t ap bon pou nou. Malerezman, vòlè sa yo pa janm selebre viktwa anvan fen match. Vwalatilpa, militan pwogresis toupatou sou latè te kase randevou nan vil Durban, Afrikdisid, 3-6 septanm 2001. Bri kouri dosye Restitisyon-Reparasyon pral diskite kare bare. E, alèkile, se pa René Préval ki Prezidan Ayiti…

Zepina pare pou Grann Nanna, Grann Nanna pare pou zepina!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *