Verite ak Jistis se kle gerizon Ayiti

Se pa yon Ibrahim Traore Ayiti bezwen…
May 25, 2025
TRAYIZON: Felix Darfour, Polidor Martelly, Jean-Pierre Boyer, Faustin Soulouque
July 13, 2025

Wi, an verite, fòk viktim rejim kriminèl PHTK-CIA-KPT a jwenn bon jan jistis!

Konpatriyòt, onè!

Jodi a, Dimanch 29 Jen 2025, Maten, ti bourik listwa nou, pral kanpe nan kalfou 29 Jen 2021. Nou gen yon panse espesyal pou Antoinette Duclaire, Diego Charles ak plis pase yon dizèn konpatriyòt ki, 4 tran pase, peri nan jounen 29 Jen 2021 an anba bal tèwòris rejim sanginè PHTK-CIA a.

Kreyon listwa, ki pa gen gonm, fè nou sonje, nan nuit Madi 29 pou rive Mèkredi 30 Jen 2021, sou katye Kris Wa, ak Dèlma 32, nan Pòtoprens, yon kenzèn konpatriyòt te tonbe anba bal asasen, pami viktim yo te genyen:  jounalis Radio Télé Vision 2000, Diego Charles, militan feminis, Marie Antoinette Duclaire ki te travay tou kòm pòtpawòl òganizasyon politik Matris Liberasyon epi Maxnold Guillaume, gran frè chantèz Rutshelle Guillaume, ki te pran bal sou katye Dèlma 32, epi ki te al mouri lopital, kèk tan apre.

Daprè enfòmasyon laprès pibliye nan demen, Diego Charles te resevwa 3 bal devan baryè lakay li nan ri Acacia, kote Marie Antoinette (Netty) Duclaire te fenk depoze li. E se menm kote a tou, malfèktè yo te sasinen Netty Duclaire ak 4 bal pandan li te sou volan machin li.  Lapoula, depi 1 Jiyè, Direktè Jeneral Polis nasyonal Ayiti (PNH), Leon Charles, te akize patizan Guerby Geffrard, ki ta fè masak sa a pou vanje defen pòtpawòl Sendika Polis la (Spnh-17). Geffrard te fenk mouri sasinen tou nan Dèlma 32, menm apremidi jounen Madi 29 Jen 2021 an.

Direktè Jeneral PNH la, ansanm ak tout konplis li yo nan gouvènman an, pran tout Ayisyen pou idyo. Se defo idyo, enkonpetan e sitou moun ki mechan pou yo pran tout moun pou idyo!” – yon reyaksyon kòlè ak degoutans ki te poste sou paj Facebook ekriven Gary Victor, selon repòtaj jounal Alterpresse. Ni anndan peyi a, ni aletranje Ayisyen te estomake devan zak lach sa a rejim sanginè PHTK-CIA a te fenk fè pou ekzibe fewosite li, mak fabrik Tontonmakoutik li, yon lòt fwa ankò.

Teyat sinik lan te rapousuiv ak Premye Minis defakto Claude Joseph ki rale mouchwa l, li siye larim ak dlo je, devan kamera ak mikwo laprès, pandan li t ap fè menm jan ak Leon Charles – li akize Sendika PNH la ak Fantom 509 kòm tèwòris ki komèt zak la epi li pwomèt jistis pou viktim masak yo, espesyalman militan feminis Netty Duclaire li te idantifye kòm zanmi li: “se te zanmi m, se te plis ke zanmi m, se te yon sè! Se yon zanmi m ki asasine pandan mwen menm se Premye Minis. Mwen bannou garanti krim sa a pap rete enpini” (koute Claude Joseph 12:16-14:58 / 1726-1750 / Leon Charles 23:31-26-32 https://youtu.be/mCB_Zpd924Q).

Annou kite Maten, ti Bourik Listwa nou, bwè dlo, pandan n ap fè yon koudèy nan aktyalite semèn ki sot pase a.

***

Vandredi 27 Jen 2025: Claude Joseph pete kriye ankò! – fwa sa a, se devan jij, avoka, ak jounalis ki t ap suiv odisyon divès enkilpe, ikonpri Claude Joseph, nan dosye sasinay defen chèf yerachik li, Prezidan defakto Jovenel Moïse (https://youtu.be/ZDK3H7vtT6U). Se nan yon atmosfè teyatral kote medyokrite, odas ak enjistis layite devan ni je, ni kamera, odisyon sa yo tanmen depi plizyè jou. Mèzalò, fwa sa a, Léon Charles pa t kanpe kote Claude Joseph, sou sèn teyat trajikomik sa a ki ap dewoule pandan pèp Ayisyen an pa ka jwenn oksijèn pou li respire, alevwa pou li ta ri bann move aktè kriminèl sinik sa yo ki lage li nan kouri toupatou. 

Jisteman, pandan Claude Joseph ap kriye nan mouchwa ankò…

Dimanch 22 Jen 2025
: Gang Taliban, Jeff Gwo Lwa Kanaran ap dirije a ak gang tèwòris 400 Mawozo anvayi komin Lachapèl nan Latibonit depi lannuit Dimanch pase, 22 Jen 2025 lan. Tèwòris yo kraze epi boule komisarya Lachapèl la, yo tire anpil kout bal ki kòz popilasyon an ozabwa, moundebyen kouri kite kay yo. Lapolis fouke enspektè polis Jean Pierre PHILIPPE, daprèzavwa li ta konplis nan planifikasyon zak kriminèl gang tèwòris Taliban yo ki anvayi komisarya Lachapèl la.

Madi 24 Jen 2025: Prezidan KPT a, Fritz Alphonse Jean, mande direktè PNH la, Normil Rameau, mobilize twoup nan zòn primati a, pou anpeche yon konplo koudeta yo vle reyalize kont li. Bri kouri kòmkwa koudeta sa a ta pwojè yon gwoup mafya ekonomik ki mare sosis yo ak lòt moun ki anba sanksyon entènasyonal la, 3 konsye prezidansyèl (Louis Gérald Gilles, Smith Augustin ak Emmanuel Vertilaire) ki enkilpe pou koripsyon nan dosye brakaj BNC a, Konseye Prezidan Laurent Saint-CYR plis Premyeminis Alix Didier FILS-AIME. Daprè kèk analis objektif koudeta sa a se ta ede mafyozo kèk moun abitye rele sektè prive a pran kontwòl tout pouvwa nèt, anvan 7 Out 2025, dekwa pou yo ka negosye alèz ak gang tèwòris yo, ofri yo amnisti, epi fè yon eleksyon pike kole nan avantaj kèk oligak mafyozo epi blan malveyan yo.

Mèkredi 25 Jen 2025: Yon dizèn konpatriyòt mouri trajikman nan yon aksidan, sou Pon Goden nan vil Gonayiv lè yon kamyon trelè ki pote gaz chavire epi pran dife ak chofè a ki mouri lapoula. Daprè Pwoteksyon Sivil vil Gonayiv, ototal se 8 moun ki mouri sou plas, pami yo 3 elèv lekòl nan yon sèl fanmi (14 zan, 11 zan epi 10 zan), pitit Roselande Ciceron ak Oriol Démosthène.

Vandredi 27 Jen 2025: Devan Konsila Ayiti nan vil New-York, plizyè pitit Ayiti ak zanmi yo reponn envitasyon Komite Mobilizasyon Kont Diktati an Ayiti (KOMOKODA) pou yo vin kore lit pèp Ayisyen an ki kontinye reziste kont rejim kriminèl KPT ak Tewòris Viv Nan San yo ki mare nan pye tab enperyalis Meriken an fanmi e alye. Ak slogan tankou “Aba chita pale ak gang”, “Aba Tèwòris”, “Aba pwojè mèsenè fo liberatè!”, “Aba KPT- Primati pèpè”, “Aba Konstitisyon Malatchong”, “Aba Eleksyon Pike Kole”, “Viv Ayiti granmoun nan tout kò l”, aktivis KOMOKODA yo distribye anpil trak ki esplike klè kon dlo kòk ki jan ni gang tewòris ni rejim popetwèl ki an plas an Ayiti a ap fè volonte blan malveyan yo.

Konpatriyòt annou retounen sou chimen rafrechi memwa ak Maten, Ti Bourik Listwa nou, ki kanpe nan kalfou 1 Jiyè 2021.

***

Menm jou 1 Jiyè 2021 sa a, pandan Claude Joseph ak Leon Charles t ap fè teyat sinik pa yo nan Primati, tout moun te sezi wè Jimmy Chérizier Babekyou ki pran lari ap rele ra gagann «fòk Jovenel ale». (4:53)

Tout je k ap suiv abitye konstate zak maspinay Lapolis konn fè sou popilasyon an lè l ap manifeste kont pouvwa an plas la. Poutan, menm Lapolis sa a pa t janm aji kont Babekyou!  N ap raple ou, mouche Babekyou sa a gen yon manda arestasyon sou non li, depi 31 Janvye 2020. 

Kidonk, masak yon dizèn sitwayen fèt 29 Jen 2021, osito, Premyeminis ak DG Lapolis lonji dwèt sou Sendika Polis la ak patizan yo. Epi, nan menm moman an, ansyen polisye Jimmy “Babekyou” Chérizier, chèf tèwòris G9 (an fanmi e alye rejim PHTK a) pran tèt manifestasyon ak slogan “fòk Jovenel ale!”.

Sis jou pi ta, 7 Jiyè 2021, Jovenel Moise mouri sasinen anndan chanm kay li, pou kont li. Ojis, apre mèsenè Kolonbyen ki mare sosis yo ak PHTK-CIA rive fè Jovenel ale, de pye devan, ki jan Babekyou te reyaji?

«Tu as toujours été si loyal envers eux… Eux, ils t’ont trahi!». Se konsa Martine Moïse te pale osijè defen mari li Ansyen Prezidan Enkilpe Jovenel Moïse ki tonbe, jou ki te 7 Jiyè 2021 an, anba bal asasen ki rantre jouk anndan chanm kay li nan Pèleren 5, san youn pami asasen yo pa blese, san youn pami ajan ki responsab sekirite Prezidansyèl yo pa blese. 

«Yo fè konplo kont ou, yo kondane ou pou ou sibi yon mò kriyèl epi sovaj. Yo lage ou pou kont ou, yo trayi ou!» – diskou Martine Moise, 23 Jiyè 2021.

Pou ki rezon Martine Moïse ak pitit gason defen an ki te pran lapawòl nan antèman an te peze anpil sou 2 mo sa yo : «lwayote» ak «trayizon»?

Depi an lagan, anpil moun te reyalize polisye ki sou lobidyans Direktè Jeneral defakto PNH la, mouche Léon Charles, te pami trèt ki te lage Jovenel Moïse pou kont li jou 7 Jiyè 2021 an. Kidonk, nou pa t etone wè plizyè Ayisyen t ap rele «asasen», «kriminèl», tout kote Léon Charles te pase nan vil Okap, avan, pandan epi apre seremoni antèman yo. Mèzalò, li klè, se pa polisye sèlman ki te trayi Jovenel Moïse.

Alepòk, prezidan peyi Venezyela a, Nicolás Maduro te deklare : «Jovenel Moise te trayi kèk vrè zanmi. Epi, gade, se fo zanmi li ki trayi l»!

Klèman, lè Prezidan Maduro di fraz sa a, nou ka imajine li konsidere Venezyela kòm yon vrè zanmi Ayiti ki te merite e ki te sipoze benefisye lwayote Jovenel Moïse, kòm Prezidan Ayiti. Mèzalò, nou konnen se plizyè fwa, reprezantan Jovenel yo nan OEA te trayi Venezyela. Kit se Claude Joseph, kit se Edmond Bocchit, kit se Léon Charles. Kidonk, Jovenel Moise te trayi kèk vrè zanmi Ayiti.  Poutan, lè nou founi je gade reyalite dènye ane gouvènans li yo, Jovenel Moïse te konnen fen e byen ki sa ki rele lwayote (osnon redevans). 

Lè André Saliba (Apaid) te mande Jovenel Moïse tè, se rapid vit li te degèpi peyizan parèy li, epi pibliye yon Arete kote li bay Apaid ak fanmi li 8600 ekta bon tè nan Savann Dyann plis $18 milyon dola vèt (tyeke 3:00 nan videyo a). Lè Michel Martelly te mande l òganize kanaval nan Pòdpe, se san grate tèt Jovenel te bay parenn li yon platfòm touskilfo pou fè kanpay elektoral li. Lè Laurent Lamothe mande Jovenel Moïse dechaj, se rapid vit, li te òganize yon Konsèy Minis ilegal pou li simaye dechay pa si pa la. Lè oligak Reynold Deeb, Gilbert Bigio osnon Sheriff Abadalah te mande Jovenel Moïse gwo kontra ilegal, se san grate tèt li te ba yo satisfaksyon. E lè blan malveyan Etazini ak Kanada te mande Jovenel trayi Venezyela nan OEA, a plizyè repriz li te reponn : yès sè! 

Poutan, jou 7 jiyè 2021 an, ki lès nan «zanmi» sa yo ki te pote Jovenel Moïse sekou? Atravè zak vyolans ekstrèm sila a li t ap sibi pou kont li nan chanm kay Pèleren 5 lan, èske li pa t gen tan rekonèt vwa osnon figi kèk nan «zanmi trèt» sa yo? Antouka, tout je te ka konstate jou 23 Jiyè 2021 an, okenn nan zanmi Jovenel Moïse te abitye sèvi yo pa te vin ede pote kadav li apre pakou sèkèy la te fè nan vil Okap dèyè ti otobis kolboso a.

“bat pou ou pa fè menm wout ak papa ou!” https://www.facebook.com/share/v/16pTaNJCrt/ (Facebook – Joverlein Moise), 25 Jen 2025

Jovenel Moïse te lwayal anvè zanmi PHTK li yo, anvè oligak kriminèl li yo epi anvè Washington ak Kò Gwoup la. Poutan, daprè tout rapò ki disponib jiskaprezan, mèsenè Kolonbyen ki patisipe nan zak sasinay lan t ap travay pou mèt CTU Antonio Intriago, yon Venezyelyen ki rete nan eta Florid, Ozetazini, yon manm sektè ekstrèm dwat rasis peyi sa a, sa vle di yon lènmi Nicolas Maduro.

1 Jiyè 2021, lè zanmi Madan Lalime nan, Jimmy Cherizier (Babekyou) te pran lari ap rele «fòk Jovenel ale», èske mouche Babekyou te janm di «fòk rejim PHTK a tonbe»?  

Daprè tout endis ki disponib jiskaprezan, 7 Jiyè 2021, Michel Martelly ede gouvènman Meriken ak oligak mafyozo PHTK yo touye Jovenel dekwa pou PHTK te ka jwenn pwolongasyon pi fasil (sonje manda Jovenel Moïse bout depi 7 Fevriye 2021 epi 12 Mas 2021 ansyen Bourik Chaje Pamela White te rekòmande pou Biden flank Jovenel deyò epi mete yon Premye Minis dirije Ayiti). Apre sasinay Jovenel, yon pati moun tanmen fè reklam pou Jovenel – menm yo menm nan ki te kite l mouri pou kont li a. Toudenkou, defen an pi popilè pase lè li te vivan. Les Jovenelistes du 7ème jour anvayi Twitè chak 7èm jou, chak mwa…rizèz pase yo nan pwen. Ata vye Babekyou ki t ap rele “fòk Jovenel ale”, 6 jou avan zak sasinay lan, pran dèy toudeblan pou defen Apredye. Martelly menm bouke fè videyo “padon Prezidan“.

Depi mwa Oktòb 2023, rapò Nasyonzini repete menm sa majorite Ayisyen konnen an, paske yo obsève l depi plizyè ane: Michel Martelly kreye plizyè kò gang kriminèl kidnapè asasen tewòris nan peyi a, ikonpri Baz 257, Baz Pilat, Gang Galil…epi, epi, anyen! Anpil Ayisyen Malveyan ap pouse nivo odas ak rizèz la pi wo…yo avèg, soud epi sòt. Mizisyen HMI fenk kare fè bal ak “mon ami Michel” tandiske Blan Malveyan an sou blòf nètalkole. L ap jwe Pons Pilat, li tante lave zago l ak fo sanksyon, finansman mèsenè tout koulè jouk yo rive envizib pandan nèg ak nègès kontinye mouri tankou mouch.

Konpatriyòt, si evènman trajik sa yo se te fim sinema nou ta ka di sinik yo mèsi pou reyalizasyon an. Men, malerezman, konpatriyòt Antoinette Duclaire se pa an jwèt li mouri. Diego Charles, Mèt Monferrier Dorval, Gregory Saint-Hilaire, Stanley Eugène, Vivender Alexis…ak plizyè santèn lòt viktim ki tonbe anba bal rejim mafyozo PHTK jiskobou sa a, ikonpri defen Jovenel Moise…yo tout se MOUN reyèl yo te ye. Kidonk, pa gen blag ni griyen dan nan koze sa a. Fòk viktim yo jwenn jistis! Fòk nou reyisi pase kòd nan kou tout kriminèl yo, ikonpri defakto KPT-Primati pèpè ki opouvwa aktyèlman an epi ki kontinye ap vyole dwa pèp Ayisyen an.

« Verite ak Jistis se kle gerizon Ayiti – Wi, an verite, fòk viktim rejim kriminèl PHTK-CIA-KPT a jwenn bon jan jistis ».

12 Mas, 2021, twa (3) mwa alavans, Ladyablès la te di Biden: “flank Jovenel sou kote epi mete yon Premye Minis dirije”. Èske se pa sa ki rive apati 7 Jiyè 2021?

Nan mwa Out 2022, menm Ladyablès la di se pou blan malveyan lokal yo, oligak kòwonpi yo (BAMBAM, Macaya Group) mete lamama deyò pou rekrite mèsenè ki pou vin mete peyi a dous pou YO ankò. Jounen jodi a, anplis mèsenè po mawon fonse, ou wè mèsenè po wòz pal debake nan peyi a, epi ou fè seziman? Ki lè n ap deside kwè sa bon sans, je ak zòrèy nou bannou?

Comments are closed.