TRAYIZON: Felix Darfour, Polidor Martelly, Jean-Pierre Boyer, Faustin Soulouque

Verite ak Jistis se kle gerizon Ayiti
June 30, 2025

TRAYIZON: Felix Darfour, Polidor Martelly, Jean-Pierre Boyer, Faustin Soulouque

FELIX DARFOUR, JEAN-PIERRE BOYER, POLIDOR MARTELLY, FAUSTIN SOULOUQUE & RANSON WA ZENGLENDO FRANSE CHARLES X (1818-1825)

Daprè sa mwen tande, depi kèk tan, mesaj rasis tanmen sikile sou rezo entènèt Ayisyen yo kote y ap mande fanm peyi a pou yo refize relasyon seksyèl ak mèsenè Kenyan yo sou baz pitit yo riske “lèd”. Natirèlman, se ak tristès melanje ak kòlè mwen aprann sa. Men, alaverite, mwen pa sezi. Puiske, depi plizyè jenerasyon vye lide rasis anti-nèg ap boloze lib e libè nan sosyete nou an san yon efò sistematik pou denonse epi kwape lide rasis sa yo kòm refleksyon kokorat, radòt ki pa ta dwe soti nan bouch moun ki gen sèvo nòmal.

Se paske mwen konsyan dega yon edikasyon pachiman fè nan sèvo plizyè jenerasyon Ayisyen, ikonpri pa m nan, mwen te kreye fraz sila a, depi ane 1991-92 “Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg“. Ak plizyè kanmarad, mwen te popilarize li nan tout aktivite òganizasyon Ayiti-Rasin ki t ap feraye nan Ottawa epi sou rezo entènèt. Mwen pa p janm bliye reyaksyon kè kontan Sanba Beethova Obas, lè je li te tonbe sou bannyè Ayiti-Rasin nan ak slogan sa a yon jou ete 1995 li te vin ofri yon spektak wololoy nan vil Gatineau-Ottawa. Kèk ane pi ta, se nan lakou Biwo Etnoloji, Pòtoprens, Pwofesè Suze Mathieu te fè kè m kontan anpil ak kopi yon liv li batize “Depi nan Ginen nèg renmen nèg!”. Tan fè tan kite tan, granmesi kòmantè moun ki ap suiv epi kritike travay mwen depi kèk ane, tankou kanmarad konbatan Dahoud André, majòjon KOMOKODA, mwen fè yon koreksyon ki te nesesè nan fraz la: “Depi nan Ginen bon nèg ak nègès ap kore youn lòt”.

Depi 1992, mwen abitye resevwa kritik kòmkwa pawoli sa a pa reflete reyalite. Se lekontrè, sa yo abitye tande depi yo tikatkat la: “Depi nan Ginen nèg ap trayi nèg”, ki verite. Kidonk, li previzib depi kounye a, fraz pwopagann rasis anti-nèg sa a riske kontinye vale teren, sitou lè mèsenè ki soti sou kontinan Lafrik ak nan Karayib la ta tanmen masakre Afriken parèy yo ki fèt sou zile Ayiti.

Ki jou, nan kourikoulòm Ministè Edikasyon Ayiti yo va rakonte tyovi yo istwa ekstraòdinè yon nèg ki te rele Felix Darfour?

FELIX DARFOUR se yon nèg vanyan ki te kite kontinan Lafrik, nan ane 1818, pou li vin ede nou konbat blan malveyan ak konze ki t ap menase endepandans Ayiti.

Nou ka sezi wè ki jan, depi nan epòk sa a, te genyen yon ekip blan Franse ki t ap fè konplo menm jan ak konplo blan malveyan Core Group yo ap fè jiskaprezan kont Pèp Ayisyen an.

Nan yon seri dokiman, jounal “l’éclaireur” – “l’avertisseur Haytien“, ki pibliye nan premye ane Felix Darfour rive Ayiti, nou ka remake misye se yon entèlektyèl ki te devlope yon admirasyon ekstraòdinè pou Ayiti. Dayè pou yon nèg ki chape nan lesklavaj, fè etid nan peyi Lafrans, jwenn mwayen retounen nan patiray li nan peyi Soudan, deside pran direksyon Ayiti ak tout madanm li (yon fanm blanch – nan ane 1818), se yon gwo risk li te pran.

Darfour te resevwa bèl akèy nan men Prezidan Boyer. E si nou pran san nou li jounal ki te pibliye nan ane 1818 ak 1819 yo (ki disponib gratis sou Gallica), n ap wè misye te gen bon chètout pou Boyer tou, okòmansman.

Kidonk, lè nou pral remake Prezidan Boyer fè arete, jije epi ekzekite Felix Darfour nan mwa Septanm 1822, fòk akizasyon yo te grav epi deranje Boyer seryèzman. E Darfour li menm tou, pou li chanje diskou osijè Boyer nan nivo sa a, fòk misye te gen prèv tout bon vre Boyer ak ekip «nèg po mawon pal» konplekse yo ak «nèg po mawon fonse» konplekse yo te trayi rèv pèp Ayisyen an.

Depi an lagan Darfour te wè tèt li kòm yon nèg ki gen yon misyon sakre ki chita sou prensip “Depi nan Ginen bon nèg ak nègès ap kore youn lòt“. Se pa yon aza si li batize jounal la “l’éclaireur”, epi pi ta “l’avertisseur”. Misye te soti nan vant bèt la, li t ap pote mesaj bay frè ak sè Afriken ki t ap goumen kont bèt la.

Orezime, se blan franse ki te gen tan retounen an fòs sou zile a, pami yo yon enègimèn ki te rele Polidor Martelly (pleziyis, anbyansè landyèz, menm jan ak desandan l lan) ki te mete anpil presyon sou Boyer pou li touye Felix Darfour.

Epizòd trajik sa a raple nou ki jan, depi okòmansman se bradsi bradsou malfèktè blan ak malfèktè nwa toujou travay pou yo rann lavi nèg ak nègès enposib sou zile nou an. Pa gen okenn nesesite pou tout lasent jounen n ap repete pwovèb “si anndan pa vann deyò pap achte”, “sòt ki bay enbesil ki pa pran” ak yon latriye lòt radòt resitasyon pakè ki gen yon sèl objektif – detounen atansyon – fè nou pèdi fokis sou lesansyèl – lesansyèl se gonfle venn nou dechouke ni kolon, ni konze! Se pa youn ou lòt – se toulede!

Blan yo ak konze yo sasinen Felix Darfour 3 zan anvan zak zenglendo 17 Avril 1825 lan lè Wa Zenglendo Charles X pibliye òdonans lan, ki resevwa siyati trèt Jean-Pierre Boyer, 11 Jiyè 1825, nan Pòtoprens.

Blan (CIA) yo ak konze yo sasinen Jean Dominique, 4 ane anvan zak zenglendo 29 Fevriye 2004 la, lè kouzen blan malveyan ki soti Etazini, Lafrans ak Kanada te anvayi Ayiti, kapote 7000 eli ak gouvènman lejitim peyi a, ikonpri Prezidan Jean-Bertrand Aristide kriminèl rasis yo te kidnape epi ekzile sou kontinan Lafrik Ginen. .

Kidonk, Michael Joseph Martelly nou wè la a, se yon mouche ki te gen zansèt blan malveyan ki t ap jwe menm patisyon ak li depi sou tan koloni esklavajis lan.

An verite, modèl kolonyal la se marasa li ye ak reyalite neyo-kolonyal n ap viv jounen jodi a. Fòse nèg ak nègès bourike nan enterè blan malveyan, anba anestezi bib, baton, bweson ak banbòch, se sa ki baz sistèm nan! Martelly ak lòt blan franse rasis sanginè ki te sou zile a, sa gen 2 syèk pase, te jwenn satisfaksyon yo t ap chèche nan men Jean-Pierre Boyer. Trèt la te fè arete Félix Darfour. Epi, lapoula, gouvènman popetwèl la te kondane frè Afriken nou an, yo ekzekite li 2 Septanm 1822.”

Twa zan pi ta, ak konkou lòt pouvwa blan esklavajis epòk sa a, Lafrans mobilize 15 bato lagè ki vin kòmanse aplike “diplomasi bato boulèt kanno” sou Ayiti. Yo rive nan rad Pòtoprens 3 Jiyè 1825. Orezime, Boyer siyen 11 Jiyè 1825. Pandan plis pase yon santèn ane, zenglendo blan malveyan yo peze kou Ayiti yo kolekte 90 milyon Fran Lò, nan yon ranson yo te tabli odepa pou 150 milyon Fran Lò. Pou jistifye zak “vol à main armée” sa a, Wa Lafrans lan, Charles X, itilize menm “lojik” blan Britanik yo te bay pou yo jistifye konpansasyon ansyen kolon Angle esklavajis yo ki te pèdi “pwopriyete prive yo” akòz pwoklamasyon emansipasyon an – kidonk, nèg ak nègès yo te kidnape epi mete nan chenn yo.

Daprèzavwa yon jou 9 Jiyè 1850, Jean-Pierre Boyer trepase nan peyi Lafrans, ou ka remake yon atik Nofi Media pibliye 9 Jiyè 2025 pou yo fè lwanj mouche a. Natirèlman, se san ezite mwen te mete devwa mwen opwòp pou laverite istorik kase kou manti ak pwopagann kolon ak abolotocho 2025 yo.

***

Jean-Pierre Boyer vs Faustin Soulouque

Yon jou, lè sa a Faustin Soulouque te Lyetnan k ap travay nan palè, epi dan radòt Prezidan Boyer t ap grate li, mouche deklare kareman : 

«Nan peyi d Ayiti sa a nou wè la a, nenpòt moun ka prezidan». Epi li lonji dwèt sou Soulouque, li di «ata vye nèg sòt sa a nou wè la a ka vin prezidan Ayiti»

Istoryen yo raple n kouman, nan moman an, Lyetnan Soulouque te di: «O mon Prezidan, pa pase m anba rizib konsa non!».

Poutan, gen dokiman referans ki kore n lè nou di, orezime, Prezidan Soulouque/ Anperè Faustin 1e te yon lidè ki te pi itil Ayiti LONTAN pase Jean-Pierre Boyer, trèt ki te bay Lafrans ak lòt blan malveyan yo opòtinite retounen kolonize ekonomi ak politik peyi a. 

Atansyon, Prezidan Faustin Soulouque, Anperè Faustin 1e pa t pafè. Li pa te gen rezon nan tout aksyon li te poze. Anplis, chaje koze «yo di» sou li. Sitou, anpil karikati rasis nan medya blan malveyan yo. Mèzalò, non sèlman, nan ane 1853 Soulouque te kenbe tèt ak Amiral Duquesne, zenglendo peyi Lafrans te voye vin estwopye n ak ranson 150 milyon Fran an, li te fè anpil efò pou li rekipere pati lès zile a. Kidonk, nan plizyè okazyon, Soulouque, nèg Ti Gwav ak bèl Nègès Enperatris Adelina te aji an moundebyen, patriyòt ki te alatèt peyi a.

Boutanfen, blan malveyan yo ak alye yo sou zile a te resi ekzile Soulouque sou zile Jamayik mèzalò li te retounen Ayiti e li te gen chans mouri, a yon laj respektab, nan vil natal li. 

Atansyon! se pa fanmi Boyer, Conzé, Martelly…sèlman Lafrans te mobilize kòm faktori espyon sou zile a. Gen plizyè lòt ankò ki la depi premye ane ekzistans Ayiti, jiska jounen jodi a. Lè nou brake pwojektè sou rasin fanmi esklavajis Martelly ki trè vizib nan rejyon Karayib la, sa pa pou mechanste ni medizans. Annou klè sou kichòy! Tankou mwen esplike sa depi premye fwa mwen te espantan sou dokiman sa yo, sa gen kèk ane, objektif mwen se pa “sal non fanmi Martelly”. Mwen sèten se yon fanmi ki bay anpil moundebyen tou nan rejyon Karayib la. Ojis, ou riske jwenn menm kalte enfòmasyon sa yo sou keseswa fanmi ki gen koneksyon ak patiray Lewòp yo. Mwen ka bay ekzanp sanginè ki te siyen Saint-Ville, Saint-Val, Saint-Vilmé… sou zile a menm jan ak bizawèl mwen yo. Dayè blan malveyan Saint-Ville sa yo t ap fè krim nan menm zòn Jakmèl/Leyogàn nan, kote Martelly yo te ye – kidonk: se te menm gwoup sangwen yo!

Konpatriyòt, pèsonn pa chwazi ADN yo. Kidonk, nou pa nan lojik voye vèni sou pyès moun paske ta gen kèk pami bizawèl li ak tatawèl li ki te move ganeman. Mèzalò, travay istorik tankou sila a ka ede nou wè pi klè nan metòd, estrateji ak taktik lènmi nasyon nou an itilize pou yo chwazi espyon y ap mete fè dega nan sosyete nou an, depi dikdantan. Kidonk, konparezon konpòtman trèt Jean-Pierre Boyer, Jean Baptiste Conzé… Michel Martelly adopte nan listwa jistifye efò nou tanmen pou analize ki semans ki bay pwodui sa yo sou zile nou an.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *