AYITI-ODAWA
November 18, 2012
Christianity – Whose business is it nowadays?
January 16, 2016
…JEZI TE KONN FÈ POLITIK!
“Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye” (Lik 20 vèsè 25)

Kit se nan pati Bib la ki pote tit “Levanjil” la (Matye, Mak, Lik ak Jan), kit se nan liv listwaryen Juif ki te vivan nan premye syèk la tankou Jozefis, kit se nan liv listwaryen Kretyen tankou Ernest Renan (Vie de Jésus, Histoire des Origines du Christianisme ~1882), kit se nan travay listwaryen kontanporen ki fòme yon ekip entènasyonal ki rele “The Jesus Seminar”, yo tout dakò sou ekzaktitid pwen istorik sa yo:

*
Jezi te Juif. Li te fè pati pèp Semitik ki pratike relijyon Jidayis – ki konsidere Tora “liv Moyiz yo” pawòl sakre, revelasyon yon Bondye inik, kreyatè linivè, Bondye Abraram, Izarak, Jakòb, zansèt Juif yo.
*
Li te viv nan kòmansman premye syèk Epòk Kounye a (EK); ant ane 6 Anvan Epòk Kounye a (AEK) epi ane 30 EK.
*

Ansanm ak lòt Juif epòk li, Jezi te viv anba represyon lame Women epi sou enfliyans kiltirèl Grèk (“Aleksann-grèk-la” anvayi rejyon Lapalestin nan depi ane 332 AEK)…Jezi ak lidè politik (Wa Juif) epi lidè relijyon Jidayis la (Granprèt yo) pat antann yo ditou ditou. Yo te konsidere Jezi tankou yon gate pati. Jezi te konsidere yo kòm magouyè ki t ap anrichi tèt yo nan konplotay ak lame Women, sou do malere (Mak 12 vèsè 37 – 40).

*

Nan epòk Jezi, Juif yo te sou otorite politik Wòm palentèmedyè yon “wa Juif souflantyou” (Parekzanp: Ewòd, “wa Juif yo” ant 37 AEK epi 3AEK, pote kole ak Lanperè Women Ogistis ki te pot laviktwa sou lame konpetitè li Makantwàn epi Kleyopat). Men, nan domèn relijyon, Wòm te kore “otorite” yon seri Granprèt Juif (popetwèl defakto) anwo tèt Juif parèy yo – toutotan sa pa te deranje biznis (taks) epi otorite leta Wòm. Sa te lakòz anpil Juif move daprèzavwa tradisyon fanmi sasèdotal la tabli pou Granprèt yo sòti nan fanmi zansèt yo ki rele Levi, menmjan Wa Juif la sipoze sòti dirèk-dirèk nan fanmi Wa David. Nou pa konnen ojis poukisa Jezi te toujou dozado ak Granprèt Juif yo, apa akizasyon koripsyon li lage sou do yo. Men, gen fouyapòt tankou Ernest Renan ki fè konnen Jezi te sibi enfliyans Jida, pitit Matatyas (Zelòt) la.

*
Nan kontèks sa a, menmsi revolisyonè sa a ki te rele Jida a pat konekte dirèteman ak Jezi, nou ka konprann poukisa, nan epòk sa a, se te yon gwo pyèj politik, lè yo te apwoche li (yon Juif) anpiblik epi yo mande li sa li panse osijè taks lame lokipasyon Women te ekzije tout Juif peye a. Yon Juif ki vle Juif parèy li respekte li, sitou si li fè pati Juif nasyonalis, revolisyonè ou pa, li sipoze pale anfavè relijyon li, Bondye li epi kont koze taks la. Mèzalò, toupatou, gen sòlda Women ak espyon Juif ki la ap ranmase pawòl anba bouch Juif “kat make” pou yo al denonse bay lame Women – ki limenm pap neglije ditou pou li pase yo alenfinitif. Kidonk, lè Jezi reponn kesyon filang debò sa a ak pawòl selèb sa a: “Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye” (Lik 20 vèsè 25), se yon repons politik byen reflechi ki tonbe. Jezi pa deranje ni Juif parèy li, ni leta Women. Tout moun jwenn!
*

Sous: “Viv Bondye! Aba Relijyon!”, paj 49 – liv sa a disponib sou entènèt la, nan adrès sila a:

Viv Bondye! Aba Relijyon!

1 Comment

  1. Frantz-ky Zamy says:

    bonjou Jean ,mwen rele Frantz-ky Zamy, mwen ta renmen achte liv ou a , mwen abite winter haven florida tou pre vil orlando. kouman pou’m fe sa. E-mail mwen se frantzky20@yahoo.com.Mesi.