Tag: jafrikayiti

  • Delane 2021

    Delane 2021

    Gad on ane 2021 Limanite sot viv! Toupatou se te tèt chaje. Kanta pou sitiyasyon Pèp Ayisyen an menm se fyèl pete, pa gen bouch pou n pale. Depi an lagan, jou 6 Janvye 2021 an, yon makòn patizan mouche Donald Trump anvayi Kapitòl la, bildin kote Kongrè Meriken an reyini nan vil Wachintonndisi, yo…

  • Pou Ayiti lib fòk Ayisyen lib

    Pou Ayiti lib fòk Ayisyen lib

    Sa gen 230 ane pase, sou zile Ayiti, nèg ak nègès te leve kanpe pou yo rache libète nan men kolon esklavajis yo. Jodi a, Dimanch 22 Out 2021 an, toupatou sou latè, Ayisyen kontinye ap goumen pou nou kore anpil gwo gany nasyon nou an reyalize, malgre pikan kwenna zòt simayen sou chimen “libète total kapital”…

  • Lame Rezistans Kako 2020

    Lame Rezistans Kako 2020

    Konpatriyòt onè, Annou rapousuiv refleksyon nou tanmen depi kèk mwa pou asire nou Operasyon Dechoukay 2020, ki inevitab alèkile a, va pote bon jan rezilta pou pèp Ayisyen an. Kòmdabitid, detanzantan, nou pral gade nan retwovizè listwa pou nou kapab wè klè nan ki chimen jennen pèp Ayisyen an sètoblije pase pou li byen sènen…

  • Konbit wete pay, geri trip

    Konbit wete pay, geri trip

    Jodi a, dimanch 5 janvye 2020, nou vin rapousuiv refleksyon nou tanmen nan finisman ane 2019 la, kote nou dakò, pa gen wout pa bwa, lè a rive pou pèp Ayisyen an “chavire chodyè a”.  Alèkile, annou gade ansanm ki kalite engredyan remontan, fòtifyan sòlda vanyan ki anbrigade nan Lame Liberasyon Ayiti koumanse mete, depi…