Bondye ak Dyab nan Listwa Ayiti

Ayisyen vote byen pou nou sove Ayiti
November 18, 2016
KOUPE TÈT! BOULE KAY!
December 29, 2016

Konpatriyòt, respè!

Mwen deside pataje konferans sa a ak ou epi ak tout pitit Ayiti ki enterese fouye zo nan kalalou osijè orijin limanite, listwa moun toupatou sou planèt la, espesyalman pitit Lafrik Ginen ki vin fòme nasyon Nèg Ayisyen tan modèn nan.

Jiskaprezan, nou tande moun ap di zansèt nou yo te siyen kontra ak “Dyab”, “Satan” pou yo te ka pote laviktwa kont lame Lafrans. Lè nou fouye nan listwa, ki prèv nou jwenn pou kokennchenn akizasyon sa a?

Nan premye pati konferans lan, ki fèt nan Libreri Mapou, Little Haiti, Miami, nou pral founi je gade plizyè dokiman ki va ede nou wè pi klè sou koze kontra yo di Ayiti fè ak dyab la.

Souple, envite Pastè, Pè, Monseyè, Manbo, Houngan, fanmi, zanmi ou, ki ka enterese nan sijè a. Rele yo vin gade konferans lan ak ou, epi tanmen diskisyon antrenou pou plis limyè ka layite. Annapre, si nou enterese fè sa, pa neglije ajoute kòmantè osnon kesyon anba paj sa a, m ap byen kontan kontinye braselide a ak nou.

Nou pati…

Nan dezyèm pati a, nou rapousuiv refleksyon yo osijè Boukmann, Jezi, “3 M yo”, Kasik Atwe, Konstitisyon 1805, “Bondye ki bon tout bon an” vs Bondye Izrayèl la, Levitik 25 vèsè 45-46, Jozye 10, 1 Pyè 2 v 18-19, John Brown, yon blan ki te “bad”…

Nan twazyèm pati a, nou founi je gade: vil ki rele Hayti, Ozetazini, Thomas Jefferson (yon vrè “dyab” kadejakè, pedofil, esklavajis!), Jijman dènyejou devan bondye (Osiris), tonm Scipio Africanus, Madan Pastè kwè lè li resisite l ap gen “bon cheve”, touman Doktè Martin Luther King, Ayisyen rele pitit yo Napoleon, Tout Ayisyen se Nèg, nou kontinye ap trennen non kadejakè, Le Colon guette maman, Beloved…

Nan segman sa a ki kòmanse ak yon ekstrè fim Jonathan Demme, Oprah Winphrey an, “Beloved”, Jafrikayiti devlope konsèp “doub manti” li di ki kontinye fè “dekabès” dega, nan lespri anpil Nèg ak Nègès…

Nan segman 5 lan, Jafrikayiti fokis sou solisyon Nèg ak Nègès ka itilize pou yo defèt gwo dega lekòl ak legliz pèpè kontinye fè nan sosyete Ayisyen an. Pou kòmanse, li rantre anndan Bib la, anndan Piramid Lafrik yo, pou li ede n rekonèt Farawon Tiraka, yon Nèg ki te dirije nasyon KMT (Ansyen Lejip), ki te pi gran puisans mondyal, alepok – Ti Obama pa ka wè la! Ojis, se granmesi Farawon Tiraka pèp Jerizalèm pa t peri anba men lenmi li.

“Granmesi chen, se kout baton!”

Segman an fèmen ak kontradiksyon yon pastè djèdjè sou wout Sitadèl Wa Henri Christophe la, ki tap repete yon bann manti blan kretyen esklavajis te aprann li resite bay yon ekip malere, desandan Farawon menm jan avèk li. Pastè ak fidèl yo t ap bat bravo lakontantman pou yon lejann zòt envante kont pwòp zansèt Afriken yo, yo vin fòmate pou yo pa rekonèt. Malgre tout gwo toumant sa yo, Jafrikayiti di “se pa yon fatalite”, gen mwayen pou nou fout reyisi kase chenn nan tèt, menmsi li pi di pase chenn nan pye.

Annou suiv…

3 Comments

  1. Erncy Exume says:

    Si se sèl moyen Bondye te ka ede nou soti nan esklavaj nou p’at gen le choix, men tou m vle tt ayisyen konsidere sa comme yon senbòl Bondye te moutre nou jis pou’n te sòti nan esklavaj…✂

  2. Jafrikayiti says:

    Erncy Exhume, souple bannou plis esplikasyon sou sa ou vle di ak mo “senbol” la. Kisa, ojis ki senbolik nan jan nou rive kase chenn lesklavaj la? Nan ki sans ou wè enplikasyon Bondye nan aksyon sa a?

  3. Pierre Timothee says:

    Well who cares with any means necessary our ancestors fought hard against the devil another for us to be freed I’ll do it again. If we have too

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *