Tag: Dechoukay
-

Apredye gen foli Duvalier!
Jodi dimanch 13 desanm 2020 an se lizay pou nou kontinye site non viktim Masak Lasalin yo, chak jou ki jou, jiskaske lajistis pase kòd nan kou Jimmy Cherizier, Fednel Monchéry ak Pierre Richard Duplan. Pami plis pase yon santèn viktim masak Lasalin ki swaf jistis ak reparasyon, nou pa p janm bliye: Wadson MICHEL (28…
-

Core Group-G9-PHTK kontinye sasinen Dessalines
Jodi a, dimanch 18 oktòb 2020, Ayiti manman nou kontinye ap deperi anba grif bandi nasyonal ak bandi pèpè ki fè dappiyanp sou leta Ayisyen. Kidonk, nou vin ranmase plis fòs pou nou chavire chodyè a, epi libere Ayiti tout bon vre. Nan okazyon 214 zyèm anivèsè sansinay Lanperè Jacques Premye, Papa Nasyon an, nou…
-

Dessalines fin pale
Sa gen 229 rekòt kafe, nou te kanpe dan di sou tout zile Ayiti. Nèg ak nègès vanyan deside, nou t ap boule kay epi nou t ap koupe tèt yon makòn kolon blan malveyan. Dechoukay 1791 sa a te nesesè daprèzavwa, depi epòk nou te granmoun tèt nou sou kontinan Lafrik Ginen, nou te…
-

Dechoukay 2020: sèl remèd Ayiti bezwen
Aktyèlman, Pèp Ayisyen an ap goumen kont 3 dipopo : Viris Kowona se 1, Viris Gang Galil-Makout-PHTK fè 2, Viris Blan Malveyan Core Group yo fè 3! Nou fin fè konsiltasyon ak dyagnostik, alèkile preyokipasyon nou se kwape 3 viris sa yo, yon fwa. Kouman n ap kwape premye dipopo a : Viris Kowona a? Alapapòt, nou…