Daprè temwanyaj ni listwaryen, ni moun ki te vivan alepòk, nan ane 1937, pat gen okenn pwoblèm, tout bon vre, ant Ayisyen epi Dominiken.
Ekonomi toulede peyi yo te an degraba, sou menm pyedegalite. Onivo sitiyasyon ti klik ki t ap viv lavil yo menm, sitiyasyon Ayiti te pi anfòm pase pa Dominikani. Sou plantasyon kannasik ke kolon blan Ameriken t ap eksplwate nan Dominikani, Ayisyen ak Dominiken t ap travay kòtakòt, tankou esklav, anba flann solèy la.
Onivo popilasyon ki t ap viv nan rejyon fwontyè yo yomenm sete bèl antant ki te ekziste ant Ayisyen ak Dominiken.
Annou koute… Irelia Pierre, moun Domon, zòn Wanament, ki tap pale ak yon fouyapòt nan ane 1987:
«Mwen te fèt nan Dominikani. Nou te rete nan seksyon “Loma de Cabrera”. Papa m te travay jaden, plante manyòk, pistach, diri e gade bèf, kochon, poul, kabrit – tout sa yo. Li te genyen tè pa l, ke li te achte. Papa m te genyen 10 kawo tè. Te genyen manje kont pou fanmiy lan, nou pa te achte manje nan mache. Nou te konn fè danre tou, nou te konn vann nan mache.
Papa m te fèt nan Dominikani. Manman m tou, te fèt la ba a. Sèlman, mwen te pale Kreyòl; mwen poko te aprann Panyòl. Mwen te viv nan mitan Ayisyen. Te genyen anpil Dominiken laba a, men te genyen plis Ayisyen. Ayisyen e Dominiken te genyen maryaj e plasaj tou. Sa ki marye, yo marye. Sa ki plase, yo plase. »
Yon gason ki te viv menm eksperyans lan di limenm…
«…Anvan …toulede pèp yo, Ayisyen ak Dominiken, te fè yon sèl, nan katye sa-a….Tout mounn ki te fè metye Dayabonn, kòdonye, tayè, tout se te Ayisyen, epi, Ayisyen ki la jiskounye a. Yo peple Wanament, yo mouri la. Jiskonye a, pitit-pitit yo la a Wanament.
Ti Ayisyen, papa yo te fè Dayabonn, se isit, nan Wanament yo te lekòl, isit lan Ayiti, yo te vini lekòl chak maten. Apremidi yo retounen Dayabonn. Fanmi yo te viv Dayabonn tou. Yo te toujou renmen edikasyon fransèz la. Lekòl frè a te toujou la… Menm lan Repiblik Dominikèn, yo renmen lang fransèz la anpil. Men lang franse a ede yo pale kreyòl anpil tou.»
Kidonk te gen bèl antant nan mitan klas ouvriyè ak peyizan yo. Men ni Santo-Domingo, ni Pòtoprens te gen yon santiman rayisab nasyonalis klas privilejye yo t ap itilize pou bati kapital politik yo. Ann Ayiti, pandan 19vyèm syèk la, ni politisyen nwa, ni politisyen milat te abitye rasanble peyizan Ayisyen, lage zam nan men yo, fè yo rantre nan lame pou yo al atake Dominikani. Men, sa se bagay ki te sispann depi lontan. Lapè te tabli ant de pèp yo depi sou gouvènman Prezidan Domingue, nan ane 1875. Mèzalò, bò kote ti klik milat ki te fè dappiyanp sou pouvwa a nan Repiblik Dominikèn yo, bagay sa yo te touskilfo pou yo kreye yon mit rasis kòmkwa Dominiken se blan, Ayisyen se nèg nwa, e de pèp sa yo se lenmi mòtèl.
Kontèks istoriko-ekomik ki te ponn teyori tèt anba sa yo sèke, nan ane 1937, ekonomi Repiblik Dominikèn te fin dekonstonbre nètalkole. Ekspòtasyon sik ki te konn bay anpil rannman, sa gen dizan pase, te vin pèdi anpil valè sou mache eksteryè a. Valè yon liv sik sòti 20 santim Ameriken li tonbe yon santim.
Pandanstan, sou kontinan Lewòp, Adolf Hitler ap fè lapli-e-lebotan. Nou konnen teyori Hitler a, sèke ras blan je vèt se sèl seyè sou latè, yo dwe dirije an wadèwa. Nan liv li ki rele Mein Kampf, Hitler tabli tout kalite teyori pou esplike siperyorite ras moun blan sou tout lòt ras.
Vwalatilpa, nan finisman mwa septanm 1937, Hitler voye yon delegasyon blan Alman, Nazi rasis parèy li, ale rankontre diktatè Dominiken an Raphaël Trujillo. Youn nan kado Hitler voye pou Prezidan Domikiken an se liv li a «Mein Kampf». Jounal nan Dominikani bat bravo lakontantman pou bèl akolad sa a. Yo ekri nan premye paj: «Viv de gran lidè nou yo: Trèzonorab Prezidan Doktè Trujillo ak Firè Wayom Alman an, Adolf Hitler»
Lide rasis Hitler yo te touskilfo pou Trujillo ki t ap chèche yon echapatwa pou li detounen lespri Dominiken, fè yo bliye responsablite leta nan malsite ekonomik peyi li t ap konfwonte alepòk epi fokis okontrè sou rayisman pèp Ayisyen an.
Trujillo deklare ke pèp Dominiken pa ta sipoze kite bann etranje nwa sa yo, kidonk klas ouvriyè Dominiken-Ayisyen an, ap byen manje konsa lakay li. Kidonk, jalouzi rasis konplekse Trujillo monte li, li mande sòlda Domiken pou yo rezoud pwoblèm Ayisyen an…
CHIBOLÈT NAN BIB LA, PEREJIL SOU ZILE A
Chòz dit, chòz fèt, nan mwa oktòb 1937, bò zòn lavil Dajabon, sòlda Dominiken mache pike depi se Dominiken nwa yo sispèk gen san Ayisyen nan venn yo. Listwaryen yo di nou, pou pipiti gen 30 mil frè ak sè nou ki pèdi lavi yo nan masak sa a. N ap fè ou remake ke sòlda yo pa t atake Ayisyen ki te rete sou plantasyon sik konpayi Ameriken yo. Se pa malere sa yo ki te deranje Trujillo. Ni tou, blan Etazini pa t aksepte pou misye vin kontrarye biznis esklavajis yo sou zile a. Se sou Ayisyen ak Domiken nwa ki gentan fè anpil pwogrè ekonomik nan peyi a ke Trujillo te dirije operasyon kout kouto l la.
Mànyak li ye, Trujillo itilize yon modèl biblik pou li reyalize masak li a. Nan Bib la, nou li kouman yo te touye 42 mil moun pèp Efrayim, lage kadav yo nan larivyè Jouden, paske yo idantifye moun Efrayim sa yo kòm etranje ki pa t kapab pwononse yon mo ki te nan lang moun peyi a. Mo sa a sete «Chibòlèt»
«Apre sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote pou janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa youn nan moun Efrayim yo rive pou yo kouri janbe al nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè konsa, moun Galarad yo mande l èske se moun Efrayim li ye. Si li reponn non, lè sa a yo mande l pou l di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt paske li pa t ka rive di l jan yo di l la. Lamenm, yo mete men sou li, yo touye l la nan pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil (42.000) moun nan branch fanmi Efrayim lan». JIJ12:5-6 (Bib la)
Nan mwa Oktòb 1937, sòlda Trujillo yo resevwa lòd pou yo fè tout moun nwa yo rankontre bò fwontyè kanpe, pou yo pwononse mo “perejil”, ki vle di pèsi nan lang panyòl. Depi yo sispèk ou gen yon aksan Ayisyen, lè ou pwononse mo sa a, yo blenn ou ak kout kouto, jouk ou mouri, epi yo lage kadav ou nan larivyè Masak.
«M rele: “Manman!” ; li mouri; m rele, – “Papa!, Papa!,” li mouri; toulede youn sou lòt. Mwen rete mwen yon sèl nan savann nan, san bwè, san manje….» Temwanyaj Irelia Pierre.
Lasosyete, pa pito nou fè yon ti kanpo la a, pou jounen jodi a. Lè nou retounen, nou va rapousuiv ak kèk temwanyaj moun ki te reyisi chape, ak sekou Granmèt la, anba men kriminèl rasis Dominiken yo. Nou va chèche konprann kijan popilasyon Dominiken, popilasyon Ayisyen, gouvènman Dominiken, gouvènman Ayisyen e menm gouvènman Etazini…te reyaji fas a kokenn chenn krim jenosid rasis sa a ki t ap fèt sou zile Ayiti.
Kidonk, tanpri, kenbe kè…n a pale nan yon lòt kadè. Sife!
***
1 Comment
RastafarI love beloved Jafrikayiti. I am thankful for your clear and honest discussion about the massacre of Ayiti people in the DR. There are folks who continue to argue that the Dominicans were retaliating against wrongs that Ayiti people did against them during the 19 th century! General Toussaint helped to free the enslaved Africans and Blacks .ca fact that’s never acknowledged by the DR!
The Massacre of our people in 1937 has not been addressed properly by governments or administration on either side of the island. And we need the healing process to begin asap! Blessed love.#1804 # Ayiti