«Koze a po ko fini. Blan Kidnapè 2004 yo fenk kòmanse konfese, menm moun fou sezi!»
Jodi a, nou genyen yon panse espesyal pou tout frè ak sè nou yo ki ap viv nan zòn Laplenn, Taba ak Kwadèboukè sou kote baz gang kidnapè 400 Mawozo yo, kidonk sou kote Anbasad Etazini.
Pandan rezo kidnapè nasyonal ak entènasyonal yo kontinye ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès zile Ayiti, Manman Libète, nou menm, nou pa p janm sispann defann epi klewonnen vizyon pèp Ayisyen an : “Tout moun se moun”!
Vizyon sa a tabli nan Premye Konstitisyon Nasyon an ki pibliye 20 Me 1805. Kidonk, jodi a, nou gen yon panse espesyal pou fondatè nasyon nou an, Anperè Jean-Jacques Dessalines, ki te bay nasyon nou an yon batistè djanm kòm patizan libète ki kanpe kinalaganach, nan mitan yon loseyan kidnapè.
Vizyon pèp Ayisyen an depaman nètalkole ak foli k ap boloze nan tèt bandi kidnapè Kò Gwoup, PHTK an fanmi e alye yo.
Anvan nou gade ki strateji ki pral ede nou kwape kidnapè 2022 yo, annou fè yon koudèy rapid nan retwovizè listwa. Ti bourik nou pral fè yon preme kanpe nan kalfou 1 Janvye 2004.
Konpatriyòt : èske ou sonje ki jan, pandan prèske yon milyon nèg ak nègès te reyini nan lakou Palè Nasyonal ak lari Chanmas pou nou selebre bisantnè endepandans Ayiti, jounal New-York Times te pibliye yon atik kote otè yo te deklare san bat je : «Prezidan Aristide rele Ayiti Manman Libète, devan «yon ti gwoup» ki tap fè anpil bri…». Lè foto plizyè santèn milye moun ki te patisipe nan selebrasyon 1 Janvye 2004 yo te kòmanse pran lari, Jounal New-York Times te jennen anpil anpil. Rapid vit, yo te sètoblije korije atik la, epi editoryalis yo te ajoute yon ti nòt kote yo presize : “atik nou an te fè erè nan jan li dekri foul moun ki te asiste selebrasyon bisantnè a, devan Palè prezidansyèl la. Tandiske gouvènman an estime plizyè santèn milye moun, gen jounalis deyò a ki di chif lan te osi ba ke 15 mil moun. Antouka, foul sa a pa t piti”. Ala gamèz!
Konpatriyòt, fwa sa a, annou fè yon gwo bak ak ti bourik listwa nou pou n mare kòd la nan ane 1825.
«Rasin mizè Ayiti: Reparasyon yo bay Mèt esklav yo», sa se tit premye nan yon seri dokiman nou pral founi je gade alèkile. Nou pral li dezoutwa paragraf ladan l, apre sa, nou va fè kèk ti remak osijè orijin dokiman an.
«Venteyennan apre nèg vanyan revolisyon Ayiti yo fin deklare endepandans peyi yo, etan y ap sèmante yo pito mouri pase pou yo tounen anba chenn oswa tounen anba dominasyon fransè, yon eskwad bato lagè fransè ki te gen apeprè 500 kanno abò yo, t ap vire tounen alantou Ayiti.
3 Jiyè 1825, yon bato lagè fransè ak 2 lòt bato, rive nan pò Pòtoprens, kapital Ayiti. Pa twò lwen sou bò lanmè a, 11 lòt bato lagè fransè t ap tann.
Bawon Mackau, reprezantan wa a te voye a, bay yon iltimatòm: Bay yon pakèt lajan kòm reparasyon pou peye ansyen mèt esklav yo, oubyen fè lagè ankò.
Ayisyen te gen anpil rezon pou sa te enkyete yo.
Ayiti pa te ka espere okenn lòt peyi ta vin ede l defann tèt li. Tout lòt gran peyi yo te vire do bay Ayiti, yo te refize rekonèt endepandans li…
Poutèt sa, Prezidan Ayiti a, ki te vle fè komès ak lòt peyi epi pou l asire rekonesans lòt peyi anvè Ayiti, te asepte demann peyi Lafrans yo. Ak sa, Ayiti vin tabli yon lòt presedan: Li tounen premye peyi epi sèl peyi kote desandan esklav peye desandan mèt yo reparasyon — pandan plizyè jenerasyon.
Souvan yo rele sa “dèt endepandans lan.” Men se yon pawòl kwochi. Se te yon ranson. Montan an te depase ti mwayen Ayiti te genyen. Menm premye pèman an te sis fwa lavalè sa gouvènman an te rantre nan kès li ane a, dapre resi ofisyèl Beaubrun Ardouin, yon istoryen ayisyen 19yèm syèk rasanble. Men se te lide a sa, yon pati nan plan an. Wa fransè a te bay Bawon an yon dezyèm misyon: asire li ansyen koloni a prete lajan nan men kèk nouvo bank fransè pou l fè pèman yo. Yo te vin konn sa kòm “doub dèt” Ayiti a — ranson an ak lajan prete pou peye li — Epi sa se te twokèt la.
Doub dèt sa a te pouse Ayiti antre nan yon seri dèt ki fè peyi a mache bwete pandan plis pase 100 lane, nan souse tout lajan Ayiti rantre nan anpeche l devlope enstitisyon ak baz òganizasyon ki esansyèl nan yon nasyon endepandan.
Nan lekòl an Frans yo pa menm anseye afè reparasyon ayisyen te oblije peye ansyen mèt esklav yo pandan plizyè jenerasyon, dapre kèk chèchè. Epi lè yon prezidan Ayisyen te kòmanse soulve kesyon an byen fò, gouvènman fransè a pase l nan rizib epi yo eseye kase fèy kouvri sa…».
Paragraf nou sot li la yo se kout plim jounalis Lazaro Gamio, Constant Méheut, Catherine Porter, Selam Gebrekidan, Allison McCann ak Matt Apuzzo ki parèt vandredi 20 Me 2022 a, nan jounal Meriken New York Times. Se yon seri atik ki pibliye nan 3 lang : angle, franse ak kreyòl. Otè yo layite rezilta plizyè mwa travay kote jounalis anketè New-York Times yo fouye plizyè mil paj dokiman, fè rechèch nan plizyè bibliyotèk ak achiv an Ayiti, an Frans, ak Etazini pou yo analize kesyon doub dèt la ak enpak li sou Ayiti, jouk jodi jou, nan domèn finans ak politik.
Osito atik sa yo pran lari, kòmantè fè mikalaw nan medya Ayisyen tankou etranje. Sou rezo entènèt tankou Facebook, nou jwenn plizyè reyaksyon enteresan. Parekzanp, Doktè Serge Madhere ekri: “Mwen chita anba pye bannann mwen yo, m ap li atik New York Times fèk lage a: Tit li se : «Wall Street mande gouvènman ameriken an debake ann Ayiti. Gouvènman ameriken an dakò». Atik la bay detay sou kòman tout kalte Blan, youn apre lòt, kwense Ayiti nan yon dyagonal pou kenbe l nan mizè. Se pa anyen la a nèg tankou m pa t konnen. Men atik la fè m reflechi sou 2 kesyon. 1. Premye a se koze ki di: “Pa gen anyen ki kache ki yon jou pap pran lari gwo midi”. Jodi a apa se Blan an ki ap vide konsyans li pou tout gran piblik la tande? 2. Dezyèm lan se chwa jounal la bay pou moun li atik la an Kreyòl tou si w vle. Se pa lang sa a yo te di ki se “tèt-kanna ki pa gen dwa janm monte tab la”?
Bò kote pa li, konpatriyòt Jolette Joseph ekri: “Ak lajan nou yo finanse kontriksyon Tour Eiffel an Frans wi! Lè nou al an Frans pa neglije ouvè « le corps » ladan li. M panse atik sa yo dwe louvri wout pou nou relanse deba sou reparasyon ak restitisyon an. Ayisyen dwe mobilize pou mande restitisyon. Men kesyon nou dwe poze pou kisa se kounye a, Ameriken yo ap mete enfòmasyon sa yo deyò? Ki sa ki ap regle ant 2 peyi yo nou pa konnen?».
Antouka, pandan atik sa yo soti nan jounal New-York Times, nou dwe sonje rezo kidnapè nasyonal ak entènasyonal ki fè dappiyanp sou peyi nou an, kontinye ap kolekte ranson sou Ayisyen toupatou, ni anndan peyi a, ni aletranje. Kidonk, n ap kontinye mete enèji nou sou rezoud defi priyoritè nou, sa vle di: Fè yon sèl leve kanpe pou nou chavire chodyè a, dechouke tout malfèktè tout koulè, dekwa pou Pèp Ayisyen an ka reprann kontwòl peyi li, tout bon vre!
Annou repete yon mesaj nou pap janm sispann klewonnen: «Menm jan fòk koloni esklavajis Saint-Domingue lan te disparèt pou Ayiti Manman Libète te kapab parèt…Pou Ayiti “Tout Moun Se Moun” nan reyisi wè douvanjou, fòk Repiblik Apated la boule rapyetè!».
Si Lopital peyi a oblije ap fè grèv pou pwoteste kont doktè bandi Kò Gwoup-PHTK ap kidnape chak jou ki jou, se pa fo premye minis PHTK, restavèk blan malveyan, Ariel Henry, ki gen ni vaksen ni piki pou geri maladi ki lakòz tout pèp Ayisyen ap soufri jounen jodi a. Ti pansman akò Montana-PEN k ap envite moundebyen al chita negosye ak malfèktè pap janm ka geri java, alevwa pou yon kansè jeneralize.
Nan youn nan seri atik New-York Times yo, nou li:
«An 2003, Jean-Bertrand Aristide, yon ansyen pè ki vin premye prezidan yo eli demokratikman apre plizyè dizèn ane diktati, lanse yon kanpay pou mande pou Lafrans remèt lajan li te pran an, li fè reklam nan televizyon, li mete pankad nan lari epi li pran yon ekip avoka pou prepare yon pwosè entènasyonal. Kòm repons, gouvènman fransè a mete yon komisyon sou pye pou analize relasyon ant 2 peyi yo, men anba anba li di komisyon an “pa di anyen ki ta an favè renmèt lajan,” dapre sa Thierry Burkard, anbasadè fransè ann Ayiti epòk la, di New York Times nan yon entèvyou sa pa gen lontan.
… gouvènman fransè a ede dechouke Mesye Aristide sou pouvwa a, gouvènman fransè a di li t ap eseye epaye Ayiti, ki t ap toufe ak boulvès politik, pou l pa vin gen yon gè sivil. Men pandan ofisyèl fransè yo te toujou ap di se pa afè restitisyon ki te lakòz yo met Mesye Aristide atè, Mesye Burkard admèt “pwobableman se te pou sa tou.” Li di: “Sa t ap tabli yon presedan pou anpil lòt peyi.”
Mesye Burkard, anbasadè fransè a, di jounal New York Times…Lafrans ak Etazini te monte yon “kou d eta” kont Mesye Aristide lè yo fòse l al ann egzil la.
E kwak demann Mesye Aristide fè pou Lafrans renmèt peyi a lajan l lan pa t rezon prensipal ki fè yo retire l sou pouvwa a, Mesye Burkard di ranvèsman Mesye Aristide la te gen yon avantaj an plis: sa tou bloke kanpay Mesye Aristide la ki t ap fè anpil bri, ki fè dega tankou yon grenad kote l tonbe a, ki menase eklate tout relasyon avèk tout ansyen koloni yo.
Atik New-York Times lan raple ki jan…
Avèk lajan Ayiti te voye bay Lafrans pou swadizan dèt endepandans la nan men li, Prezidan Aristide di peyi li te ka envesti nan tout bagay yo pa t an mezi genyen: lekòl, lopital, wout, traktè ak dlo pou peyizan.
Bòdwo li prezante se te: $21.685.135.571,48 dola.
Diplomat fransè pase chif sa a nan tenten, ni pou gwosè montan an ni pou presizyon li, epi kèk entèlektyèl ayisyen denonse sa kòm mwayen Mesye Aristide ap eseye pou l distrè moun sou pwoblèm peyi a epi pou li kenbe pouvwa a. Men, jounal Times te mande kèk ekonomis ak kèk istoryen pou yo egzamine kalkil sa yo; analiz yo fè jwenn kalkil Mesye Aristide yo te prèske egzak, petèt menm modere.
New-York Times deklare: «Si lajan sa a te rete Ayiti, nou kalkile sa te ka ajoute $21 milya dola nan ekonomi Ayiti pandan apeprè 200 zan ki sot pase la yo.
Lòt moun di si yo pa t fòse Ayiti peye doub dèt la nèt, peyi a te ka suiv menm modèl nivo devlopman peyi vwazen li yo nan tout Amerik Latin nan…».
Kidonk, blan New-York Times yo deklare menm sa Prezidan Aristide te mete devan je limanite 7 Avril 2003 a.
Petèt, kounye a, anpil nèg ak nègès kapon va reyisi dakò ak pozisyon patriyotik sèl vrè Prezidan Pèp Ayisyen an te chwazi nan jenerasyon sa a te pran an.
Wi! Apre tout ane sa yo valè restitisyon an pi pre $115 milya (dola vèt) pase $21 milya. E plis Lafrans ap kite tan pase se plis valè dèt lan ap kontinye ogmante.
New York Times di yo dekouvri kèk ansyen dokiman gouvènman fransè ki revele…
Kèk nan fanmi ki te resevwa pèman pandan plizyè dizèn ane toujou la pami kèk gran fanmi wa ann Ewòp epi kòm aristokrat Fransè. Pami desandan yo gen Maximilian Margrave moun Baden, premye kouzen Prens Charles…
Jounal Times jwenn plis pase 30 desandan fanmi ki te resevwa lajan dèt endepandans Ayiti a. Majorite ladan yo di yo pa janm tande pale de koze sa a. Nicolaus Herzog von Leuchtenberg, Dik Leuchtenberg la, sizyèm jenerasyon desandan Joséphine de Beauharnais, premye madanm Napoleon, pandan l t ap pale nan telefòn ann Almay, di: “Sa se yon pati nan istwa fanmi m mwen pa t janm konnen.”
Konpatriyòt, an verite, gen yon Reparasyon Ekstèn ki jis epi nesesè pou eritye blan malveyan yo peye paske yo te mete plizyè milyon zansèt pèp Ayisyen an nan chenn lesklavaj, vòlè fòs kouray yo ak eritaj natirèl yo.
Wi gen yon Res-ti-ti-syon Ekstèn ki jis epi nesesè tou paske blan malveyan yo te vòlè plis pase 90 milyon fran lò ki reprezante lèt tete Ayiti, soti 1825 rive 1947.
Mèzalò, gen yon lòt kategori reparasyon ak restitisyon lojik ki nesesè anndan nasyon nou an. Sonje byen, depi Papa Dessalines te poze kesyon demeplè a: “E sila yo ki gen papa yo an Afrik yo, yo pap jwenn anyen?” li po ko janm resevwa yon repons ki akseptab.
Jounalis anketè New-York Times yo raple nou:
«Se pa tout Ayisyen ki te pataje dèt la egal ego. Ti pòsyon elit nan peyi a, ki abite nan gwo kay ak gran baryè epi ki vwayaje al an vakans regilyèman swa a Pari swa Miyami, sa pa t touche yo pase sa. Se moun ki pa t gen gran mwayen ki te peye dèt sa a, yo kontinye ap peye toujou, dapre sa anpil moun di, paske peyi a pa janm gen ase lekòl, dlo pou moun bwè, elektrisite ak lòt sèvis de baz. Fado a pa t tonbe sou zepòl lelit peyi a. Se plantè kafe ki peye l alafen nan enpo sou espòtasyon yo».
New-York Times rapousuiv kote li site… «Doktè Francis Saint-Hubert, yon doktè ayisyen ki te travay nan kanpay restitisyon Mesye Aristide la epi ki anseye nan lekòl medsin Fondasyon Aristide pou Demokrasi» li di: “Jiska jounen jodi a, n ap soufri konsekans dèt sa a.” Nan yon vizit li te fè sa pa gen lontan nan yon lopital leta, li te remake kèk tiwa nan lopital la pa t menm gen ekipman òdinè, tankou tansyomèt, oubyen menm tèmomèt. Li di: “Nou kontinye ap peye toujou, epi pafwa nou peye ak lavi nou.”
Kidonk, tankou nou di sa souvan, e n ap repete l : «anplis Reparasyon ak Restitisyon ekstèn nan, gen yon pwosesis Reparasyon ak Restitisyon Entèn ki inevitab pou pataj la resi fèt san fòs kote, ant tout pitit peyi a, san demagoji, sou yon baz syantifik».
Mwa pase a, nou te founi je gade yon tablo ki dekri yon sèn tipik sou koloni esklavajis yo. Nan tablo sila a genyen 3 pèsonaj. Yon ti bebe Afriken ki kouche byen lwen atè, toutouni, epi l ap gade manman li k ap bay yon ti bebe blan tete. Imajine fristrasyon, kòlè, lawont, san konte grangou ki anvayi nanm tyovi a ki swaf lèt manman li?
Jan l ap gade manman an, san di pètèt, ti bebe Afriken an konsyan se li menm ki pwopriyetè lejitim lèt sa a. Si nou ta mete mo nan bouch tilezanj lan, nou ta tande l k ap vonvonnen: «Manmi, manmi: pou ki rezon ou bandone m?». Èske ou ka imajine repons manman sila a ta bay pitit li? Anpil fwa se konsa nou voye je gade manman Ayiti, epi nou akize l, nou repwoche l dèske tete li seche, li faya, li pa ka ofri sa nou bezwen alevwa sa nou ta vle.
Frè m, sè m, lè a rive pou nou tout sispann dirije fristrasyon nou kont manman nou, kont pwòp tèt nou. Kit n ap viv sou zile a osnon aletranje, fòk nou demele n gonfle venn nou epi atake bouwo kadejakè esklavajis yo – veritab ènmi an. Non! Se pa Ayiti manman nou ki pa bon! Se pa fondasyon nasyon 1804 la ki pa t bon. Se baz Repiblik Apated 1806 la ki pwazon. Se pou sa nou di aba trayizon! Nou pap janm trayi san nou!
New-York Times ekri…
«Prezidan Aristide te fè yon entèvyou ra ak jounal Times kote yo te mande l: “Pou ki sa apre 200 zan, Ayiti pòv kon sa?”
Li reponn: “Nou te kondane pou nou viv nan povrete, pa povrete sèlman, nan mizè. Yon mizè total ki asosye ak 1825.”
Apre yo fè l kite pouvwa a, pa gen youn nan ranplasan li yo ki plede kòz la ankò».
San di pètèt, alèkile, dosye restitisyon pa pale an Ayiti paske gang blan malveyan Kò Gwoup yo asire yo se «les plus coupables» ki opouvwa ak PHTK 1e, 2e e 3 e vèsyon. Misyon bandi sa yo se rann lavi 14 milyon Ayisyen mizerab, anndan peyi a, tankou lòt bò dlo. Trèt PHTK yo se desandan dirèk menm popetwèl blan malveyan yo te jouke opouvwa pandan tout peryòd yo t ap peze kou pèp la, epi kolekte ransyon 1825 lan.
New-York Times raple nou ki jan…
«Ayiti te kontinye ap peye doub dèt la pandan plizyè ane. Toudenkou yon bank fransè vin parèt sou sèn nan – Crédit Industriel et Commercial. An 1880 li kreye premye bank nasyonal Ayiti a.
Trezò piblik Ayiti a vin anba kontwòl yon bank fransè depi lè a. Leta ayisyen pa t ka ni fè depo ni depanse san l pa t peye yon komisyon.
Ayiti voye de twa dènye pèman li sou doub dèt la ofisyèlman an 1888. Men, pou l te fè sa, li te fè 2 gwo prè ankò an 1874 epi an 1875.
Vin gen lòt gwo dèt ankò apre sa. Yo pa t lye dirèkteman ak doub dèt la ofisyèlman. Men nan pwen sa a, trezò piblik la te si tèlman pa gen kòb ladan, lidè yo te prèske pa kab dirije peyi a, ale wè devlope peyi a.
An 1910, yo refòme bank nasyonal Ayiti a ak kèk nouvo pwopriyetè. Yon bank Pari te toujou gen kontwòl pi gwo pòsyon bank lan, men bank ameriken ak bank alman pran kontwòl rès pòsyon bank lan.
Pandan plizyè ane, enterè komèsyal ameriken sou direksyon National City Bank nan New York, ansyen non Citigroup, mete presyon pou Ameriken kontwole Ayiti.
Sòlda lamarin antre nan Bank Nasyonal d Ayiti a epi yo soti ak $500 000 dola lò.
Operasyon lamarin nan te anonse envazyon total ki te vin fèt ann ete apre. Ameriken pran kontwòl gouvènman ayisyen an epi yo ekri yon nouvo konstitisyon pou peyi a.
Ameriken yo te fòse Ayisyen yo bati wout san peye, e sòlda yo tire moun ki te eseye chape. Anpil Ayisyen te wè sa kòm yon retou nan esklavaj. Depi lè a, Etazini kontwole finans Ayiti.
Kontwòl ameriken sou finans Ayiti kontinye jis an 1947».
Annou pran yon moman refleksyon pou nou onore patriyòt Benoit Batraville ki mouri zàm alamen yon jou 19 Me 1920, pandan l ap reziste kolon yanki piyajè ki te fè va sou peyi nou an.
An verite, se menm makòn blan malveyan sa yo ki sèmante Prezidan Aristide k ap bati lopital ak inivèsite tankou UNIFA pa bon pou Ayiti. Nan je malfèktè sa yo se nonm kilòt tanga a, asasen ki ede yo touye lòt la, vòlè Kòb Petwo a ki “bon chèf” touskilfo pou Ayiti. Antouka, malveyan kou yo malveyan, rezo kidnapè entènasyonal yo pap ka anpeche pèp souvren an di sa li vle ak sa li voye jete atoujamè nan poubèl.
Vwalatilpa, ayè Samdi 21 Me 2022 an, Pèp Vanyan te pote kole ak òganizasyon Veye Yo nan vil Miami pou yo anpeche Michel Joseph Martelly monte sou sèn epi pase nasyon nou an anba rizib ak lajan trayizon 2004 la, kòb rekonstriksyon CIRH la, Kòb Petro Caribe a, $1.50 Dyaspora a elatriye…
Militan konsekan yo deklare, daprèzavwa CIA anpeche zòt deklare espyon l lan “Persona Non Grata“, nou menm Pèp Ayisyen, nou deklare Michael Joseph Martelly: “blan”, nan sans atik 12 Konstitisyon orijinal nasyon an.
Wi! Atik 12 Konstitisyon 20 Me 1805 lan deklare : “Okenn blan, kèlkeswa nasyonalite l, pa gen dwa pile tè peyi a kòm mèt esklav oswa propriyetè epi blan pa gen dwa janm gen propriyete nan peyi a.” Li lè li tan pou nou libere tout byen leta bandi PHTK yo akapare!
Konpatriyòt, jodi a, pandan n ap lite pou nou tabli yon gouvènman Sali Piblik ki va dirije yon vrè Leta Ayisyen, objektif nou se devlope pwogram espesyal pou favorize sila yo ki te defavorize depi plizyè syèk anndan peyi a. Reparasyon Entèn!
Wi! Fòk yon gouvènman Sali Piblik vin kreye pwogram espesyal pou ede pitit sitwayen ki te sibi diskriminasyon tout vi yo, nan yon Repiblik apated Anti-Nèg. Pitit peyi a va jwenn bousdetid ki pèmèt yo valorize tè zansèt yo te travay pandan plizyè deseni ak bout zong yo sou zile sa a. Yon vrè Leta Ayisyen va bay Ayisyen priyorite sou teritwa peyi li.
Malgre tout bagay, New-York Times di nou… Prezidan Aristide ensiste li menm ak kèk lòt moun gen tan “simen plan nan chan an” pandan l ap fè remake alòske revolisyon ayisyèn nan te kòmanse an 1791, sa te pran anpil ane anvan esklav yo te vin gen libète, ak anpil lòt ane ankò jiskaske yo reklame endepandans. Li di: “Koze sa a po ko fini.”
An verite, gouvènè lawouze, koze a po ko fini! Blan Kidnapè 2004 fenk kòmanse konfese, menm moun fou sezi!