AYITI-ODAWA
November 18, 2012
Christianity – Whose business is it nowadays?
January 16, 2016

…MOUN OSNON BONDYE – Ki Makdwèt Nou Wè Nan Bib la?

“Nouvo Kontra” a pou kont kò li gen 27 liv, “Ansyen Kontra” a gen 39 liv. Kidonk, Bib la okonplè gen 66 liv ladan li…

Premyeman: èske nou ka idantifye nan ki kondisyon (kilè, kibò, kijan, poukisa) yo te ekri chak grenn liv ki nan 66 liv sa yo? Epi, dezyèmman: dizon nou dakò chak otè sa yo te resevwa enspirasyon Bondye (Kreyatè linivè, Toupisan an, Jis total kapital la, Save ki pa janm fè erè a, Bondye ki pa janm chanje karaktè a), èske nan 66 liv sa yo nou rekonèt makdwèt moun (svd: yon liv ki gen erè, kontradiksyon…) osnon makdwèt Bondye (svd: yon liv ki pa gen okenn erè ladan li…)?

…pami kèk referans ou ka tyeke, alewè: “Who Wrote The Bible?” (Kilès ki ekri Bib la?), liv Richard Elliot Friedman ki parèt nan ane 1987. Liv sa a tabli istorik 39 liv “Ansyen Kontra” yo. Osijè liv “Nouvo Kontra” yo, gen plizyè liv enpòtan tankou “James the brother of Jesus: The key to unlocking the secrets of early Christianity and the Dead Sea Scrolls” (Jak frè Jezi a: Kle konprann sekrè kòmansman relijyon Krisyanis la epi dokiman Lamèmòt yo), liv Robert Eisenman ki parèt nan ane 1996. Gen plizyè lòt liv ki bay istorik kijan kilè, kibò, nan ki kondisyon liv ki nan Bib la te ekri.

kit se legliz Katolik Women, kit se legliz Pwotestan yo tout antann yo depi 16zyèm syèk la pou yo deklare Bib la se “Pawòl Bondye”. Tout moun ki kesyone konklizyon sa a, sa yo pran se pa yo!

MEN MAKDWÈT YO:

1. Èske gen kontradiksyon (erè) nan Bib la?
Wi, gen anpil kontradiksyon. S.v.d. plizyè fwa Bib la di kichòy nan yon vèsè, epi kèk vèsè annapre, li di lekontrè.

Kreyasyon limyè (premye jou osnon katriyèm jou?)
Daprè liv Jenèz, chapit 1 vèsè 3 “Bondye di: se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt. Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò. Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannuit. Yon lannuit pase, yon maten rive, se te premye jou a” .

Poutan, plizyè vèsè annapre, nan Jenèz 1 vèsè 14 pou rive 19, otè yo di se jis nan katriyèm jou menm aksyon sa yo te fèt: “Bondye di ankò: se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannuit. Yo va sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo. Yo va sèvi limyè nan syèl la pou klere tout latè a. Se konsa sa te pase. Bondye kreye de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannuit. Li fè zetwal yo tou. Li mete yo nan syèl la pou klere latè a, pou kòmande sou lajounen ak sou lannuit, pou separe limyè ak fènwa. Bondye gade sa li te fè a, li wè li bon. Youn lannuit pase, youn maten rive: se te katriyèm jou a.

Odepa, fòk nou di: koze jou sa a bay fikilte depi nan liv Jenèz chapit 1. Remake kijan tèks la di “Yon lannuit pase, yon maten rive, se te premye jou a”. Daprèzavwa, kounye a, nou konnen koze lago lajounen lannuit la se mouvman latè ki tounen tou won (180 degre) sou aks li epi ki bay fas ki te lòt bò (pi lwen) limyè solèy la, plas lòt fas ki te sou bò (pi pre) limyè solèy la; Nou ka poze tèt nou kesyon, kouman fè Jenèz chapit 1 gentan ap palede de “premye jou”, “dezyèm jou” “twazyèm jou” san poko janm gen okenn solèy, okenn latè ki ekziste?

JENÈZ bay prèv Bib la chaje ak makdwèt moun inyoran ki, alepòk yo envante listwakont ki nan liv Jenèz la, pa te konprann anyen nan anyen, nan jan sistèm planèt yo fonksyone.

*

Sous: “Viv Bondye! Aba Relijyon!”, paj 49 – liv sa a disponib sou entènèt la, nan adrès sila a:

Viv Bondye! Aba Relijyon!

1 Comment

  1. Frantz-ky Zamy says:

    bonjou Jean ,mwen rele Frantz-ky Zamy, mwen ta renmen achte liv ou a , mwen abite winter haven florida tou pre vil orlando. kouman pou’m fe sa. E-mail mwen se frantzky20@yahoo.com.Mesi.