Gen nèg ak nègès byenveyan tankou gen blan byenveyan. Mèzalò, ni mal ni femèl, mèt chat la pa inosan!

Sèvis sekrè Etazini konseye yon endividi yo akize kòm kòmanditè sasinay Jovenel Moïse
August 31, 2024

Konpatriyòt, onè!

Jodi a, Dimanch 15 Septanm 2024, mwen genyen yon panse espesyal pou viktim ak sivivan Masak 11 Septanm 1988 anndan legliz Sen Jean Bosco epi pou vanyan pitit gason Palestin ak Ayiti, Antoine Izméry, ki tonbe anba bal sanginè CIA yo, militè malfèktè FRAPH, FAdH, yon jou madichon 11 Septanm 1993, anndan legliz Sakrekè, devan je kominote blan malveyan yo, ikonpri OEA. Nou pwofite salye memwa vanyan pitit gason Lafrik Bantu Stephen Biko, blan malveyan nan peyi Azania (Afrikdisid) te sasinen yon jou madichon 12 Septanm 1977. Pou chak e pou tout vanyan sa yo, nou mande: jistis ak reparasyon!

Mèkredi 7 Out 2024, òganizasyon politik Fanmi Lavalas pibliye yon nòt pou laprès kote li ekzije gouvènman Garry Conille lan pran tout dispozisyon nesesè, prese prese, pou bay Ayiti sekirite. Fanmi Lavalas di: “ni fo pwomès politisyen ni misyon touris ki pase pou fòs sekirite pa dwe fè n kwaze bra n pou tann sekirite tonton nwèl. Twòp moun deja viktim. Twòp moun pa ka ni vwayaje, ni retounen lakay yo, ni al nan pwovens ou vin Pòtoprens, ni sikile pou chèche lavi, ni travay pou met manje nan kay pandan eskandal koripsyon ak ensekirite ap ogmante“. Ayibobo pou santinèl vijilan bò tab Fanmi Lavalas la k ap veye mayi nou sou glasi. Mèzalò, annou klè, se konbit patriyòt moundebyen ki deside koupe fache tout bon vre ak malveyan tout koulè ki sèl bon bousòl ki va mennen nou sou chimen liberasyon Ayiti, bèl peyi nou an. An verite, nou bouke fè laviwonndede, sou chimen pèdi tan. Ale di yo sa: nou refize “Viv Ansanm” ak asasen, kriminèl, vòlè, kadejakè, malfèktè, kidnapè, trèt… ki sèmante fòk yo rann Ayiti envivab pou eritye Papa Dessalines ak Manman Marie-Claire Heureuse Félicité-Bonheur yo. Yo ofri nou lanmò, nou menm, nou chwazi lavi! Yo ofri nou ti sourit ak Martelly, PHTK an fanmi e alye; nou menm, nou chwazi bati gran kanal, bèl inivèsite ak gwo lopital toupatou nan peyi nou!

Kòmalòdinè, nou pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan. 

Annou monte sou do Maten, ti Bourik Listwa nou, pou nou ka analize evenman ki te rive nan peyi nou, sa gen apeprè 200 rekòlt pase.

Rale ti chèz ba w, vin koute istwa twa (3) espyon blan franse ki te debake Ayiti nan ane 1814.

Jean-François Dauxion-Lavaysse, Agoustine Franco dit Medina & Herman Dravermann te reseva lòd klè nan men Baron de Malouet, reprezantan Wa Louis XVIII pou yo kòwonp Pétion, Borgella ak Christophe, konvenk yo aksepte remèt Lafrans kontwòl zile Ayiti, menmsi se ta an soudin. Espyon yo fè bèl resèt nan patiray Prezidan Pétion ak Jeneral Borgella. Men yo jwenn gwo resif kay Wa Christophe. Si nou vin jwenn dokiman istorik sa yo, se granmesi Wa Henri 1e (Christophe) ki te poze lapat sou youn nan espyon yo (Agoustino Franco dit Medina) epi fòse li pale, avan yo kondane l epi pase sa alenfinitif. Wa Henri 1e te pibliye entèwogatwa espyon franse a nan jounal ofisyèl La Gazette Royale.

Annou pwofite fè yon remak enpòtan: dokiman sila yo pa t parèt 10, 20, 50 ane apre evènman yo – tankou pwopagann plizyè jenerasyon te pral aprann sou ban lekòl les Frères de l’instruction chrétienne (FIC)! Non, ditou pa! Osito Wa Henri Christophe te poze lapat sou Agostino Franco dit Médina li te pibliye entèwogatwa espyon franse a. E, sa ki enpòtan pou nou souliyen, lè plizyè ane pi ta, nou vin jwenn korespondans sekrè ant Alexandre Pétion ak otorite peyi Lafrans yo, aklè, yo konfime akizasyon Christophe te fè yo. Kidonk, se pa “opinyon” onson “kwayans” ki devan je nou, se fè istorik, dokiman otantik! Yon lòt aspè enpòtan nan koze sa a, lè nou sonje karaktè sekrè kominikasyon Pétion t ap fè ak Lafrans, sonje ki jan – akòz atak Wa Henri Christophe t ap fè sou li, Pétion te pran abitid pibliye yon latriye fo diskou nasyonalis kont Lafrans. (suivez mon regard vers les Abolotchos de 2024!).

Annou li direktiv 3 espyon franse yo te resevwa nan men chèf yo nan peyi Lafrans:

"Li rezonab pou nou sipoze Pétion ak Borgella ap twò kontan jwenn avantaj total kapital pou pwòp tèt yo ak yon ti klik ki tankou yo, sa se bon zouti nesesè, y ap konsanti, san fikilte, pou klas pa yo a ranmase prèske tout pouvwa politik yo menmsi, nan kèk aspè, li va rete yon ti kras anba klas blan an. Paske, yon bò, privilèj total nou ba yo a tit pèsonel yo pral parèt pi enpòtan toujou, sa pral satiyèt ògèy yo plis toujou; epitou, yon lòt kote, klas yo an pral jwenn pi bon garanti k ap asire dominasyon yo sou klas nwa lib yo, e granmesi sila yo, sou nwa ki pa lib yo ke yo dwe toujou kenbe nan yon distans bwa long. Kidonk, klas sa a pral dakò kite yon ti diferans ant li menm epi blan yo. Fòk nou peze anpil sou pwen sa a..."

Blan Malveyan yo rapousuiv...
"…Li enpòtan anpil ke nou prezève pou blan yo premye plas ki anwo nèt la, anwo tèt moun ki gen koulè yo (milat), alatèt yo. Eksepte, depi kounye a, nou va admèt Pétion, Borgella ak kèk lòt nan mitan blan yo, san okenn restriksyon; Epi,pou rès yo, de tan zan tan, lè lide n di n, nou va distribye "lettre de blanc" bay kèk endividi oswa paske yo gen ti koulè ki diferan ak nwa yo, oswa akoz lajan yo genyen, nivo edikasyon yo, oswa sèvis yo rann ki kòz yo merite favè sa a…”

Sous: 1814 – Instructions données par M. Malouet, ministre de la marine, a MM. Dauxion-Lavaisse, de Medina et Dravermann.

Kidonk, espyon Lafrans te voye Ayiti nan ane 1814 yo te fè ansyen lib yo yon pwopozisyon endesan pou yo trayi ideyal 18 Novanm 1803 ak 1 Janvye 1804 lan. Daprè tout sa nou vin obsève annapre, menm si yo pa admèt sa piblikman, trèt ki fè krim 17 Oktòb 1806 yo te fè yon aranjman ak gang blan malveyan yo. Se aranjman sa a ki vin kaselezo li bay Repiblik nèg anti-nèg ki okipe 1/3 zile a sou lobidyans Pétion epi, apre lanmò Pétion, sou tout zile a anba gouvènans popetwèl Jean-Pierre Boyer.

Annou kite Maten, ti Bourik Listwa nou bwè dlo, pandan nou pral founi je gade aktyalite mwa Septanm 2024, apre pasaj Sekretèdeta ameriken Anthony Blinken sou 2 bò zile Ayiti jou ki te 5 Septanm 2024 la. Ojis, ki komisyon mouche sa a te pote nan dyakout li, espesyalman pou moso Konsèy Prezidansyèl la ak gouvènman defakto Garry Conille lan?

Nan tan koloni esklavajis Saint-Domingue, “lettre de blanc” se yon dokiman paspouki blan esklavajis lan, sinik li ye, nan tout malfezans li, nan awogans san limit li, te abitye distribye bay nèg ak nègès ki itil li. Ak “lettre de blanc” anba zèsèl li yon “nèg chwazi” – kit li gen po wòz pal, kit li gen po mawon fonse, li te gen privilèj monte desann toupatou nan koloni an, fè e defè kòmsi se yon kolon blan li te ye – jiskaske “blan tout bon” yo ta deside wete lèt sa a nan men li.

Wa Lafrans te azade l ofri Pétion, Borgella ak Christophe “lettre de blanc”. Ki sa Anthony Blinken te vin ofri Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire, Gérald Gilles, Raoul Pierre-Louis, Claude Joseph, André Michel, Moise Jean-Charles, Garry Conille, Laurent Saint-Cyr, oligak kòwonpi: Apaid, Barrau, Bigio, Deeb elatriye… ki antòtye nan gwo skandal koripsyon Banque nationale de crédit (BNC), semèn sa a?

Mwen wete chapo, mwen di ochan pou òganizasyon Antèn Ovriye Ayiti ki bay yon konferans pou laprès, Jedi 12 Septanm ki sot pase a, kote li denonse 4 oligak kòwonpi (André Saliba Apaid, Olivier Barrau, Gilbert Bigio, Reynold Deeb ) ki ta, a yo menm sèl, ranmase 60 % kredi BNC (Bank Nasyonal Kredi) – bank nasyonal peyi Papa Dessalines nan wi, mezanmi!

Antouka, Blinken ateri, Blinken revole, tout bandi PHTK rete fèm opòs. Militan KOMOKODA bloke Michael Joseph Martelly pou li pa monte cha nan parad Eastern Parkway 2024, mèzalò Kòb Petwo Karibe a, dola 50 dyapora a, Fon Nasyonal pou Edikasyon (FNE) an, Kòb Rekonstriksyon CIRH la, dividal soustraksyon ilegal bandi rejim PHTK yo fè nan bidjè nasyonal la… tout kòb sa yo kontinye fè fon…epi, tankou deryennetè, ansyen fo prezidan Hillary Clinton te jouke opouvwa nan peyi nou an fenk kare ap valkande lib-e-libè nan Miami, ak “lettre de blanc” li anba zèsèl li, l ap klewonnen: “yo pa ka bare m!

Jiskaprezan, gen moun k ap grate tèt devan kantite krim yo remake ekip bandi PHTK yo ap fè an Ayiti depi plis pase yon deseni. Poutan, lè ou mete zak sa yo nan kontèks istorik reyèl yo, kote peyi nou an ap sibi okipasyon anba grif blan malveyan Core Group yo, nou ta dwe konprann, ni konpòtman blan malveyan yo, ni konpòtman “bandi legal” yo pa fenomèn ki orijinal ditou ditou…

Nan peyi nou, kòwonpi kontinye fè aktyalite chak jou ki jou, epi – se toutafè NÒMAL!

Nan yon rapò ankèt ULCC (Unité de lutte contre la corruption) pwodwi sou pasaj Aviol Fleurant nan tèt Ministè planifikasyon ak kooperasyon ekstèn, ULCC mande mete aksyon piblik an mouvman kont mouche a daprèzavwa li ta tranpe fon nan koripsyon ak fo deklarasyon patrimwàn. Gran mesi inisyativ jounalis Rudy Sanon ki te denonse Aviol Fleurant piblikman, ULCC te resevwa yon petisyon 4900 siyati sitwayen ki mande li fè verifikasyon patrimwàn ansyen minis defakto a.

Radyo Rezistans rapòte ki jan, sou menm ribrik la, ULCC mande pouswiv plizyè anbasadè ki ta tranpe byen fon nan koripsyon, anndan diplomasi peyi a. ULCC mande lajistis fouke:

1. Gilles Stéphane, konsil Ayisyen nan Orlando.

2. Léon Charles, anbasadè a.i ki reprezante Ayiti nan OEA (Òganizasyon Eta Ameriken).

3. Yves Jean Rody, anbasadè Ayiti nan Peyi Meksik.

4. Josué Jean, anbasadè Ayiti an Frans.

5. Jules Samuel Rockfeller, konsil nan konsila Pari.

6. Bataille Frantz, anbasadè Ayiti an Almay.

7. Lesley Benoit, anbasadè Ayiti nan Peyi Vyetnam.

8. P. Wedlyne François, anbasadris Ayiti nan Peyi chili.

9. Guerrier François, konsil ayisyen nan Dajabon.

10. Walfaud Saget, konsil d Ayiti nan Aruba.

11. Luc Garvey Jean-Pierre, anbasadè Ayiti an Repiblik Dominikèn.

12. Ricardo Ralph Jean Philippe, konsil Ayiti nan Orlando.

Anplis… ULCC mande fouke Germain Paulémon ak Max Alex Joseph, 2 responsab SNGRS. Daprè Direktris administrativ ak bidjè nan enstitisyon sila a ki rele Bibiana Bélizaire, pandan lontan dirijan SNGRS yo te anmize yo pase lòd ilegal livrezon gaz bay patikilye. Daprè Komisyon ankèt ULCC a Germain Paulémon ak Max Alex Joseph detounen pou pi piti 125 milyon goud ki koresponn a 198 mil galon gaz.

Ou kwè se tout? Bò kote pa li, Bibiana Bélizaire gen akizasyon reselè sou tèt li, daprèzavwa li ta fasilite zak koripsyon chèf yerachik li yo. ULCC mande revokasyon tout responsab sa yo nèt nan enstitisyon an, pou ankèt la ka rapousuiv kòmsadwa.

Pandan ULCC kontinye ap fè aktyalite, yon lòt kote…

Platfòm Òganizasyon Dwa moun (POHDH) ekri Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou anonse li wete kò l nan pwosesis pou tabli yon lòt Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP). Nan lèt sa a POHDH denonse ajisman Òganizasyon sitwayen pou yon nouvèl Ayiti (OCNH) ki te genyen responsablite kowòdone pwosesis la ansanm ak POHDH. Yo deklare, malerezman, OCNH te opoze avèk yo osijè kritè tankou: yon òganizasyon patisipan dwe genyen 5 ane ap milite sou teren an.

Soti nan skandal koripsyon, pase nan estera KEP ki nan pasaj etènèl, se nouvèl kè sere ki anvayi Polis Nasyonal Ayiti kote nou fenk pèdi yon lòt jenn polisye nan sikonstans tèrib. Se nan afwontman ak gang tewòris ki anvayi Gresye, ajan 1 inite Swatt, Dorcé Sudery ta pran bal nan janm li, Samdi 7 Septanm 2024. Malgre jenn polisye blese a te rive nan Lopital Sen Bonifas, nan Fondèblan, Dorcé Sudery ta trepase paske li pa te resevwa laswenyaj kondisyon li te ekzije nan moman an. Poutan, nou aprann nan yon Twit Gazette Haiti News, ki jan, yon polisye Kenyen ki te blese pandan menm kafouyaj sa a ak tewòris ki anvayi Gresye yo, rive sove lavi li gran mesi elikoptè ki te ranmase li pote ale pran laswenyaj nan lopital kay vwazen Dominiken.

Pandan 22 polisye peyi Jamayik plis 4 polisye peyi Beliz fenk debake Ayiti tou cho tou bouke, otorite peyi Benen tanmen plenyen pou jan yo wè MSS la kanpe an makwali. Mouche Shegun Adjadi Bakari, Minis Afè Etranjè peyi Benen deklare ayè Vandredi 13 Septanm nan, peyi li pap ka voye militè an Ayiti pou yo ta pral pran lòd nan men polisye peyi Kenya. Li rapousuiv pou li di “se yon misyon militè ki dwe twoke kòn ak bandi yo epi retabli sekirite ak stabilite an Ayiti“. Adyewidan! N ap raple ou peyi Benen te fin anonse pwojè pou li mobilize jiska 2000 sòlda an Ayiti nan kad bagay sa a blan yo batize MSS – “Mission Multinationale de Soutien à la Sécurité“.

An verite, sanble ekip malfèktè ki planifye katastwòf ki ap deplòtonnen devan je nou nan peyi Papa Dessalines nan pa neglije okenn detay pou yon lagè fratrisid ta tanmen sou zile a, ant nèg ak nègès, plizyè peyi yo ame jiskodan pandan yo menm, yo geri bosko yo ap alimante ti dife vole a, alabri, nan anbasad Kò Gwoup koudetayis yo!

***

Konpatriyòt, annou kite koze kredi sa yo la pou yon moman, pandan n ap fè yon dezyèm pelerinay ak Maten, ti Bourik Listwa nou. Fwa sa a, nou rive nan ane 1824.

Pandan Ayiti kontinye ofri refij bay pitit Lafrik ak endijèn Lamerik ki vin chwe sou zile a, blan Meriken konsidere jès imanitè sa a ofri l yon opòtinite touskilfo pou li ta pwofite pimpe deyò tout moun nwa ki sou teritwa Etazini.

Nou sonje ki jan, depi 14 Janvye 1804, Papa Dessalines te pwoklame: “Etandone gen anpil moun nwa ak milat nan peyi Etazini ki ap sibi jouk jounen jodi a, tout sòt kalamite paske yo pa gen mwayen pou yo retounen Ayiti, Gouvènè Jeneral la ofri kaptenn bato Meriken 40 pyas pou chak moun yo mennen tounen nan peyi a. Dekrè sa a pral enprime, pibliye, epi prese prese, yo pral voye yon kopi nan kay depite yo nan peyi Etazini“.

Malgre chirepit ki te ekziste nan mitan zansèt nou yo, kit se Wa Henri Christophe, Prezidan Pétion osnon Jean-Pierre Boyer, yo te respekte prensip sa a Papa Dessalines tabli kote Ayiti te toujou ofri refij bay ansyen esklav nèg tankou endijèn. Kidonk, pandan lontan, se nan direksyon Ayiti bato “boat people” ki soti Etazini t ap kouri ale. Souple, pa neglije di yo sa! Kit se Ameriken po wòz pal tankou Donald Trump, JD Vance ak Joe Biden, kit se Ameriken po mawon fonse tankou Kamala Harris, Brian Nichols, Condelezza Rice, Suzan Rice ak tout lòt nèg / nègès denatire ki pèdi bousòl yo alèkile paske yo jwenn zo souse devan tab eritye Thomas Jefferson ak lòt sanginè, kadejakè esklavajis parèy li yo. Pwovèb grandèt yo di: “Lè ou wè vye zo sou chimen sonje li te gen chè sou li yon jou“.

Annou founi je gade yon dokiman ki pibliye 17 Jiyè 1824, kote Jeneral Harper ekri yon sèten Reveran Pastè Dewey, li di: “osijè kapasite zile a pou li ta resevwa TOUT popilasyon nwa nou an. Èske gen pèsonn ki janm panse nou ka degèpi tout, petèt 1.8 milyon nèg ototal?…Men, si li ta janm posib pou nou degèpi tout popilasyon nwa nou a (nan peyi Etazini), fòk mwen sipoze Ayiti kapab resevwa yo“. Pastè Dewey, bò kote pa l deklare kare bare: “Mwen apiye pwojè sila a nètalkole. Mwen wè l tankou sèl fason pratik pou nou rive diminye kantite moun nwa k ap viv pami nou, nan Etazini. Mwen regrèt sa si gen okenn dout bò kote ou Jeneral Harper“.

Kidonk, konpatriyòt, pa gen rezon espantan ni fè sezisman lè nou remake nan mitan kanpay elektoral ane 2024 sa a se koze rayisman k ap boloze nan sèvèl blan malveyan ki fè bri kouri sou chat, kanna, chen ki ta swadizan disparèt nan lakou vwazen imigran Ayisyen k ap bouske lavi nan peyi Etazini. Kidonk, menm teritwa kote ansyen esklav Ameriken nwa yo t ap kouri kite pou yo bouske refij sou zile Papa Dessalines nan, sa pa gen pi lontan pase sa! Li lè, li tan, pou nou sispann fè sezisman sa yo paske MALVEYAN TOUJOU AJI MAL – e se toutafè nòmal!

Konsa tou, fòk nou evite pran “kou pa konprann” anba grif malfèktè yo. Kit se Demokrat, kit se Repibliken, nou annafè ak menm kolon enperyalis Ameriken yo. Wi, vye manti rasis ki soti nan bouch mouche JD Vance ak Donald Trump yo se radòt ki makònen ak danje reyèl paske zòt ka pwofite atake Ayisyen ak lòt imigran ki vilnerab pandan sezon frajil sa a, nan eta Ohio. Mèzalò, èske nou sonje ki jan, 2 ane pase, anba pon Tekzas, blan malveyan ki jouke sou gwo chwal yo t ap voye laso dèyè refijye Ayisyen?Septanm 2022 se Demokrat ki te opouvwa ak Joe Biden Prezidan epi Kamala Harris, Visprezidan. Alepòk, ki aksyon yo te poze an favè fanmi nou yo?

Politik Etazini pa janm chanje nan jan yo maltrete nèg ak nègès!

Yon bò, pou kwape fikilte ekonomik yo genyen, nan konpetisyon ak gran pwodiktè peyi Lachin, blan Meriken louvri pasaj pou plizyè milyon refijye soti an Afrik, nan Amerik Latin, ikonpri Ayiti, dekwa pou mendèv bon mache ka vin ride yo bouste ekonomi Etazini nan yon moman kritik. Mèzalò, pandan sinik makyavelik sa yo aktive pwogram “Biden” nan ki mache bradsi bradsou ak dife yo limen tou wouj nan 4 kwen peyi kote refijye yo ap kouri kite yo, blan malveyan yo aktive yon rezo malfèktè tout koulè tout plimay sou teritwa Etazini, pou refijye yo ka pa janm fin twò alèz, pou yo pa janm depase limit ki te deja tabli pou yo vin bourike pou pri piyay nan enterè sante ekonomik Amerikkka.

Nan liv li, otè Liliana Obregón ekri: “pou Lafrans, rekonesans Ayiti se tankou lè yon mèt afranchi esklav li, sa pa fè li totalman endepandan epi granmoun vre. Okontrè, Ayiti te kontinye ekziste kòm yon espas kolonyal, yon “koloni komèsyal”, ki rete sou lobidyans atravè dèt ekstèn li epi gouvènans li ki souche aletranje, jiskaprezan” –  Sous: Leiden Journal of International Law (2018), 31, pp. 597–615

Li klè kon dlo kòk, refize rekonèt dwa granmoun pèp Ayisyen an se yon atitid peyi blan yo adopte, keseswa tan ki pase, keseswa modèl gouvènans peyi blan sa a adopte (Anpi, Repiblik, Demokrat, Repibliken, Liberal osnon Konsèvatè).

Liliana Obregón te fè menm obsèvasyon avèk mwen, lè li ekri: “nan mitan blan Ewopeyen yo, se yon kwayans jeneralize, yon konsansis, kòmkwa Afriken an, kit li esklav, kit li lib, pa gen kapasite pou li dirije tèt li etank yon endividi, alevwa pou li ta dirije yon nasyon”. Daprè sa mwen obsève, “konsansis” sa a pa janm chanje nan mitan desandan Napoleon, Elizabeth I, Cromwell, Washington ak Jefferson yo. Foli sipremasi blan an se yon ideyoloji ridikil ki chita sou enbesilite total kapital. Li tèti pase kolowòch. Tan k ap pase pa brennen l.

Ajisman blan franse osnon meriken vizavi nèg ak nègès Ayiti, nan ane 1825, pa diferan vre lè ou konpare yo ak ajisman blan Etazini, Kanada, Lewòp, nan ane 2024.

Daprè Liliana Obregón, “blan franse yo te reyalize plan orijinal pou yo te retounen sou zile a, remete majorite Ayisyen nan chenn esklavaj epi bay elit yo “lettres de blanc” an te fè bèk atè. Se lè sa a, Minis Afè Etranjè Wa Louis XVIII lan vini ak yon estrateji tou nèf: “yon lòt modèl kolonizasyon”… yon koloni komèsyal, ki gen yon avantaj bab e moustach – li pa ekzije depans ki asosye ak koloni esklavajis yo…Olye yo tabli dominasyon kolonyal sou Ayiti, yo pral itilize yon nouvo fòmil depandans komèsyal ak endistriyèl k ap transfòme Ayiti an “koloni komèsyal” ki kwè li genyen ak Lafrans yon relasyon zanmitay, alyans, resipwosite epi komès”. Pou yo jwenn rezilta yo bezwen an, gang blan malveyan yo ta pral kore swadizan dezyèm strateji sa a ak yon michan kanpay atak bato boulèt kanno, san pran souf, kont Ayiti. Atak pou kolekte Ranson Wa Zenglendo Charles X ki fèt 17 Avril 1825 lan, se youn pami yon dividal zak ki suiv menm fòmil lan (alewè “Ayiti gen dosye Restitisyon-Reparasyon pou: Lafrans, Lespay, Angletè, Almay, Etazini, Kanada…“).

Blan malveyan yo toujou pran tan byen etidye karaktè popetwèl yo mete opouvwa nan Repiblik anti-nèg ki tabli depi 17 Oktòb 1806 la. Gen yon baz lojik pou tout ane Boyer fè sou pouvwa a ak sipò Lafrans. Martelly te ka fè 10 manda suivi suivi, si se pou blan malveyan yo. Nan je lenmi pèp Ayisyen an, trèt tankou Pétion, Boyer, Martelly, Jovenel, Claude Joseph, Ariel Henry, Garry Conille… se kòmandè bitasyon ki touskilfo.

Pa bliye, se sou zile Jamayik konplo pou antere dènye zosman Ayiti te planifye…ak nèg ak nègès ki sou kontwòl blan malveyan ki an maskay, dèyè pòt, ak sak lajan koripsyon yo byen sere anba zèsèl yo. Aklè, se pou pase nou nan rizib mèsenè ki soti toupatou ap debake nan peyi a. Ki misyon vakansye yo? Èske, tout bon vre, nou menm Ayisyen n ap rete an mòd kannannan, sou zile a tankou aletranje, ap asiste teyat fratrisid sa a malveyan yo ap monte pou plizyè milyon nèg ak nègès?

Non! seswa jamè! Solisyon an se òganize Konbatan Ayisyen Kont Okipasyon (KAKO) toutpatou, jouk yon operasyon bwa kale, je kale, ede nou rezoud pwoblèm yo, jouk nan zo!

AN VERITE MÈT CHAT LA MANTÈ, LI MALVEYAN!

Nan yon atik jounalis Brian Saady pibliye 18 Out 2024, sou Jounal Grayzone, nan lang Angle, otè a deklare: “Yo te deja ekspoze de (2) konplotè nan sasinay Prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, kòm enfòmatè DEA. Yo te demaske yon lòt kòm enfòmatè FBI. Kounye a, dokiman tribinal ki fenk pibliye yo pote prèv ki bay plis sezisman toujou paske yo konekte konspiratè yo dirèkteman ak gouvènman ameriken an“.

Se pa pou dat yon bon doktè ayisyen te bay dyagnostik la klè kon dlo kòk: “Se mèt chat la ki manje chat li”. Puiske fwa sa a se jounalis blan ki deside mete verite a kri nan figi tout moun, pètèt ata kèk moun fou va sispann fè sezisman initil!

Mezanmi, kit se nan ravin Pelerin 5, kit se nan Springfield, Ohio, se defo rizèz, malveyan ak rasis ki motive tout mèt chat ki fin awoyo! An verite, kit li Ayiti, kit li Etazini, nou ka rankontre sou chimen nou nèg ak nègès byenveyan tankou nou ka kontre ak kèk blan byenveyan. Mèzalò, tankou nou di sa ak lang Kreyòl nou an, Bondye oblije bon tout tan, paske se Bon-dye ki non l. Konsa tou, kit li blan, kit li nwa, yon malveyan toujou kanpe an Ajimal!

Gen nèg ak nègès byenveyan tankou gen blan byenveyan. Mèzalò, ni mal ni femèl, mèt chat la pa inosan!

#ToutMounSeMoun

#VivAyitiPouAyisyen

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *